Nouvo Testaman 2023
12–18 Jen. Lik 22; Jan 18: “Se Pa Volonte Pa M, Men Se Volonte Pa W Ki Pou Fèt”


“12–18 Jen. Matye Lik 22; Jan 18: ‘Se Pa Volonte Pa M, Men Se Volonte Pa W Ki Pou Fèt,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“12–18 Jen. Lik 22; Jan 18,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
Kris la ak disip yo nan Jetsemani

Jaden Jetsemani, pa Derek Hegsted

12–18 Jen

Lik 22; Jan 18

“Se Pa Volonte Pa M, Men Se Volonte Pa W Ki Pou Fèt”

Pran tan w pou w li Lik 22 ak Jan 18 semèn sa a. Medite epi priye konsènan bagay ou li yo. Lè w fè sa, sa a ka bay Lespri a opòtinite pou rann temwayaj nan kè w ke ekriti yo vrè.

Ekri Enpresyon w yo

Te gen sèlman twa temwen mòtèl pou soufrans Jezikri yo nan Jaden Jetsemani an—epi toulètwa te dòmi pandan pifò moman an. Nan jaden sa a epi apresa sou kwa a, Jezi te pran sou tèt li peche, doulè, ak soufrans chak grenn moun ki te janm viv, malgre prèske okenn nan moun ki te vivan yo nan epòk sa a pa t konnen sa k t ap pase a. Evenman ki pi enpòtan nan letènite yo souvan pase san mond lan pa pote anpil atansyon sou yo. Men Bondye Papa a te konnen. Li te tande siplikasyon Pitit gason fidèl li a: “Papa, si w vle retire gode sa a devan mwen: sepandan, se pa volonte pa m, men se volonte pa ou ki pou fèt. Epi te gen yon zanj ki te parèt devan yo soti nan syèl la, pou fòtifye li” (Lik 22:42–43). Pandan ke nou pa t la pou nou te temwen zak abnegasyon ak soumisyon sa a, nou se temwen Ekspyasyon Jezikri a. Chak fwa nou repanti epi nou resevwa padon pou peche nou, chak fwa nou santi pouvwa fòtifyan Sovè a, nou ka temwaye sou reyalite sa k te pase nan Jaden Jetsemani an.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Lik 22:31 -34, 54-62; Jan 18:17-27

Konvèsyon se yon pwosesis kontinyèl.

Panse sou eksperyans Pyè te fè avèk Sovè a—mirak li te temwen yo ak doktrin li te aprann. Alò, poukisa Sovè a te di Pyè: “ w konvèti, fòtifye frè w yo”? (Lik 22:32; italik ajoute). Pandan w ap medite sou sa a, li ta ka itil pou w ta konsidere sa Èldè David A. Bednar te anseye sou diferans ant gen yon temwayaj ak vin vrèman konvèti (gade,“Konvèti nan Senyè a,” Lyawona, Nov. 2012, 106–9).

Pandan w ap li eksperyans Pyè yo nan Lik 22:31–34, 54–62 (gade tou Jan 18:17–27), panse a pwòp konvèsyon pa ou. Èske w konn jan konn santi w sitèlman angaje ke, tankou Pyè, ou te “pare pou ale avèk [Sovè a ], ni nan prizon ak nan lanmò”? (Lik 22:33). Poukisa santiman sa yo pafwa disparèt? Gen opòtinite chak jou pou oubyen nou renye oswa temwaye de Sovè a, kisa w pral fè pou w rete yon temwnen pou li chak jou? Ki lòt leson ou aprann nan egzanp Pyè a?

Pandan w ap kontinye li Nouvo Testaman an, gade prèv sou konvèsyon pwogresif Pyè a. Note fason li te aksepte manda Senyè a pou “fòtifye frè w yo” a (Lik 22:32; gade Travay 3–4).

Gade tou Mak 14:27–31.

Lik 22:39–46

Sovè a te soufri pou mwen nan Jetsemani.

Prezidan Russell M. Nelson te envite nou pou “konsakre tan pou n aprann konsènan Sovè a ak sou sakrifis ekspyatwa l la” (Rale pouvwa Jezikri vin nan lavi nou,”,” Lyawona, Me 2017,40).

Panse sou sa w pral fè pou w aksepte envitasyon Prezidan Nelson an. Ou gen dwa kòmanse medite nan lapriyè sou soufrans Sovè a nan Jetsemani an, jan yo dekri l nan vèsè sa yo, epi ekri enpresyon ak kesyon yo ki vin nan lespri ou.

Pou yon etid pi apwofondi sou Sovè a ak Sakrifis Ekspyatwa l la, eseye chèche lòt ekriti pou repons pou kesyon tankou kesyon sa yo:

Pandan w ap aprann sou sa k te pase nan Jetsemani an, li ta bon pou w konnen ke Jetsemani sete yon jaden pye olivye ki te gen yon moulen oliv yo te itilize pou kraze grenn oliv yo pou yo te ekstrè luil ke yo te itilize pou ekleraj ak manje osibyen ke pou gerizon (gade Lik 10:34). Kijan pwosesis pou ekstraksyon luil doliv la gendwa senbolize sa Sovè a te fè pou nou nan Jetsemani? Pou kèk ide, gade mesaj Èldè D. Todd Christofferson lan “Demere nan Lanmou mwen” an (Lyawona, Nov. 2016, 50–51).

Gade tou Matye 26:36–46; Mak 14:32–42.

Jan 18:28–38

“Wayòm Sovè a pa nan mond sa a.”

Kòm yon dirijan politik, Pontus Pilat te abitye ak pouvwa ak wayòm yo nan mond sa a. Men Jezi te pale sou yon kalite wayòm ki te pi diferans toujou. Reflechi sou sa w te li konsènan lavi Sovè a, ki evidans ou wè ke “wayòm li an pa nan mond sa a”? (Jan 18:36). Poukisa li enpòtan pou nou konnen sa a? Ki lòt bagay ki evidan pou ou konsènan pawòl Jezi yo devan Pilat?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Lik 22:31–32.Kijan Pyè gendwa te santi li lèl te konnen ke Jezi te priye pou li ak pou lafwa li? Pou kimoun nou ka priye, “pou lafwa [yo] pa febli”? (vèsè 32).

Lik 22:39–46.Aprann sou soufrans Sovè a nan Jetsemani ka se yon eksperyans sakre pou fanmi ou. Konsidere kisa w ka fè pou kreye yon espri reverans ak adorasyon pandan w ap etidye Lik 22:39–46 la. Ou gendwa jwe oswa chante kèk nan chan favori fanmi ou oswa chan pou timoun konsènan Sovè a. Ou ta ka gade nan paj foto yo oswa gade yon videyo tankou “Sovè a Soufri nan Jetsemani” a nan (ChurchofJesusChrist.org). Pandan w ap li vèsè yo, manm fanmi yo ta ka pataje pasaj ki gen siyifikasyon espesyal pou yo—petèt yon pasaj ki ka ede yo santi lanmou Sovè a (gade tou Matye 26:36–46; Mak 14:32–42). Ou gendwa envite yo pou yo pataje temwayaj yo sou Jezikri ak ekspyasyon L la tou.

Lik 22:42.Manm fanmi yo ta ka pataje eksperyans yo lè yo te aprann pou di, “Se pa volonte pa m, men pa w ki pou fèt.”

Lik 22:50–51; Jan 18:10–11.Kisa nou aprann konsènan Jezi nan vèsè sa yo?

Imaj
Kris la k ap geri zòrèy sèvitè a

Soufri Rive Lwen, pa Walter Rane

Jan 18:37–38.Kijan nou t ap reponn kesyon Pilat la “Kisa verite ye?” a (vèsè 38). Pou kèk ide, gade Jan 8:32; Doktrin ak Alyans 84:45; 93:23–28; ak “O, Toi Vérité,” Cantiques, no. 175.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè.

Chan yo sigjere: “Merveilleux l amour,” Cantiques, no. 117.

Amelyore Etid Pèsonèl

Etidye pawòl Pwofèt ak Apot dènye jou yo. Li sa pwofèt ak apot dènye jou yo anseye konsènan verite w jwenn nan ekriti yo. Pa egzanp, nan nimewo dènye konferans jeneral Lyawonaa, ou ta ka chèche jwenn nan “Ekspyasyon” nan endèks pa sijè a (gade Anseye nan Fason Sovè a21).

Imaj
Kris la nan Jetsemani

Se pa Volonte pa M, Men Volonte Pa w ki pou Fèt, pa Walter Rane

Enprime