Nouvo Testaman 2023
19–25 Jen. Matye 27; Mak 15; Lik 23; Jan 19: “Tout Bagay Fini”


“19–25 Jen. Matye 27; Mak 15; Lik 23; Jan 19: ‘Tout Bagay Fini,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“19–25 Jen. Maye 27; Mak 15; Lik 23; Jan 19” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Imaj
Kris la devan Pilat

Men Moun nan, pa Antonio Ciseri

19–25 Jen

Matye 27; Mak 15; Lik 23; Jan 19

“Tout Bagay Fini”

Matye 27; Mak 15; Lik 23; ak Jan 19 gen deskripsyon sou dènye èdtan lavi Sovè a nan mòtalite a. Chèche santi lanmou li pou ou pandan w ap etidye sakrifis li ak lanmò l la.

Ekri Enpresyon w yo

Nan chak pawòl ak chak aksyon, Jezikri te bay egzanp lanmou pur—sa Apot Pòl rele charite a (gade 1 Korentyen 13). Nan okenn moman sa pa t janm pi evidan pase pandan dènye èdtan lavi Sovè a nan mòtalite a. Silans plen diyite li anfas fo akizasyon yo demontre ke li “pa pran nan pwovokasyon” (1 Korentyen 13:5). Volonte li pou l te soumèt tèt li anba flajelasyon, mokri, ak krisifiksyon an—san l pa t itilize pouvwa li pou l te mete fen nan touman l yo—montre ke li “gen pasyans” epi li “andire tout bagay” (1 Korentyen 13:4,7). Konpasyon li pou manman li ak mizèrikòd li pou moun ki t ap krisifye l yo—menm pandan soufrans enkonparab li—revele ke li “pa chèche avantaj pa [li]” (1 Korentyen 13:5). Nan dènye moman l yo sou tè a, Jezi te fè sa l te konn fè pandan tout ministè li nan mòtalite a—anseye nou nan montre nou. Anfèt, charite se “lanmou pi Kris la” (Mowoni 7:47).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Matye 27; Mak 15; Lik 23; Jan 19

Dispozisyon Jezikri pou l soufri a montre lanmou li pou Papa a ak pou nou tout.

Byenke Sovè a te gen pouvwa pou l te rele dè “lejyon zanj” (Matye 26:53), li te chwazi volontèman pou l te andire pwosè enjis, mokri kriyèl, ak soufrans fizik inimajinab. Poukisa l te fè sa? Nefi temwaye: “Poutèt jantiyès sensè li, ak andirans li genyen pou byen pitit lèzòm” (1 Nefi 19:9).

Imaj
Kris k ap pote kwa

“Epi li te pote kwa li rive nan … Gòlgota” (Jan 19:17).

Ou gen dwa kòmanse etidye dènye èdtan Sovè a nan li 1 Nefi 19:9 Ki kote nan Matye 27; Mak 15; Lik 23; ak Jan 19 w ap jwenn egzanp sou chak bagay Nefi te di Jezi te soufri yo?

  • “[Yo] te jije l kòm yon moun ki pa anyen”

  • “Yo te flajele li”

  • “Yo te frape li”

  • “Yo te krache sou li”

Ki pasaj ki ede w santi “bonte eman” Pè Selès la ak Jezikri pou ou? Ki panse oubyen enspresyon ou genyen pandan w ap etidye pawòl li yo? Panse pou w make yo nan ekriti yo oubyen ekri yo nan yon jounal etid.

Gade tou “Jezi kondane devan Pilat la” ak “Yo flajele e Krisifye Jezi” (videyo), ChurchofJesusChrist.org.

Matye 27:27–49,54; Mak 15:16–32; Lik 23:11, 35–39; Jan 19:1–5

Mokri pa ka chanje verite a.

Byenke Jezi te andire mokri pantan tout ministè l la, mokri yo te vin pi entansifye pandan flajelasyon ak Krisifiksyon l lan. Men, mokri sa a pa t ka chanje verite a: Jezi se Pitit Gason Bondye. Pandan w ap li konsènan imilyasyon Jezi te andire yo, panse a opozisyon ak mokri travay li a ap rankontre jodia. Ki ide w genyen konsènan andire opozisyon? Kisa k enpresyone w nan pawòl santiryon an nan Matye 27:54la?

Matye 27:46; Mak 15:34

Jezikri te soufri poukont li yon fason pou n pa oblije soufri.

Pandna youn nan moman ki pi difisil sou kwa a, Jezi, ki te toujou konte sou Papa l ki nan Syèl la, te soudènman santi l abandone. Li konsènan sa gendwa mennen nan reflechi konsènan moman yo li te santi distans ak Bondye. Ou gendwa medite sou fason sakrifis Sovè a sou kwa a rann posib pou w simonte distans sa a. Jan Èldè Jeffrey R. Holland te temwaye, “Paske Jezi te mache sou yon wout tèlman long, nan solitid total poukont li, nou pa oblije fè lkonsa tou. … Verite ke nou pap janm mache poukont nou ni san èd menm si pafwa nou ka santi n konsa te klewonnen sou tèt kalvè a” (“Pèsonn Pa t Akonpaye L,” Lyawona, Me 2009, 88). Anvizaje kijan Sovè a ka ede ou simonte solitid pandan w ap li rès mesaj Èldè Holland nan.

Lik 23:34

Sovè a se egzanp nou sou padon.

Kijan w santi w lè w li pawòl Sovè a nan Lik 23:34? (gade ide Tradiksyon Joseph Smith la te bay nan referans c). Pandan l t ap fè referans a pawòl Sovè a, Prezidan Henry B. Eyring te anseye: “Nou dwe padone e pa kenbe okenn rankin kont moun ki ofanse nou. Sovè a te tabli egzanp lan sou kwa a. … Nou pa konnen kè moun ki ofanse nou yo” (Pou nou ka fè youn”,” Ensign, Me 1998,68). Kijan vèsè sa a ka ede w si w gen pwoblèm pou w padone yon moun?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Matye 27; Mak 15; Lik 23; Jan 19.Pou ede fanmi ou aprann kons,” nan ev,” nman yo ki dekri nan chapit sa yo, ou ta ka pataje avèk yo “Chapit 52: Jijman Jezi yo” ak “Chapit 53: Jezi Te Krisifye” (nan Istwa Nouvo Testaman yo, 133–38, oubyen videyo korespondan yo nan ChurchofJesusChrist.org). Ou ta ka gade ansnam videyo ki dekri evenman sa yo: “Jezi Te Kondane devan Pilat” ak “Jezi Flajele ak Krisifye” (ChurchofJesusChrist.org). Ou gendwa envite timoun yo pou yo rakonte lòt istwa yo nan pwòp mo pa yo. Manm fanmi yo ta ka pataje kijan yo santi yo konsènan Sovè a akoz sa li te soufri pou nou.

Matye 27:11–26; Mak 15:1–15; Lik 23:12–25; Jan 19:1–16.Poukisa Pilat te livre Jezi bay moun yo pou yo te krisifye li, malgre ke l te konnen Jezi te inosan? Ki leson nou aprann nan eksperyans Pilat la aou kanpe pou n defann sa nou konnen ki jis? Li ta ka bon pou fanmi w jwe senaryo ki ap pèmèt yo fè pratik sou fason pou yo kanpe pou defann sa ki jis.

Matye 27:46[ Lik 23:34, 43, 46; Jan 19:26–28,30.Petèt ou ta ka bay chak manm fanmi w tach pou yo li youn oswa plis nan deklarasyon Sovè a te fè sou kwa a, ki nan vèsè sa yo. Mande yo pou yo pataje sa yo aprann nan vèsè sa yo konsènan Sovè a ak misyon l la.

Mak 15:39.Kijan lekti sou Krisifiksyon an te fòtifye temwayaj ou ke Jezi se “Pitit Gason Bondye”?

Jan 19:25–27.Kisa nou aprann nan vèsè sa yo konsènan fason nou ka renmen ak sipòte manm fanmi nou?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primèa.

Chan yo sigjere: “C’est Sur la Croix,” Cantiques, no. 108.

Amelyore Ansèyman Nou

Imite lavi Sovè a. “Sa ta bon pou n etidye kijan Sovè a te anseye—metòd li te itilize yo ak bagay li te di yo. Men pouvwa Sovè a te genyen pou anseye ak edifye lòt moun nan te soti nan fason li t ap viv ak nan kalite moun li te ye a. Plis nou fè efò avèk dilijans pou n viv tankou Jezikri, se plis n ap gen kapasite pou anseye menmjan avèk li” (Anseye nan Fason Sovè a,13).

Imaj
Kris la sou kwa a

Kris la sou kwa a, pa Carl Heinrich Bloch

Enprime