Doktrin ak Alyans 2021
18–24 Oktòb. Doktrin ak Alyans 121–123: “O Bondye, Ki Kote Ou Ye?”


“18–24 Oktòb. Doktrin ak Alyans 121–123: ‘O Bondye, Ki Kote Ou Ye?’”Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“18–24 Oktòb. Doktrin ak Alyans 121–123,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
Prizon Liberty a

Prizon Liberty pa Al Rounds

18–24 Oktòb.

Doktrin ak Alyans 121–123

“O Bondye, Ki Kote Ou Ye?”

Pandan w ap etidye Doktrin ak Alyans 121–23, reflechi sou sa timoun nan klas ou a konnen deja. Priye pou w konn kijan pou w bati sou sa yo konnen.

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Si w te ankouraje timoun yo pou yo te pataje sa yo te aprann nan klas la semèn pase a avèk fanmi yo, ba yo tan pou yo pale de eksperyans yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin Nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Doktrin ak Alyans 121:7–8; 122:7

Moman difisil yo kapab se pou byen nou.

Pawòl Senyè a te di Joseph Smith nan Prizon Liberty a bay yon opòtinite pou ede timoun yo rekonèt ke pafwa lavi a difisil, men Pè Selès la ak Jezikri ka ede nou.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo koute mo “lapè” a pandan w ap pataje avèk yo “Chapit 46: Joseph Smith nan Prizon Liberty” (Istwa Doktrin ak Alyans yo, 172–74) oswa Doktrin ak Alyans 121:7–8. Ede timoun yo panse a fason nou ka fè Senyè a konfyans jan Joseph te fè pou l te ka santi lapè a. Eksplike yo ke menmsi Joseph te travèse moman difisil, Senyè a te avèk li.

  • Pou ede yo rekonèt ke eprèv nou yo “se pou byen [nou]” (Doktrin ak Alyans 122:7), pale avèk yo de fason mis nou yo devlope lè nou pote yon bagay ki lou. Fè yo pretann ke y ap leve yon bagay ki lou oubyen y ap travay di. Eksplike yo ke travèse moman difisil kapab ede espri nou grandi—si nou mande Senyè a èd. Pataje kèk egzanp ki gen rapò avèk timoun w ap anseye yo. Envite yo pou yo repete avèk ou fraz “Tout bagay sa yo se … ap pou byen [nou].”

Doktrin ak Alyans 122:8

Jezikri konn kijan m santi m.

Nan Prizon Liberty a, Jezikri te di Joseph Smith ke L te desann pi ba pase tout bagay (gade nan Doktrin ak Alyans 122:8). Sa vle di Li konn kisa n ap travèse epi nou ka tounen vè Limenm.

Aktivite posib

  • Pou ede timoun yo aprann vire gade Kris la lè y ap travèse moman difisil, mande yo pou yo montre kijan figi yo ye lè yo tris, lè yo blese, oubyen lè yo pè. Kiyès ki ka ede nou lè nou konsa? Li Doktrin ak Alyans 122:8, epi eksplike kisa sa vle di Jezikri konn kijan nou santi nou, epi Li kapab ede nou.

  • Chante ansanm “Jésus enfant” (Chants pour les enfants, 34), epi temwaye ke Jezikri ka ede nou paske L konn kijan nou santi nou.

    Imaj
    Jezi atè a nan Jetsemani

    Jezi konprann soufrans nou. Se Pa Volonte Pa M Ki pou fèt, Se Volonte Pa W pa Walter Rane

Doktrin ask Alyans 123:17

Bondye vle pou m fè tout sa ki nan pouvwa m ak kè kontan.

Malgre Joseph Smith te nan prizon epi yo te chase Sen yo fè yo kite lakay yo, li te ankouraje yo pou yo te “fè tout sa ki nan pouvwa yo ak kè kontan.”

Aktivite posib

  • Li Doktrin ak Alyans 123:17 pou timoun yo, epi envite yo pou yo kanpe epi souri lè yo tande mo “ak kè kontan” an. Envite yo pou yo pretann y ap rann sèvis ak kè kontan.

  • Chante ansanm yon kantik sou sèvis, tankou “Nous aidons tout avec joie”Chants pour les enfants,108). Ede yo panse a fason yo ka sèvi fanmi yo ak zanmi yo ak kè kontan.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Doktrin ak Alyans 121:7–9; 122:7–9

Eprèv mwen yo kapab pou byen mwen.

Yon fason Sovè a te rekonfòte Joseph Smith pandan l t ap soufri nan Prizon Liberty a se te nan anseye l ke “tout bagay sa yo ap ba w eksperyans, epi se ap pou byen w” (Doktrin ak Alyans 122:7). Verite sa a ka beni timoun yo lè y ap fè fas a eprèv pa yo.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pataje sa yo konnen apwopo eksperyans Joseph Smith nan prizon ak Sen yo te fòse kite Missouri yo (gade nan chapit 45–47 nan Istwa Doktrin ak Alyans yo, 167–75). Mande yo kijan yo t ap santi yo si yo te nan plas Joseph Smith oubyen youn nan Sen yo nan epòk sa a. Li Doktrin ak Alyans 121:7–9; 122:7–9avèk yo epi envite yo pou yo jwenn yon bagay Senyè a te di ki t ap pote lapè pou yo. Kijan eksperyans difisil nou yo kapab se “pou byen [nou]”?

  • Mande de timoun pou yo kenbe pwent yon fisèl ki long ase pou l travèse tout sal la. Mande yon lòt pou l kenbe yon pwen nan fisèl la ak dwèt li. Li Doktrin ak Alyans 121:7–18, epi eksplike ke fisèl la reprezante ane letènite yo epi kote timoun nan kenbe l ak dwèt li a reprezante ane nou pase sou tè a. Kisa sa vle di eprèv nou yo sou tè a se pou “yon ti moman”?

  • Ede timoun yo imajine kijan yo tap santi yo si yo te gen pou yo pase kat mwa yon kote tankou prizon Liberty a. Kisa nou tap plis sonje? Kijan nou tap pase tan nou? Kisa Joseph Smith te aprann nan Doktrin ak Alyans 121:7–9; 122:7–9 ki te ede l andire eksperyans sa a? Ankouraje timoun yo pou yo ekri yon lèt voye bay yon moun k ap travèse yon moman difisil, epi sigjere yo pou yo itilize yon bagay ki soti nan Doktrin ak Alyans 121:7–9; 122:7–9 nan lèt la.

Doktrin ak Alyans 121:34–36

Nou dwe jis pou n ka gen “pouvwa syèl la.”

Ede timoun w ap anseye yo rekonèt ke nou ka gen pouvwa Bondye nan lavi nou sèlman si nou jis.

Aktivite posib

  • Trase yon ling avèk mo pouvwa elve nan yon pwent ak pouvwa ba nan lòt pwent la. Desine yon flèch ki pwente sou mitan ling nan. Chwazi plizyè mo oubyen fraz nan Doktrin ak Alyans 121:34–46 ki anseye kijan pou nou diminye oubyen ogmante pouvwa selès la nan lavi nou (tankou “kouvri peche nou yo,” “ògèy,” “jantiyès,” ak “lanmou”). Envite timoun yo pou yo chak pran tan pou chwazi yon mo, epi deside si mo a ap mennen yo nan yon diminisyon oswa yon ogmantasyon pouvwa, epi pou yo deplase flèch la selon repons lan. Pale avèk yo de moun yo konnen ki gen yon bon enfliyans sou lòt moun paske yo suiv konsèy Senyè a bay nan vèsè sa yo.

  • Li Doktrin ak Alyans 121:41–42, 45, epi mande timoun yo pou yo fè lis kalite nan vèsè sa yo Senyè a vle nou genyen. Ede yo defini tout mo yo pa konprann. Bay chak timoun yon kalite, epi ede yo panse a yon fason yo ka montre kalite sa a. Lè yo tout fin pale, mande yo pou yo li vèsè 45–46 epi fè lis benediksyon y ap resevwa si yo devlope kalite sa yo.

  • Li premye ling nan Doktrin ak Alyans 121:46 la. Kijan Sentespri a ka “konpayon konstan” nou? Chante ansanm “Le Saint-Esprit” (Chants pour les enfants, 56) oubyen yon lòt chan osijè don Sentespri a. Kisa chan an anseye nou sou rezon ki fè nou vle Sentespri a rete konpayon nou tout tan?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo panse ak yon moun k ap travèse yon moman difisil. Ede yo idantifye yon bagay Joseph Smith te aprann nan Prizon Liberty a ke yo ka pataje avèk moun sa a.

Amelyore ansèyman nou

Ankouraje aprantisaj lakay. “Paran yo se enstriktè levanjil ki pi enpòtan pou pitit yo—yo gen responsablite prensipal ak pi gwo pouvwa pou enfliyanse pitit yo (gade nan Detewonòm 6:6–7). Lè w ap anseye timoun nan legliz la, chèche nan lapriyè pou w konn ki fason pou soutni paran yo nan wòl esansyèl yo a.” (Anseye nan Fason Sovè a,25).

Enprime