Nouvo Testaman 2023
22–28 Me. Joseph Smith—Matye 1; Matye 24–25; Mak 12–13; Lik 21: “Pitit Gason Lòm Nan Ap Vini”


“22–28 Me. Joseph Smith—Matye 1; Matye 24–25; Mak 12–13; Lik 21: ‘Pitit Gason Lòm Nan Ap Vini’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“22–28 Me. Joseph Smith—Matye 1; Matye 24–25; Mak 12–13; Lik 21,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Imaj
Dezyèm Vini

Dezyèm Vini an, pa Harry Anderson

22–28 Me.

Joseph Smith—Matye 1; Matye 25; Mak 12–13; Lik 21

“Pitit Gason Lòm nan Pral Vini”

Pandan w ap li Joseph Smith—Matye 1; Matye 25; Mak 12–13; ak Lik 21, ou gen dwa mande: “Ki mesaj chapit sa yo gen pou mwen? Pou fanmi m? Pou apèl mwen?”

Ekri enpresyon ou

Disip Jezi yo dwe siman te twouve pwofezi l la etonan: tanp majestye Jerizalèm nan, sant spirityèl ak kiltirèl pèp Juif la, ta pral detwi si totalman ke “pa t ap gen menm … yon grenn wòch rete kanpe.” Natirèlman, disip yo te anvi konnen plis. Yo te mande: “Kilè bagay sa yo ap rive?” “Epi kisa k ap siy ke w ap vini an?” (Joseph Smith—Matye 1:2–4). Repons Sovè a revele ke gwo destriksyon k t ap gen pou l tonbe sou Jerizalèm nan—yon pwofesi ki te akonpli an 70 AK—t ap relativman piti konpare avèk siy lè l ap vini nan dènye jou yo. Bagay ki sanble yo pi solid pase tanp nan Jerizalèm nan pral parèt tanporè—solèy la, lalin nan, zetwal yo, nasyon yo, ak lanmè a. Menm “puisans syèl yo pral ebranle” (Joseph Smith—Matye 1:33). Si nou espirityèlman reveye, ajitasyon sa a kapab anseye nou pou nou mete konfyans nou nan bagay ki vrèman pèmanan yo. Jan Jezi te pwomèt la: “Syèl la ak tè a ap gen pou pase; men pawòl mwen yo p ap pase. … Epi, moun ki gade pawòl mwen yo presyezman, yo p ap sedui” (Joseph Smith—Matye 1:35,37).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Kisa Joseph Smith—Matye ye?

Joseph Smith—Matye, ki nan Pèrl Gran Pri a, se tradiksyon Joseph Smith nan dènye vèsè Matye 23 ak tout Matye 24. Revizyon enspire Joseph Smith yo retabli dè verite presye ki te pèdi. Vèsè 12–21 nan Joseph Smith—Matye a fè referans ak destriksyon Jerizalèm nan tan ansyen yo; vèsè 21–55 yo gen pwofesi sou dènye jou yo.

Joseph Smith—Matye 1:21–37; Mak 13:21–37; Lik 21:25–38

Pwofesi sou Dezyèm Vini Sovè a ka ede m fè fas a fiti mwen ak lafwa.

Sa ka twouble nou lè nou li osijè evanman k ap mennen nan Dezyèm Vini Jezikri yo. Men, lè Jezi te pwofetize sou evenman sa yo, li te di disip li yo pou yo “pa twouble” (Joseph Smith—Matye 1:23). Kijan nou ka fè “pa twouble” lè nou tande tranblemandtè, lagè, twonpri, ak grangou? Panse a kesyon sa a pandan w ap li vèsè sa yo. Make oubyen note tout konsèy rasiran ou jwenn.

Gade tou nan Sijè Levanjil yo, “Dezyèm Vini Jezikri a,” topics.ChurchofJesusChrist.org.

Joseph Smith—Matye 1:26–27, 38–55; Matye 25:1–13; Lik 21:29–36

Mwen dwe toujou pare pou Dezyèm Vini Sovè a.

Bondye pa revele “ni jou ni lè Pitit Gason lòm nan ap retounen an” (Matye 25:13). Men, li pa vle pou jou sa a tonbe sou nou “san nou pa atann” (Lik 21:34), konsa, li ban nou konsèy sou kijan pou n prepare nou.

Pandan w ap li vèsè sa yo, chèche parabòl ak lòt konparezon Sovè a te itilize pou anseye nou pou n toujou prepare pou Dezyèm Vini l lan. Kisa w aprann nan yo? Kisa w santi pou w fè?

Ou ta ka konsidere tou, kouman Sovè a vle w ede prepare mond lan pou Dezyèm Vini Li a. Kisa w santi sa vle di pou w prè pou resevwa Sovè a lè L vini? Mesaj Elder D. Todd Christofferson “Prepare pou Retou Senyè a” (Lyawona, Me 2019, 81–84) ta ka ede w medite sou sa.

Gade tou nan Russell M. Nelson, “Anbrase Lavni An Avèk Lafwa,” Lyawona, Nov. 2020, 73–76.

Matye 25:14–30

Pè Selès la atann pou m itilize don m yo avèk sajès.

Nan epòk Sovè a, yon “talan” te fè referans avèk lajan. Men, parabòl talan an ka enspire nou medite sou fason nou itilize nenpòt nan bebediksyon nou yo, pa sèlman lajan. Pandan w ap li parabòl sa a, fè yon lis sou kèk nan benediksyon ak opòtinite Pè Selès la ba ou. Kisa l atann pou w fè avèk benediksyon sa yo? Kijan w ka itilize don sa yo avèk plis sajès?

Matye 25:31–46

Lè m sèvi lòt moun, se Bondye m ap sèvi.

Si w janm mande tèt ou kijan Senyè a pral jije lavi ou, li parabòl brebi a ak kabrit yo. Poukisa ou panse lè w pran swen moun ki nan bezwen sa ta ka ede nan prepare w “eritye wayòm Bondye a?

Kouman parabòl sa a sanble avèk de lòt ki nan Matye 25? Ki mesaj toulètwa gen an komen?

(gade nan Mozya 9:17; 5:13.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Joseph Smith—Matye.Pou ede fanmi ou eksplore chapit sa a, envite yo pou yo chèche ansèyman Sovè a bay sou fason nou ka prepare nou pou Dezyèm Vini l lan (gade nan, paregzanp, vèsè 22–23, 29–30, 37, 46–48). Kisa fanmi w ka fè pou suiv konsèy sa a? Fanmi w ta ka kontan chante “Quand Jésus reviendra” (Chants pour les enfants,, 46–47} ak desine foto bagay yo imajine ki pral sanble avèk Dezyèm Vini Jezikri a.

Joseph Smith—Matye 1:22, 37.Kisa sa vledi pou n kenbe pawòl Bondye a presyezman? Kijan nou ka fè sa antanke fanmi? Kijan nou pral fè pou ede nou pou n pa twonpe?

Matthew 25:1–13.Ou gen dwa itilize foto dis vyèj yo ki akonpaye plan leson sa a pou diskite sou Matye 25:1–13la. Ki detay manm fanmi yo wè nan foto a ki dekri nan vèsè sa yo?

Ou ta ka koupe papye nan fòm gout lwil epi kache gout yo alantou kay ou. Ou ta ka atache gout yo a objè tankou ekriti yo oubyen yon foto tanp la. Lè man fanmi yo jwenn gout yo, ou ta ka diskite fason bagay sa yo ede nou prepare pou Dzyèm Vini an.

Mak 12:38–44; Lik 21:1–4.Kisa vèsè sa yo anseye sou fason nou dwe konsidere richès materyèl? Montre fanmi w peye Senyè a ladim ak ofrann jèn. Kijan don sa yo ede nou bati wayòm Bondye a? Nan ki lòt fason nou ka ofri “tout sa [nou genyen]” pou Sovè a? (Mak 12:44).

Imaj
Yon fi k ap mete lajan monnen nan bwat

Pyès kòb vèv la, pa Sandra Rast

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan ki sigjere: “Quand Jésus reviendra, ” Chants pour les enfants, 46–47.

Amelyore etid pèsonèl ou

Prepare anviwònman ou. “Anviwonman ou ka pwofondeman afekte kapasite w pou aprann ak santi verite a” (Anseye nan fason Sovè a,15). Eseye jwenn yon kote pou w etidye ekriti yo ki ap envite enfliyans Sentespri a. Mizik ak imaj edifyan ka envite Lespri a tou.

Imaj
Fi ki kenbe lanp.

Senk ladan yo te saj, Walter Rane

Enprime