Vini, Suiv Mwen
8–14 Jen. Alma 8–12: “Jezikri ap vini pou rachte pèp li a”


8–14 Jen. Alma 8–12: ‘Jezikri ap vin rachte pèp li a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“8–14 Jen. Alma 8–12,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo 2020

Imaj
Alma k ap preche

Anseye vrè doktrin nan, pa Michael T. Malm

8–14 Jen

Alma 8–12

“Jezikri ap vini pou rachte pèp li a”

Etid ekriti yo envite revelasyon. Konsa, pandan w ap li Alma 8–12 la, ekri enpresyon Lespri a ba ou pandan l ap anseye apati mesaj Alma ak Amilèk yo.

Ekri enpresyon ou

Travay Bondye a p ap echwe. Men efò nou pou kontribye nan travay li a ka pafwa sanble yo echwe—omwen li posib ke nou pa wè rezilta nou espere yo imedyatman. Pafwa nou gen dwa santi nou tankou Alma lè l t ap preche nan Amoniya a—yo te rejte l, krache sou li, epi chase li. Men, lè yon zanj te mande l pou l te retounen al eseye ankò, li te kourajezman “ak tout vitès” (Alma 8:18), epi Bondye te prepare chemen an devan li. Non sèlman li te bay Alma manje ak yon kote pou l te rete, men, li te prepare Amilèk tou, ki te vin yon kolaboratè, yon gwo defansè levanjil la, ak yon zanmi fidèl. Lè nou rankontre pwoblèm ak desepsyon pandan n ap sèvi nan wayòm Senyè a, nou ka sonje kijan Bondye te sipòte ak dirije Alma, epi nou ka kwè ke Bondye ap sipòte nou ak dirije nou tou, menm nan sikonstans difisil yo.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Alma 8

Efò m pou pataje levanjil la ka mande pèsistans ak pasyans.

Menmsi yon moun ta rejte temwayaj ou sou levanjil la, sa pa vle di ke w ta dwe pèdi espwa—apretou, Senyè a p ap abandone moun sa a, epi l ap montre kijan pou w aji. Nan ka Alma a, yon zanj te kòmande l pou l te retounen Amoniya pou l te preche levanjil la malgre ke moun yo te deja rejte l avèk vyolans (gade Alma 8:14–16). Kisa w aprann nan egzanp Alma a sou pataje levanjil la malgre pwoblèm ak opozisyon? Ki vèsè nan Alma 8 ki ogmante dezi w pou w pataje levanjil la?

Gade 3 Nefi 18:30–32; Jeffrey R. Holland, “Pri—ak Benediksyon—Disip,” Ensign oswa Liahona, Me 2014, 6–9.

Alma 9:18–25; 10:16–23

Bondye jije pitit li selon limyè ak konesans yo genyen.

Lè nou li fason Nefit nan Amoniya yo te trete sèvitè Senyè yo, li fasil pou w bliye ke yon fwa, yo te “yon pèp Senyè a te fè tout favè” (Alma 9:20). Anfèt, yon pati nan mesaj Alma te bay pèp nan Amoniya a sete paske yo te andisi kè yo malgre gwo benediksyon yo te resevwa yo, eta yo te pi mal pase eta Lamanit yo, ki te peche pifò pa inyorans. Kisa kontras sa a anseye nou sou fason Bondye jije pitit li?

Pandan w ap li osijè gwo benediksyon Bondye te bay pèp Nefi a (gade espesyalman Alma 9:19–23), medite sou gwo benediksyon li ba ou. Kisa w ap fè pou w rete fidèl a benediksyon sa yo? Ki chanjman w santi w bezwen fè?

Gade Doktrin ak Alyans 82:3.

Alma 11-12.

Plan Bondye a se yon plan redanmsyon.

Pwofèt Liv Mòmon yo te itilize yon varyete non pou yo dekri plan Bondye pou pitit li yo, tankou plan sali, oubyen plan bonè. Nan Alma 11–12, Alma ak Amilèk fè referans avèk li kòm plan redanmsyon. Pandan w ap li chapit sa yo, reflechi sou rezon k fè yo itilize mo “redanmsyon” an pou dekri plan an. Ou gen dwa ekri yon ti rezime sou sa Alma ak Amilèk te anseye sou aspè sa yo nan plan an tou.

Chit la:

Redanmtè a:

Repantans:

Lanmò:

Rezirèksyon:

Jijman:

Note efè pawòl Amilèk yo te genyen sou pèp la (gade Alma 11:46). Poukisa w panse prensip sa yo te gen yon enfliyans si puisan konsa? Ki efè yo fè sou lavi ou?

Gade tou D. Todd Christofferson, “Rezirèksyon Jezikri a,” Ensig oswa Liahona, Me 2014, 111–14

Alma 12: 8–18

Si m pa andisi kè m, m ka resevwa plis nan pawòl Bondye a.

Gen moun ki ka petèt mande tèt yo poukisa Pè Selès la pa revele nou tout bagay. Nan Alma 12:9–14, Alma eksplike youn nan rezon k fè Bondye pafwa pa devwale nou mistè li. Kesyon sa yo ka ede w medite sou sa l te anseye yo:

  • Kisa sa vledi poun andisi kè nou? Èske w janm remake tandans sa a nan oumenm?

  • Poukisa Senyè a pa devwale pawòl li bay moun ki andisi kè yo?

  • Kijan w te fè eksperyans pwomès pou nou resevwa yon “pi gran pòsyon pawòl la”? (Alma 12:10). A kisa eksperyans sa a te sanble?

  • Kisa w ka fè pou asire w ke pawòl Bondye a gen “plas nan [ou]”? (Alma 12:13). Si w te gen pawòl Bondye a nan ou, ki efè sa t ap fè sou “pawòl ou,” “zèv ou” ak “panse w”?? (Alma 12:14).

Pou yon egzanp sou prensip sa yo, konpare Amilèk avèk lòt moun nan Amoniya yo. Kijan eksperyans Amilèk la (gade espesyalman Alma 10:1–11) ilistre sa Alma anseye nan vèsè sa yo?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

Alma 8:10 -18

Kisa nou ka aprann nan men Alma sou obeyi Senyè a “ak tout vitès” (vèsè 18) menmlè sa ka difisil? Pou ranfòse prensip sa a pou timoun piti yo, ou gen dwa jwe yon jwèt kote w ap bay enstriksyon pou ranpli yon tach epi w ap gade a ki vitès manm fanmi an akonpli tach sa a. Paregzanp, ou gen dwa gade kiyès ki pliye yon rad pi vit.

Alma 10: 1–12

Kisa nou ka aprann nan eksperyans Amilèk la nan vèsè sa yo? Ki efè temwayaj li te genyen sou moun ki t ap koute yo? Envite manm fanmi w pou yo planifye pou yo fè yon bagay semèn sa a ki baze sou sa yo aprann nan egzanp Amilèk la.

Alma 10: 22 -23

Kisa nou aprann nan vèsè sa yo sou enfliyans yon gwoup moun fidèl ka genyen nan yon vil mechan?

Alma 11:34 -37

Ki diferans ki genyen ant Jezikri k ap sove nou nan peche nou ak anba peche nou? (gade Elaman 5:10; gade tou 1 Jan 1:9–10). Pou ilistre sa Amilèk te anseye yo, ou gen dwa pataje istwa sa a ki nan kòmansman mesaj Eldè Allen D. Haynie an “Sonje nan kimoun nou te mete konfyans nou” (Ensign oswa Liahona, Nov. 2015, 121–23). Kijan Jezikri sove nou anba peche nou?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl nou

Etidye pawòl Pwofèt ak Apot dènye jou yo. Li sa pwofèt ak apot dènye jou yo anseye sou verite w jwenn nan ekriti yo. Paregzanp, ou gen dwa idantifye yon tèm nan Alma 8–12 la epi chèche tèm sa a nan konferans jeneral ki pi resan an (gade Anseye nan fason Sovè a, 21).

Imaj
Alma k ap manje avèk Amilèk

Ilistrasyon Alma k ap manje avèk Amilèk, pa Dan Burr