Nouvo Testaman 2023
29 Me–4 Jen. Matye 26; Mak 14; Jan 13: “Pou Nou Ka Sonje”


“29 Me–4 Jen. Matye 26; Mak 14; Jan 13: ‘Pou Nou Ka Sonje,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“29 Me–4 Jen. Matye 26; Mak 14; Jan 13,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
Dènye Soupe a

Pou nou ka sonje mwen, tablo Walter Rane

29 Me–4 Jen.

Matye 26; Mak 14; Jan 13

“Pou Nou Ka Sonje”

Pandan w ap li Matye 26; Mak 14; ak Jan 13 la, chèche prensip ou santi ki pral beni timoun w ap anseye yo.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Montre foto sou evenman nan chapit sa yo, tankou Liv Ilistrasyon Levanjil, no. 54–55, epi envite timoun yo pou yo di kisa k ap fèt nan foto sa yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Matye 26:26–29; Mak 14:22–24

Sentsèn nan ede m panse a Jezi.

Ede timoun yo konprann ke pran sentsèn se yon chans pou yo sonje sa Jezi te fè pou nou.

Aktivite Posib

  • Rezime istwa Jezi k ap entwodui sentsèn nan. Ou gen dwa itilize “Chapit 49: Premye Sentsèn nan” (nan Istwa Nouvo Testaman yo, 124–26, oswa video korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org), oswa video “Sentsèn” nan (ChurchofJesusChrist.org). Poukisa nou bezwen sentsèn? Ede timoun yo konprann ke nou sonje Jezi pandan Sentsèn nan.

  • Montre yo yon modo pen ak yon kèp dlo. Mande yo si yo konn kisa pen ak dlo sentsèn nan reprezante. Eksplike yo ke anblèm sa yo ede nou sonje ke Jezi te mouri pou nou epi L te resisite soti anba lanmò.

  • Mande yo pou yo fèmen je yo epi panse ak yon moun yo renmen, epi apresa, envite yo pou yo pale w de moun sa a. Mande yon pou yo fèmen je yo ankò, pou yo panse ak Sovè a, epi apresa pataje sa yo konnen sou Li. Ankouraje yo pou yo panse ak Jezi pandan sentsèn nan chak semèn.

  • Envite yo pou yo montre kisa yo ka fè pou yo sonje Jezi e montre reverans pandan sentsèn nan. Ede timoun yo fè ti liv yo dekri nan paj aktivite semèn sa a epi itilize l pou ede yo panse a Jezi pandan sentsèn nan. Oubyen fè yo chèche nan kèk revi Legliz yo pou yo ka jwenn foto Jezi epi kreye yon kolaj ke yo ka gade pandan reyinyon sentsèn nan.

Jan 13:34–35

Mwen ka renmen lòt moun nan Jezi te fè.

Jezi te montre lanmou L nan pran swen moun ki te bò kote Li. Ki opòtinite timoun w ap anseye yo genyen pou yo montre lanmou yo pou lòt moun?

Aktivite Posib

  • Montre foto sou istwa timoun yo te aprann ane sa a ki dekri kote Jezi te montre lanmou Li pou lòt moun ( gade plan leson pase yo nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo). Li Jan 13:34–35, epi ede yo repete fraz sa a “Jan m te renmen nou an, se pou nou youn … renmen lòt.” Kijan nou ka montre lanmou nou pou fanmi nou ak zanmi nou?

  • Envite timoun yo kenbe yon foto Sovè a pandan klas la ap chante yon chan sou lanmou Sovè a, tankou “Aimez vos frères” (Cantiques, 200). Bay timoun yo kè an papye epi envite yo pou yo desine yomenm k ap fè yon bagay pou montre lanmou yo pou yon lòt moun.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Matye 26:26–29; Mak 14:22–24

Sentsèn nan ede m sonje Jezikri ak sakrifis Li te fè pou mwen an.

Kijan w ka ede timoun yo fè yon pi bèl eksperyans avèk sentsèn nan?

Aktivite Posib

  • Envite yo pou yo chak pran tou pa yo pou yo li vèsè ki nan Matye 26:26–29 ou Mak 14:22–24 yo (gade Tradiksyon Joseph Smith, Mak 14:20–24 [nan apendiks Bib la]) ak Doktrin ak Alyans 20:75–79 tou. Ki pawòl ak ide ki sanble nan de pasaj ekriti sa yo?

  • Mande timoun yo kisa yo fè pou ede yo panse ak Jezi pandan sentsèn nan. Ede yo jwenn ekriti oubyen pawòl nan chan sentsèn yo ke yo ta ka li pandan sentsèn nan, epi apresa, fè lis yo sou yon kat pou timoun yo ka itilize kòm referans pwochèn fwa y ap pran sentsèn. Chante kèk nan chan sa yo avèk timoun yo (gade Cantiques, no. 96–119).

    Imaj
    timoun k ap pran sentsèn

    Sentsèn nan ede m sonje Jezikri ak sakrifis Li te fè pou mwen an.

  • Ekri kèk fraz kle ki nan priyè sentsèn yo sou tablo a, epi ede timoun yo memorize yo. Kisa mo ak fraz sa yo vledi? Poukisa li enpòtan pou moun renouvle alyans batèm nou yo chak semèn?

  • Envite yon detantè Prètriz Aawon pou l vin pale timoun yo de eksperyans li nan prepare, beni, oubyen distribye sentèn nan. Kisa k ede l prepare pou l fè sa? Kijan l santi l lè l ap fè li? Kijan pen an ak dlo a raple l Sovè a?

  • Envite plizyè timoun ki deja batize pou yo di kisa yo sonje sou eksperyans batèm pa yo a. Kijan yo te santi yo? Ki alyans yo te fè? (gade Mozya 18:8–10). Di yo ke chak semèn lè nou pran sentsèn, se kòmsi nou batize ankò—nou ka resevwa padon pou peche nou, epi renouvle alyans nou yo.

Jan 13:1–17

Jezi te montre m kijan pou m sèvi lòt moun.

Istwa sou Sovè a k ap lave pye disip Li yo ka enspire timoun w ap anseye yo pou yo renmen sèvi moun ki bò kote yo.

Aktivite Posib

  • Kèk jou alavans, mande youn nan timoun yo pou l li Jan 13:4–9 epi pataje istwa a avèk klas la selon pwendvi Pyè. Kisa Sovè a t ap eseye anseye Pyè ak lòt Apot yo? Timoun yo ta ka pale de sa yo aprann konsènan Jezikri nan istwa a. Kisa w aprann konsènan sèvi lòt moun?

  • Li ansanm Jan 13:12-17. Mande timoun yo pou yo chak ekri sou yon lè kote Sovè a te sèvi yon lòt moun. Ankouraje yo pou yo mete ladan l sa yo aprann nan egzanp Li. Si yo bezwen èd, yo ta ka chèche kèk egzanp nan video “Christlike Attributes (Kalite Kretyen)” an nan (ChurchofJesusChrist.org). Mande yo pou yo pataje sa yo te ekri yo avèk klas la.

Jan 13:34–35

Disip Jezikri yo renmen lòt moun jan L te fè a.

Lè nou batize, nou fè alyans pou nou vin disip Jezikri. Nan Jan 13:34–35, Sovè a te dekri kijan nou ka montre ke nou se disip Li.

Aktivite Posib

  • Ekri sou tablo a youn lòt; jan m te nou (Jan 13:34). Mande timoun yo pou yo chèche ekriti yo epi konplete espas blanch yo. Ki lòt bagay nou ka fè pou montre ke nou se disip Kris la? Timoun yo ta gen dwa panse ak lòt mo yo ta ka itilize pou konplete fraz la ki sou tablo a, tankou sèvi ak te sèvi oswa anseye ak te anseye.

  • Envite yo pou yo li Jan 13:35 epi panse a moun yo konnen ki ka sèvi kòm egzanp disip Jezikri. Mande yo pou yo di kijan moun sa yo montre lanmou pou lòt moun jan Sovè a te fè.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pataje avèk fanmi yo yon bagay yo ta renmen fè gras ak sa yo aprann nan klas la. Paregzanp, yo ta ka di kijan yo pral sonje Jezikri pandan Sentsèn.

Amelyore Ansèyman nou

Rann temwayaj ou bay klas la. Yon temwayaj ka osi senp ka “M konnen Pè Selès la renmen nou chak” oubyen “M santi m byen lè m aprann apwopo Jezikri.”

Enprime