Doktrin ak Alyans 2021
25–31 Oktòb. Doktrin ak Alyans 124–125: “Yon Kay nan Non Mwen”


“25–31 Oktòb. Doktrin ak Alyans 124–125: ‘Yon Kay nan Non Mwen,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“14–20 Oktòb. Doktrin ak Alyans 46–48,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
Novou

Bèl Novou, tablo Larry Winborg

25–31 Oktòb.

Doktrin ak Alyans 124–125

“Yon Kay nan Non Mwen”

Ki leson nan Doktrin ak Alyans 124–25 la timoun yo bezwen aprann? Medite sou kesyon sa a pandan w ap etidye semèn sa a.

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Montre foto tanp ki pi pre w la. Mande timoun yo kisa yo konnen apwopo tanp. Kite yo di kisa yo santi osijè ale nan tanp yon jou.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin Nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Doktrin ak Alyans 46:7–33

Jezi kontan lè m eseye fè sa ki byen.

Nan revelasyon ki ekri nan seksyon 124 la, Senyè a te eksprime apwobasyon Li pou Hyrum Smith ak George Miller paske yo t ap fè efò pou yo suiv Li. Kijan w pral ede timoun yo rekonèt ke Senyè a kontan lè yo eseye fè sa ki bon?

Aktivite posib

  • Ede yo panse a kèk bagay ki bon yo ka fè. Montre foto pou ba yo ide (ou ka jwenn kèk nan Liv Ilistrasyon Levanjil la oubyen nan revi Legliz yo). Mande yo pou yo montre bon bagay sa yo. Li Doktrin ak Alyans 124:15 pou yo epi mande yo pou yo koute pou yo ka wè kijan Senyè a te santi l lè Hyrum Smith te chwazi pou l te fè sa ki byen. Kijan Jezi santi Li lè nou eseye fè bon bagay?

  • Bay timoun yo kè an papye, epi mande yo pou yo desine yomenm k ap fè bon bagay. Mande yo pou yo pataje sa yo desine a avèk klas la. Kijan nou santi nou lè nou chwazi yon bon bagay? Temwaye ke Jezi kontan lè nou eseye fè sa ki byen.

  • Chante yon chan sou fè sa Jezi vle nou fè, tankou “Brillant pour lui” (Chants pour les enfants, 38)

Doktrin ak Alyans 124:28–29, 39

Jezi kòmande pèp Li a pou yo bati tanp.

Tanp toujou fè pati plan Papa nou ki nan Syèl la pou pitit Li. Si w konprann sa, sa ap ede timoun w ap anseye yo santi pi plis reverans pou tanp.

Aktivite posib

  • Ede timoun yo konprann ke lè Sen yo te jwenn yon nouvo kay nan Novou, Senyè a te di yo pou yo te bati yon tanp (gade “Chapit 50: Sen yo nan NovouIstwa Doktrin ak Alyans yo, 183–84, oubyen videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org). Envite yo pou yo fè tankou y ap bati yon tanp.

  • Li fraz sa a avèk yo: “Kay sen mwen an, m toujou kòmande pèp mwen an pou yo bati nan non sen m nan” (Doktrin ak Alyans 124:39). Kite timoun yo kenbe foto yon ansyen tanp (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 52 oubyen paj aktivite semèn sa a) avèk foto tanp ki nan zòn ou an. Eksplike yo ke Pè Selès la ak Jezikri toujou kòmande pèp Yo a pou bati tanp—nan ansyen tan yo ak nan epòk nou an. Pataje mo ak fraz nan Doktrin ak Alyans 124:28–29 la pou ede timoun yo konprann poukisa Senyè a vle nou bati tanp.

  • Envite yo pou yo konplete paj aktivite semèn sa a pou ede yo konprann ke nou se pèp Bondye epi pèp Bondye a toujou resevwa kòmandman pou yo bati tanp.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi gran yo

Doktrin ak Alyans 124:12–21

Senyè a kontan lè m fidèl.

Nan seksyon 124 la, Senyè a te konplimante plizyè Sen pou fidelite yo. Pawòl Li yo ka ede timoun yo idantifye kalite yo ta dwe devlope.

Aktivite posib

  • Chazi kèk bon kalite yo mansyone nan Doktrin ak Alyans 124:12-21 an, epi ekri yo sou tablo a bò kote yon foto Sovè a. Mande timoun yo pou yo gade vèsè 12-21, pou chèche pawòl sa yo. Ede yo konprann mo ki gen dwa pa familye pou yo. Selon vèsè sa yo, kijan Senyè a santi Li osijè moun ki devlope kalite sa yo?

Doktrin ak Alyans 124:28–30, 38–41

Jezi kòmande pèp Li pou yo bati tanp.

Timoun w ap anseye yo ap byen vit grandi ase pou yo ale nan tanp e patisipe nan òdonans tanp. Kisa w ka fè pou w ede yo prepare yo?

Aktivite posib

  • Kouvri yon foto tanp oubyen yon desen tanp. Envite yo pou yo li Doktrin ak Alyans 124:38-41 pou yo jwenn endis sou sa ki nan foto a. Fè yo dekouvri foto a epi diskite sou sa vèsè sa yo anseye sou rezon k fè Senyè a vle nou bati tanp yo.

  • Envite yo pou yo li Doktrin ak Alyans 124:28-30 pou yo chèche rezon k fè Senyè a te mande Joseph Smith pou l te bati Tanp Novou a. Di sa w santi apwopo tanp ak nenpòt lòt eksperyans ou te viv pandan w t ap fè batèm pou mò. Ede timoun yo detèmine konbyen tan ki rete anvan yo gran ase pou yo ka fè batèm pou mò yo nan tanp.

  • Si w gen yon rekòmandasyon tanp, montre timoun yo li, oubyen envite yon jèn nan pawas la pou l vin montre yo rekòmandasyon tanp li. Di yo poukisa yon rekòmandasyon tanp enpòtan ak kisa nou bezwen fè pou nou ka resevwa youn. Ankouraje yo pou yo kòmanse prepare yo kounyea pou yo ka gen yon rekòmandasyon tanp.

    Imaj
    Joseph Smith avèk mesye k ap bati Tanp Nouvo yo

    Joseph Smith nan Tanp Novou a tablo Gary E. Smith

Doktrin ak Alyans 124:91–92

Yon benediksyon patriyakal ka ba n m gidans enspire.

Si w deja gen yon benediksyon patriyakal, repase l anvan w anseye timoun yo sou benediksyon sa yo. Poukisa w rekonesan pou benediksyon patriyakal ou a? Kijan w ap enspire timoun yo pou yo prepare yo pou yo resevwa pa yo?

Aktivite posib

  • Envite youn nan timoun yo li Doktrin ak Alyans 124:91-92 epi envite klas la koute kisa Senyè a te aple Hyrum Smith pou l te fè. Kisa timoun yo konnen apwopo benediksyon patriyakal? Si w deja gen yon benediksyon patriyakal, montre yo a kisa l sanble. (Sonje ke bagay espesifik ki nan benediksyon patriyakal ou yo sakre.) Eksplike yo ke benediksyon patriyakal se benediksyon espesyal nou jwenn nan men patriyach. Benediksyon sa yo ka ede nou aprann plis sou tèt nou ak sa Pè Selès la vle nou fè.

  • Panse pou w envite yon paran oubyen yon sè oswa frè timoun yo w ap anseye yo pou vin pataje ak klas la poukisa yo rekonesan pou benediksyon patriyakal yo. Mande yo pou yo di kijan yo te deside ke yo te bezwen pran benediksyon yo a. Rann temwayaj ou sou benediksyon patriyakal.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pataje avèk yon manm fanmi yo yon bagay yo aprann sou tanp ak poukisa yo vle ale nan tanp yon jou.

Amelyore ansèyman nou

Timoun yo ka rekonèt enfliyans Lespri a. Anseye yo ke santiman lapè, lanmou, ak chalè yo santi lè y ap pale oubyen chante sou Jezikri yo ak sou levanjil li a soti nan Sentespri a. Santiman sa yo ka fòtifye temwayaj yo.

Enprime