Nouvo Testaman 2023
26 Jen–2 Jiyè. Matye 28; Mak 16; Lik 24; Jan 20–21: “Li Resisite”


“26 Jen–2 Jiyè. Matye 28; Mak 16; Lik 24; Jan 20–21: ‘Li Resisite’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“26 Jen–2 Jiyè. Matye 28; Mak 16; Lik 24; Jan 20–21,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
Jezikri ki ap pale ak Pyè bò lanmè a

Pran Swen Mouton M yo, pa Kamille Corry

26 Jen–2 Jiyè.

Matye 28; Mak 16; Lik 24; Jan 20–21

”Li Resisite”

Timoun ki gen yon temwayaj sou verite ki nan chapit sa yo gen yon fondasyon fèm pou yo bati lafwa yo. Kijan ou pral envite Lespri a temwaye sou verite sa yo?

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Wè yon foto kapab ede timoun yo sonje sa yo te aprann lakay yo oubyen lòt kote. Petèt ou ta ka montre foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a epi envite timoun yo pou yo pataje sa yo konnen sou istwa ki nan foto a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Matye 28; Mak 16; Lik 24; Jan 20:1-23

M ap viv ankò apre m fin mouri, menm jan Jezikri te fè sa.

Ekspyasyon Jezikri a, ki enkli Rezireksyon L lan, se evenman ki pi enpòtan nan listwa, e se fondasyon lafwa kretyen. Pandan w ap li konsènan Rezireksyon an, reflechi konsènan fason ou pral ede timoun yo bati lafwa Jezikri.

Aktivite Posib

  • Temwaye istwa Rezireksyon Jezikri an nan pwòp mo pa ou. (Si sa nesesè, itilize “Chapit 54: Jezi Resite,” nan Istwa Nouvo Testaman, 139–44, oubyen videyo ki koresponn avèk sa sou ChurchofJesusChrist.org.) Eksplike ke lè Jezikri te mouri, lespri L te kite kò L. Lè l te resisite, Lespri L ak kò L te retounen ansanm ankò. Mande timoun yo pou yo chak rakonte w istwa a ank lè tou pa l rive. Mande timoun yo kòman yo tap santi yo si yo te wè Jezi vivan ankò.

  • Montre videyo “What happens after We Die? [Kisa Ki Rive Apre Nou Fin Mouri?” (ChurchofJesusChrist.org), epi pale de yon moun ou konnen ki mouri. Pataje temwayaj ou ke tout moun ap resisite yon jou. Envite timoun yo pou yo pataje pwòp eksperyans pa yo.

  • Chante yon chan sou Rezirèksyon Sovè a, tankou “Jésus est-il ressuscité?” (Chants pour les enfants, 45). Mande timoun yo pou yo imajine kijan y ap santi yo lè yo wè Jezikri. Kite yo pataje panse yo avèk klas la.

Jan 20:24–29

M kapab gen lafwa nan Jezikri menm si m pa ka wè L.

Konsidere kijan w ka ede timoun yo konprann kisa lafwa ye ak kijan yo ka egzèse lafwa nan Sovè a.

Aktivite Posib

  • Montre foto Jezikri apwoche Toma{ (ChurchofJesusChrist.org) pandan w ap pale de eksperyans Toma a nan Jan 20:24-29. Repete istwa a, men fwa sa a mande timoun yo pou yo bay kèk nan detay yo.

  • Montre yon bwat ki gen yon bagay ladan ke timoun yo pa ka wè, e dekri bagay la pou timoun yo. Mande yo si yo kwè ke bagay la nan bwat la tout bon ak poukisa yo kwè sa. Apre sa montre yo bagay la, epi eksplike yo ke lafwa se kwè nan bagay nou pa ka wè. Lafwa ki pi enpòtan ke nou ka genyen se lafwa nan Jezikri.

Imaj
Jezi k ap montre Apot yo men L

Behold My Hands [Gade Men M], Pa Jeff Ward

Jan 21:15–17

M kapab montre lanmou m pou Jezi lè m sèvi lòt moun.

Kijan ou ka enspire timoun yo pou yo renmen ak ede moun ki bò kote w yo?

Aktivite Posib

  • Li Jan 21:15–17, oubyen montre videyo “Feed My Sheep [Swen Mouton M Yo]” (ChurchofJesusChrist.org). Ede timoun yo konprann sa Jezi te vle pou Pyè fè: pataje levanjil la epi envite tout moun pou yo kwè nan Jezikri. Bay chak timoun yo yon mouton an papye, epi mande yo pou yo ekri oubyen desine yon bagay yo ka fè pou ede yon moun yo konnen vin pi prè Jezikri.

  • Ede timoun yo panse a sa yo ka fè pou yo renmen ak sèvi lòt moun. Kisa nou ka fè ankò pou nou montre lanmou nou?

  • Ekri non chak timoun nan klas ou a sou moso papye ki dekoupe an fòm mouton, epi gaye mouton sa yo nan sal la. (Enkli non timoun ki pa vini regilyèman yo.) Envite timoun yo rasanble mouton yo avèk sa ki gen non yo sou li a. Ede timoun yo reflechi sou fason yo ka lonje men bay yon zanmi ki pa vin legliz.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Matye 28; Mak 16; Lik 24; Jan 20:1-23

Paske Jezikri te resisite, tout moun ap resisite.

Li natirèl pou timoun yo mande tèt yo sa kap pase apre nou fin mouri. Konsider fason ou ka ansenye konsènan Rezireksyon an nan yon fason ki ap bati lafwa yo.

Aktivite Posib

  • Envite timoun yo fèmen zye yo epi imajine ke yo chita bòn kot tonb Jezi a pandan w ap li Jan 20:1–17 oubyen fè rezime istwa Rezirèksyon L lan (gade tou nan “Chapit 54: Jezi Resisite,” nan Istwa Nouvo Testaman, 139–44, oubyen videyo ki koresponn avèk sa sou ChurchofJesusChrist.org). Kisa sa vle di pou moun resisite? Kijan sa tap ye pou wè Sovè resisite an?

  • Mande chak timoun yo pou yo etidye eksperyans yon moun ki te wè Sovè resisite a epi pou yo pataje sa yo te aprann nan avèk rès klas la.

  • Gade youn oubyen plis nan videyo sa yo avèk timoun yo: “Jesus Is Laid in a Tomb [Jezi te Kouche nan yon Tonm],“ “Jesus Is Resurrected [Jezi Resisite],” “Christ Appears on the Road to Emmaus [Kris la Parèt sou Wout Emayis la],” ak “The Risen Lord Appears to the Apostles [Senyè resisite a Parèt devan Apot Yo],” (ChurchofJesusChrist.org). Envite timoun yo pataje rezon ki fè Rezirèksyon Sovè a enpòtan pou yo.

Jan 20:24–29

M ka gen lafwa nan Jezikri menm si m pa ka wè L.

Kijan w ap ede timoun yo ranfòse lafwa yo nan Jezikri?

Aktivite Posib

  • Envite timoun yo pou yo li Jan 20:24–29. (Gade tou videyo “Blessed Are They That Have Not Seen, and Yet Have Believed” la nan ChurchofJesusChrist.org.) Kijan nou ka konnen Jezikri vivan, menm lè nou pa ka wè L?

  • Ekri chak mo nan fraz “Benediksyon pou moun ki pa wè, men ki kwè” sou moso papye diferan. Envite timoun yo pou yo mete mo yo nan lòd. Envite yo pou yo pataje eksperyans kote yo te santi lanmou Sovè a menm lè yo pa t wè L.

  • Envite timoun yo desine foto bagay yo ka fè pou fòtifye lafwa yo semèn sa a. Mande yo pou yo pataje sa yo te desine a, epi pataje sa ou te fè pou w fòtifye lafwa w nan Jezikri.

Jan 21:1–17

M ka montre lanmou m pou Jezikri lè m pran swen mouton L yo.

Timoun yo ka gen gwo enfliyans sou moun ki bò kote yo. Kijan ou ka ankouraje yo pou yo fòtifye lòt moun nan levanjil la?

Aktivite Posib

  • Li Jan 21:1–17 ansanm. Pandan w ap li vèsè 9-13, mande timoun yo pou yo panse ak yon lè yon moun te fè yon repa spesyal pou yo, epi envite yo reflechi ak fason Jezi ka nouri nou spirityèlman. Le nou li vèsè 15–17} la, ranplase non Simon an avèk non timoun yo. Kiyès ki se mounton Jezikri? Nan ki fason nou ka ede L pran swen yo?

  • Pataje yon ti goute senp avèk timou yo. Lè y ap manje, mande yo kijan pataje levanjil la avèk yon moun se kòmsi nou t ap nouri yo

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo itilize paj aktivite semèn nan pou yo ansenye fanmi yo konsènan Rezireksyon Sovè a.

Amelyore ansèyman nou

Fè suivi sou envitasyon pou aji yo. Lè w envite timoun yo pou yo aji sou sa yo aprann yo, fè suivi sou envitasyon w lan nan pwochen klas la. Sa ap montre timoun yo ke ou sousye de fason levanjil la ap beni lavi yo. Lè yo pataje eksperyans yo, y ap fòtifye epi youn ap ede lòt viv levanjil la.

Enprime