Doktrin ak Alyans 2021
15–21 Novanm. Doktrin ak Alyans 133–134: “Prepare Nou Pou Vini Mesye Marye a”


“15–21 Novanm. Doktrin ak Alyans 133–134: ‘Prepare Nou pou Vini Mesye Marye a’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“15–21 Novanm. Doktrin ak Alyans 133–134,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
senk vyèj saj

Mesye Marye a Vini, pa Elizabeth Gibbons

15–21 Novanm.

Doktrin ak Alyans 133-134

Doktrin ak Alyans 133–134: “Prepare Nou pou Vini Mesye Marye a”

Reflechi sou bezwen timoun w ap anseye yo—ni sa ki ap etidye ak aprann lakay yo ni sa ki kapab pa fè sa yo. Kijan w ka ede youn anseye lòt sa y ap aprann yo?

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Montre yon foto ou te itilize nan yon leson Primè resan, epi envite timoun yo pou yo di kisa yo sonje nan leson an.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin Nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Doktrin ak Alyans 133:19–21, 25

Jezikri ap vini ankò.

Nan seksyon 133, Senyè a dekri Dezyèm Vini L lan epi Li envite pèp Li a pou yo prepare yo pou evenman gloriye sa a. Kijan w ka ede timoun yo gen antouzyas pou retou Sovè a?

Aktivite posib

  • Kache yon foto Dezyèm Vini Sovè a dèyè yon twal, kòm si twal la se te yon rido (ou ta kapab itilize imaj ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo oswa Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 66). Envite timoun yo pou yo chak pouse “rido” akote lè tou pa yo rive epi pou yo pretann y ap gade nan yon fenèt. Mande yo pou yo di kijan yo tap santi yo si yo te gade nan fenèt la epi yo te wè Jezi k ap desann soti nan syèl la. Li mo sa yo “ale pou nou rankontre l” (vèsè 19), epi ede timoun yo repete mo yo.

  • Anba chèz chak timoun, kache yon foto ki dekri yon bagay nou ka fè pou nou prepare nou pou Dezyèm Vini Jezikri a (tankou li ekriti yo, pataje levanjil la, oubyen sèvi fanmi nou) yo. Fè timoun yo chèche foto yo, epi pale de kijan fè bagay sa yo ede nou prepare nou pou nou rankontre Sovè a lè L retounen.

  • Chante ansanm yon kantik sou Dezyèm Vini an tankou “Quand Jésus reviendra” (Chants pour les Enfants, 46–47). Pataje lanmou w pou Sovè a ak sa w santi osijè retou L sou tè a. Envite timoun yo pou yo pataje sa yo santi tou.

Doktrin ak Alyans 133:52–53

Jezikri eman ak janti.

Vèsè sa yo dekri kèk nan pil fason Senyè a montre “konpasyon” l pou pèp Li a. Kisa w ka fè pou ede timoun w ap anseye yo santi lanmou Sovè a genyen pou yo?

Aktivite posib

  • Afiche yon foto ki montre ke Jezi bon epi Li eman (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, nimewo. 4247). Mande timoun yo pou yo pataje lòt bagay Jezi fè pou montre amou L ak bonte L. Li fraz “yo pral mansyone bon jantiyès Senyè yo a” (vèsè 52), epi ede yo panse a fason yo ka pale lòt moun de lanmou Sovè a.

  • Chante ansanm yon kantik sou lanmou Sovè a, tankou “Jésus est notre ami” (Chants pour les Enfants,37). Pataje temwayaj ou sou fason Sovè a demontre amou L pou ou.

Doktrin ak Alyans 134:5

Senyè a vle pou m obeyi lalwa.

Souvan timoun piti yo gen règ pou yo suiv lakay yo, nan lekòl, ak lòt kote. Ou ka ede yo konprann ke Senyè a atann pou nou suiv règ yo ak lwa yo nan kominote nou ak nan peyi nou.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo jwe yon jwèt senp san yo pa suiv okenn règ, epi apre sa fè yo jwe l pandan y ap suiv règ yo. Kijan règ yo ede nou? Eksprime rekonesans ou pou lwa peyi a.

  • Ede yo repete douzyèm atik lafwa a. Mete aksan sou mo kle yo, tankou “obeyi, onore, ak soutni,” epi di yo kisa mo sa yo vle di. Di yo poukisa li enpòtan pou nou obeyi lalwa.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Doktrin ak Alyans133:4–5, 14–15

Senyè a vle pou m pwòp.

Doktrin ak Alyans kapab ede timoun yo konprann kijan pou yo kenbe tèt yo pwòp malgre enfliyans mond lan ki antoure yo a.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo li “Babèl, Babylòn” nan Gid Ekriti yo (scriptures.ChurchofJesusChrist.org) pou yo ka dekouvri kisa Babilòn ye ak sa l reprezante. Apre sa li ansanm Doktrin ak Alyans 133:4–5, 14–15. Kisa sa vle di pou nou “wete kò nou nan Babilòn”? (vèsè 5). Èske ou ka site kèk kote ak sitiyasyon Senyè a vle pou nou evite? Kisa nou ka fè pou nou evite yo?

  • Mete yon pano nan yon bò nan sal la ki ekri “Siyon,” epi mete yon lòt nan lòtbò sal la ki ekri “Babilòn.” Ekri sou kèk moso papyei mo ki nan Doktrin ak Alyans 133:4–5, 14–15 ki dekri Siyon oswa Babilòn (tankou “mechan,” “pwòp,” ou “destriksyon”), epi envite timoun yo pou yo mete chak papye anba pano ki apwopriye a.

Doktrin ak Alyans 133:19–25, 46–52

Jezi ap vin gouvène sou tè a.

Èldè D. Todd Christofferson te di: “Li ekstrèmeman enpòtan pou nou prepare mond lan pou Dezyèm Vini Senyè Jezikri a” (“Prepare pou retou Senyè a,” Ensign ou Lyawona, Me 2019, 81). Kijan w ap ede timoun yo konprann kòman yo ka patisipe nan travay kapital sa a?

Aktivite posib

  • Montre foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo, epi envite timoun yo pou yo pataje sa yo konnen sou Dezyèm Vini Jezikri a. Apre sa, pandan w ap itilize Doktrin ak Alyans 133:19–25, 46–52, envite yo pou yo ajoute kèk bagay nan lis yo a. Pataje temwayaj ou ke Dezyèm Vini an ap yon jou mèveye pou moun ki jis yo.

  • Pou ede timoun yo konprann vèsè 19 la, pale yo de fason yon fiyanse ka prepare l pou maryaj li (petèt yon moun ki fèk marye ta ka ede nan konvèsasyon sa a). Kijan nou sanble avèk yon fiyanse k ap prepare l “pou Epou a k ap vini an,” Jezikri? Si w panse sa ap itil, revize parabòl dis vyèj yo avèk timoun yo (gade nan Matye 25:1–13). Poukisa li enpòtan pou nou prepare pou Dezyèm Vini Sovè a? Kisa nou ka fè pou nou prepare kounyeya?

Doktrin ak Alyans 134:1–2

Senyè a vle pou m obeyi lalwa.

Byenke gen divès fòm gouvènman nan mond lan, Senyè a vle pou nou “soutni ak kore … gouvènman kote [nou] rete a” (Doktrin ak Alyans 134:5).

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo fè lis règ ak lwa yo obeyi. Kijan lavi a tap ye si okenn moun pa t obeyi lwa sa yo? Li Doktrin ak Alyans 134:1-2 avèk timoun yo, pandan w ap ede yo konprann tout mo ak ekspresyon yo ka pa konprann yo. Poukisa Senyè a vle pou nou gen gouvènman ak lwa?

  • Ekri chak mo oswa ekspresyon ki soti nan onzyèm ak douzyèm atik lafwa yo sou yon moso papye separe. Melanje papye yo, epi mande timoun yo pou yo travay ansanm pou mete yo nan bon lòd la. Kijan nou ka montre ke nou kwè sa atik lafwa sa yo anseye yo?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Bay chak timoun yon kesyon pou l poze yon manm fanmi l lakay li. Pa egzanp, si w te pale de Dezyèm Vini Sovè a, yon timoun ta ka mande: “Kisa nou ka fè pou nou prepare nou pou Jezi retounen ankò?”

Amelyore Ansèyman Nou

Chèche konprann timoun w ap anseye yo. Ou konnen timoun w ap anseye yo. Ide ki nan plan sa a kapab bezwen modifye pou l ka reponn pi byen a bezwen yo. Pou ede w, refere w a tout aktivite ki mansyone nan plan leson sa a, pa sèlman a sa ki koresponn a laj timoun w ap anseye yo. (Gade Anseye nan Fason Sovè a,7.)

Enprime