Nouvo Testaman 2023
1–7 Me. Lik 12–17; Jan 11: “Rejwi avèk mwen; paske m jwenn brebi m nan ki te pèdi a”


“1–7 Me. Lik 12–17; Jan 11: ‘Rejwi avèk mwen; paske m jwenn brebi m nan ki te pèdi a’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“1–7 Me. Lik 12-17; Jan 11,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023.

Imaj
yon mesye k ap anbrase pitit gason li

Anfan Pwodig la, Liz Lemon Swindle

1–7 Me.

Lik 12–17; Jan 11

“Rejwi avèk mwen; paske m jwenn brebi m nan ki te pèdi a”

Pandan w ap li d Lik 12–17 ak Jan 11la, nan lapriyè, chèche kisa Pè Selès la vle w konnen ak kisa l vle w fè. Etid ou sou chapit sa yo ka louvri kè w pou w resevwa mesaj ki prepare jis pou ou.

Ekri enpresyon ou

Nan laplipa sitiyasyon, yo t ap konsidere 99 pou 100 kòm yon chif ekselan—men non pa lè chif sa a reprezante pitit byeneme Bondye yo (gade Doktrin ak Alyans 18:10). Nan ka sa a, menm yon sèl nanm merite yon rechèch apwofondi e dezespere “jiskaske [nou] jwenn ni” (Lik 15:4), jan Sovè a anseye nan parabòl brebi egare a. Lè sa a rejwisans la ka kòmanse, paske “va gen plis kontantman nan syèl la pou yon sèl pechè ki repanti, pase pou katrevendiznèf moun jis ki pa bezwen repantans” (Lik 15:7). Si sa parèt enjis, li ta bon pou n raple nou ke, an reyalite, pa gen okenn moun ki “pa bezwen repantans.” Nou tout bezwen pou yo pote nou sekou. Epi nou tout ka patisipe nan pote sekou, pandan n ap rejwi ansanm pou chak nanm ki sove (gade DA 18:15–16).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Lik 12; 14–16

M beni lè m mete kè m sou bagay ki etènèl.

Poukisa Bondye ta di “ensanse” a yon moun travayè ki reyisi e ki konstwi gwo grenye e ranpli yo avèk fwi travay li? (gade nan Lik 12:16–21). Nan chapit sa yo nan Lik la, Sovè a anseye plizyè parabòl ki ka ede nou elve vizyon nou odela bagay pwofàn mond lan pou al nan sa ki etènèl. Gen kèk nan parabòl sa yo ki site la a. Kijan w ta rezime mesaj yo chak genyen an? Kisa w panse Senyè a ap di ou?

Gade tou nan Matye 6:19–34; 2 Nefi 9:30; Doktrin ak Alyans 25:10.

Lik 15

Papa nou ki nan syèl la rejwi lè yo jwenn moun ki pèdi yo.

pandan w ap li parabòl Jezi te anseye yo nan Lik 15, kisa ou aprann sou fason Pè Selès santi L konsènan moun ki fè peche oubyen otreman “pèdi”? Kouman yon dirijan spirityèl—oubyen nenpòt nan nou—ta dwe santi yo konsènan moun sa yo? Konsidere kouman Farizyen ak skrib yo te ka reponn kesyon sa yo (gade nan Lik 15:1–2). Nou ka jwenn repons Jezi a nan twa parabòl nan Lik 15. Pandan w ap li, panse sou sa Jezi t ap anseye skrib ak Farizyen yo avèk parabòl sa yo.

Ou ta ka konsidere tou pou w fè lis similarite ak diferans ant parabòl yo. Paregzanp, ou ta ka idantifye kisa ki te pèdi nan chak parabòl epi poukisa li te pèdi, kouman yo te jwenn li, epi kouman moun te reyaji lè yo te jwenn li. Ki mesaj Jezi te bay pou moun ki “pèdi” yo—enkli moun ki pa panse ke yo pèdi yo? Ki mesaj li bay pou moun k ap chèche moun ki pèdi yo?

Gade tou nan Doktrin ak Alyans 18:10–16; Jeffrey R. Holland, “Anfan Pwodig la,” Liahona, Me 2002, 62–64.

Imaj
Yon fi k ap chèche yon pyès kòb

Pyès lajan ki pèdi a, ilistrasyon James Tissot

Lik 16:1–12

Kisa Kris la anseye nan parabòl sèvitè enfidèl la?

Èldè James E. Talmage te eksplike yon leson nou ka aprann nan parabòl sa a: “Se pou nou dilijan, paske jou kote nou ka itilize richès terès nou an ap pase byen vit. Pran leson nan men menm moun malonèt ak moun mechan yo; si yo pridan ase pou yo asire sèl fiti yo imajine a, konbyen plis noumenm, ki kwè nan yon fiti etènèl la, nou ta dwe asire pa nou tou! Si nou pa aprann sajès ak pridans nan itilize ‘richès enjis’ yo, kijan yo ka fè nou konfyans avèk richès ki pi dirab yo? Jésus le Christ [1916],503-504). Ki lòt ide ou wè nan pasaj sa a?

Lik 17:11–19

Rekonesans pou benediksyon m yo ap fè m vin pi pwòch Bondye.

Si w sete youn nan dis lepre yo, èske w panse w t ap retounen vin remèsye Sovè a? Ki benediksyon adisyonèl lepre rekonesan an te resevwa paske l te di mèsi?

Ou ta ka medite sou pawòl Sovè a tou, “Fwa ou geri ou” (vèsè 19). Nan opinyon w, ki relasyon ki genyen ant gratitid ak lafwa? Kouman toude ede nou vin geri? Video “Prezidan Russell M. Nelson sou Pouvwa Gerisè Gratitid la” (ChurchofJesusChrist.org) ka ede w medite sou kesyon sa yo.

Dale G. Renlund, “Konsidere Bonte ak Grandè Bondye,” Liahona, Me 2020, 41–44.

Jan 11:1–46

Jezikri se Rezirèksyon an ak Lavi a.

Mirak rezirèksyon Laza a sete yon temwayaj puisan e inatakab ke Jezi sete vrèman Pitit Bondye ak Mesi yo te pwomèt la. Ki mo, fraz, oubyen detay nan Jan 11:1–46 la ki fòtifye lafwa ou pou fè w konnen ke Jezikri se “rezirèksyon an, ak lavi a”? Kisa sa vle di pou ou ke Jezi se “rezirèksyon ak lavi”?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Luke 15:1–10.Èske manm fanmi w yo konprann kisa yon moun santi lè l pèdi yon bagay—oubyen lè l pèdi? Pale sou eksperyans yo se kapab derapman yon diskisyon osijè parabòl brebi egare a ak pyès kòb pèdi a. Ouyen ou ta gen dwa fè yon jwèt kote yon moun kache epi lòt manm fanmi yo ap eseye jwenn li. Kijan aktivite sa a ede nou konprann parabòl sa yo?

Lik 15:11–32.Kijan nou ka plis menmjan ak papa a nan istwa sa a lè nou gen moun ki chè pou nou ki pèdi? Kisa nou ka aprann nan eksperyans pi gran pitit gason an ki ka ede nou vin pi kretyenn Nan ki fason papa a nan parabòl sa a tankou Pè Selès la?

Lik 17:11–19.Pou ede manm fanmi w yo aplike istwa dis lepre yo, ou ta ka envite yo ekri nòt gratitid sekrè pou yo chak. Ou ta ka chante ansanm “Compte les bienfaits” tou (Cantiques, no.156,) epi pale sou benediksyon fanmi w te resevwa.

Jan 11:1–46.Manm fanmi w yo ta ka gade videyo “Laza ki resisite a” (ChurchofJesusChrist.org) epi pataje temwayaj yo konsènan Jezikri.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Kantik yo sigjere: “Aux bergers elles sont chères,” Cantiques, no. 221.

Amelyore ansèyman nou

Itilize istwa ak egzanp pou anseye prensip levanjil yo. Sovè a te souvan anseye sou prensip levanjil nan itilize iswa ak parabòl. Panse sou egzanp ak istwa nan pwòp lavi pa w ki ka fè yon prensip levanjil vin vivan pou fanmi ou (gade Anseye nan fason Sovè a,22).

Imaj
Yon mesye ki ajenou devan Jezi pou remèsye L

Kote lòt nèf yo, Liz Lemon Swindle

Enprime