Nouvo Testaman 2023
24–30 Jiyè. Travay 16–21: “Senyè a Aple Nou Pou Nou Preche Levanjil la”


“24–30 Jiyè. Travay 16–21: ‘Senyè a Aple Nou Pou Nou Preche Levanjil la,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“24–30 Jiyè. Travay 16–21,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Imaj
Pòl kap anseye nou yon kolin

24–30 Jiyè

Travay 16-21

“Senyè a Aple Nou Pou Nou Preche Levanjil la”

Pandan w ap li konsènan efò Pòl pou preche levanjil la, Lespri a gendwa enspire w kèk panse ak santiman. Ekri enpresyon sa yo, epi fè plan pou w aji an konfòmite avèk yo.

Ekri Enpresyon w yo

Pami dènye pawòl Senyè a te di Apot li yo, te gen kòmandman sa a: “Se poutèt sa, ale, epi fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a: anseye yo pou yo obsève tout sa m te kòmande nou” (Matye 28:19–20). Pandan ke Apot yo pa t fin atenn tout nasyon yo, Travay 16–21 montre ke Pòl ak konpayon l yo te fè yon pwogrè remakab nan etabli Legliz la. Yo te anseye moun, batize yo, epi yo te ba yo don Sentespri a. Yo te akonpli mirak, yo te menm leve yon moun anba lanmò, epi yo te predi Gran Apostazi a (Travay 20:7–12, 28–31). Epi travay yo te kòmanse a kontinye avèk Apot vivan yo jodia, ansanm avèk disip devwe tankou ou, ki ap ede akonpli manda Sovè a te bay la nan fason Pòl pa t ap janm te imajine. Petèt ou konnen kèk moun ki pa konnen Pè Selès la ni levanjil li a. Petèt ou te santi “ sa boulvèse lespri [ou]” pou w pataje sa w konnen konsènan li avèk yo (Travay 17:16). Si w suiv egzanp imilite ak bravou Pòl la nan pataje levanjil la, ou ka jwenn yon moun “Senyè a [te] prepare kè l” (Travay 16:14).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Travay 16–21

Lespri a ap gide m nan efò m pou m pataje levanjil la.

Pwofèt Joseph Smith te deklare: “Okenn moun pa ka preche Levanjil la san Sentespri a” (Enseignements des Présidents de l Eglise: Joseph Smith [2007],332). Pandan w ap li Travay 16–21, anvizaje poukisa deklarasyon Pwofèt la vrè. Remake egzanp kote Lespri a te ede Pòl ak konpayon l yo. Ki benediksyon yo te resevwa paske yo te suiv Lespri a? Kilè w konn santi Lespri a enspire w nan efò w pou pataje levanjil la?

Travay 16–21

M ka pwoklame levanjil la nan tout sikonstans.

Mete yon moun nan prizon paske l ap preche levanjil la ta ka sanble yon rezon konpreyansib pou l ta sispann preche l. Men, pou Pòl ak Silas, sa te vin yon opòtinite pou yo te konvèti yon chèf prizon (gade Travay 16:16–34). Nan tout Travay 16–21an, chèche lòt egzanp sou dispozisyon Pòl pou l te pataje temwayaj li avèk tout moun. Poukisa w panse li te si fouge ak si brav konsa? Kisa w aprann nan egzanp Pòl la?

Gen anpil lòt mesaj konsènan pataje levanjil la nan Travay 16–21. Pandan wap etidye chapit sa yo, chèche jwenn kèk ki espesyalman aplikab pou ou.

Gade tou Dieter F. Uchtdorf, “Travay Misyonè: Pataje Sa Ki nan Kè Ou,” Lyawona, Me 2019, 15–18.

Imaj
yo kenbe yon tibebe

Nou chak se yon pitit Bondye.

Travay 17:16–34

“Nou se ras Bondye.”

Nan Atèn, Pòl te jwenn yon pèp ki te gen opinyon ak pwenvi relijye diferan. Yo te toujou ap chèche “tande nouvo bagay,” epi sa Pòl te gen pou ofri yo a te definitivman nouvo pou yo (gade Travay 17:19–21 Yo te adore anpil dye, enkli youn yo te rele “Bondye enkoni an” (Travay 17:23), men yo te kwè ke bondye yo pa t gen pouvwa ni fòs, yo pa t pèsonaj vivan ki pèsonifye, e sètènman pa Papa nou. Medite sou sa Pòl te di pou ede yo vin konnen Bondye. Kisa sa vledi pou yon moun se “ras Bondye”? (Travay 17:29). Nan opinyon pa w, kijan vin yon pitit Bondye diferan de jis se youn nan kreyasyon li yo? Kijan konprann verite sa a enfliyanse fason nou wè tèt nou ak lòt moun?

Si w te kanpe bò kote Pòl pandan l t ap temwaye a, kisa w t ap di ansyen Grèk yo apwopo Pè Selès la? Èske w konnen yon moun ki ta ka jwenn benefis nan tande temwayaj ou?

Gade tou Women 8:16; 1 Jan 5:2; “Nou Se Ras Bondye” (videyo, ChurchofJesusChrist.org.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Travay 16–21.Pou apwofondi konpreyansyon fanmi ou sou Travay 16–21, ou ta ka etidye kat l anan fen plan lesaon sa a, pou jwenn vil yo kote Pòl te preche levanjil la nan chapit sa yo. Ki resous nou genyen jodia pou ede pote levanjil la nan tout nasyon yo?

Pou enspire fanmi ou pou pataje levanjil la , ou ta ka montre youn oubyen plis videyo nan seksyon “Pataje Levanjil la” nan Bibliyotèk Levanjil la.

Travay 17:10–12; 18:24–28.Kijan nou ka vin plis tankou Sen yo nan vèsè sa yo? Kisa sa gendwa vledi pou moun “[resevwa] pawòl la avèk lespri byen prepare”? (Travay 17:11). Kisa nou ka fè pou nou ka “puisan nan ekriti yo“? (Travay 18:24).

Travay 19:1–7.Vèsè sa yo ka ede fanmi ou gen yon diskisyon konsènan enpòtans pou resevwa batèm ak konfimasyon. Pou pi byen konprann verite yo nan Travay 19:1–7, ou ta ka diskite kèk bagay ki pa itil san yon lòt bagay, tankou yon telefòn selilè san yon batri. Oubyen ou ta ka pataje ansèyman sa a Pwofèt Joseph Smith te bay: “Batèm nan dlo a se sèlman mwatye batèm nan, epi li pa vo anyen san lòt mwatye a—ki se batèm Sentespri a” (Enseignements des Présidents de l’Eglise: Joseph Smith95). Poukisa batèm “pa itil anyen” san resevwa don Sentespri a ? (gade 3 Nefi 27:19–20; Moyiz 6:59–61).

Travay 19:18–20.Pandan w ap li Travay 19:18–20, remake valè byen ke moun yo te dispoze pou abandone pou yo te ka anbrase levanjil la (gade vèsè 19). Èske gen byen oubyen aktivite monden nou bezwen abandone pou n ka resevwa benediksyon selès yo?

Travay 20:32–35.Kilè fanmi w te fè eksperyans ansèyman Kris la ki di “gen plis bonè nan bay pase nan resevwa a”? (Travay 20:35). Èske gen yon moun ki ta ka jwenn benefis nan yon sèvis, tan, oubyen don fanmi w ta ka bay? Antanke fanmi, diskite de kèk ide epi fè plan pou sèvi yon moun. Kijan nou santi nou lè nou sèvi lòt moun? Poukisa gen plis benediksyon nan bay pase nan resevwa?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè.

Chan yo sigjere: “Je suis enfant de Dieu,” Chants pour les enfants, 2–3.

Amelyore Etid Pèsonèl

Ekri Enpresyon w yo. “Lè w ekri enpresyon espirityèl ou yo, ou montre Senyè a ke w bay enspirasyon li valè, epi l ap beni w avèk revelasyon pi souvan” (Anseye nan Fason Sovè a12; gade paj30tou).

Imaj
kat vwayaj misyonè Pòl yo

Vwayaj misyonè Apot Pòl yo

Enprime