Nouvo Testaman 2023
26 Jen–2 Jiyè. Matye 28; Mak 16; Lik 24; Jan 20–21: “Li Resisite”


“26 Jen–2 Jiyè. Matye 28; Mak 16; Lik 24; Jan 20–21: ‘Li Resisite’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“26 Jen–2 Jiyè. Maye 28; Mak 16; Lik 24; Jan 20–21” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Imaj
Jezi k ap pale avèk Pyè bò rivaj la

Pran swen mouton m yo, pa Kamille Corry

26 Jen 2 Jiyè

Matye 28; Mak 16; Lik 24; Jan 20–21

”Li Resisite”

Nan lapriyè, li Matye 28; Mak 16; Lik 24; ak Jan 20–21, pandan w ap reflechi sou lajwa w genyen akoz Rezirèksyon Kris la. Kiyès ki ta kapab beni nan tande temwayaj ou konsènan evènman sa a?

Ekri enpresyon w yo

Pou anpil obsèvatè, lanmò Jezi Nazarèt la te ka sanble yon fen iwonik pou yon lavi remakab. Èske se pa t mesye sa a ki te leve Laza anba lanmò a? Èske l pa t kanpe devan menas lanmò Farizyen yo an plizyè fwa? Li te demontre pouvwa l te genyen pou l te geri avèg, lepre, ak paralize. Menm van yo ak lanmè yo te obeyi li. Epoutan, men li, pandye sou yon kwa, k ap deklare: “Tout bagay fini” (Jan 19:30). Petèt te gen yon vrè sipriz sensè nan pawòl mokan sa yo: “Li te sove lòt moun; men, li pa ka sove tèt li” (Matye 27:42). Men, nou konnen ke lanmò Jezi se pa t fen istwa a. Nou konnen ke silans tonbo a te tanporè epi travay sali Kris la te fèk ap kòmanse. Jodia, nou jwenn Li, non pa “nan pami mò yo” men nan pami vivan yo (Lik 24:5). Ansèyman L yo pa ka redui an silans, paske disip lwayal li yo ap preche levanjil la nan “tout nasyon,” avèk konfyans nan pwomès Li ke l ap toujou “avèk [yo] chak jou, jiska lafen mond lan” (Matye 28:19–20).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Matye 28; Mak 16; Lik 24; Jan 20

Jezikri te resisite.

Nan pasaj sa yo, ou pral li konsènan youn nan evenman ki pi enpòtan nan istwa limanite: Rezirèksyon Jezikri a. Pandan w ap li, mete tèt ou nan plas moun ki te temwen evenman ki te antoure Rezirèksyon yo. Kisa w ka aprann nan eksperyans yo?

Kijan ou santi w pandan w ap li apwopo Rezirèksyon Sovè a? Reflechi sou ki efè li genyen sou ou—sou vizyon w sou lavi a, sou relasyon w avèk lòt moun, sou lafwa ou nan Kris la, ak lafwa ou nan lòt verite levanjil yo.

Gade nan Diksyonè Bib la, “Rezirèksyon”; Sijè Levanjil yo, “Rezirèksyon,” topics.ChurchofJesusChrist.org.

Lik 24: 13–35

Nou ka envite Sovè a pou l “rete avèk nou.”

Pandan w ap li eksperyans de disip ki t ap vwayaje yo ki te rankontre Sovè resisite a, chèche paralèl a eksperyans pa w kòm disip Kris la. Kijan w ka mache avèk li jodia epi envite l pou l fè yon “ti rete” avèk ou? Lik 24:29. Kòman w rekonèt prezans li nan lavi ou? Nan ki fason Sentespri a temwaye w konsènan divinite Jezikri?

Gade tou nan “Demeure auprès de de Moi, Seigneur,” “Demeure auprès de moi!,” Cantiques, nos. 93–66.

Lik 36-43; Jan 20

Rezirèksyon se yon reyinyon pèmanan kò a ak lespri a.

Istwa Rezirèksyon Jezikri ka ede w konprann kisa sa vle di pou w resisite. Paregzanp, ki verite ou jwenn nan Lik 24:36–43 ak Jan 20 konsènan rezirèksyon kò resisite? Ou ta ka eksplore lòt ekriti sou rezirèksyon an tou, tankou 1 Korentyen 15:35–44; Filipyen 3:20–21; 3 Nefi 11:13–15; Doktrin ak Alyans 88:27–31; 110:2–3; 130:1, 22.

Jan 20:19–29

“Benediksyon pou moun ki pa wè, men, ki kwè.”

Ou gen dwa pafwa santi w tankou Toma, ki te di: “Si m pa wè … mwen p ap kwè” (Jan 20:25. Nan opinyon w, poukisa kwè sa wè ka yon benediksyon? (gade nan Jan 20:29). Nan ki fason ou te jwenn benediksyon pou w te kwè nan bagay spirityèl ou pa t ka wè? Kisa k ede w gen lafwa nan Sovè a menmlè ou pa ka wè li? Kòman w ka kontinye ranfòse lafwa w nan “bagay ou pa wè, ki vrè”? (gade nan Alma 32:16–21; Etè 12:6). Panse pou w ekri kèk eksperyans ki te ede w kwè nan Jezikri nan yon jounal oubyen pataje yo avèk yon moun ou konnen.

Jan 21:1–17

Sovè a envite m pou m pran swen brebi L yo.

Sa ta ka enteresan pou w ta konpare konvèsasyon Sovè a avèk Apot li yo nan Jan 21 an avèk premye fwa l te kòmande yo pou yo te kite filè yo a, ki nan Lik 5:1–11la. Ki resanblans ak diferans ou jwenn? Ki ide w jwenn konsènan lavi disip?

Panse sou fason pawòl Sovè a di Pyè nan Jan 21:15–17 yo ta ka aplike avèk ou. Èske gen yon bagay ki anpeche w pran swen brebi Senyè yo? Kisa repons ou t ap ye si Senyè a te mande ou: “Èske w renmen m?” Reflechi sou ki fason ou ka montre amou ou pou Senyè a?

Gade tou nan 1 Pyè 5:2–4, 8; Jeffrey R. Holland, “Premye Gran Kòmandman an,” Lyawona, Nov. 2012, 83–85.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Lik 24:5–6.Prezidan Thomas S. Monson te di konsènan Luke 24:5–6, “Pa gen onkenn pawòl nan Krisyanite ki gen plis enpòtans pou mwen” (“Li Resisite!,” Lyawona, Me 2010, 89). Kisa pawòl sa yo vle di pou ou ak fanmi w?

Matye 28; Mak 16; Lik 24; Jan 20–21.Pandan fanmi w ap li chapit sa yo, pote atansyon sou moun ki te rantre an kontak avèk Jezi yo nan chak istwa. Paregzanp, kisa ki enpresyone w konsènan moun yo ki te vizite tonb Sovè a? Kisa w aprann nan pawòl oubyen aksyon Apot yo oubyen disip yo sou wout Emaniyis la?

Konsidere pou nou chante ansanm “Èske Jezi te Ryèlman Viv Ankò?” (Chants pour les enfants,45). Pale konsènan yon moun fanmi w konnen ki te mouri epi diskite kòman verite ki nan chan sa a pote rekonfò.

Imaj
Jezi k ap mache avèk de mesye sou yon wout

Wout Emanyis la, pa Wendy Keller

Matye 28:16-20; Mak 16:14-20; Lik 24:44-53.Nan vèsè sa yo, kisa Jezi t ap mande Apot Li yo pou yo fè? Kijan nou ka ede fè travay sa a? Manm fanmi yo te ka pataje eksperyans kote yo te santi “Senyè a ap travay avèk yo” pou akonpli objektif yo (Mak 16:20).

Jan 21:15–17.Panse pou w li vèsè sa yo pandan n ap manje ansanm. Sa ka bay plis sans pou pawòl Sovè a ki di: “Pran swen brebi m yo.” Baze sou sa Jezi te anseye sou brebi nan Nouvo Testaman an, (gade nan, paregzanp, Matye 9:35–36; 10:5–6; 25:31–46; Lik 15:4–7; Jan 10:1–16), poukisa pran swen brebi yo se yon metafò pou nouri ak pran swen pitit Bondye yo? Kisa metafò sa a anseye sou fason Pè Selès la ak Jezi santi yo apwopo nou menm?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sijere “Èske Jezi te Viv Ankò?,” Children’s Songbook, 64.

Amelyore etid pèsonèl ou

Itilize mizik pou envite Lespri a ak pou aprann doktrin nan. Lè n ap koute oubyen chante kantik tankou “Li Resisite!” (Kantik, no. 199) ka envite Lespri a epi ede nou aprann konsènan Rezirèksyon Sovè a.

Imaj
Fi k ap gade Kris la ki resisite bò tonb lan.

Kris ki Resisite a, pa Walter Rane

Enprime