Liv yo ak Leson yo
Chapit 30: Charite


Chapit 30

Charite

Imaj
The Good Samaritan holding up a wounded man's head and giving him a drink. A donkey is in the background.

Kisa charite ye?

  • Kijan ou ta ka defini charite?

Lavi Sovè a reflete amou pi li pou tout limanite. Li te menm bay lavi li pou nou. Charite se amou pi Sovè Jezikri te posede. Li kòmande nou pou nou youn renmen lòt menmjan li renmen nou an. Ekriti yo di nou ke charite soti nan yon kè ki pi (gadee 1 Timote 1:5). Nou gen amou pi lè, soti nan fon kè nou, nou montre enterè ak konpasyon sensè pou tout frè nou ak sè nou yo.

Charite se pi gran nan tout vèti yo

Pwofèt Mòmon di nou: “Se poutèt sa, apiye sou charite, ki se pi gwo don pase tout lòt, paske tout bagay gen pou peri—men charite se lanmou pi Kris la, e li dire pou tout tan” (Mowoni 7:46–47; gade tou 1 Korentyen 13; 2 Nefi 26:30; Mowoni 7:44–45, 48).

Sovè a te ba nou egzanp lavi li pou nou suiv. Li sete Pitit Gason Bondye. Li te gen amou pafè, e li te montre nou kijan li renmen nou. Pa egzanp li, li te montre nou ke bezwen espirityèl ak fizik pwochen nou yo pi enpòtan pase pwòp pa nou. Anvan l te bay lavi l pou nou an, li te di:

“Men kòmandman m ap ba nou: se pou nou youn renmen lòt, menmjan m te renmen nou an.

“Pa gen pi bon jan pou ou montre jan ou renmen zanmi ou pase lè ou bay lavi ou pou yo” (Jan 15:12–13).

Pandan l t ap pale avèk Senyè a, Mowoni te di:

“M sonje w te di konsa w te tèlman renmen mond lan, ou te bay lavi w pou mond lan. …

“Epi kounyeya, m konnen amou sa a w te genyen pou pitit lèzòm yo se charite; se poutèt sa, si lèzòm pa gen charite yo pa p kapab eritye plas sa a w te pare nan kay papa w la” (Etè 12:33–34).

Li gen dwa pa nesesè pou nou bay lavi nou jan Sovè a te fè a. Men nou ka gen charite si nou mete l nan sant lavi nou epi nou suiv egzanp li ak ansèyman l yo. Menmjan ak Sovè a, nou menm tou nou ka beni lavi frè nou ak sè nou yo isit la sou tè a.

  • Poukisa charite se pi gwo nan tout vèti yo?

Charite enkli pran swen malad yo, aflije yo, ak pòv

Sovè a te ba nou anpil ansèyman sou fòm istwa ak parabòl. Parabòl bon Samariten an anseye nou ke nou dwe bay moun ki nan bezwen yo, san konsidere si yo se zanmi nou ou pa (gade Lik 10:30–37; gade tou James E. Talmage, Jésus le Christ, 3rd ed. [1916], 430–32). Nan parabòl la, Sovè a te di ke yon mesye t ap vwayaje al nan yon lòt vil. Sou wout li, bandi te atake li. Yo te vòlè rad li ak lajan li epi yo te bat li, yo te kite l prèske mouri. Yon prèt te vin ap pase, li te wè li, epi li te kontiye wout li. Apresa yon moun ki te travay nan tanp te vin pase, li te gade li, epi li te pase. Sepandan, yon Samariten, ke Jwif yo te meprize, te vin ap pase, epi lè l te wè mesye a li te santi konpasyon (gade foto a nan chapit sa a). Bon Samariten an te mete ajenou bò kote mesye a, li te bande blese l yo epi li te pran l mete sou cheval li pou mennen l nan yon otèl. Li te peye mèt otèl la pou pran swen mesye a jiskaske l refè.

Jezi te anseye ke nou dwe bay moun ki grangou manje, abrite moun ki pa gen kay, epi mete rad sou moun ki pòv. Lè n al vizite malad yo ak moun ki nan prizon yo, se kòmsi n ap fè bagay sa yo pou li. Li pwomèt ke si nou fè bagay sa yo, n ap eritye wayòm syèl li a. (Gade Matye 25:34–46.)

Nou pa dwe eseye deside si yon moun reyèlman merite èd nou ou pa (gade Mozya 4:16–24). Si nou fin satisfè bezwen fanmi nou dabò, nou bezwen ede tout moun ki bezwen èd. Nan fason sa a n ap menmjan ak Papa nou ki nan Syèl la, ki fè lapli tonbe sou jis yo ak sou moun ki pa jis yo tou (gade Matye 5:44–45).

Prezidan Thomas S. Monson te raple nou ke gen moun ki bezwen plis pase byen materyèl:

“Annou poze tèt nou kesyon: ‘Èske m fè yon byen nan mond lan jodi a? Èske m te ede yon moun ki nan bezwen?’ [Hymns, no. 223]. Ala yon fòmil pou bonè! Ala yon preskripsyon pou kontantman, pou lapè enteryè—pou fè gratitid enspire nan yon lòt kretyen vivan.

“Opòtinite nou pou bay tèt nou yo anfèt san limit, men yo pasaje tou. Gen kè pou nou fè kontan. Gen pawòl janti pou nou di. Gen kado pou nou bay. Gen aksyon ki pou fèt. Gen nanm pou nou sove” (nan Conference Report, Okt. 2001, 72; oubyen Ensign, Nov. 2001, 60).

  • Nan parabòl Bon Samariten an, kijan ou ta dekri moun ki te pase yo ki pa t okipe mesye ki te blese a? Kijan ou ta dekri Samariten an? Nan ki fason nou aplike mesaj parabòl sa a nan lavi nou?

Charite soti nan kè

  • Kijan nou ka renmen moun malgre peche yo ak fot yo?

Menm lè nou bay moun ki nan bezwen, si nou pa santi konpasyon pou yo, nou pa gen charite (gade 1 Jan 3:16–17). Apot Pòl te anseye ke lè nou gen charite nou ranpli ak bon santiman pou tout moun. Nou pasyan epi nou janti. Nou pa vanta ni ògeye, ni egoyis, ni malelve. Lè nou gen charite nou pa sonje mechanste lòt moun ap fè ni ni nou pa rejwi nan yo. Nou pa aji byen senpleman paske sa nan avantaj nou. Men, nou pataje lajwa moun ki viv pa laverite yo. Lè nou gen charite nou lwayal, nou panse byen de lòt moun, e nou janti avèk yo. Ekriti yo anseye ke “charite pa janm peri.” (Gade 1 Korentyen 13:4–8.)

Sovè a sete egzanp nou sou fason pou nou santi pou lòt moun ak jan pou n trete lòt moun. Li te meprize mechanste, men li te renmen pechè yo malgre peche yo. Li te gen konpasyon pou timoun yo, granmoun yo, pòv yo, ak moun ki nan bezwen yo. Li te gen sitèlman lanmou ke l te mande Papa nou ki nan syèl la pou padone sòlda yo ki te pèse men l ak pye l yo (gade Lik 23:34). Li te anseye nou ke si nou pa padone lòt moun, Papa nou ki nan Syèl la pap padone nou (gade Matye 18:33–35). Li te di: “M ap di nou, renmen enmi nou yo, beni moun ki modi nou, fè byen ak moun ki rayi nou, epi lapriyè pou moun ki pèsekite nou. … Paske si nou renmen moun ki renmen nou, ki rekonpans nou merite?” (Matye 5:44, 46). Nou dwe aprann santi pou lòt moun sa Jezi te santi pou yo yo.

Devlope vèti charite

  • Kijan nou ka vin pi charitab?

Yon fason nou ka vin charitab se nan etidye lavi Jezikri ak respekte kòmandman l yo. Nou ka etidye sa l te fè nan kèk sitiyasyon epi nou fè menm bagay la lè nou nan menm kalite sitiyasyon yo.

Dezyèmman, lè nou gen santiman ki pa charitab, nou ka priye pou n gen pi plis charite. Mòmon priye nou: “Priye Papa a avèk tout enèji kè nou, pou nou kapab chaje avèk lanmou [charite] l, li te devèse sou tout moun ki se vrè disip Pitit Gason l lan, Jezikri” (Mowoni 7:48).

Twazyèmman, nou ka aprann renmen tèt nou, ki vle di nou konprann vrè valè nou antanke pitit Papa nou ki nan Syèl la. Sovè a te anseye ke nou dwe renmen lòt moun menmjan nou renmen tèt nou (gade Matye 22:39). Pou renmen tèt nou, nou dwe respekte lòt moun ak fè yo konfyans. Sa vle di ke nou dwe obeyi prensip levanjil yo. Nou dwe repanti pou tout fot nou yo. Nou dwe padone tèt nou lè nou fin repanti. N ap vin renmen tèt nou pi byen lè nou ka santi asirans pwofon ak rekonfòtan ke Sovè a vrèman renmen nou.

Katriyèmman, nou ka evite panse ke nou pi bon pase lòt moun. Nou ka gen pasyans avèk fot yo. Joseph Smith te di: “Plis nou rapwoche de Papa nou ki nan Syèl la, se plis nou dispoze pou konsidere nanm k ap peri yo avèk konpasyon; nou santi dezi pou nou pran yo sou zepòl nou, epi rejte peche yo dèyè nou” (Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith [2007], 428–29).

Nan Liv Mòmon an nou li konsènan Enòs, yon jènjan ki te vle konnen si peche l yo te padone. Li di nou:

“Nanm mwen te grangou; e m te ajenou devan Kreyatè m nan, e m te kriye nan pye l nan gwo priyè ak siplikasyon pou nanm mwen; e m te kriye nan pye l tout lajounen; wi, lè l te nan nwit m te toujou leve vwa m wo jistan l te touche syèl la.

“Epi yon vwa te vin jwenn mwen, li di: Enòs, peche w yo padone, e w pral beni” (Enòs 1:4–5).

Senyè a te eksplike Enòs ke poutèt lafwa li nan Kris la, peche l yo te padone. Lè Enòs te tande pawòl sa yo li pa t enkyè pou tèt li ankò. Li te konnen Senyè a te renmen li e l te beni li. Olyesa li te kòmanse vle byennèt zanmi l yo ak paran l yo, Nefit yo. Li te degaje tout nanm ni devan Bondye pou yo. Senyè a te reponn epi l te di li t ap beni yo selon fidelite yo nan respekte kòmandman l yo li te deja ba yo. Lanmou Enòs te grandi vin pi plis apre pawòl sa yo, epi li te priye, avèk anpil lit, pou Lamanit yo, ki sete enmi Nefit yo. Senyè a te akòde l dezi l yo, epi li te pase rès lavi li ap eseye sove nanm Nefit yo ak Lamanit yo. (Gade Enòs 1:6–26.)

Enòs te sitèlman rekonesan pou amou ak padon Senyè a ke l te dispoze pou pase rès lavi li ap ede lòt moun resevwa menm kado sa a. Enòs te vin vrèman charitab. Nou menm tou nou ka fè sa. Anfèt, nou dwe fè sa pou eritye plas ki te prepare pou nou nan wayòm Papa a.

Ekriti adisyonèl

Enprime