Doktrin ak Alyans 2021
8–14 Novanm. Doktrin ak Alyans 129–132: “Lè Nou Resevwa nenpòt Benediksyon nan men Bondye, se gras ak Obeyisans”


“8–14 Novanm. Doktrin ak Alyans 129–132: ‘Lè Nou Resevwa Nenpòt Benediksyon nan men Bondye, se gras ak Obeyisans.’” Vini Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“8–14 Novanm. Doktrin ak Alyans 129–132,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
Joseph Smith k ap anseye nan Novou

Joseph Smith nan Novou, 1840, pa Theodore Gorka

8–14 Novanm

Doktrin ak Alyans 129–132

“Lè Nou Resevwa Nenpòt Benediksyon nan men Bondye, se gras ak Obeyisans”

Èldè David A. Bednar te eksplike: “Sèlman pale ak di bagay yo se pa anseye. Preche levanjil la nan fason Senyè a mande pou nou obsève ak koute ak disène” (“Vin Tounen Yon Miksyonè Preche Levanjil Mwen an,” New Era, Okt. 2013, 6). Kisa Lespri a anseye w sou obsève ak koute timoun w ap anseye yo?

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Chwazi yon sijè nan seksyon 129–132, epi fè timoun yo di w kisa yo deja aprann sou sijè sa a. Pa egzanp, kisa yo konnen apwopo Papa nou ki nan Syèl la ak Divinite? apwopo maryaj etènèl? apwopo wayòm selès la?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin Nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Doktrin ak Alyans 130:20–21; 132:5

Benediksyon soti nan obeyi Bondye.

Joseph Smith te anseye ke chak benediksyon Bondye bay baze sou jan nou obeyi lwa L yo. Kijan w ka anseye prensip sa a yon fason timoun yo ap konprann?

Aktivite posib

  • Pataje avèk timoun yo yon senp konparezon ki montre kijan l enpòtan pou nou suiv enstriksyon; pa egzanp, pale avèk yo sou etap nou dwe suiv pou nou prepare manje oubyen jwe yon jwèt oswa bati yon bagay. Kisa k rive lè nou pa suiv enstriksyon byo? (Petèt ou gen yon eksperyans pèsonèl ou ka pataje.) Li Doktrin ak Alyans 130:21 epi konpare enstriksyon sa yo avèk kòmandman nou dwe suiv pou nou resevwa benediksyon nan men Pè Selès la.

  • Mande timoun yo si yo ka panse a yon lè kote yo te obeyi youn nan kòmandman Bondye yo. Kijan yo te santi yo? Chante ansanm yon chan sou obeyisans, tankou “Pour trouver la paix” (Chants pour les enfants, 68-69), epi idantifye benediksyon obeyisans yo mansyone nan chan an. Diskite sou kèk bagay Pè Selès la kòmande nou pou nou fè? Ki fason Bondye beni nou lè nou respekte kòmandman sa yo?

Doktrin ak Alyans 130:22

Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri gen kò fizik imòtèl.

Lè nou konprann ke Bondye Papa a ak Jezikri gen kò tankou kò pa nou, nou santi nou pi pwòch Yo, epi relasyon nou avèk Yo ranfòse.

Aktivite posib

  • Montre yon foto Jezikri, epi envite yo pou yo montre zye L, bouch Li, ak lòt pati nan kò L. Apre sa, envite yo pou yo kanpe epi montre menm pati sa yo nan kò pa yo. Li nan Doktrin ak Alyans 130:22: “Papa a gen yon kò chè ak zo … ; Pitit Gason an tou.” Temwaye ke kò nou tankou kò Pè Selès la ak kò Jezi.

  • Chante ansanm yon chan sou kò nou, tankou “La tête, les épaules, les genoux, les pieds” (Chants pour les enfants, 129a), epi envite timoun yo pou yo fè jès ki mache avèk mo yo. Mande yo pou yo rakonte kèk bagay yo ka fè avèk kò yo. Eksprime rekonesans ou pou kò Bondye ba ou a. Kijan nou ka montre nou rekonesan pou kado espesyal sa a?

  • Envite timoun yo pou yo desine foto Papa nou ki nan Syèl la, Jezikri, ak yomenm. Ede yo wè kijan kò nou sanble avèk kò Pè Selès la ak kò Jezi.

Doktrin ak Alyans 132:19

Pè Selès la rann posib pou fanmi yo ka ansanm pou tout tan.

Atravè pouvwa sèlman Senyè a ak òdonans tanp yo, relasyon familyal nou yo ka dire etènèlman si nou respekte alyans nou yo.

Aktivite posib

  • Ede timoun yo panse a egzanp kèk bagay ki pa dire pou tout tan—tankou manje ki gate, flè ki fane, etsetera. Montre yon foto fanmi w, epi di yo kijan w santi w apwopo yo. Temwaye ke Senyè a rann li posib, atravè òdonans tanp yo, pou fanmi dire pou tout tan.

  • Ouvri Doktrin ak Alyans lan nan seksyon 132, epi di timoun yo ke se yon revelasyon Joseph Smith te resevwa osijè maryaj ak fanmi. Montre yo vèsè 19 la, epi montre yo mo sa yo “nan tout letènite” pandan w ap li yo. Envite yo pou yo li pawòl sa yo avèk ou.

  • Ede yo fè poupe an papye ki reprezante manm fanmi yo (gade paj aktivite semèn sa a). Koupe yo, epi mete yo nan yon anvlòp oubyen tache yo ansanm avèk yon klips pou reprezante pouvwa sèlman ki ka rann fanmi nou yo etènèl la.

    Imaj
    yon fi ak yon jèn tifi nan lakou yon tanp

    Òdonans tanp yo pèmèt fanmi yo ansanm pou tout tan.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Doktrin ak Alyans 130:18–19

Pè Selès la vle m akeri konesans ak entèlijans.

Anpil bagay nou akeri nan lavi sa a p ap rete avèk nou nan lavi apre a. Men “konesans ak entèlijans” nou ap rete (Doktrin ak Alyans 130:19).

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo pataje yon bagay y ap aprann nan lekòl oubyen nan men paran yo. Envite yo li Doktrin ak Alyans 130:18-19 pou yo jwenn kisa k rive konesans nou ak entelijans nou nan lavi apre a.

  • Kisa vèsè 19 la anseye sou fason nou akeri konesans ak entelijans? Kijan nou ka dilijan ak obeyisan pandan n ap chèche aprann? (Pou plis bagay sou sijè sa a, gade “Edikasyon” nan Pou Fòs Jèn yo [paj 9–10].)

Doktrin ak Alyans 130:20–21; 132:5, 21–23

Benediksyon soti nan obeyi Bondye.

Medite sou fason Senyè a beni w lè w obeyi lwa L yo. Ki eksperyans ou ta ka pataje avèk timoun yo pou enspire yo?

Aktivite posib

  • Chante yon chan sou obeyisans, tankou “Pour trouver la paix” (Chants pour les enfants,68–69), epi envite yo pou yo li Doktrin ak Alyans 130:20–21 ak 132:5. Ede yo jwenn mo ak ide nan ekriti yo ki sanble avèk sa ki nan kantik la. Kijan nou resevwa benediksyon nan men Bondye? Mande timoun yo pou yo di kijan yo jwenn benediksyon paske yo obeyi lwa Bondye yo.

  • Li ansanm Doktrin ak Alyans 132:21–23, epi envite yo pou yo fè desen pou reprezante sa yo aprann yo nan vèsè sa yo. Ankouraje yo pou yo kreyatif, epi sigjere ke yo enkli nan desen yo a lwa oswa kòmandman ki ede nou rete sou chemen etwat ki mennen nan lavi etènèl la.

Doktrin ak Alyans 131:1–4; 132:15, 19

Papa nou ki nan Syèl la fè l posib pou fanmi yo ansanm pou tout tan.

Kèlkeswa sitiyasyon familyal nou kounyeya, nou ka fè chwa kounyea ki ap prepare nou pou n resevwa benediksyon yon lavi etènèl nan lefiti.

Aktivite posib

  • Mande kèk nan timoun yo pou yo li Doktrin ak Alyans 131:1–4 epi mande kèk lòt pou yo li 132:15. Ede yo dekouvri kisa vèsè sa yo anseye sou maryaj. Chwazi ekspresyon kle nan 132:19 la (tankou “si yon gason marye avèk yon fi,” “alyans etènèl,” “sele,” “demere nan alyans mwen,” “nan tout letènite,” ak “pou toujou ajamè”), epi mande timoun yo pou yo chèche ekspresyon sa yo nan vèsè a. Kisa ekspresyon sa yo anseye nou sou maryaj?

  • Chante “Ensemble à tout jamais” (Chants pour les enfants, 188), oubyen repase “Chapit 55: Yon Revelasyon sou Maryaj” (Istwa Doktrin ak Alyans yo, 198). Mande timoun yo pou yo koute epi prepare yo pou yo pataje kisa nou dwe fè pou fanmi nou ka etènèl. Temwaye ke, kèlkeswa sitiyasyon familyal nou kounyeya, nou ka prepare tèt nou pou nou fè pati yon fanmi etènèl.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo di fanmi yo kijan yo renmen yo ak kijan yo vle ini avèk yo kòm yon fanmi etènèl.

Amelyore Ansèyman Nou

Se pou sansib a sitiyasyon familyal yo. “Jodia timoun yo twouve y ap viv nan anpil kalite sitiyasyon familyal diferan e konplèks. … [Nou] bezwen lonje lamen bay [sa] ki santi yo poukont yo, sa ki santi yo kite yo dèyè, oubyen ki santi yo izole yo” (Neil L. Andersen, “Moun ki Resevwa yo, yo Resevwa Mwen,” Ensign ou Lyawona, Me 2016, 49, 52).

Enprime