Doktrin ak Alyans 2021
6–12 Septanm. Doktrin ak Alyans 98—101: “Rete Trankil epi Konnen M Se Bondye.”


“6–12 Septanm. Doktrin ak Alyans 98—101: ‘Rete Trankil epi Konnen M Se Bondye,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“6–12 Septanm. Doktrin ak Alyans 98–101,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
Sen k ap kouri pou yon popilas

C. C. A. Christensen (1831–1912), Yo chase Sen yo nan Jakson County, Missouri, c. 1878, penti tempera sou twal mouslin, 77 ¼ × 113 pous. Mize Atistik Inivèsite Brigham Young, kado pitit pitit C.C.A. Christensen yo, 1970

6–12 Septanm.

Doktrin ak Alyans 98–101

“Rete Trankil epi Konnen M Se Bondye”

Ki mesaj timoun nan klas ou a bezwen tande semèn sa a? Kijan prensip ki nan Doktrin ak Alyans 98–101 yo ka ede yo vin pi bon disip Jezikri?

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Ankouraje timoun yo pou yo pataje yon bagay yo te aprann nan Doktrin ak Alyans lakay yo oswa nan Primè a. Mande yo kisa yo pi renmen nan sa y ap aprann nan Doktrin ak Alyans yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin Nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Doktrin ak Alyans 98:39–40

Mwen ka padone moun ki pa janti avèk mwen yo.

Senyè a te mande Sen yo t ap pèsekite nan Konte Jackson, Missouri yo pou yo padone moun ki te fè yo mal yo. Pandan w ap anseye timoun yo enpòtans padon, asire w ke yo konprann tou ke si yon moun fè yo mal, yo dwe toujou di yon granmoun yo fè konfyans sa.

Aktivite Posib

  • Pou ede yo konprann difikilte Sen nan Siyon yo te konfwonte, pataje avèk yo “Chapit 34: Bondye Avèti Pèp Siyon an” nan (Istwa Doktrin ak Alyans yo, 128–31, oswa videyo ki koresponn avèk li a nan ChurchofJesusChrist.org). Li Doktrin ak Alyans 98:39–40, epi mande timoun yo pou yo koute kisa Senyè a te di Sen yo pou yo fè lè enmi yo te mande yo padon. Poukisa Jezi vle pou nou padone moun, menm moun ki pa janti avèk nou?

  • Mete foto yon figi ki kontan sou yon mi ak yon foto figi ki tris sou mi anfas li a. Pataje avèk timoun yo divès sitiyasyon kote yon moun pa janti (ou ta kapab jwenn kèk istwa nan Zanmi An oswa Lyawona). Sigjere kèk fason nou ta ka reyaji devan aksyon mechan yo, epi ede timoun yo deside si chak repons fè yo santi yo kontan oubyen tris. Envite timoun yo pou yo lonje dwèt sou imaj ki koresponn a fas ki ki sou mi an.

Doktrin ak Alyans 101:16

Jezikri ka ban m lapè.

Lè Sen yo t ap sibi pèsekisyon, Senyè a te rekonfòte yo kote l te di yo: “Rete Trankil epi Konnen M Se Bondye.” Konsidere kijan konsèy sa a ka beni timoun w ap anseye yo.

Aktivite Posib

  • Envite yo pou yo souke kò yo sou chèz yo. Apre sa, mande yo pou yo sispann bouje lè w leve foto Sovè a epi w di gwoup mo sa yo “Rete Trankil epi Konnen M se Bondye” a (Doktrin ak Alyans 101:16). Repete aktivite sa a plizyè fwa. Eksplike yo ke lè lavi a te difisil pou Sen yo nan epòk Joseph Smith la, Jezi te vle pou yo te rete trankil epi mete konfyans yo nan Li olye pou yo te enkyete yo. Kijan Jezi ka ede nou lè n ap travèse yon moman difisil?

  • Chante ansanm yon kantik sou reverans, tankou “Humblement, calmement” oswa “To Think about Jesus” (Chants pour les enfants, 26, 71). Ede timoun yo rekonèt santiman lapè ki vini lè nou rete kalm epi nou panse a Jezi—pa egzanp, lè n ap priye oubyen lè n ap pran sentsèn.

  • Ede timoun yo travay sou paj aktivite semèn sa a. Pandan y ap kolore a, di yo kijan panse a Jezikri ede w santi lapè, menm nan moman difisil yo.

    Imaj
    Jezikri

    Detay ki soti nan Kris la ak Jenòm Rich la, tablo pa Heinrich Hofmann.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki Pi Gran yo

Doktrin ak Alyans 98:1–3, 11–14; 101:16

Eprèv mwen yo kapab ede m vin pi sanble avèk Jezikri.

Lè timoun yo ap afwonte pwoblèm pandan lavi yo, y ap bezwen genyen lafwa ke Sovè a kapab ede yo nan eprèv yo epi eprèv sa yo kapab “travay ansanm pou byen [yo]” (Doktrin ak Alyans 98:3).

Aktivite Posib

  • Mande timoun yo pou yo ede w fè yon lis sou tablo a ki gen kèk defi ke yon timoun nan laj yo kapab rankontre. Pale timoun yo de kèk nan difikilte Sen ki t ap viv nan Konte Jackson nan Missouri yo an 1833 (gade nan chapit 34 ak 35 nan Istwa Doktrin ak Alyans yo, 128–34). Ki konsèy yo t ap bay yon timoun ki ap travèse difikilte sa yo? Mande timoun yo pou yo li Doktrin ak Alyans 98:1–3, 11–14, kote y ap chèche konsèy Senyè a te bay yo. Kijan yo ka suiv konsèy sa a lè y ap fè fas a defi tankou sa ki ekri sou tablo a?

  • Envite timoun yo pou yo rete trankil ak pezib otan yo kapab diran kèlke minit pandan y ap chèche yon foto Sovè a oubyen koute yon kantik sou Li. Apre sa, envite yo pou yo di sa yo te santi ak eksperyans yo te fè pandan moman trankil sa a. Li Doktrin ak Alyans 101:16. Kijan sa ede nou lè nou rete trankil epi panse a Jezi? Ede timoun yo konprann koneksyon ant trankilite plen reverans ak kapasite nou pou nou santi Lespri a epi panse a Jezi.

Doktrin ak Alyans 98:23, 39–40.

Jezi vle pou m padone moun ki pa janti avèk mwen.

Nou resevwa kòmandman pou youn renmen lòt, pou nou padone lòt “swasanndis fwa sèt fwa,” epi pou nou vire lòtbò figi a (gade nan Matye 5:39, 43–44; 18:21–22). Kijan w ka itilize vèsè sa yo pou anseye timoun yo verite sa yo?

Aktivite Posib

  • Pale timoun yo de bann pèsekisyon ki te fèt nan Konte Jakson, Missouri an 1833 a, (gade nan chapit 34 ak 35 nan Istwa Doktrin ak Alyans yo, 128–34). Mande timoun yo kijan yo t ap santi yo si yo te manm Legliz la nan moman sa a. Envite yo pou yo li Doktrin ak Alyans 98:23, 39–40 pou chèche jwenn kisa Senyè a te vle pou Sen yo fè. Poukisa li ka difisil pou nou padone moun ki fè nou mal? Ki benediksyon nou jwenn lè nou padone yo?

  • Mande timoun yo si yo ka panse a yon moman kote Jezikri oubyen yon lòt moun nan ekriti yo te fè sa Doktrin ak Alyans 98:23 anseye a. Pou ba yo yon egzanp, montre yon foto Krisifiksyon an (tankou Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 57). Mande yo pou yo di kisa yo konnen apwopo Krisifiksyon Sovè a (gade nan Lik 23). Envite yo pou yo li Lik 23:34. Kijan nou ka suiv egzanp Jezikri a?

Doktrin ak Alyans 101: 23–32, 36, 38

Mwen ka jwenn lajwa atravè Jezikri.

Lavi a pa t fèt pou l san difikilte, men ou kapab ede timoun yo dekouvri ke yo ka jwenn yon plenitid lajwa kanmèm atravè Jezikri.

Aktivite Posib

  • Mete dlo nan yon gode. Mande timoun yo pou yo site kèk bagay Sovè a fè pou nou pou nou ka gen lajwa, epi envite yo pou yo lage yon ti wòch nan gode a chak fwa yo site yon bagay jiskaske gode a plen. Li Doktrin ak Alyans 101:36avèk timoun yo, epi mande yo pou yo chèche kijan nou kapab gen yon plenitid lajwa. Ki bagay nou kapab fè pou nou “cheche … Senyè a” (vèsè 38) pou nou ka gen lajwa Li vle ba nou an?

  • Eksplike ke Doktrin ak Alyans 101:23–32 anseye kijan lavi a ap ye lè Jezikri vini ankò. Pandan n ap li vèsè sa yo ansanm, pale de bagay timoun yo jwenn ki ap pote lajwa pou nou lè L vini. Poukisa li itil pou nou konnen bagay sa yo lè n ap travèse moman difisil?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Ede timoun yo chwazi yon vèsè nan Doktrin ak Alyans 98–101 ke yo ta renmen pataje avèk fanmi yo. Ede yo planifye kijan yo pral pataje sa yo renmen nan vèsè sa a.

Amelyore Ansèyman Nou

Amelyore w antanke yon enstriktè nan fason Kris la. Medite sou fason w ka vin yon enstriktè ki plis sanble avèk Kris la. Panse pou w itilize kesyon evalyasyon pèsonèl yo ki nan paj 37 nan Anseye nan Fason Sovè a pou ede w amelyore.

Enprime