Doktrin ak Alyans 2021
11–17 Oktòb. Doktrin ak Alyans 115–120: “Sakrifis Li a Pral Pi Sakre pou Mwen Pase Ogmantasyon li a”


“11–17 Oktòb. Doktrin ak Alyans 115–120: “Sakrifis Li a Pral Pi Sakre pou Mwen Pase Ogmantasyon li a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“11–17 Oktòb. Doktrin ak Alyans 115–120,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
Far West

Far West, pa Al Rounds

11–17 Oktòb

Doktrin ak Alyans 115–120

“Sakrifis Li a Pral Pi Sakre pou Mwen Pase Ogmantasyon Li a ”

Kite Lespri a gide w al nan prensip ke timoun yo bezwen plis yo. Ou gen dwa jwenn ide itil nan aktivite pou timoun ki piti yo oubyen pou sa ki pi gran yo.

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Okazyonèlman, li ta ka bon pou w pale avèk paran youn nan timoun yo alavans epi sigjere yo pou timoun nan vini nan klas la prepare pou l pataje yon bagay li aprann lakay li. Timoun nan gen dwa kontan dirije yon aktivite nan klas la ke l te fè avèk manm fanmi li.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin Nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Doktrin ak Alyans 115:4–5

Mwen se manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

Kijan w ka ede timoun yo rekonèt benediksyon yo resevwa paske yo se manm Legliz Jezikri a.

Aktivite posib

  • Mande timoun yo si gen nan yo ki ka di non konplè Legliz la. Montre yo logo Legliz la (nan yon piblikasyon Legliz la oubyen badj yon misyonè), ekri non an sou tablo a, oubyen li l pou yo nan Doktrin ak Alyans 115:4. Mande timoun yo pou yo repete non an avèk ou pandan w ap lonje dwèt ou sou chak mo. Siyale mo siyifikatif yo nan non an, epi ede yo konprann poukisa mo sa yo enpòtan (gade nan “Chapit 43: Jezikri Bay Legliz Li a Yon Non,” Istwa Doktrin ak Alyans yo, 164).

  • Chante ansanm “L’Eglise de Jésus-Christ” (Chants pour les enfants, 48), epi di yo kijan w santi w poutèt ou se yon manm Legliz Jezikri a. Kite yo di sa yo santi osijè Legliz la.

  • Envite timoun yo pou yo kanpe lè w li mo “leve” a nan Doktrin ak Alyans 115:5la. Envite yo pou yo detire dwèt yo tankou reyon solèy lè w li mo “briye” a. Chante ansanm yon kantik ki di nou dwe yon limyè pou lòt moun, tankou “Vois l’étoile au ciel” (Chants pour les enfants, 84). Raple timoun yo ke limyè nou soti nan Jezikri, epi ede yo panse a fason yo ka “briye.”

Doktrin ak Alyans 117:6

Jezikri te fè tè a ak tout sa ki ladan li.

Pou L te ankouraje William Marks ak Newel K. Whitney sakrifye propriyete yo a epi demenaje ale Missouri, Senyè a te raple yo ke se Li ki te kreye tout bagay sou tè a. Kijan konesans verite sa a ta kapab beni timoun yo?

Aktivite posib

  • Pote oubyen desine foto kreyasyon an nan Doktrin ak Alyans 117:6 ke Senyè a te di L te fè yo (oubyen envite timoun yo pou yo desine pwòp foto pa yo). Envite yo pou yo kenbe foto a oubyen lonje dwèt sou yo pandan w ap li vèsè a. Di timoun yo poukisa li enpòtan pou ou pou w konnen ke Jezikri te kreye bagay sa yo.

  • Chante avèk yo yon chan sou bagay Bondye kreye yo, tankou “Mon Père céleste m’aime” (Chants pour les Enfants, 16). Fè timoun yo pale de bagay Bondye kreye ki ede yo santi amou Li.

Doktrin ak Alyans 119-20

Dim ede Legliz la fè travay Bondye.

Pwobableman, anpil nan timoun w ap anseye yo twò jèn pou yo travay pou lajan ak peye dim, men li bon pou yo konprann kijan dim kontribye nan gwo travay Legliz la ap fè toupatou nan mond lan.

Aktivite posib

  • Eksplike kijan nou peye dim ak poukisa yo itilize l (gade nan “Chapit 44: Dim,,” Istwa Doktrin ak Alyans yo, 165–66, oubyen videyo ki koresponn avèk sa nan ChurchofJesusChrist.org). Desine pyès dis kòb sou tablo a, epi mande timoun yo pou yo ede w konte yo. Detèmine konbyen pou nou bay Senyè a kòm dim.

  • Chante ansanm yon kantik sou dim, tankou “Je donne ma dime au Seigneur” (Chants pour les enfants, 148), Si sa posib, pataje yon istwa pèsonèl.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi gran yo

Doktrin ak Alyans 115:4

Egzanp mwen kapab ede lòt moun vin jwenn Kris la ak jwenn sekirite.

Timoun w ap anseye yo konnen pwobableman kèk moun ke tanpèt te frape e ki bezwen “refij” (vèsè 6) te bay nan Legliz la. Konsidere kijan w pral enspire timoun yo pou yo “leve epi briye” (vèsè 5) epi pataje limyè yo avèk moun sa yo.

Aktivite posib

  • Fè sikile yon flach, yon foto solèy la, oubyen yon lòt bagay pou reprezante limyè levanjil Sovè a. Lè se tou pa yo pou yo kenbe flach la, envite timoun yo pou yo li Doktrin ak Alyans 115:4–5 epi site yon bagay yo ka fè pou yo “briye” tankou yon limyè pou lòt moun (gade nan3 Nefi 18:24).

  • Envite yo pou yo desine yon foto ki dekri Doktrin ak Alyans 115:6. Pa egzanp, yo ka desine yon tanpèt, avèk moun k ap pran refij nan yon batiman Legliz la. Ki bagay tanpèt la ta kapab reprezante? Kijan Legliz la bay refij kont bagay sa yo?

Doktrin ak Alyans 117

Sakrifis mwen yo sakre pou Senyè a.

Nan seksyon 117 la, Senyè a te konseye William Marks ak Newel K. Whitney pou yo te sakrifye tout sa yo te genyen nan Kirtland pou pi gwo benediksyon nan Missouri. Li te onore Oliver Granger tou pou sakrifis li te fè yo. Kisa w santi timoun yo ka aprann nan egzanp sa yo?

Aktivite posib

  • Envite timoun yo imajine ke yo te posede yon magazen ki t ap byen mache nan Kirtland, tankou Newel K. Whitney. Kijan yo t ap santi yo si Senyè a ta mande yo pou yo kite magazen yo a epi demenaje ale yon lòt kote. Li Doktrin ak Alyans 117:1–11 pou yo, epi mande yo pou yo fè yon poz lè yo tande yon bagay ki t ap ede yo gen lafwa pou yo fè sakrifis ak obeyi Senyè a. Kisa nou sakrifye jodi a pou nou obeyi Senyè a?

  • Di timoun yo brièvman poukisa Sen yo te oblije kite Kirtland, oubyen fè youn ladan yo fè sa (gade nan “Chapit 41: Pwoblèm nan Kirtland,” Istwa Doktrin ak Alyans yo, 158–60). Eksplike yo ke Senyè a te mande Oliver Granger pou l te rete Kirtland pou l te peye dèt Legliz la te genyen yo. Poukisa sa te yon travay difisil? Kisa Senyè a te di nan Doktrin ak Alyans 117:13 ki te ka ede Oliver—oubyen nenpòt nan nou—fè sakrifis pou obeyi Senyè a?

Doktrin ak Alyans 119–20

Dim ede Legliz la fè travay Bondye a.

Medite sou fason w ap ede timoun yo konprann kijan dim—menm ti kal montan yo ka peye yo—kontribye nan bati wayòm Senyè a (gade nan Ankre nan Lafwa, 180–82).

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo imajine ke yon zanmi wè yon batiman Legliz la epi l mande: “Kijan Legliz ou a fè peye pou batiman sa a?” Kijan nou t ap eksplike zanmi sa a dim? Sigjere pou timoun yo fè referans a Doktrin ak Alyans 119:4; 120:1 pandan y ap panse a kesyon sa a.

  • Ede yo panse a kèk bagay Legliz la kapab fè akozde dim. Kijan bagay sa yo beni lavi nou? Pataje sa w santi osijè lwa dim nan ak kijan li beni w.

    Imaj
    yon tigason k ap peye dim

    Lè nou peye dim, nou kapab montre amou nou pou Bondye epi ede nan travay Li a.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo sonje sa yo te santi nan kè yo oswa panse ki te vin nan lespri yo pandan Primè a tap fèt jodi a. Ankouraje yo pou yo pataje santiman sa yo ak panse sa yo avèk fanmi yo.

Amelyore Ansèyman Nou

Soutni paran yo. Jwenn fason pou w pataje sa timoun yo ap aprann nan Primè a avèk paran yo, epi mande yo kijan yo ka pote sipò yo nan efò yo kòm paran (gade nan Anseye nan aFson Sovè a, 25).

Enprime