Doktrin ak Alyans 2021
4–10 Oktòb. Doktrin ak Alyans 111–114: “M ap Òdone Tout Bagay pou Byen Ou”


“4–10 Oktòb. Doktrin ak Alyans 111–114: ‘M ap Òdone Tout Bagay pou Byen Ou,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“4–10 Oktòb. Doktrin ak Alyans 111–114,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
Joseph Smith ap preche

4–10 Oktòb

Doktrin ak Alyans 111–114

“M ap Òdone Tout Bagay pou Byen Ou”

Sè Cheryl A. Esplin, ansyèn konseyè nan Prezidans Jeneral Primè a, te anseye ke nou ta dwe “[ede] pitit nou yo ankre doktrin nan nan kè yo nan yon fason pou l … reflete nan atitid yo ak konpòtman yo pandan tout lavi yo” (“Anseye Pitit Nou Yo Pou Yo Konprann,” Ensign oswa Lyawona, Me 2012, 10).

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pou ankouraje timoun yo pou yo pataje, pote plizyè objè ki an rapò avèk yon bagay nan yon ansyen leson. Fè yo di kisa chak objè fè yo sonje.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin Nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Doktrin ak Alyans 111:2, 10–11

Bagay Bondye yo kapab yon trezò pou mwen.

Lè timoun yo panse a mo trezò a, yo ka imajine kèk bagay ki diferan de trezò yo pale nan Doktrin Ak Alyans 111:2, 10 yo. Kijan w ka ede yo aprann konsidere bagay Bondye yo tankou trezò?

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo desine sa k vin nan lespri yo lè yo tande mo trezò a. Konpare sa mond lan konsidere kòm trezò yo avèk sa Senyè a konsidere kòm trezò (gade nan Doktrin ak Alyans 111:2, 10–11), tankou pèp Li a, sajès ak lajistis, ak fè bon chwa.

  • Ede yo konplete paj aktivite semèn sa a. Kisa nou aprann osijè Jezi apati bagay li konsidere kòm trezò yo? Kijan nou ka pi sanble avèk Li?

Doktrin ak Alyans 112:10

Senyè a ap dirije m avèk men L e L ap reponn priyè m yo.

Doktrin ak Alyans 112:10 kapab ede timoun w ap anseye yo bati lafwa ke Jezikri ap kondui yo e gide yo pandan tout lavi yo.

Aktivite posib

  • Ede yo panse a kèk sitiyasyon kote li enpòtan pou yo kenbe men yon manm fanmi, tankou lè y ap travèse lari oubyen pou yo bay rekonfò. Yo ta gen dwa pran plezi nan jwe senaryo sou egzanp yo pataje yo. Li Doktrin ak Alyans 112:10. Poukisa nou vle Senyè a “pran men nou pou dirije [nou]”?

  • Mete yon bando sou je youn nan timoun yo, epi mande l pou l travèse sal la avèk yon lòt timoun k ap pran men l pou dirije l. Rakonte yon eksperyans kote w te santi Senyè a te pran men w pou l te dirije w.

    Imaj
    Jezi avèk yon tigason ak manman li

    Leve, mache, pa Simon Dewey

Doktrin ak Alyans 112:11

Jezi vle pou m renmen tout moun.

Ede timoun yo konnen ke Sovè a vle nou renmen tout moun, menm moun ki gen dwa pa byen trete nou.

Aktivite posib

  • Pandan w ap pataje “Chapit 41: Pwoblèm nan Kirtland” nan (Istwa Doktrin ak Alyans, 158–60), mande timoun yo pou yo fè yon kè avèk men yo lè yo tande yon moun fè yon bagay ki bon. Ede yo konprann ke Senyè a vle pou nou renmen tout moun, menm moun ki gen dwa fè move chwa yo.

  • Desine yon figi tris sou tablo a, epi mande timoun yo kijan nou ka montre lanmou pou lòt moun ki pa kontan yo (gade nan Doktrin ak Alyans 112:11). Pandan y ap pataje ide yo, refè desen figi tris la pou l ka vin tounen yon figi ki kontan. Rann temwayaj ou sou pouvwa ki soti nan renmen lòt moun. Chante ansanm yon kantik sou lanmou, tankou “Aimez chacun” (Chants pour les enfants,39).

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Doktrin ak Alyans 112:10

Mwen ka enb e chèche konsèy Bondye.

Papa nou ki nan Syèl la vle pou nou gen imilite pou L ka gide nou. Ede timoun yo konprann kijan yo ka montre imilite devan Bondye nan fè bagay tankou priye L ak aksepte konsèy Li.

Aktivite posib

  • Mande timoun yo kisa sa vle di pou nou enb. (Yo ta ka li “Imilite” nan Ankre nan Lafwa [paj 86–87] si sa nesesè). Ede yo panse a mo oswa fraz ki an rapò avèk “imilite,” epi envite yo pou yo li Doktrin ak Alyans 112:10, pandan y ap ranplase mo “enb” lan nan vèsè a pa youn nan mo oswa fraz sa yo. Poukisa Pè Selès la vle pou nou enb? Pou yo aprann plis, timoun yo ka li ekriti adisyonèl ki nan lis ki anba “Enb, Imilite” a nan Gid Ekriti yo (scriptures.ChurchofJesusChrist.org).

  • Ekri mo ki nan Doktrin ak Alyans 112:10 yo sou tablo a, epi mande timoun yo pou yo li yo fò. Envite yon timoun pou l souliye benediksyon ki pou moun ki enb yo ke yo mansyone nan vèsè sa a. Ankouraje timoun yo pou yo pale de okazyon kote yo te chèche èd Senyè a enbleman epi Li te dirije yo, tankou lè yo jwenn repons pou priyè yo.

Doktrin ak Alyans 112:11

Jezi vle pou m renmen tout moun.

Jezikri se te egzanp pafè sou renmen tout moun, menm moun ki te maltrete L. Joseph Smith te oblije andire pèsekisyon tou anba men moun ki te zanmi l. Ede timoun yo aprann ke nou ka renmen lòt moun menm jan avèk Sovè a ak Joseph Smith.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo chak li “Chapit 41: Pwoblèm nan Kirtland” nan (Istwa Doktrin ak Alyans yo, 158–60) lè tou pa yo rive. Kiyès nan istwa a ki te fè pwoblèm nan Kirkland yo vin pi mal? Kiyès ki t ap eseye fè yo rezoud? Envite timoun yo pou yo li Doktrin ak Alyans 112:11 epi eksplike poukisa li enpòtan pou nou renmen tout moun.

  • Poukisa li enpòtan pou nou renmen moun ki diferan de nou? Poukisa Pè Selès la ba nou diferans? Kijan nou ka “kite amou [nou] devlope an abondans pou tout moun,” menm pou moun ki diferan de nou? Chante avèk timoun yo yon chan sou renmen lòt moun, tankou “Je viens vers toi” (Chants pour les enfants, 78).

  • Ede timoun yo panse a kèk egzanp kote Sovè a te renmen moun ki te maltrete L (pa egzanp, gade nan Lik 23:34).

Doktrin ak Alyans 112:12–15, 26

Moun ki vrèman konvèti yo vin konnen Jezikri.

Vin konvèti nan Jezikri se yon pwosesis san fen, epi sa mande plis pase annik “[deklare] ou konnen non [L]” (Doktrin ak Alyans 112:26). Ede timoun yo konprann pi byen kisa sa vle di pou yo vrèman konnen Sovè a.

Aktivite posib

  • Rakonte timoun yo ke, an 1837, te gen kèk nan Apot yo ki te vire kont Pwofèt Joseph Smith. Poukisa li enpòtan pou nou suiv pwofèt la? (gade nanvèsè 15). Ede timoun yo fè yon lis bagay Senyè a te di Thomas B. Marsh, ki te Prezidan Kolèj Douz Apot yo, pou l te fè (gade nan Doktrin ak Alyans 112:12–15). Itilize lis la pou nou diskite kijan nou ka vin pi konvèti nan Jezikri.

  • Mande timoun yo kisa yo panse deklare nou konnen Jezikri men nou pa konnen L reyèlman vle di (gade nan Doktrin ak Alyans 112:26). Kisa vèsè 14 la anseye nou ka fè pou nou konnen L pi byen? Ede timoun yo konprann sa “pran kwa [nou]” vle di(Tradiksyon Joseph Smith, Matye 16:25–26 [nan apendis Bib la]) oubyen pou “nouri brebi [L] yo.”

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo rezime sa yo te aprann nan klas la jodi a. Ede yo pran nòt oubyen desine yon foto ki ap raple yo sa yo te aprann yo pou yo ka pataje yo avèk fanmi yo.

Amelyore Ansèyman Nou

Timoun yo kirye epi yo aprann nan anpil fason. Timoun renmen aprann apati eksperyans ki nouvo e ki varye. Itilize aktivite sa yo pou ede yo bouje, itilize tout sans yo, eksplore, epi eseye nouvo bagay. (Gade nan Anseye nan Fason Sovè a, 25–26.)

Enprime