Nouvo Testaman 2023
22–28 Me. Joseph Smith—Matye 1; Matye 24–25; Mak 12–13; Lik 21: “Pitit Gason Lòm Nan Ap Vini”


“22–28 Me. Joseph Smith—Matye 1; Matye 24–25; Mak 12–13; Lik 21: ‘Pitit Gason Lòm Nan Ap Vini’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“22–28 Me. Joseph Smith—Matye 1; Matye 24–25; Mak 12–13; Lik 21, Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
Dezyèm Vini an

Dezyèm Vini an, tablo Harry Anderson

22–28 Me.

Joseph Smith—Matye 1; Matye 24–25; Mak 12–13; Lik 21

“Pitit Gason Lòm Nan Ap Vini”

Medite sou sa timoun w ap anseye yo bezwen konnen osijè Joseph Smith—Matye1; Matye 24– 25; Mak 12–13; Lik 21. Pa ezite adapte ide pou timoun ki pi gran yo ki nan plan leson sa a pou timoun ki pi piti yo e vice versa.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Pote yon objè oswa yon foto ki anrapò avèk youn nan parabòl oubyen istwa ki nan lekti semèn sa a nan klas la (tankou luil pou reprezante dis vyèj yo oswa pyès kòb pou reprezante talan yo oubyen monnen vèv la). Mande timoun yo pou yo pataje sa yo konnen konsènan istwa Jòb lan.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Joseph Smith—Matye 1:31

Anvan Jezi retounen, levanjil la ap preche nan tout mond lan.

Yon siy ki montre Jezi ap retounen talèkonsa sèke levanjil Li a ap preche nan tout mond lan. Timoun yo ka ede akonpli pwofesi sa a nan pataje levanjil la.

Aktivite Posib

  • Montre yon kat, yon glòb, oswa foto tè a (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, no.3) epi ede timoun yo di: “Levanjil sa a … pral preche nan tout mond lan” (Joseph Smith—Matye 1:31). Poukisa Bondye vle pou tout pitit Li yo tande levanjil Li a?

  • Envite timoun yo pou yo mache anplas pandan n ap chante ansanm yon chante sou pataje levanjil la, tankou “Je voudrais déjà partir en mission” oswa “Appelés à servir” (Chants pour les enfants, 160, 90).

  • Pase video “J irai où tu veux” a nan (ChurchofJesusChrist.org). Pandan timoun yo ap gade video a, ede yo konte ki kantite fason yo ka pataje levanjil la yo wè nan video a. Ki lòt fason yo ka panse pou pataje levanjil la?

Imaj
tè a apati lespas

Levanjil la ap preche nan tout mond lan Foto koutwazi NASA Johnson Space Center

Matye 25:14–30

Mwen ka itilize don Bondye ban mwen yo.

Jèn timoun k ap dekouvri don yo ak kapasite yo. Ede yo konprann ke don ak kapasite sa yo soti nan Pè Selès la.

Aktivite Posib

  • Pote plizyè pyès monnen pou w itilize pandan w ap rakonte parabòl talan yo ki nan Matye 25:14–30la. Ou gen dwa mande twa timoun pou yo reprezante twa sèvitè yo. Eksplike ke nan epòk Jezi a, talan te vledi lajan, men nan epòk pa nou an talan ka vledi don ak kapasite.

  • Mande timoun yo pou yo site kèk fason paran yo, frè yo ak sè yo, enstriktè yo, oubyen zanmi yo konn ede yo. Ki kapasite moun sa yo genyen ki ede yo sèvi lòt moun?

  • Ekri yon ti nòt pou timoun yo ki di yo chak ki don oswa kapasite ou wè nan yo. Pandan w ap di chak timoun ki don ou wè nan yo a, ankouraje yo pou yo amelyore don yo genyen yo

Matye 25:31–46

Jezi vle pou m sèvi tout moun.

Nou sèvi Pè Selès la ak Jezikri lè nou sèvi moun ki bò kote nou. Ede timoun yo konsidere fason yo ka sèvi lòt moun.

Aktivite Posib

  • Fè rezime parabòl ki nan Matye 25:34–46la. Ede timoun yo konprann ke lè nou sèvi lòt moun, se Jezi n ap sèvi.

  • Montre foto yon timoun avèk yon foto Jezi ki kache dèyè li. Kisa nou ka fè pou pou sèvi timoun sa a? Retire foto timoun nan epi eksplike ke lè nou youn sèvi lòt, se Jezi n ap sèvi.

  • Envite timoun yo pou yo desine yomenm k ap sèvi lòt moun nan fason Sovè a dekri nan Matye 25:35–36la. Mande lòt timoun yo pou devine sa y ap desine a.

  • Envite timoun yo pou yo rakonte eksperyans kote yon moun te rann yomenm oubyen fanmi yo sèvis nan fason Kris la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Joseph Smith—Matye 1:31

Anvan Jezi retounen, levanjil la ap preche nan tout mond lan.

Timoun w ap anseye yo ka ede preche levanjil la nan tout mond lan anvan Dezyèm Vini Sovè a.

Aktivite Posib

  • Envite timoun yo pou yo di ki benediksyon yo te resevwa oubyen yo pral resevwa paske yo se manm Legliz Kris la. Li Joseph Smith—Matye 1:31ansanm, epi mande timoun yo kijan levanjil la ap beni pitit Bondye yo nan tout mond lan.

  • Montre foto yon kat mond lan oubyen yon kat peyi ou, epi ede yo idantifye kèk lye kote yon manm fanmi yo oubyen yon zanmi te preche levanjil la nan yon misyon.

  • Envite kèk timoun pou yo vini pare pou rakonte kijan manm fanmi yo oswa zansèt yo te jwenn levanjil la.

  • Mande chak timoun pou l ekri non yon moun li ka pale de levanjil la oubyen li ka envite vin legliz la. Mande yo pou yo fè lis kèk bagay yo ka fè pou yo ka misyonè depi kounyea.

Matye 25:1–13

Mwen responsab pwòp konvèsyon mwen nan Jezikri.

Parabòl dis vyèj la anseye ke nou pa ka prete konvèsyon nou nan Sovè a nan men lòt moun. Kijan w ka ede timoun yo pran responsablite pwòp konvèsyon yo?

Aktivite Posib

  • Mande yon timoun pou l vin prepare pou pataje kijan li te aprann parabòl dis vyèj la lakay li semèn sa a.

  • Desine yon lanp a gaz sou tablo a, epi rele l temwayaj. Bay chak timoun yon moso papye ki gen fòm yon gout luil, epi mande chak timoun pou l ekri sou papye a yon bagay li pral fè pou l ka vin pi konvèti nan Sovè a. Tache gout luil yo toutotou lanp la.

  • Envite timoun yo pou yo ede w fè yon lis bagay yo ka fè pou prepare yo pou resevwa yon vizitè espesyal. Kijan bagay sa yo menmjan oubyen diferan avèk fason nou ka prepare nou spirityèlman pou Dezyèm Vini Sovè a?

  • Sou senk moso papye, ekri bagay moun pa ka prete. Sou senk lòt moso papye, ekri bagay moun ka prete. Melanje moso papye yo, epi mande timoun yo pou yo triye yo mete an de kategori. Li ansanm Matye 25:1–13. Poukisa li enpòtan pou nou pa konte sou lòt moun pou konvèsyon nou nan Jezikri?

Matye 25:14–46

Nan Jijman Final la, nou pral bay Senyè a rapò sou lavi nou.

Apre Rezirèksyon an, Senyè a pral jije nou selon jan nou te obeyi kòmandman L yo ak selon jan nou te aksepte sakrifis ekspyatwa L la. Parabòl talan an ak parabòl brebi a ak bouk yo anseye nou sou Jijman Dènye a.

Aktivite Posib

  • Envite mwatye klas la pou yo li Matye 25:14–30 epi lòt mwatye a pou yo li Matye 25:31–46. Mande chak gwoup pou yo jwe sèn parabòl yo pou klas la. Kisa Senyè a pwomèt nou nan vèsè sa yo?

  • Envite timoun yo pou yo li Matye 25:35–36 de pa de epi fè lis kèk bagay yo ka fè pou montre amou yo pou Jezikri.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Mande timoun yo pou yo di fanmi yo ki fason yo ka vin pi bon misyonè epi pale yo de kèk moun yo ta ka pataje levanjil la avèk yo.

Amelyore Ansèyman Nou

Koute yon istwa oubyen fè yon senaryo avèk li. Paske timoun renmen istwa, chèche fason pou w fè yo patisipe nan istwa ekriti w ap pataje yo. Yo gen dwa kenbe imaj oubyen objè, fè desen sa y ap tande a, wòl sou istwa a, oubyen ede rakonte istwa a. Repete istwa yo pou ede yo rekonèt detay enpòtan ak ansèyman levanjil yo.

Enprime