Nouvo Testaman 2023
12–18 Jen. Lik 22: Jan 18: “Se Pa Volonte Pa M, Men Se Volonte Pa W Ki Pou Fèt”


“12–18 Jen. Lik 22: Jan 18: ‘Se Pa Volonte Pa M, Men Se Volonte Pa W Ki Pou Fèt,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“12–18 Jen. Lik 22; Jan 18,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
Kris la ak disip yo nan Jetsemani

Boskè Jetsemani an, tablo Derek Hegsted

12–18 Jen.

Lik 22; Jan 18

“Se Pa Volonte Pa M, Men Se Volonte Pa W Ki Pou Fèt”

Aprann nan Lik 22 ak Jan 18 avèk timoun yo se yon opòtinite pou ede yo apwofondi lanmou yo pou Jezikri ak lafwa yo nan Li. Nan lapriyè, konsidere kijan w pral fè sa.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Montre foto sou evenman yo pale nan chapit sa yo, tankou Kris la nan Jetsemani (Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 56) ak foto ki nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo. Envite timoun yo dekri sa k ap pase nan foto yo

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Lik 22:39–46

Jezikri te soufri pou mwen paske Li renmen mwen.

Reflechi sou fason w ka ede timoun yo santi amou Jezi pou yo pandan w ap pale yo de soufrans Li te andire nan Jetsemani yo.

Aktivite Posib

  • Rakonte timoun yo istwa ki nan Lik 22:39–46 la, petèt nan itilize “Chapit 51: Jezikri Soufri nan Jaden Jetsemani an” (nan Istwa Nouvo Testaman yo, 129-32, oubyen videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org). Eksplike ke Jezi te santi tout doulè ak lapenn chak moun gen pou yo santi. Mande yo kisa ki ta ka fè yon moun santi l tris, blese, oubyen kontrarye. Temwaye ke Jezi ka ede nou santi nou pi byen lè nou santi bagay sa yo.

  • Pase yon foto Sovè a nan Jetsemani an bay tout timoun yo (tankou sa ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yoa). Pandan chak timoun kenbe foto a, di, “Jezi te soufri paske Li renmen [di non timoun nan].” Envite timoun yo pou yo repete pawòl sa yo avèk ou.

  • Chante avèk timoun yo yon chan sou lanmou Jezi pou nou, tankou “Je ressens son amour” (Chants pour les enfants, 42–43). Ede yo panse a fason yo konn santi lanmou Jezi.

Lik 22:41–43

Mwen ka priye lè m bezwen èd.

Lè Jezi te priye nan Jetsemani an, yon zanj te parèt pou fòtifye Li. Ede timoun w ap anseye yo konprann ke yomenm tou yo ka priye Pè Selès la pou mande L sajès.

Aktivite Posib

  • Fè rezime Lik 22:41–43 a pou yo. Pataje yon eksperyans kote w te priye pou èd epi Pè Selès la te fòtifye w atravè Sentespri a oubyen Li te voye yon moun pou ede ou.

  • Sou kèk moso papye, ekri kèk bagay nou ta ka di nan yon priyè, tankou “Papa nou ki nan Syèl la,” “Mwen remèsye Ou,” “Mwen Mande Ou,” ak “nan non Jezikri, amèn.” Mete moso papye yo atè a nan lòd gaye, epi ede timoun yo mete yo nan lòd nou t ap di yo nan yon priyè. Kisa nou ka fè pou nou remèsye Pè Selès la? Ki lòt bagay nou ka di Li? Temwaye ke timoun yo ka priye Pè Selès nan nenpòt kote ak nenpòt lè.

Imaj
Kris la k ap priye nan Jetsemani

Kris la k ap priye nan Jaden Jetsemani an, tablo Hermann Clementz

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Lik 22:39–46

Nan Jetsemani, Jezikri te pran peche mwen ak lapenn mwen sou do Li.

Si yo konn kisa Jezi te fè pou yo nan Jetsemani an, sa ka ede timoun yo repanti pou peche yo epi tounen yo vè Sovè a lè y ap rankontre eprèv difisil.

Aktivite Posib

  • Envite timoun yo li Lik 22:39–46, pandan w ap chèche mo oubyen fraz ki dekri sa Jezi te santi nan Jetsemani yo. Kisa Jezi te pase ki te lakoz Li te santi L fason sa a? (gade Doktrin ak Alyans 19: 16–19). Ba yo opòtinite pou yo di sa yo santi sou Jezi ak sou sakrifis Li te fè pou nou an.

  • Envite yo pou yo pale de yon lè kote yo te santi yo tris oubyen nan doulè. Mande yo si yo konn yon moun ki te santi L konsa tou. Envite yo li Alma 7:11–12. Kisa vèsè sa yo anseye nou sou Jezikri ak soufrans Li pou nou?

  • Bay chak timoun yon ti bout bwa ki pi laj ase lajè pòt klas la, epi mande l pou l kenbe l orizontalman epi eseye pase l atravè pòt la. Eksplike ke ti bout bwa a reprezante peche nou yo, ki anpeche nou antre nan wayòm Bondye a. Retire bout bwa a pou montre ke Jezi te pran peche nou yo sou tèt Li pou nou ka jwenn padon lè nou repanti.

Lik 22: 39–44

Mwen ka suiv egzanp Jezi nan obeyi Papa nou ki nan Syèl la.

Jezi te montre obeyisans pou Papa a lè L te di: “Se pa volonte pa m ki pou fèt, men se volonte pa ou” (Lik 22:42). Kijan w ka ede timoun yo aprann nan egzanp Li?

Aktivite Posib

  • Ede yo memorize fraz “Se pa volonte pa m ki pou fèt, men se volonte pa w” la (Lik 22:42) epi di yo kisa l vledi. Kisa nou ka fè pou n obeyi volonte Pè Selès la?

  • Ede yo idantifye kèk rezon ki fè pafwa li pi difisil pou nou fè sa Pè Selès la vle. Ki benediksyon nou te resevwa lè nou te obeyi Papa nou ki nan Syèl la, menm lè sa te difisil?

Lik 22:50–51

Jezi te renmen enmi L yo

Aprann kijan pou nou yon patizan lapè pa fasil, espesyalman lè lòt moun pa janti avèk nou. Kijan istwa ki nan Lik 22:50–51 an ka enspire tomoun w ap anseye yo pou yo janti nan tout sikonstans?

Aktivite Posib

  • Envite timoun yo pou yo li Lik 22:50–51. Kisa nou aprann osijè Jezi nan istwa sa a? Pandan semèn nan, mande kèk paran pou yo pale w de kèk moman kote timoun yo te montre jantiyès, menm lè sa te difisil. Pataje istwa sa yo avèk klas la. (Raple timoun yo ke janti pa vledi pou yo kite lòt moun blese yo; yo dwe di paran yo oubyen yon lòt grandèt yo fè konfyans si yon moun ta fè yo yon bagay ki mal.)

  • Chante ansanm yon kantik sou jantiyès, tankou “Soyons Gentils” (Chants pour les enfants, 83). Kisa istwa sa a anseye nou sou jantiyès? Kijan nou ka montre jantiyès pou lòt moun jan Sovè a te fè a?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo pataje temwayaj yo sou Sovè a avèk fanmi yo. Yo ta gen dwa mande manm fanmi yo pou pataje temwayaj pa yo konsènan Li.

Amelyore Ansèyman Nou

Envite timoun yo pou pataje sa yo konnen. “Mande [timoun yo] pou yo pataje avèk ou panse, santiman ak eksperyans ki gen rapò avèk prensip w ap anseye yo. W ap dekouvri ke yo gen ide ki senp, pi, epi puisan” (Anseye nan Fason Sovè a26).

Enprime