Liv yo ak Leson yo
Chapit 26: Sakrifis


Chapit 26

Sakrifis

Imaj
Jesus Christ depicted in red and black robes. Christ is talking to a rich young man. Christ has His arms extended as He gestures toward a poorly dressed man and woman. The painting depicts the event wherein Christ was approached by a young man who inquired of Christ what he should do to gain eternal life. Christ instructed him to obey the commandments and to give his wealth to the poor and follow Him. The young man was unable to part with his wealth and went away sorrowfully. (Matthew 19:16-26) (Mark 10:17-27) (Luke 18:18-27)

Siyifikasyon sakrifis

Sakrifis vle di bay Senyè a kèlkeswa sa l mande nan tan nou, byen terès nou, ak enèji nou pou fè avanse travay li a. Senyè a te kòmande: “Chèche premyèman wayòm Bondye a, ak jistis li” (Matye 6:33). Dispozisyon nou pou fè sakrifis se yon endikasyon devosyon nou pou Bondye. Yo te toujou pase moun yo anba eprèv ak tès pou wè si y ap mete bagay Bondye yo an premye nan lavi yo.

  • Poukisa li enpòtan pou fè sakrifis jan Senyè a mande a san atann anyen an retou a?

Yo te konn pratike lwa sakrifis la depi nan tan ansyen yo

  • Ki siyifikasyon sakrifis pèp alyans Senyè a te akonpli yo nan tan ansyen an?

Soti nan tan Adan ak Èv la rive nan tan Jezikri a, pèp Senyè a te toujou pratike lwa sakrifis la. Yo te kòmande yo pou yo ofri premye bèt twoupo yo an sakrifis. Bèt sa yo te oblije pafè, san tach. Yo te bay moun yo òdonans lan pou raple yo ke Jezikri, Premye Ne Papa a, t ap vin nan mond lan. Li t ap pafè nan tout fason, epi li t ap ofri tèt li kòm sakrifis pou peche nou yo. (Gade Moyiz 5:5–8.)

Jezi te vini epi li te ofri tèt li an sakrifis, jan yo te anseye moun yo sa t ap fèt la. Gras ak sakrifis li a, tout moun ap sove anba lanmò fizik pa Rezirèksyon an epi tout moun kapab sove anba peche yo atravè lafwa nan Jezikri (gade chapit 12 nan liv sa a.)

Sakrifis ekspyatwa a te mete fen ak sakrifis bèt yo nan vèse san li. Sakrifis sa a te ranplase pa òdonans Sentsèn nan. Yo te ba nou òdonans sentsèn nan pou raple nou gwo sakrifis Sovè a. Nou dwe pran Sentsèn nan souvan. Anblèm pen an ak dlo a raple nou kò Sovè a ak san li, ke l te vèse pou nou (gade chapit 23 nan liv sa a).

  • Poukisa Ekspyasyon an konsidere kòm gran ak dènye sakrifis la?

Nou toujou bezwen sakrifis

  • Nan ki fason nou obsève lwa sakrifis la jodi a?

Menmsi sakrifis vèse san an te fini, Senyè a toujou mande nou pou n fè sakrifis. Men kounyeya li mande yon lòt kalite ofrann. Li te di: “Pa ofri m pou san koule ankò, … m p ap aksepte okenn nan sakrifis ak olokòs nou yo. … Ofri m yon kè brize ak yon lespri kontri kòm sakrifis” (3 Nefi 9:19–20). Yon “kè brize ak yon lespri kontri” vle di ke nou santi yon pwofon tristès pou peche nou yo, pandan n ap imilye tèt nou ak repanti pou peche nou yo.

Nou dwe dispoze pou sakrifye tout sa nou genyen pou Senyè a

  • Poukisa moun yo dispoze pou fè sakrifis?

Apot Pòl te ekri ke nou dwe vin sakrifis vivan, sen epi akseptab devan Bondye (gade Women 12:1).

Si nou dwe yon sakrifis vivan, nou dwe dispoze pou bay tout sa nou genyen pou Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo—pou bati wayòm Bondye a sou tè a ak travay pou tabli Siyon (gade 1 Nefi 13:37).

Yon jèn dirijan rich te mande Sovè a: “Kisa pou m fè pou m ka eritye lavi etènèl?” Jezi te reponn: “Ou konn kòmandman yo. Piga ou fè adiltè, piga ou touye moun, piga ou vòlò, piga ou fè manti sou moun, respekte papa ou ak manman ou.” Epi mesye rich la te di: “M suiv tout bagay sa yo depi m te piti.” Lè Jezi te tande sa, li te di: “Ou manke yon bagay toujou: vann tout sa ou genyen, separe lajan an bay pòv yo. Apre sa, wa gen yon richès nan syèl la. Epi vini, suiv mwen.” Lè jèn chèf la te tande sa, li te vin tris. Li te rich anpil epi kè li te atache avèk richès li yo. (Gade Lik 18:18–23; gade foto a nan chapit sa a tou.)

Jèn dirijan an sete yon bon moun. Men lè yo te mete l aleprèv la, li pa t prè pou sakrifye byen materyèl li yo. Yon lòt bò, disip Senyè a yo, Pyè ak Andre te dispoze pou sakrifye tout bagay pou wayòm Bondye a. Lè Jezi te di yo: Suiv mwen, … yo te kite nas yo tout suit epi yo te suiv li” (Matye 4:19–20).

Menmjan ak disip yo, nou kapab ofri aktivite chak jou nou yo kòm sakrifis pou Senyè a. Nou ka di: “Se pou volonte ou fèt.” Abraram te fè sa. Li te viv sou tè a anvan Kris la, nan epòk kote yo te mande sakrifis ak olokos. Kòm tès lafwa Abraram, Senyè a te kòmande li pou ofri pitit gason li Izaak an sakrifis. Izaak sete sèl pitit gason Abraram ak Sara. Kòmandman pou ofri li an sakrifis la te ekstrèmman penib pou Abraram.

Men, li menm ak Izaak te fè yon vwayaj byen long ale sou Montay Morija, kote pou l te fè sakrifis la. Yo te vwayaje pandan twa jou. Imanjine panse Abraram ak doulè li. Li te dwe sakrifye pitit gason l lan bay Senyè a. Lè yo te rive sou Mòn Morija a, Izaak te pote bwa a epi Abraram te pote dife a ak kouto a nan plas kote yo ta pral bati otèl la. Izaak te di: “Papa … mwen wè ou gen dife a ak bwa a, men kote mouton pou boule a?” Abraram te reponn: “Pitit mwen, se sou kont Bondye sa ye.” Apresa Abraram te bati yon lotèl epi li te ranje bwa yo sou li. Li te mare Izaak, epi li te mete l kouche sou bwa yo. Apresa li te pran kouto li pou touye Izaak. Nan moman sa a yon zanj Senyè a te rete li, li te di: “Abraram … pa leve men sou ti gason an, pa fè l anyen. Koulyeya mwen konnen ou gen krentif pou Bondye vre, paske ou pa t derefize touye sèl pitit gason ou lan pou mwen.” (Gade Jenèz 22:1–14.)

Abraram siman te anvayi ak lajwa lè li pa t oblije sakrifye pitit gason l lan. Men li te renmen Senyè a tèlman ke li te dispoze pou fè tout sa Senyè a te mande.

  • Ki egzanp sakrifis ou obsève nan lavi moun ou konnen? Ki egzanp sakrifis ou konn wè nan lavi zansèt ou yo? nan lavi premye manm Legliz yo? nan lavi moun nan ekriti yo? Kisa ou te aprann apati egzanp sa yo?

Sakrifis ede nou prepare n pou n viv nan prezans Bondye

Se sèlman atravè sakrifis nou kapab vin diy pou viv nan prezans Bondye. Se sèlman atravè sakrifis nou kapab jwi lavi etènèl. Anpil moun ki te viv anvan nou te sakrifye tout sa yo te genyen. Nou dwe dispoze pou fè menm bagay la si nou vle genyen gwo rekonpans yo resevwa a.

Yo gen dwa mande pou n sakrifye tout bagay. Men, menmjan ak Abraram, nou dwe dispoze pou sakrifye tout bagay pou nou vin diy pou viv nan prezans Senyè a.

Pèp Senyè a te toujou sakrifye anpil bagay nan plizyè fason diferan. Kèk moun te pase tribilasyon epi yo te pase yo nan betiz pou levanjil la. Gen kèk nouvo konvèti Legliz la fanmi yo te rejte yo. Zanmi danfans te vire do ba yo. Gen manm ki te pèdi travay yo; genyen ki te pèdi lavi yo. Men Senyè a note sakrifis nou yo; li pwomèt: “Nenpòt moun ki va kite kay li, osinon frè l, osinon sè l, osinon manman l, osinon madanm ni, osinon pitit li, osinon peyi li, poutèt mwen, gen pou l resevwa san fwa plis pase sa, ansanm ak lavi etènèl” (Matye 19:29).

Lè temwayaj nou konsènan levanjil la grandi, nou vin kapab fè pi gwo sakrifis pou Senyè a. Note sakrifis ki te fèt nan egzanp vrè sa yo:

Yon manm Legliz la nan Almay te mete dim ni akote pandan dèzane jiskaske yon detantè prètriz te ka vini pou pran li.

Yon enstriktris vizit nan fwaye nan Sosyete Sekou te sèvi pandan 30 ane san l pa t rate yon vizt.

Yon gwoup Sen nan Afrik disid te vwayaje pandan twa jou, tou kanpe, pou yo te kapab tande ak wè pwofèt Senyè a.

Nan yon zòn konferans zòn nan Meksik, manm Legliz yo te dòmi atè epi yo te jene pandan jou konferans yo. Yo te itilize tout lajan yo te genyen pou ale nan konferans lan e yo pa t gen anyen k te rete pou manje ak lojman.

Yon fanmi te vann machin ni pou l te jwenn lajan pou patisipe nan fon pou bati tanp lan.

Yon lòt fanmi te vann kay li pou l te jwenn kòb pou ale nan tanp.

Anpil Sen fidèl pa gen anpil mwayen pou yo viv, men, yo peye dim yo ak ofrann yo.

Yon frè te sakrifye travay li paske li te refize al travay jou Dimanch.

Nan yon branch, jèn yo te bay tan yo san yo pa t mande yo, pou pran swen timoun yo pandan paran yo t ap ede bati chapèl la.

Anpil jènjan ak jènfi refize oubyen ranvwaye bon opòtinite travay, lekòl, oswa espò pou y al sèvi misyon.

Nou ta ka bay anpil anpil lòt egzanp moun ki fè sakrifis pou Senyè a. Men, yon plas nan wayòm Papa nou ki nan Syèl la vo nenpòt sakrifis nou fè pou bay tan nou, talan nou, enèji nou, lajan nou, ak lavi nou. Lè nou fè sakrifis, n ap jwenn konesans nan men Senyè a ke li aksepte nou (gade D&A 97:8).

  • Poukisa ou panse dispozisyon ou pou fè sakrifis anrapò avèk dispozisyon ou pou viv nan prezans Bondye?

Ekriti adisyonèl

Enprime