Doktrin ak Alyans 2021
1–7 Novanm. Doktrin ak Alyans 125–128: “Yon Vwa Kontantman pou Vivan yo ak Mò yo”


“1–7 Novanm. Doktrin ak Alyans 125–128: ‘Yon Vwa Kontantman pou Vivan yo ak Mò yo’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“1–7 Novanm. Doktrin ak Alyans 125–128” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
fanmi avèk zansèt nan mond dèzespri a

Noumenm avèk Yo, epi Yomenm avèk Nou pa Caitlin Connolly

1–7 Novanm.

Doktrin ak Alyans 125-128

“Yon vwa Kontantman pou Vivan yo ak Mò yo”

Si w ap anseye timoun piti, epi w bezwen èd adisyonèl, gade nan “Satisfè Bezwen Timoun Ki Pi Piti yo” nan kòmansman manyèl sa a.

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Ede timoun yo panse a yon bagay yo te aprann semèn sa a lakay yo oswa nan Primè a. Ba yo kèk minit pou yo desine yon foto sou sa yo te panse epi pataje l avèk klas la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin Nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Doktrin ak Alyans 126:3

Mwen renmen fanmi m.

Apre Brigham Young te retounen sot preche levanjil la, Senyè a te di l pou l te konsantre l sou pran swen fanmi l.

Aktivite posib

  • Pataje avèk timoun yo enfòmasyon ki konsène Brigham Young nan “Chapit 50: Sen yo nan Nauvoo” (Doktrin ak Alyans, 184), oubyen rezime Doktrin ak Alyans 126 nan pwòp mo pa ou. Apresa, li Doktrin ak Alyans 126:3 pou timoun yo, pandan w ap met aksan sou fraz “bay fanmi w swen espesyal.” la. Kisa sa vle di pou nou pran swen fanmi nou? Ede timoun yo panse a fason yo ka montre lanmou pou manm fanmi yo.

  • Anvan klas la, envite yo pou yo pote yon foto fanmi yo (oubyen mande yo pou desine foto). Apre sa mande yo pou yo pataje yon bagay yo renmen konsènan fanmi yo. Montre yon foto fanmi w, epi fè menm bagay la tou. Eksplike poukisa Pè Selès la vle nou pran swen manm fanmi nou. Chante ansanm yon kantik sou verite sa a, tankou “Nous aidons tout avec joie” (Chants pour les enfants,108).

Doktrin ak Alyans 128:5, 12

Tout pitit Bondye yo bezwen chans pou yo batize.

Anplis ede timoun yo prepare yo pou yo fè pwòp alyans batèm pa yo, anseye yo ke nou ka ede moun ki te mouri san batèm yo resevwa menm benediksyon sa yo tou.

Aktivite posib

  • Montre yon foto Jezikri ki ap batize (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 35), oubyen pase videyo “Batèm Jezi” a (ChurchofJesusChrist.org). Mande timoun yo si yo konn wè yon moun k ap batize. Kisa yo sonje sou sa? Itilize foto a oubyen videyo a pou montre yo ke lè nou batize, nou alenèt anba dlo a epi yo epi remonte, jan Jezi te fè a. Ouvri Doktrin ak Alyans 128:12, epi eksplike ke Joseph Smith te anseye ke batize raple nou Rezirèksyon an.

  • Pale yo de yon moun ou konnen (tankou yon zansèt) ki te mouri san l pa t batize. Li Doktrin ak Alyans 128:5, epi fè yo chak kenbe yon foto fon batismo yon tanp lè tou pa yo rive (gade nan plan leson semèn sa a nan Vini Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo). Temwaye ke Papa nou ki nan Syèl la pèmèt nou batize sou tè a pou moun ki mouri. Nan fason sa a tout pitit Bondye yo ka batize epi fè alyans avèk Li.

Doktrin ak Alyans 128:18

Pè Selès la vle m aprann istwa fanmi mwen.

Gen mwayen senp kote timoun pi piti yo ka patisipe nan travay istwa familyal. Ede yo santi amou pou moun ki nan ab jeneyalojik yo a.

Aktivite posib

  • Kreye yon chenn an papye avèk non moun nan fanmi w (gade paj aktivite semèn sa a), epi pote l pou montre klas la. Di yon kèk bagay sou moun yo ki nan chenn ou an. Li pou timoun Doktrin ak Alyans 128:18 epi eksplike yo ke Joseph Smith te anseye “gen yon lyen … ant papa yo ak timoun yo.” Ede yo fè pwòp chenn fanmi pa yo, epi envite yo pou yo pote chenn yo lakay yo epi fè paran yo ede yo ajoute non zansèt yo sou li.

  • Mande timoun yo pou yo pataje yon bagay konsènan youn nan granparan yo. Rakonte youn nan istwa favori w sou paran ou oswa granparan ou. Montre yo foto si posib. Ankouraje timooun yo pou yo aprann plis konsènan gran paran yo ak lòt zansèt yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Doktrin ak Alyans 126

Mwen ka ede pran swen fanmi m.

Kijan w ka ede timoun w ap anseye yo sèvi manm fanmi yo nan fason siyifikatif?

Aktivite posib

  • Li ansanm Doktrin ak Alyans 126:3. Poukisa Pè Selès la te mande Brigham Young pou l te “bay fanmi [l] swen espesyal”? Kijan nou ka fè menm bagay la pou fanmi nou? Fè yon lis bagay nou ka fè kounyea pou sèvi fanmi nou. Kijan fè bagay sa yo ede nou vin plis sanble ak Pè Selès la?

  • Pataje avèk timoun yo istwa Sè Carold M. Stephens te rakonte sou pitit pitit li a (gade “Nou gen Gwo Rezon pou nou Rejwi,” Ensign oswa Lyawona, Nov. 2013, 115). Kisa Porter te fè pou l te pran swen fanmi l? Kijan nou ka suiv egzanp li?

Doktrin ak Alyans 128: 1, 15–18

Batèm pou mò yo kreye “yon lyezon tankou de bagay ki soude” ant mwenmenm ak zansèt mwen yo.

Joseph Smith te anseye ke batèm pou mò yo lye nou avèk zansèt nou yo tankou lyen nan yon chenn. Kijan w ka ede timoun yo santi lajwa ki soti nan aprann sou zansèt yo e asire yo ke travay tanp yo fèt pou yo?

Aktivite posib

  • Divize klas la an de gwoup, epi mande premye gwoup la pou yo li Doktrin ak Alyans 128:1 pou yo jwenn ki sijè ki te okipe lespri Josep Smith. Mande lòt gwoup la pou yo li vèsè 17 epi chèche dekouvri ki sijè li te konsidere kòm sijè ki “pi enpòtan.” Kite yo pataje sa yo jwenn nan, epi pale de rezon k fè sijè sa a enpòtan konsa. Si sa posib, envite yon jèn ki konn fè batèm pou mò pou l pataje eksperyans li epi eksplike poukisa nou fè travay sa a.

  • Anvizaje itilize yon demonstrasyon pratik pou montre ke nou bezwen ede zansèt nou genyen ki pa t batize yo. Pa egzanp, montre yon kado oswa yon sirèt, men mete l lwen youn nan timoun yo. Di timoun sa a li ka gen bagay la men li pa ka deplase soti sou chèz li a. Mande lòt timoun yo kisa yo ka fè pou ede timoun sa a resevwa bagay la. Li ansanm Doktrin ak Alyans 128:15 epi di ki rapò li genyen avèk demonstrasyon pratik la.

  • Envite yo pou yo fè chenn an papye ki gen non paran yo, granparan yo, gran granparan yo, elatriye (gade paj aktivite leson sa a). Si yo pa konn non zansèt yo, ankouraje yo pou yo chèche konnen non yo epi ekri yo sou chenn nan lakay yo. Li ansanm Doktrin ak Alyans 128:18 pou n dekouvri kisa “lyezon ki tankou de bagay ki soude” a ye ki fè li rann istwa familyal nou “total ak konplè.” Rakonte yon istwa konsènan yon zansèt ki ede w santi w konekte avèk li. Oubyen montre videyo “Kouraj: M panse se nan li m pran sa” (ChurchofJesusChrist.org).

  • Montre timoun yo yon rekòmandasyon tanp, epi di yo kijan pou yo jwenn youn. Ede yo vin enpasyan pou yo gen pwòp rekòmandasyon tanp pa yo pou yo ka ale nan tanp epi batize pou pwòp zansèt pa yo.

    Imaj
    yon jenòm avèk kat non familyal

    Nou ka jwenn non zansèt nou yo epi fè òdonans tanp pou yo.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo mande yon moun lakay yo pou ede yo aprann plis sou istwa familyal yo. Yo ta ka mande pou yo tande istwa yon zansèt oubyen itilize FamilySearch.org pou jwenn non zansèt ki poko batize yo.

Amelyore ansèyman nou

Ede timoun yo eksprime kreyativite yo. Lè timoun yo konstwi, fè desen, oswa kolorye yon bagay ki gen rapò avèk istwa oswa prensip y ap aprann nan, souvan yo sonje l pi byen. Yo ka itilize sa yo kreye a pou anseye lòt moun tou. (Gade nan Anseye nan Fason Sovè a,25.)

Enprime