Ansyen Testaman 2022
13 Novanm. Kijan m ka Resevwa yon Devèsman Lespri Senyè a? Ose 1–6; 10–14; Jowèl


“13 Novanm. Kijan m ka Resevwa yon Devèsman Lespri Senyè a? Oze 1–6; 10–14; Jowèl,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022 (2021)

“13 Novanm. Kijan Mwen Kapab Resevwa yon Devèsman Lespri Senyè a? Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022

Imaj
klas jènfi

13 Novanm

Kijan m ka Resevwa yon Devèsman Lespri Senyè a?

Oze 1–6; 10–14; Jowèl

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm nan oswa klas la; 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi a oswa Tèm Kowòm Prètriz Aawon an. Apresa, itilize youn oubyen plizyè nan kesyon anba a oswa pwòp kesyon pa w pou w mennen yon diskisyon sou travay sali ak egzaltasyon an (gade Manyèl Jeneral, 10.2, 11.2, ChurchofJesusChrist.org). Planifye fason pou w aji sou sa k te diskite a.

  • Viv levanjil la. Ki eksperyans resan ki te ranfòse temwayaj nou?

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo. Kiyès ki bezwen èd nou ak priyè nou? Kijan nou santi nou kapab ede yo?

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Kijan nou kapab vin yon limyè pou manm fanmi oubyen zanmi ki pa pataje kwayans nou yo?

  • Ini fanmi yo pou letènite. Kijan nou kapab montre lanmou ak sipò nou pou fanmi nou epi fè yon diferans pozitif nan fwaye nou?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye konsènan prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm yo oubyen manm klas yo sonje plan ak envitasyon yo te fikse pandan reyinyon an.

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oswa jèn; 25–35 minit

Prepare w Espirityèlman

Pa gen ankenn dout ke n ap viv nan yon peryòd ensètitid ak lapè. Pwofèt ansyen testaman an, Jowèl, te dekri tan pa nou an— “jou Senyè a”—kòm “jou ki pral fè nwa kou lank” epi “gran ak trè terib” (Jowèl 2:1–2, 11). Men sa pa vle di ke epòk nou an sanzespwa. Konsidere pwomès sa a Èldè Dieter F. Uchtdorf te fè: “Byenke pafwa nou santi nou antere anba eprèv lavi yo oubyen antoure pa fènwa emosyonèl, lanmou Bondye ak benediksyon levanjil retabli Jezikri yo ap pote yon bagay inimajinab k ap jèmen.” (“Bondye Ap Fè Yon Bagay Inimajinab,” Liahona, Nov. 2020, 52).

Konsa, lè w remake l fènwa kou lank nan epòk pa nou an, sonje ke Senyè a pwomèt benediksyon ki gran—ki menm inimajinab—pou nou: “Apre sa, m a vide lespri mwen sou tout moun. Pitit gason ak pitit fi nou yo va bay mesaj ma ba yo” (Jowèl 2:28; gade tou Istwa—Joseph Smith 1:41). Note pwomès espesifik Bondye t ap vide sou jènjan ak jènfi yo. Poukisa ou santi li enpòtan pou moun w ap ansenye yo konprann sa? Medite sou kesyon sa a pandan w ap li Jowèl 2 ak mesaj Èldè Uchtdorf la nan preparasyon ou pou w ansenye a.

Imaj
yon jènjan k ap etidye ekriti yo

Senyè a te pwomèt ke nan dènye jou yo, L ap vide Lespri Li, epi “Pitit gason ak pitit fi nou yo va bay mesaj ma ba yo” (Jowèl 2:28).

Aprann Ansanm

Pou w ede moun w ap ansenye yo pi byen konprann Jowèl 2:28–29, ou kapab mete yon objè nan yon bòl epi fè yon moun vide dlo sou li. kijan egzanp sa a ede nou konprann sa sa vle di pou Senyè a “vide lespri [Li] sou tout moun”? Kijan pwofesi ki nan Jowèl 2:28–29 yo te akonpli? Men kèk ide ki kapab ede jèn yo pi byen konprann fason Senyè a vide Lespri Li jodi a.

  • Ekriti yo anrejistre anpil okazyon lè Senyè a vide Lespri Li sou pèp Li a. Revize kèk ladan yo ta kapab ede jèn yo pi byen konprann fason pou yo resevwa yon devèsman Lespri Bondye nan lavi yo. Panse desine yon gwo bokit k ap vide dlo sou tablo a epi mande chak moun oubyen yon ti gwoup moun pou li youn oubyen plizyè pasaj ekriti nan seksyon “Resous pou Sipò” a. Yo ta kapab ekri sou kote bokit la sou tablo a kisa moun nan pasaj ekriti sa yo te fè pou Senyè a te kapab vide Lespri Li sou yo epi ki benediksyon yo te resevwa apresa. Kilè nou te santi Lespri a ap rekonfòte nou, gide nou oswa pwòpte nou?

  • Ou ta dwe ekri pawòl Èldè Dieter F. Uchtdorf yo sou tablo a: “Bondye gen yon bagay inimajinab nan lespri l pou oumenm pèsonèlman ak pou Legliz la kolektivman: yon travay mèveye ak yon pwodij.(“Bondye ap fè yon bagay inimajinab,” 53). Panse mande jèn yo pou yo chèche nan mesaj Èldè Uchtdorf la ki benediksyon inimajinab Bondye te bay moun nan ekriti yo apre moman difikilte yo. Kisa Èldè Uchtdorf te ansenye nou pou nou fè pou nou kapab pran bonjan desizyon lè nou rankontre difikilte? Envite jèn yo pou yo fè yon lis bagay “inimajinab” Bondye kapab genyen nan lespri L pou nou. Envite moun w ap ansenye yo pou yo medite sou sa yo dispoze pou yo fè pou ka yo resevwa benediksyon sa yo.

  • Panse montre videyo “Prezidan Nelson: Koute Li—Revelasyon Pèsonèl” la nan (ChurchofJesusChrist.org). Mande jèn yo pou yo koute ide sou fason Lespri a pale avèk nou ak fason Li beni lavi nou. Yo ta kapab revize mesaj Prezidan Russell M. Nelson an tou, “Revelasyon pou Legliz la, Revelasyon pou lavi nou” (Liahona, Me 2018, 93–96). Mande yo pou yo chèche repons pou kesyon tankou sa yo: Kijan Prezidan Nelson te chèche epi resevwa enpirasyon Lespri a? Kisa Joseph Smith aprann nou sou volonte Bondye pou L pale avèk pitit Li yo? Kisa Prezidan Nelson te mande nou pou nou fè? Pale jèn yo de yon lè kote ou te santi Senyè a ap devèse Lespri Li. Envite yo pou yo medite sou eksperyans yo te fè, epi pataje yo si yo santi yo konfòtab.

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm kowòm oswa klas ou yo pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo te resevwa jodia. Yo ta kapab pataje ide yo si yo ta vle. Envite yo pou yo panse sou fason aplike enpresyon yo resevwa yo ap ranfòse relasyon yo avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Resous pou Sipò

Anseye nan Fason Sovè a

Anplis de ede moun yo santi ak rekonèt Lespri a, ede yo aji selon enspirasyon yo resevwa yo tou” (Anseye nan Fason Sovè a,10

Enprime