Doktrin ak Alyans 2021
27 Septanm–3 Oktòb. Doktrin ak Alyans 109–110: “Se Kay Ou Li Ye, Yon Plas pou Sentete Ou”


27 Septanm–3 Oktòb. Doktrin ak Alyans 109–110: ‘Se Kay Ou Li Ye, Yon Plas pou Sentete Ou,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“27 Septanm–3 Oktòb. Doktrin ak Alyans 109–110,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
Tanp Kirtland nan

Tanp Kirtland nan pa Jon McNaughton

27 Septanm –3 Oktòb.

Doktrin ak Alyans 109–110

“Se Kay Ou Li Ye, Yon Plas pou Sentete Ou”

Pou w fè eksperyans espirityèl pandan w ap etidye Doktrin ak Alyans 109–10 avèk timoun yo nan klas ou a, chèche fè eksperyans espirityèl toudabò pandan w ap etidye ekriti yo pou kont ou.

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Montre foto ki ka ede timoun yo sonje ak pataje yon bagay yo te aprann sou prensip oswa evenman nan Doktrin ak Alyans 109–10yo. Pa egzanp, ou gen dwa montre youn nan foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yoa.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Doktrin ak Alyans 109:12–13; 110:1–7

Tanp lan se kay Senyè a.

Medite sou fason w pral ede timoun yo santi reverans pou kay Senyè a ak fason pou yo tann avèk enpasyans jou yo ka rantre nan “plas pou sentete [L] la” (Doktrin ak Alyans 109:13).

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo di w yon bagay yo renmen osijè lakay yo. Montre yo yon foto Tanp Kirtland nan, epi itilize Doktrin ak Alyans 109:12–13; 110:1–7 pou pale yo de jou tanp lan te konsakre a epi vin tounen kay Senyè a (gade nan “Chapit 39: Yo Konsakre Tanp Kirtland nan,” Istwa Doktrin ak Alyans yo, 154). Pou montre ke tanp lan se kay Senyè a, li pati sa a nan priyè konsekrasyon Joseph Smith te fè a: “Se kay ou li ye, yon plas pou sentete ou” (Doktrin ak Alyans 109:13). Mande timoun yo pou yo di w yon bagay yo renmen osijè tanp.

  • Bay yo chak foto yon tanp, oubyen mande yo pou yo desine youn. Chante yon chan sou tanp avèk yo, tankou “Oh, j‘aime voir le temple” (Chants pour les enfants,99). Envite timoun yo pou yo leve foto a chak fwa yo chante mo “tanp” lan. Atire atansyon yo sou mo nan chan an ki anseye nou yon bagay enpòtan sou tanp. Di yo kijan w santi w osijè tanp ak kijan w fè konnen ke l se kay Senyè a.

Doktrin ak Alyans 110

Kle prètriz ki nesesè pou akonpli travay Bondye a, yo nan Legliz la jodi a.

Tanp Kirtland nan enpòtan nan istwa Legliz la. Jezikri te parèt ladan l, ansanm avèk pwofèt tan lontan. Pwofèt sa yo te remèt Joseph Smith kle prètriz ki nesesè pou fè travay Bondye a nan dènye jou yo.

Aktivite posib

  • Itilize paj aktivite semèn sa a oubyen “Chapit 40: Vizyon nan Tanp Kirtland nan” (Istwa Doktrin ak Alyans yo, 155–57) pou w pale timoun yo de vizit èt selès yo te fè nan tanp lan. Pataje fraz ki soti nan Doktrin ak Alyans 110 la ki ede oumenm ak timoun yo konprann karaktè sakre evenman sa yo.

  • Montre timoun yo kèk kle epi di yo kisa nou ka fè avèk kle. Lè tou pa yo rive, fè chak timounpran kle yo epi pretann ke y ap ouvri yon pòt ki fèmen. Pandan y ap fè sa, eksplike yo ke Joseph Smith te resevwa kle prètriz yo nan Tanp Kirtland nan. Kle sa yo delòk pouvwa ak benediksyon pou nou kapab fè travay Bondye a nan Legliz Li a, tankou pataje levanjil la ak fè travay tanp.

  • Pou ede timoun yo konprann kisa kle Eli te remèt Joseph Smith yo ye, chante ansanm yon chan sou Eli oubyen sou istwa familyal tankou “La parole d’Elie” (Chants pour les enfants, 90–91). Rakonte yo yon eksperyans ki te ede tounen kè w vè zansèt ou yo Mande timoun yo pou yo rakonte kisa yo konnen osijè yon granparan oswa yon lòt zansèt.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Gran yo

Doktrin ak Alyans 109; 110:1–10

Tanp lan se kay Senyè a.

Kijan w pral pataje avèk timoun yo amou w pou kay Senyè a? Reflechi sou fason w pral enspire yo pou yo aksepte defi Èldè Quentin L. Cook te bay “pou nou chak, kèlkeswa kote n ap viv, wè tèt nou nan tanp lan” (“Wè Oumenm nan Tanp lan,” Ensign oswa Lyawona, Me 2016, 98).

Aktivite posib

  • Chwazi kèk vèsè nan seksyon 109 oswa 110 la ou santi ki mete aksan sou benediksyon tanp yo (gen kèk yo sigjere nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo). Fè lis benediksyon sa yo sou tablo a, epi envite timoun yo pou yo chèche nan vèsè w te chwazi yo pou yo jwenn benediksyon sa yo. Kijan nou ta ka eksplike yon moun poukisa tanp lan enpòtan pou nou?

  • Mande timoun yo pou yo li Doktrin ak Alyans 110:1-10 la an silans, epi envite yo pou yo pataje yon bagay yo aprann osijè Jezikri oswa tanp nan vèsè sa yo. Envite yo pou yo desine yomenm ak Sovè a nan tanp lan.

  • Mande yo pou yo imajine ke yon zanmi ap eseye jwenn kay yo. Kijan nou ka ede zanmi nou an konnen ki kay ki kay pa nou an? Kijan nou fè konnen ke tanp lan se kay Senyè a? Li Doktrin ak Alyans 109:12-13 avèk yo, epi di yo kijan w fè konnen ke tanp lan se kay Senyè a. Montre yo foto tanp, epi fè yo di kisa yo santi apwopo kay Senyè a.

  • Chante avèk yo “L’Esprit du Dieu saint” (Cantiques, no. 2), epi di yo ke yo te chante kantik sa a nan konsekrasyon Tanp Kirtland nan—ak nan konsekrasyon tanp yo jodi a. Poukisa kantik sa a se te yon bon kantik pou konsekrasyon Tanp Kirtland nan?

    Imaj
    Andedan Tanp Kirtland nan

    Chak ekstremite Tanp Kirtland nan gen chè pou dirijan prètriz yo.

Doktrin ak Alyans 110:11–16

Kle Prètriz yo nesesè pou n akonpli travay Bondye a nan Legliz la jodi a.

Èldè Gary E. Stevenson te di: “Tout pitit Papa nou ki nan Syèl la [te] ekskli nan òdonans sali yo nan levanjil Jezikri a—jiskaske yon retablisman diven te akonpli pa [Moyiz, Elyas, ak Eli]” (“Ki kote Kle ak Otorite Prètriz yo ye?Ensign oswa Lyawona, 30 Me 2016).

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo gade nan Doktrin ak Alyans 110:11-16 pou yo jwenn non twa pwofèt tan lontan ki te parèt nan Tanp Kirtland nan. Apre sa, ede yo jwenn mo nan vèsè sa yo ki dekri kisa chak pwofèt te “remèt,” oswa te bay Joseph Smith ak Oliver Cowdery. Ou ka jwenn yon deskripsyon ki itil nan “Chapit 40: Kèk Vizyon nan Tanp Kirtland nan” (Istwa Doktrin ak Alyans yo, 156–57).

  • Pataje deskripsyon sa a Prezidan Russell M. Nelson te fè apwopo kle Prètriz yo: “Siman w gen kle lakay ou oubyen kle machin ou nan pòch ou. Kle Prètriz yo, yomenm, nou pa ka ni ouche yo ni wè yo. Yo mete otorite prètriz la ‘an mach’” (“Responsablite pèsonèl Prètriz la,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2003, 45–46). Pou ilistre enpòtans kle prètriz yo, diskite avèk timoun yo sou pwoblèm sa bay lè n kle kay nou oswa kle machin pèdi Eske gen resanblans ant pwoblèm sa yo ak pwoblèm ki genyen lè kle prètriz yo pèdi.? Ede timoun yo konprann kiyès ki detni kle prètriz yo jodi a ak kijan li itilize kle sa yo pou l delòk benediksyon pou tout pitit Bondye yo (gade “Kle Prètriz yo,” Ankre nan Lafwa, 126–27).

  • Pou plis eksplikasyon sou kle ki te retabli yo nan Tanp Kirtland nan, pase videyo “By the Hand of Elijah the Prophet (Anba men Eli, Pwofèt la” (ChurchofJesusChrist.org). Diskite sou sa nou kapab fè pou n patisipe nan travay kle Eli yo te rann posib la. Oubyen pase videyo “Gatherers in the Kingdom (Rasanblè nan Wayòm nan)” (ChurchofJesusChrist.org) epi pale de kijan sa nou kapab fè pou ede rasanble pitit Pè Selès yo pou yo ka retounen al jwenn Li.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo itilize paj aktivite semèn sa a oubyen yon foto yo te desine pandan klas la pou anseye fanmi yo yon bagay yo te aprann jodi a sou tanp oswa sou kle prètriz yo.

Amelyore Ansèyman Nou

Kreye yon anviwonman plen lanmou ak reverans. “Egzanp ou gen yon enfliyans puisan sou atitid [timoun] yo. … Avèk pawòl ou yo ak aksyon w yo, montre yo ke ou renmen levanjil la epi ou sousye pou pwogresyon espirityèl yo.” (Anseye nan fason Sovè a, 15).

Enprime