12–18 Out: “Rete Fèm nan Lafwa Kris la” Alma 43–52,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon (2024) (2023)
“12–18 Out. Alma 43–52,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024 (2023)
12–18 Out: “Rete Fèm nan Lafwa Kris la”
Alma 43–52
Lè nou li pawòl sa yo nan kòmansman Alma chapit 43—“Epi kounyeya, m retounen nan istwa lagè ki te fèt nan pami Nefit yo ak Lamanit yo”—se tou nòmal pou nou mande tèt nou poukisa Mòmon mete istwa lagè sa yo alòske li te gen espas limite sou plak yo (gade Pawòl Mòmon 1:5). Se vre ke nou gen pati lagè pa nou nan dènye jou yo, men, pawòl li yo gen yon valè ki ale odela deskripsyon sou strateji ak trajedi lagè yo. Pawòl li yo prepare nou pou lagè kote “nou tout anwole a” (Cantiques,, no. 161), lagè n ap mennen chak jou kont fòs mal yo. Lagè sa a trè reyèl, epi konsekans li afekte lavi etènèl nou. Tankou Nefit yo, nou enspire pa yon kòz sakre—“Bondye nou, relijyon nou, ak libète nou, ak lapè nou, madanm nou, ak pitit nou”—sa Mowoni te rele “kòz kretyen yo” (Alma 46:12, 16).
Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la
Jezikri ka ede m avèk batay espirityèl mwen yo.
Pandan w ap li Alma 43–52a, pote atansyon a sa Nefit yo te fè ki te mennen yo nan siksè (oubyen nan defèt). Apresa, reflechi sou fason w ka itilize sa w aprann yo pou ede w genyen batay espirityèl ou yo. Ekri panse w yo anba a:
-
Alma 43:19: Nefit yo te prepare ak ami. (M ka fè efò pou prepare tèt mwen avèk gwo zam espirityèl.)
-
Alma 43:23–24: Yo te chèche gid pwofèt la.
Epitou, gade sa ou ka aprann nan efò lènmi Nefit yo. Reflechi sou fason Satan ka atake w menm jan an:
-
Alma 43:8: Zerayemna te chèche mete pèp li a ankòlè pou l te ka gen pouvwa sou yo. (Satan gendwa tante m pou aji ak kòlè.)
Gade tou Russell M. Nelson, “Anbrase Fiti a avèk lafwa,” Liahona, Nov. 2020, 73–76; “C est un rempart que notre Dieu,” Cantiques, no. 68.
“Rete Fèm nan lafwa Kris la.”
Èske w vle diminye pouvwa advèsè a nan lavi ou? Youn nan fason yo se suiv konsèy nan Alma 48:17 la pou w vin “tankou Mowoni. an. an. Konsidere fè yon lis mo ki dekri Mowoni pandan w ap li Alma 46:11–28; 48:7–17. Kisa ou aprann de Mowoni sou “kanpe fèm nan lafwa Kris la”? (Alma 46:27)
Ou gendwa etidye kijan Mowoni te enspire lòt moun nan “kòz Kretyen yo” (gade Alma 48:10). Kijan w ta dekri koz sa a? Kisa w ka fè pou w patisipe ladann? Nan ki fason ou ka enspire lòt moun pou yo patisipe tou?
Youn nan bagay Mowoni te fè pou enspire lòt moun sete kreye etanda libète a, ki te mete aksan sou prensip yo pou enspire Nefit yo (gade vèsè 12). Sou ki prensip dirijan Legliz nou yo mete aksan nan epòk pa nou an? Ou ka chèche yo nan Pou Fòs Jèn yo: Yon gid pou Fè Chwa (bwochi, 2022), “Fanmi: Yon pwoklamasyon pou mond lan,” Tèm Jènfi ak Kolèj Prètriz Aawon, oswa dènye mesaj konferans jeneral yo. Ou ka rezime sa y ap anseye nan kèk deklarasyon senp pou kreye pwòp etanda libète pa ou—yon bagay pou fè w sonje pou fidèl a Sovè a ak levanjil li a.
Gade Sijè Levanjil la tou, “Lafwa nan Jezikri,” Bibliyotèk Levanjil la.
Satan tante epi twonpe nou tikras pa tikras.
Satan konnen ke nou pa dispoze komèt gwo peche oswa kwè nan manti evidan yo. Se poutèt sa, li sèvi ak manti sibtil ak ti tantasyon—otan ke li panse w ap aksepte—pou mennen ou lwen sekirite viv jis.
Chèche modèl sa a nan Alma 47, epi reflechi sou fason Satan ka eseye twonpe w. Konsidere ide sa yo de Èldè Robert D. Hales:
“Amalikya, trèt la, te pouse Leyonti pou l te ‘desann’ vin rankontre l nan vale a. Men lè Leyonti te kite wotè l te ye a, li te anpwazonnen l ‘tikal pa tikal’ jiskaske l te mouri, epi lame l la te tonbe nan men Amalikya (gade Alma 47). Atravè agiman ak akizasyon, gen kèk moun k ap chèche pyeje nou pou n ka kite wotè nou ye a. Nan wotè yo, se kote limyè a rete. … Se la ki gen sekirite” (“Le courage d’un chrétien, le prix à payer pour être un disciple,”,” Lyawona, Nov. 2008, 74).
Kisa ou aprann nan videyo “Tantasyon Diminye lè nou Chèche Kris la nan tout panse” (Bibliyotèk Levanjil) ki ka ede w reziste anba tantasyon?
Gade tou Neyemi 6:3; 2 Nefi 26:22; 28:21–22.
Inite pote sekirite.
Malgre ami Nefit yo ak fòtifikasyon yo, byen vit Lamanit yo te kaptire anpil nan vil yo (gade Alma 51:26–27). Kijan sa te fè rive? Chèche repons yo pandan w ap li chapit sa yo (gade patikilyèman Alma 51:1–12). Medite sou avètisman resi sa a ka genyen pou oumenm ak fanmi ou.
Ide pou Anseye Timoun yo
Alma 43:17–21; 48:7–8; 49:1–5; 50:1–6
Mwen ka jwenn pwoteksyon espirityèl nan levanjil Jezikri a.
-
Konsidere itilize “Chapit 31: Kapitèn Mowoni Defèt Zerahemnah” (Istwa Liv Mòmon yo, 85–88) pou rakonte timoun yo lagè ant Nefit yo ak Lamanit yo. Pandan w ap li sou ekipman ami Nefit yo nan Alma 43:19, ou ka konpare ami ki pwoteje kò nou ak bagay ke Bondye ban nou pou pwoteje lespri nou. Petèt oumenm ak timoun ou yo ka desine yon foto yon timoun epi ajoute yon moso ami nan foto a pou tout bagay pitit ou yo ka site ki pwoteje nou espirityèlman.
-
Vèsè sa yo dekri fòtifikasyon Nefit yo te bati yo: Alma 48:7–9; 49:1–9; 50:1–6. Apre lekti vèsè sa yo ansanm, pitit ou yo ka renmen bati yon fò ak objè tankou chèz ak dra. Videyo “Èldè Stevenson sou fòtifye Fanmi yo” (Bibliyotèk Levanjil) ka ede w diskite sou fason pou w fòtifye lakay ou espirityèlman.
Alma 46:11–16; 48:11–13, 16–17
Mwen ka fidèl tankou Kapitèn Mowoni.
-
Timoun yo ka gade foto yo nan plan leson sa a pou rakonte istwa etanda libète a (gade Alma 46:11–16; “Chapit 32: Kapitèn Mowoni ak Etanda Libète a,” Istwa Liv Mòmon yo, 89–90). Kisa Mowoni vle moun yo sonje? (gade vèsè 12)? Poukisa Pè Selès la vle pou nou sonje? Petèt timoun yo ka desine pwòp “etanda libète” pa yo avèk fraz oubyen foto k ap ede yo sonje bagay sa yo.
-
Pou anseye timoun ou yo sou vin “fèm nan lafwa Kris la” tankou Mowoni (gade Alma 48:13), ou ka ede yo jwenn ak touche yon bagay fèm. Kisa sa vle di pou lafwa vin “fèm”? Li ansanm Alma 48:11–12 pou w ka konnen kisa ki te fè Mowoni fèm nan lafwa li nan Kris la. Nou ka chante ansanm yon chan tankou “Je serai vaillant” (Chants pour les enfants,, 162). Kisa nou ka fè pou nou “fèm nan lafwa Kris la.”
Satan tante nou epi l twonpe nou ti kal pa ti kal.
Li ansanm vèsè chwazi ki soti nan Alma 47:4–19. Kisa ki t ap rive si Amalikya te di Leyonti sa l te planifye pou l te fè depi nan kòmansman an? Kisa vèsè sa yo anseye nou sou jan Satan eseye twonpe nou?