Doktrin ak Alyans 2021
20–26 Septanm. Doktrin ak Ak Alyans 106—108: “Pou Gen Syèl la Ouvè”


“20–26 Septanm. Doktrin ak Ak Alyans 106–108: ‘Pou Gen Syèl la Ouvè’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“20–26 Septanm. Doktrin ak Alyans 106–108,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
solèy k ap briye atravè nyaj

20–26 Septanm.

Doktrin ak Alyans 106–108

“Pou Gen Syèl la Ouvè”

Reflechi sou sa w konnen apwopo timoun w ap anseye yo. Ki kalite aktivite ki ap mennen yo pi pre Sovè a? Sonje aktivite pou timoun ki pi piti yo nan plan leson sa a ka adapte pou timoun ki pi gran yo tou, e ou ka fè menm bagay la pou anseye sa pi piti yo.

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Montre timoun yo foto dirijan Legliz la, tankou pwofèt la, Apot yo, Prezidans Jeneral Primè a, ak lòt Otorite ak Ofisye Jeneral yo. Envite yo pou yo pale de sa dirijan sa yo fè ak poukisa yo rekonesan pou yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin Nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Doktrin ak Alyans 107:18–20, 42–56

Mwen beni gras ak prètriz la.

Tout pitit Papa nou ki nan Syèl la kapab resevwa benediksyon ki soti nan prètriz la. Konsidere fason w ka ede timoun w ap anseye yo santi yo rekonesan pou benediksyon sa yo.

Aktivite posib

  • Desine yon foto sou tablo a pou reprezante “syèl la ki ouvè devan [nou]” (Doktrin ak Alyans 107:19) gras ak prètriz la (tankou reyon limyè k ap briye atravè yon nyaj). Bay timoun yo foto ki reprezante benediksyon ki soti nan prètriz la, tankou batèm, sentsèn, ak tanp. Envite yo pou yo di poukisa yo rekonesan pou benediksyon ki nan foto yo a, epi fè yo mete foto a nan reyon limyè yo ki sou tablo a. Rann temwayaj ke nou ka gen benediksyon sa yo paske Papa nou ki nan Syèl la te retabli prètriz la.

  • Trase yon chemen atè a, epi bay timoun yo foto òdonans prètriz y ap bezwen pou yo ka suiv chemen an pou retounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 103–8, 119–20). Ede timoun yo mete òdonans yo nan lòd sou chemen an.

  • Montre yo foto Adan ak Èv avèk fanmi yo (gade paj aktivite semèn sa a oubyen Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 5). Pandan timoun yo ap gade foto a, mande yo kijan Adan ak Èv sanble yo santi yo apwopo fanmi yo. Itilize Doktrin ak Alyans 107:53-56 pou w eksplike yo sa Adan te fè pou l te montre l te renmen fanmi li. Rann temwayaj ou konsènan fason prètriz la se yon benediksyon pou oumenm ak fanmi w.

  • Site manm nan fanmi Adan an ki te òdone nan prètriz la, selon Doktrin ak Alyans 107:42-50, epi mande yo pou yo konte konbyen moun li te òdone. Ede yo konprann poukisa Adan te vle pou tout manm fanmi l gen prètriz la. Envite yo pou yo pale de okazyon kote yomenm oubyen manm fanmi yo te resevwa benediksyon atravè prètriz la.

Doktrin ak Alyans 108:7

M ka fòtifye lòt moun.

Menm timoun ki pi piti yo ka suiv konsèy pou fòtifye lòt moun “nan tout konvèsasyon w, nan tout priyè w yo, … ak nan tout sa w ap fè.”

Aktivite posib

  • Desine yon moun sou tablo a epi mande timoun yo pou yo site kèk bagay moun nan ta ka fè pou l ka vin pi fò fizikman. (Ou ta kapab desine pi gwo mis moun nan pandan timoun yo ap site bagay yo). Li Doktrin ak Alyans 108:7, epi mande timoun yo pu yo fè atansyon a fason nou ka “fòtifye frè [nou] yo [ak sè nou yo].” Eksplike tout mo ki ta kapab parèt difisil.

  • Ede yo panse a moun yo konnen ki ta ka bezwen fòtifye. Kisa nou ta ka di yo oubyen fè pou yo? Travay ansanm pou fè kat pou moun sa yo, oubyen ankouraje timoun yo pou yo sonje yo nan priyè pèsonèl ak familyal yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Doktrin ak Alyans 107:1–8, 13–14, 18–20

Prètriz la ap ede m retounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la.

Prètriz Mèlkisedèk ak Aawon an te retabli pou ede mennen pitit Bondye yo retounen al jwenn Li. Ede timoun w ap anseye yo konprann kisa divès devwa prètriz yo ye ak kijan yo ede nou retounen al jwenn Bondye.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo gade nan Doktrin ak Alyans 107:1–8, 13–14, 18–20 pou yo ka jwenn mo ak fraz enpòtan ki anseye yo sou prètriz la. Ki responsablite detantè prètriz yo genyen? Kijan prètriz la ede nou retounen al jwenn Bondye?

  • Ekri kesyon ki kapab gen repons yo nan Doktrin ak Alyans 107:1–8, 13–14, 18–20 la, tankou “Ki lòt non Prètriz Mèlkisedèk la genyen?” Bay timoun yo kèlke minit pou yo jwenn repons yo nan vèsè yo pou otan kesyon yo kapab. Pale yo de benediksyon ou te resevwa atravè Prètriz la?

  • Li kèk bagay sou Mèlkisedèk avèk yo nan Diksyonè Bib la oswa Gid Ekiti yo nan (scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Kisa nou aprann nan lavi li sou sa egzèse otorite prètriz la vle di?

Doktrin ak Alyans 107:21–26, 33–35, 65–66

Sèvitè Senyè a chwazi yo ap dirije Legliz Li a.

Ki eksperyans ki te bati temwayaj ou sou dirijan Legliz la? Kijan w ap ede timoun yo bati pwòp temwayaj pa yo?

Imaj
Prezidan Nelson ak Sè Nelson avèk yon timoun

Pwofèt la anseye nou sa Bondye vle nou konnen.

Aktivite posib

  • Afiche foto Otorite Jeneral yo ak Ofisye Jeneral yo ki soti nan edisyon konferans resan Ensign oswa Lyawona a sou tablo a. Mande timoun yo pou yo li Doktrin ak Alyans 107:21–26, 33–35, 65–66, envite yo pou yo ekri sou tablo a sa yo aprann sou responsablite kèk nan dirijan sa yo. Poukisa nou rekonesan pou konsèy yo? Di timoun yo kijan ou te rive gen akeri yon temwayaj sou pwofèt yo ak apot yo.

  • Ekri mo konfyans, lafwa, ak priyè yo sou tablo a. Mande timoun yo kijan nou ka soutni Premye Prezidans Legliz la avèk konfyans nou, lafwa nou, ak priyè nou (gade nan Doktrin ak Alyans 107:22). Poukisa li enpòtan pou nou soutni sèvitè Senyè a chwazi yo?

Doktrin ak Alyans 108:3

Si m byen respekte alyans mwen yo, sa ap pote benediksyon.

Medite sou fason w ka ede timoun w ap anseye yo “pran plis prekosyon … nan respekte pwomè” yo oswa alyans yo. Si yo fè sa, ki benediksyon y ap resevwa kounyeya ak nan lavni?

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo fè yon bagay ki mande bon jan atansyon pou l ka reyisi, tankou eseye ranpli yon vè avèk dlo san yo pa jete yon gout. Kisa k ap pase si nou pa fè atansyon? Envite yo li nan Doktrin ak Alyans 108:3 epi chèche kisa yo te mande Lyman Sherman pou l te fè avèk plis swen. Fè lis pwomès timoun yo te fè Pè Selès la lè yo batize ak lè yo pran Sentsèn. Ede yo panse a fason yo ka fè atansyon pou yo respekte pwomès sa yo.

  • Chante yon kantik avèk timoun yo sou respekte alyans, tankou “Je serai vaillant” (Chants pour les enfants,85). Ede yo fè yon pankat ki gen yon fraz nan kantik la ki raple yo pou yo respekte alyans yo, epi ankouraje yo pou yo ekspoze l lakay yo.

  • Bay timoun yo kèk ekstrè nan diskou Sè Becky Craven nan ki rele “Atansyone oubyen Neglijan” an nan (Ensign oswa Lyawona, Me 2019, 9-11), epi mande yo pou yo pataje yon bagay ki enspire yo pou yo fè plis atansyon nan viv alyans yo.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Okazyonèlman, kontakte paran timoun w ap anseye yo pou ankouraje yo nan efò yo pou anseye timoun yo levanjil la nan fwaye a. Ou gen dwa pale yo de yon bagay timoun yo te pataje nan Primè a ke yo te aprann lakay yo.

Amelyore Ansèyman Nou

Adapte aktivite yo pou reponn bezwen yo. Pa konsidere plan sa yo kòm enstriksyon ke w oblije suiv. Itilize yo pito kòm sous ide pou deklannche pwòp enspirasyon pa w pandan w ap reflechi sou bezwen timoun w ap anseye yo. Nan kèk ka, ou gen dwa santi w enspire pou w fè kèk chanjman nan yon aktivite oswa yon sijè pou timoun piti yo pou w ka anseye timoun ki pi gran yo, oubyen ou ka fè menm bagay la pou anseye sa pi piti yo.

Enprime