Nouvo Testaman 2023
19–25 Jen. Matye 27; Mak 15; Lik 23; Jan 19: “Tout Bagay Fini”


“19–25 Jen. Matye 27; Mak 15; Like 23; Jan 19: ‘Tout Bagay Fini’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“19-25 Jen. Matye 27; Mak 15; Lik 23; Jan 19,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
Kris la devan Pilat

Ecce Homo (Men Nonm Lan),, pa Antonio Ciseri

19-25 Jen

Matye 27; Mak 15; Lik 23; Jan 19

“Tout bagay fini!”

Nan yon espri lapriyè, kòmanse preparasyon w pou anseye avèk lekti Matye 27; Mak 15; Lik 23; ak Jan 19 Chèche konprann bezwen timoun w ap anseye yoPriye pou w ka chèche konprann bezwen timoun w ap anseye yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Kite chak timoun pran tou pa l pou kenbe foto ki nan plan leson semèn nan nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo. Panda yo kenbe foto a, chak timoun yo ta kapab pataje yon bagay yo wè nan foto an.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Matye 27:11–66; Lik 23; Jan 19

Poutèt Jezikri te mouri pou mwen, m ka resisite.

Timoun piti yo ka fache poutèt istwa Krisifikasyon Jezikri a. “Chapit 52: Eprèv Jezikri” ak “Chapit 53: Yo Krisifye Jezi” (nan Istwa Nouvo Testaman, 133-38, oubyen videyo ki koresponn avèk sa nan ChurchofJesusChrist.org) bay yon bon modèl sou jan ou ta kapab pataje istwa sa a avèk yo nan fason ki apwopriye a.

Aktivite Posib

  • Montre foto ki nan plan leson semèn nan nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun ak Fanmi pandan w ap pale de pwosè, krisifiksyon, ak antèman Jezi (gade tou nan Liv Ilistrasyon Levanjil, nos. 57-58). Envite timoun yo pou yo pataje sa yo konnen konsènan istwa sa yo. Souliye ke nan twazyèm jou a, Jezi te resisite. Nou ka di tou, Li te vin ap viv ankò.

  • Mande timoun yon non kèk bagay paran yo fè pou yo ke yo pa ka fè pou tèt yo. Montre yon foto Sovè a. Eksplike ke akoz Jezi, nou ka resisite—yon bagay nou pa ka fè pou tèt nou.

  • Montre foto yon moun ou konnen ki te mouri. Pataje temwayaj nou ke akozde Jezikri moun sa a ka ap viv ankò yon jou.

Imaj
antèman Kris la

The Burial [Antèman an], pa Carl Heinrich Bloch

Matye 27:26–37; Lik 23:34

M ka padone lòt moun jan Jezi te fè a.

Kijan w ap ede timoun yo konprann kijan pou yo padone moun ki pa janti, menm jan Jezikri te fè sa a?

Aktivite Posib

  • Dekri kijan sòlda yo pa t janti avèk Jezi (gade nan Matye 27:26-37), epi apre sa li Lik 23:34. Eksplike ke lè nou padone lòt moun, nou pa fache avèk yo ankò e nou montre lanmou pou yo.

  • Pataje egzanp kote yon moun di oubyen fè sa ki pa janti. Envite timoun yo pou yo pale de jan yo ta kapab montre padon nan sitiyasyon sa yo.

  • Chante yon kantik sou padon, tankou “Aide-moi, Père” (Chants pour les enfants, 52). Poze kesyon ki jwenn repons yo nan chan “Kiyès nou dwe padone?” oubyen “Kiyès ki ka ede nou lè l difisil pou nou padone?”

  • Chèche yonnimewo resan L Ami pou nou jwenn yon istwa konsènan yon timoun ki te padone yon moun. Pataje eksperyans ou avèk timoun yo.

Lik 23:32–33, 39–43

Poutèt Jezikri te soufri epi mouri pou mwen, mka repanti epi jwenn padon.

Malgre timoun ki gen mwens ke uit an yo pa ko responsab, li enpòtan pou yo kòmanse aprann kounyeya kijan pou repanti pou move chwa yo fè yo.

Aktivite Posib

  • Fè rezime Lik 23:32–33, 39–43, epi ede timoun yo jwenn de vòlè yo nan foto 57 nan Liv Ilistrasyon Levanjil la. Eksplike ke menm lè premye vòlè a te moke Jezi, dezyèm volè a te admèt ke l te fè yon move bagay—li te kòmanse repanti.

  • Li Doktrin ak Alyans 19:16 pou timoun yo. Poukisa Jezi te soufri pou nou?

  • Pase videyo ki rele “The Shiny Bicycle [Bisiklèt Klere a” (ChurchofJesusChrist.org). Eksplike ke nou ka priye Papa nou ki nan Syèl la e Li kapab ede nou repare peche nou yo ak fot nou epi resevwa padon.

  • Kite timoun yo fè mak lakrè sou tablo a pou reprezante move chwa yo. Apre sa mande yo pou yo efase tablo a pou reprezante repantans. Montre yon foto Sovè a, epi temwaye ke nou ka repanti akozde Li.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Matye 27:11–66; Lik 23; Jan 19

Jezikri te mouri pou mwen paske Li renmen mwen.

Poukisa ou rekonesan poutèt Jezikri te mouri pou ou? Konsidere kijan ou ka ede timoun yo konprann siyifikasyon sakrifis Sovè a pou yo.

Aktivite Posib

  • Ekri evenman kle yo ki nan Matye 27:11–66 sou fèy papye separe (pou jwenn èd pou fè sa, gade nan “Chapit 52: Eprèv Jezi” ak “Chapit 53: Yo Krisifye Jezi,” nan Istwa Nouvo Testaman, 133-38, oubyen videyo ki koresponn avèk sa sou ChurchofJesusChrist.org). Envite timoun yo pou yo etidye vèsè sa yo epi mete evenman yo nan lòd kòrèk yo.

  • Mande yon timoun pou l li Matye 27:54, epi envite timoun yo pou yo pataje sa yo konnen konsènan Jezikri ki ede yo konnen li se Pitit Gason Bondye.

  • Mande timoun yo kisa yo te aprann konsènan krisifiksyon an nan “Voyez Il Meurt Le Rédempteur” (Cantiques, no. 115) oubyen yon lòt kantik sentsèn. Poukisa Jezikri te vle soufri pou nou? (gade nan Doktrin ak Alyans 18:10–11; 19:16).

Matye 27:26–37; Lik 23:34

M ka padone lòt moun jan Jezi te fè a.

Li ka difisil pou padone lòt moun. TImoun w ap ansenye yo kapab beni lè yo suiv egzanp Sovè a epiaprann padone.

Aktivite Posib

  • Envite timoun yo pou yo li listwa sòlda ki te maltrete Jezi yo nan Matye 27:26– 37 lè tou pa yo rive anssanm avèk Jezi ki padone yo nan Lik 23:34. (Gade ide Tradiksyon Joseph Smith lan bay nan Lik 23:34, nòt ki anba paj lac.) kisa nou aprann de ekzanp Jezi a?

  • Ekri sou tablo a Kisa nou ka fè pou nou padone yon moun ki pa t janti avèk nou? Kite timoun yo ekri ide sou tablo an, tankou Priye pou gen santiman janti anvè moun nan oubyen Panse a on bagay ki bon konsènan moun nanlè tou pa yo rive.

Lik 23:32–33, 39–43

Poutèt Jezikri te soufri e mouri pou mwen, m ka repanti epi jwenn padon.

Leson sa a se yon bon lè pou temwaye ke akozde Jezikri, nou ka repanti pou peche nou yo epi jwenn padon.

Aktivite Posib

  • Envite yon timoun pou yo li awotvwa Lik 23:32–33, 39–43. Eksplike ke de moun yo ki te krisifye avèk Jezi yo se te de vòlè. Kijan youn nan vòlè yo montre ke l te kòmanse repanti? Kisa nou kapab fè pou montre Sovè a ke n ap repantii? (Gade nan Gid Ekriti yo, “Repanti, Repantans,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org

  • Ekri fraz sa a sou tablo a, pndan w ap kite espas vid pou mo ki an italik yo: “M ka resevwa padon lè m repanti akozde Ekspyasyon Jezikri a.” Bay timoun yo poul pou ede yo ranpli espas vid yo.

  • Envite yon timoun pou l kenbe yon sak, epi plen l avèk wòch pandan lòt timoun yo ap di ki move chwa yon moun ta ka fè. Ede timoun yo konpare sak la ak chay espirityèl nou pote lè nou peche. Ki resanblans ki genyen ank repantans e retire wòch nan sak la? Ou ta kapab raple timoun yo ke repantans se pa yon bagay ki fèt yon sèl fwa men se yon pwosesis ki fèt chak jou.

  • Gade nan yon nimewo resan magazin L Ami pou w ka jwenn yon istwa oubyen yon mesaj sou repantans, epi pataje l avèk timoun yo.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Ankouraje timoun yo panse a yon moun yo bezwen padone epi deside yon bagay y ap fè pou yo montre moun sa a ke yo padone l.

Amelyore Ansèyman Nou

Aprann rekonèt revelasyon. Revelasyon vini souvan “ling apre ling” (2 Nefi 28:30sen pa tout alafwa. Lè w ap priye ak medite sou ekriti yo ak plan leson sa a, w ap twouve ke ide ak enpresyon kapab vini nenpòt lè ak nenpòt kote—Lè w nan wout pou al travay, lè w ap fè travay kay, oswa lè w ap nan konvèsasyon avèk fanmi ak zanmi.

Enprime