Ansyen Testaman 2022
9 Oktòb. Poukisa Jezikri Ta Dwe Sant Lavi Mwen? Ezayi 58–66


“9 Oktòb. Poukisa Jezikri Ta Dwe Sant Lavi Mwen? Ezayi 58–66,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022 (2021)

“9 Oktòb. Poukisa Jezikri Ta Dwe Sant Lavi Mwen?” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022

Imaj
Jezikri

9 Oktòb.

Poukisa Jezikri Ta Dwe Sant Lavi Mwen?

Ezayi 58–66

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm nan oswa klas la; 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi an oswa Tèm Kowòm Pretriz Aawon an. Apre sa, anplis de fè konsèy sou zafè espesifik kowòm nan oswa klas la, ou ta gen dwa diskite sou enpresyon ak tèm ki soti nan konferans jeneral la. Kesyon sa yo ka ede:

  • Ki sijè oubyen mesaj ki te enpresyonan pou nou? Kisa ki te ranfòse lafwa nou nan Jezikri?

  • Kisa ki te ranfòse temwayaj nou de pwofèt vivan yo? Kisa nou te santi nou pouse pou nou fè akoz de sa nou te aprann oswa santi yo.

  • Kisa nou bezwen fè antanke kowòm oswa klas pou nou aplike konsèy nou te tande nan konferans jeneral yo?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye konsènan prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm yo oubyen manm klas yo sonje plan ak envitasyon yo te fikse pandan reyinyon an.

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oswa jèn; 25–35 minit

Prepare w Espirityèlman

Ezayi di “Se pa ti kontan kè m kontan pou sa Senyè a fè. M ap fè fèt pou Bondye mwen an,” “Li kouvri m ak pouvwa li pou l sove m. Li vlope m nan bra li pou l delivre m.” (Ezayi 61:10). Poukisa ou “fè kè w kontan nan Senyè a”? Menmjan ak Ezayi, lè nou rekonèt sa Senyè a fè pou nou, nou rejwi e nou pale souvan de “kè sansib Senyè a, ak lwanj pou Senyè a” (Ezayi 63:7).

Kijan moun w ap anseye yo santi yo konsènan Sovè a? Kisa ki ta ka ede yo santi pigran lanmou ak reverans pou Li? Kisa ki ka ede yo santi lanmou Li? Pandan w ap medite sou kesyon sa yo epi li nan Ezayi 58–66, ou ta dwe repase mesaj Èldè Matthew S. Holland “ nan “Don Rafine Pitit Gason an” la tou nan (Liahona, Nov. 2020, 45–47) ak mesaj Sè Cristina B. Franco a “Pouvwa Gerizon Jezikri a” nan (Liahona, Nov. 2020, 60–62).

Imaj
yon jènfi k ap etidye ekriti yo

Lè nou apran plis sou Sovè a, nou enspire pou nou fè Li vin sant lavi nou.

Aprann Ansanm

Lè manm klas la oubyen manm kowòm yo aprann konsènan misyon yo te voye Jezikri vin akonpli a, y ap vin pi enspire pou fè Sovè a tounen sant lavi yo. Petèt yo ta ka chèche nan Ezayi 61:1–3 epi fè yon lis de bagay Sovè a te òdone pou l fè sou tablo a (gade tou Lik 4:16–20). Kijan Sovè a te akonpli aspè sa yo nan misyon Li? Kijan Li akonpli yo nan lavi nou kounyeya? Ide anba yo kapab ede manm klas la oubyen manm kowòm yo kontinye yon diskisyon konsènan poukisa Jezikri ta dwe sant lavi nou.

  • Konferans Jeneral toujou gen mesaj ki temwanye de Jezikri. Ou ta ka envite plizyè manm klas la oswa manm kowòm yo pou pataje yon bagay yo te aprann konsènan Sovè a pandan konferans konferans jeneral. Ankouraje yo pou yo eksplike kijan sa yo te aprann nan fè yo santi yo apwopo Sovè a.

  • Ekriti yo kapab ede jèn yo pi byen konprann poukisa Sovè a ta dwe sant lavi yo. Ou ta ka ekri sou tablo a Poukisa Jezikri ta dwe sant lavi mwen? Mande jèn yo pou yo pataje ide yo. Apresa ou ta ka mande yo (endividyèlman oswa an gwoup) pou yo chèche ekriti yo nan seksyon “Resous pou Sipò” a pou yo jwenn lòt repons anplis. Envite jèn yo pou yo eksplike sa yo aprann ak poukisa li gen anpil valè pou yo.

  • Panse mande moun w ap anseye yo pou yo dekri jou ki pi enpòtan nan lavi yo. Ki jou ki ta ka pi enpòtan nan listwa? Envite yo pou yo dekouvri ki jou Èldè Dieter F. Uchtdorf te di ki pi enpòtan nan repase revize mesaj li a “Men Mesye a!” (Lyawona, Me 2018, 107–10). Ankouraje jèn yo pou yo chèche benediksyon Èldè Uchtdorf te pwomèt moun ki “gade” Jezikri yo. Yo kapab eksplike kisa y ap fè pou yo fè Sovè a tounen sant lavi yo chak jou tou. Ou ta ka ankouraje yo pou yo konsidere sa yo kapab f◘ pou yo vin pi pre Jezikri epi fikse yon bi pou yo fè l.

  • Si yon moun ta mande nou poukisa nou kwè nan Jezikri, kisa nou t ap reponn? Ankouraje jèn yo pou yo pataje panse yo epi ekri yo sou tablo a. Ou ta ka envite yo pou yo revize “Kris Vivan an: Temwayaj Apot yo” (ChurchofJesusChrist.org) oswa “Misyon Diven Jezikri a” nan chapit 3 nan Preche Levanjil Mwen an ([2019], 60–61). Ankouraje yo pou yo chèche verite ki senp yo t ap pataje pou yo eksplike poukisa Sovè a enpòtan pou yo. Yo ta ka ajoute verite yo jwenn nan lis sou tablo a epi diskite kijan yo kapab pataje verite sa yo avèk moun yo konnen.

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm kowòm oswa klas ou yo pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo te resevwa yo jodia? Si yo ta vle, yo ta ka pataje ide yo. Envite yo pou yo panse sou kijan aji sou enpresyon yo resevwa yo ap ranfòse relasyon yo avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Resous pou Sipò

Anseye nan Fason Sovè a

“Chak moun nan klas ou a se yon sous temwayaj, ide, ak eksperyans abondan nan viv levanjil la. Envite yo pou youn pataje ak lòt epi pou youn edifye lòt” (Anseye nan Fason Sovè a,5).

Enprime