Doktrin ak Alyans 2021
13–19 Septanm. Doktrin ak Alyans 102—105: “Apre Anpil Tribilasyon … Benediksyon Vini”


“13–19 Septanm. Doktrin ak Alyans 102—105: ‘Apre Anpil Tribilasyon … Benediksyon Vini’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“13–19 Septanm. Doktrin ak Alyans 102–105,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
gason ki kanpe bò charyo

C. C. A. Christensen (1831–1912), Kan Siyon, c. 1878, penti tempera sou mouslin, 78 × 114 pous. Mize Atistik Inivèsite Brigham Young, kado pitit pitit C. C. A. Christensen, 1970.

13–19 Septanm

Doktrin ak Alyans 102–105

“Apre Anpil Tribilasyon … Benediksyon Vini”

Etid ou sou Doktrin ak Alyans 102:-5 la se yon pati enpòtan nan preparasyon w pou anseye. Koute enpresyon espirityèl sou fason pou ede timoun yo konprann ekriti yo pi byen.

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Ede timoun yo chwazi yon chan ki raple yo yon bagay yo te aprann lakay yo oubyen nan legliz la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin Nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Doktrin ak Alyans 103:9

Mwen ka “yon limyè pou mond lan.”

Kijan w ka ankouraje timoun w ap anseye yo pou yo pataje limyè levanjil la avèk moun ki bò kote yo?

Aktivite posib

  • Li Doktrin ak Alyans 103:9 pou timoun yo, epi envite yo pou yo kenbe foto yon anpoul, yon balèn, oubyen yon lòt sous limyè. Mande yo pou yo montre yon lòt moun nan klas la foto yo a. Di timoun yo kijan yo tankou yon limyè pou lòt moun lè yo suiv Jezikri.

  • Chante yon kantik avèk timoun yo sou fason yo kapab yon egzanp, tankou “Brillant pour lui” oswa “Vois l’étoile du ciel” (Chants pour les enfants, 38–39, 84). Ede yo panse a aksyon ki mache avèk mo yo. Kijan nou ka yon limyè, oubyen yon bon egzanp, pou moun bò kote nou?

    Imaj
    balèn ki limen

    Mwen ka yon limyè pou mond lan.

Doktrin ak Alyans 104:42

Senyè a ap beni m si m obeyi kòmandman L yo.

Plizyè fwa nan seksyon 104 18 la, Senyè a pwomèt moun ki obeyi kòmandman L yo fidèlman “anpil benediksyon.” Kijan w ap ede timoun yo santi ke L vle beni nou anpil anpil.

Aktivite Posib

  • Envite timoun yo pou yo fè yon aksyon, tankou sekwe dwèt yo, chak fwa yo tande mo “benediksyon” an pandan w ap li Doktrin ak Alyans 104:42. Di timoun yo kijan Pè Selès la beni w paske w krespekte kòmandman L yo. Mande yo pou yo di kijan Li beni yo. Envite chak timoun pou l pataje yon kòmandman li ka obeyi.

  • Pou ede timoun yo konprann kisa “miltiplisite” vle di, trase yon wonn sou tablo a oubyen sou yon moso papye. Mande yo pou yo ede w miltipliye kantite wonn yo—nan trase de wonn, ansuit kat, ansuit uit, ansuit sèz, etstera—jiskaske papye a oubyen tablo a ranpli ak wonn. Chak fwa w ajoute yon wonn, ede yo panse a yon benediksyon Pè Selès la ba yo. Eksplike ke “miltiplisite benediksyon yo” vle di ke Senyè a ap ranpli lavi nou avèk benediksyon si nou obeyi kòmandman L yo.

Doktrin ak Alyans 105:38–40

M ka yon pasifikatè.

Gen anpil leson nou ka aprann nan eksperyans Kan Siyon an. Youn ki ta kapab enpòtan pou timoun yo sè ke kontansyon ak kerèl pote pwoblèm, pandan ke inite ak lapè pote benediksyon.

Aktivite posib

  • Nan pwòp mo pa w, rakonte timoun yo istwa Kan Siyon an (gade enstriksyon plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo; Les Saints, 1:194–206; oswa “L’offrande acceptable du camp de Sion” [Révélations dans leur contexte, 213–18]). Fè yon ti poz tanzantan pou w siyale leson nou ka aprann nan Kan Siyon an—pa egzanp, Senyè a vle pou nou viv nan lapè epi pou nou travay ansanm olye pou nou nan diskisyon ak goumen.

  • Li Doktrin ak Alyans 105:38–40, epi mande timoun yo pou yo kanpe chak fwa yo tande mo “lapè” a. Eksplike ke Senyè a te vle pou Sen yo fè lapè avèk moun ki pa t janti yo. Ede timoun yo panse a kèk bagay yo kapab fè pou yo ka vin tounen pasifikatè, epi envite yo pou yo jwe senaryo sou kèk sitiyasyon.

  • Pataje yon istwa ki soti nan pwòp lavi pa w oswa nan Zanmi An oswa nan Lyawona apwopo yon timoun ki te pasifikatè. Chante yon chan sou renmen lòt moun, tankou “Aimez chacun” (Chants pour les enfants, 39), oubyen konplete paj aktivite semèn sa a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Doktrin ak Alyans 104:13–18

Senyè a vle m pataje sa m genyen avèk moun ki nan bezwen yo.

Konsidere fason w ka ede timoun yo konprann fason Senyè a reponn bezwen moun ki nan bezwen yo.

Aktivite posib

  • Bay timoun yo kèlke minit pou yo fè yon lis benediksyon Bondye ba yo. Ankouraje yo pou yo pou yo mete nan list la otan yo kapab. Apre sa, li ansanm Doktrin ak Alyans 104:13–18 la, pandan w ap chèche repons pou kesyon tankou sa yo: Kiyès ki vrè mèt tout bagay ki sou tè a? Poukisa Li ba nou yo? Kisa L vle nou fè avèk bagay sa yo? Ede timoun yo panse a fason yo ka pataje benediksyon yo avèk lòt moun.

  • Pataje yon eksperyans kote yon moun te ba w yon bagay ou te bezwen, epi mande timoun yo pou yo pataje menm kalite eksperyans yo. Oubyen pase yon video sou sèvi lòt moun, tankou “The Coat (Manto a)” (ChurchofJesusChrist.org). Kisa nou aprann nan eksperyans sa yo sou sèvi lòt moun? Envite timoun yo pou yo pote atansyon a moun ki nan bezwen yo epi jwenn yon moun pou yo sèvi semèn sa a, tankou yon moun nan lekòl yo oubyen espesyalman yon moun nan fanmi yo.

  • Envite yo pou yo chèche nan Chants pour les enfants oswa nan liv Cantiques la pou yo ka jwenn kantik ki an rapò avèk sèvis oubyen ede lòt moun, (gade endèks pa sijè a). Chante youn oubyen de chan ansanm, epi pale de sa chan sa yo anseye nou.

Doktrin ak Alyans 105: 9–19

Mwen ka obeyi kòmandman Senyè a bay yo menm lè m pa konprann pou ki rezon Li bay yo.

Eksperyans Kan Siyon an kapab yon mwayen puisan pou ilistre benediksyon ki soti nan chèche fè volonte Senyè a.

Aktivite Posib

  • Montre foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo, epi envite timoun yo pou yo pataje sa yo konnen osijè Kan Siyon an. Si yo bezwen èd, itilize entwodiksyon plan leson semèn sa a nan Vini Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo; Les Saints, 1:194–206; oswa “L’offrande acceptable du camp de Sion” (Revélations dans leur contexte, 213–18). Envite timoun yo pou yo pretann yo se manm Kan Siyon an, ki ap rakonte pitit yo eksperyans yo. Kisa yo t ap renmen pitit yo aprann apati eksperyans sa yo?

  • Li ansanm Doktrin ak Alyans 105:13-14, epi eksplike ke lè Kan Siyon an te rive nan Missouri, Senyè a te di yo pou yo pa t eseye reprann tè Sen yo te pèdi yo. Gen kèk nan manm yo nan kan an ki te fache e yo te mande tèt yo poukisa yo te kòmande yo pou yo te ale nan Missouri. Kisa nou dwe fè lè nou pa konprann rezon k fè yo ba nou yon kòmandman? Pataje kèk istwa nan “Vwa Retablisman an: Kan Siyon an” (nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo) pou ede timoun yo wè ke benediksyon vini lè nou obeyi kòmandman Bondye ba nou atravè pwofèt Li yo, menm si nou pa konprann tout rezon yo.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Ankouraje timoun yo pataje eksperyans Kan Siyon an avèk yon moun lakay yo, ansanm avèk yon leson yo te aprann nan eksperyans sa yo. Oubyen envite yo pou yo panse a yon benediksyon Bondye te ba yo ke yo ka pataje avèk yon moun ki nan bezwen.

Amelyore Ansèyman Nou

Trete deranjman yo avèk amou. “Pafwa yon timoun aji nan fason ki deranje aprantisaj lòt timoun yo nan klas la. Lè sa rive, se pou w gen pasyans, lanmou, ak konpreyansyon pou pwoblèm timoun sa a kapab ap konfwonte. … Si timoun ki koze deranjman an gen bezwen espesyal, pale avèk espesyalis andikap pawas la oubyen pieu a oubyen ale nan[disabilities.ChurchofJesusChrist.org] pou w ka jwenn fason pou w pi reponn bezwen sa yo pi byen” (Anseye nan Fason Sovè a, 26).

Enprime