Ansyen Testaman 2022
23 Oktòb. Èske Levanjil la Ekri nan Kè Mwen? Jeremi 30–33; 36; Plenn 1; 3


“23 Oktòb. Èske Levanjil la Ekri nan Kè Mwen? Jeremi 30–33; 36; Plenn 1; 3,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022 (2021)

“23 Oktòb. Èske Levanjil la Ekri nan Kè Mwen? Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022

Imaj
etid ekriti familyal

23 Oktòb.

Èske Levanjil la Ekri nan Kè Mwen?

Jeremi 30–33; 36; Lamantasyon 13

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm nan oswa klas la; 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi a oswa Tèm Kowòm Prètriz Aawon an. Apresa, itilize youn oswa plizyè nan kesyon anba yo oswa pwòp kesyon pa w pou w mennen yon diskisyon sou travay sali a ak egzaltasyon (gade Manyèl Jeneral, 10.2, 11.2, ChurchofJesusChrist.org). Planifye fason pou aji sou sa w diskite a.

  • Viv levanjil la. Kisa nou te diskite dènye fwa a, epi ki envitasyon oubyen angajman ki te fèt? Kisa nou te fè pou n reponn a envitasyon oswa angajman sa yo?

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo. Kisa nou kapab fè oswa di pou nou lonje men bay moun ki ka santi yo sèl oswa lwen Papa nou ki nan Syèl la?

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Kòman nou ka ede lòt moun santi lanmou Jezikri?

  • Ini fanmi yo pou letènite. Ki konsèy nou youn ka pataje avèk lòt pou ede ranfòse fanmi nou?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye konsènan prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm yo oubyen manm klas yo sonje plan ak envitasyon yo te fikse pandan reyinyon an.

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oswa jèn; 25–35 minit

Prepare w Espirityèlman

Senyè a te di pwofèt Jeremi ke nan jou k ap vini yo, Li t ap rasanble Izrayèl pou L fè yon “nouvèl alyans” avèk pèp Li a. Li te deklare, “M ap mete prensip mwen yo anndan kè yo, m ap make lòd mwen yo nan lespri yo. M a tounen Bondye pou yo, ya tounen yon pèp pou mwen” (gade Jeremi 31:31–34). Jou sa yo se jodia, e nou se pèp Bondye a. Ansèyman sa yo ta ka pouse oumenm—ak moun w ap anseye yo—pou yo mande, kisa sa vle di pou levanjil la ekri nan kè mwen? Èske levanjil la ekri nan kè mwen? Si li pa ekri, kisa m ka fè pou sa?

Panse sou kijan ou pral ede manm klas oswa manm kowòm ou yo medite sou kesyon sa yo poukont pa yo. Pou w prepare w pou w anseye, ou kapab jwenn mesaj pou w pataje nan Jeremi 30–33; 36; nan mesaj Prezidan Russell M. Nelson nan “Kite Bondye Dirije” (Liahona, Nov. 2020, 92–95); ak nan mesaj Èldè D. Todd Christofferson lan“Lè w Konvèti” (Liahona, Me 2004, 11–13).

Imaj
jènfi k ap etidye ekriti yo

Lè nou renmen Senyè a epi nou chèche aprann de Li, levanjil la ap ekri nan kè nou.

Aprann Ansanm

Ankouraje jèn yo pou yo diskite Jeremi 31:31–34. Pou fè sa, ou ka bayo yon kè an papye ki gen plizyè kesyon ekri sou yo apwopo kisa sa vle di pou nou gen levanjil la nan kè nou, tankou sa nou jwenn nan seksyon “Prepare W Espirityèlman” an. Pandan y ap travay endividyèlman, pa de, oswa, an ti gwoup, jèn yo ka li vèsè sa yo nan Jeremi a epi medite sou fason yo t ap reponn kesyon yo. Kite yo pataje kesyon yo ak repons yo ki vin nan tèt yo. Anba a gen plis ide ki kapab ede w anseye jèn yo sou fason levanjil la ka ekri nan kè yo.

  • Lè Moyiz te bay Izrayelit yo kèk nan dènye ansèyman l yo, li te ankouraje yo pou yo te resevwa pawòl Bondye a nan kè yo. Li te anseye yo kèk nan fason yo te kapab fè sa tou, jan nou jwenn yo nan Detewonòm 6:3–9la. Li vèsè sa yo ansanm kòm yon klas oswa kowòm epi diskite sou fason nou ka fè sa Moyiz te konseye yo. Pou kèk ide, klas ou a oswa kowòm nan ta kapab gade videyo “Vini, Suiv Mwen: Pawòl Sa yo” nan (ChurchofJesusChrist.org). Yo te ka etidye Alma 5:14, 26–35 tou pou yo jwenn sa Alma te anseye sou fason nou kapab kenbe levanjil la ekri nan kè nou.

  • Nan mesaj li a “Lè w Konvèti”,a, Èldè D. Todd Christofferson dekri sa nou kapab fè pou nou gen levanjil la ekri nan kè nou. Kisa nou aprann nan premye kat paragraf yo sou kisa sa vle di pou nou gen levanjil la ekri nan kè nou? Ou ta ka envite chak jèn pou yo li youn oswa plis nan rès paragraf yo epi chèche kisa nou bezwen fè pou sa ka rive. Ki wòl Sovè a jwe? Ki wòl nou jwe? Ankouraje jèn yo pou yo pataje repons yo, ansanm ak lòt ide yo jwenn. Ki eksperyans ki te ede nou gen levanjil la ekri nan kè nou? Ki wòl kenbe alyans yo jwe nan pwosesis sa a?

  • Prezidan Russell M. Nelson te eksplike ke tèm Izrayèl la “refere ak yon moun ki dispoze pou kite Bondye triyonfe nan lavi li” (“Kite Bondye Triyonfe,” 92). Ou ta ka envite jèn yo pou yo chèche premye sis paragraf mesaj Prezidan Nelson nan ak dènye pati mesaj ki kòmanse avèk “kesyon pou nou chak la” la. Mande yo pou yo jwenn yon bagay ki ede yo konprann sa sa vle di pou yo “kite Bondye triyonfe” nan lavi yo. Kòman nou santi nou epi kòman nou aji lè Bondye triyonfe nan lavi nou? Kisa Prezidan Nelson anseye sou fason lè nou gen levanjil la ekri nan kè nou sa ka gen efè sou efò nou pou nou rasanble Izrayèl?

Aji ak Lafwa

Ankouraje manm kowòm oswa klas ou yo pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo resevwa yo jodia? Si yo ta vle, yo ta ka pataje ide yo. Envite yo pou yo panse sou kijan aplike enpresyon yo resevwa yo ap ranfòse relasyon yo avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Resous pou Sipò

Anseye nan Fason Sovè a

“Doktrin nou jwenn nan ekriti yo ak nan pawòl pwofèt dènye jou yo gen pouvwa pou chanje kè moun ak pou fè lafwa grandi. Amezi oumenm ak moun w ap anseye yo ap ‘eseye vèti pawòl Bondye a,’ w ap vin wè ke li gen ‘yon gwo tandans pou mennen pèp la fè sa [ki] jis’ (Alma 31:5)” (Anseye nan Fason Sovè a, 5).

Enprime