Doktrin ak Alyans 2021
30 Out–5 Septanm Doktrin ak Alyans 94–97: “Pou Sali Siyon”


30 Out–5 Septanm Doktrin ak Alyans 94–97: ‘Pou Sali Siyon,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“30 Out–5 Septanm. Doktrin ak Alyans 94–97,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
Tanp Kirtland nan

Tanp Kirtland, pa Al Rounds

30 Out–5 Septanm

Doktrin ak Alyans 94–97

“Pou Sali Siyon”

Chèche enspirasyon pou w ka konnen ki prensip nan seksyon 94–97 la pou w aksantye pandan w ap anseye a. Ou kapab adapte ide pou aktivite timoun pi piti yo lè w ap anseye timoun ki pi gran yo, epi fè menm bagay la pou pi gran yo tou.

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Montre timoun yo foto yon tanp, epi envite yo pou yo di kisa yo konnen sou tanp. Yo ta kapab pale tou de kijan yo santi yo lè yo wè yon tanp.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin Nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Doktrin ak Alyans 95:8; 97:15–16

Tanp lan se kay Senyè a.

Menm timoun yoinan Kirtlandte ede bati tanp lan, nan ti fason pa yo, men nan fason siyifikatif. Ede timoun w ap anseye yo fòtifye lanmou yo pou kay sen Senyè a.

Aktivite Posib

  • Montre yon foto Tanp Kirtland nan (gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo). Itilize kèk fraz ki nan Doktrin ak Alyans 95:8 pou anseye timoun yo kòmandman Senyè a te bay pou bati tanp sa a. Fè chak timoun yo kenbe foto a lè tou pa yo rive epi pou yo di “Tanp lan se kay Senyè a.”

    Imaj
    Tanp Kirtland nan

    Sen yo te bati yon tanp pou yo te santi yo pi pre Bondye.

  • Di timoun yo ke sou chak tanp yo ekri “Sentete pou Senyè a. Kay Senyè a.” Si sa posib, montre yo yon foto pawòl sa yo sou yon tanp. Poukisa tanp lan se yon kote espesyal? Li kèk fraz nan Doktrin ak Alyans 97:15-16 ki anseye ke tanp lan se kay Senyè a, epi pataje santiman w osijè tanp.

  • Envite yo pou yo pretann ke y ap ede bati yon tanp (koupe bwa, kloure klou, pentire mi, etsetera). Eksplike kijan tanp enpòtan pou Senyè a, kijan Sen yo te travay di pou yo te bati Tanp Kirtland nan, ak ki kantite sakrifis yo te fè pou li (gade nan Les saints, 1:210).

  • Chante yon kantik ansanm pou ede timoun yo santi reverans pou kay Senyè a, tankou “Oh, j’aime voir le temple” (Chants pour les enfants, 99). Kite timoun yo pataje sa yo santi konsènan tanp.

Doktrin ak Alyans 97:8

Mwen ka onèt.

Nan Doktrin ak Alyans 97:8, Senyè a te idantifye onètete kòm yon kalite ki nan moun “mwen aksepte yo.”

Aktivite Posib

  • Eksplike timoun yo ke Bondye te anseye ke lè nou onèt, Li aksepte nou (gade nan Doktrin ak Alyans 97:8). Pataje avèk yo kèk istwa brèf pou ede yo konprann kisa sa vle di pou yo onèt. Istwa sa yo ta kapab soti nan lavi pa w, nan lavi yon moun ou konnen, oubyen nan Zanmi an oswa Lyawona. Ede timoun yo rakonte w istwa yo apre sa oubyen pataje eksperyans avèk onètete nan lavi yo.

  • Ede timoun yo aprann premye fraz trèzyèm atik lafwa a: “Nou kwè nou dwe onèt.” Ede timoun yo jwe yon senaryo avèk egzanp konsènan onètete ak malonètete. Pa egzanp, timoun yo ta ka jwe yon wòl kote yo pran yon bagay nan men yon frè oswa yon sè yo epi yo di paran yo ke yo pa t pran l. Apre sa, ede yo jwe menm senaryo a kote yo di paran yo laverite. Eksplike yo ke sa se onètete.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki Pi Gran yo

Doktrin ak Alyans 95:1–3, 8, 11–17; 97:10–17

Tanp lan se kay Senyè a.

Reflechi sou fason w ka itilize vèsè sa yo pou ede timoun yo konprann kijan tanp enpòtan pou Senyè a—ak kijan li ta dwe enpòtan pou nou tout.

Aktivite Posib

  • Mande timoun yo pou yo pale de kèk okazyon kote yo te sipoze fè yon bagay men yo pa t fè l imedyatman. Ede yon timoun li Doktrin ak Alyans 95:3, 8, epi mande timounyo ki kòmandman Senyè a te di Sen yo pa t obeyi. Li vèsè 11 la ansanm. Kisa Sen yo te bezwen fè pou yo te ka bati tanp lan? Kisa nou ka aprann nan pwomès Senyè a te fè yo a?

  • Sou kèk kat, ekri prensip konsènan tanp nou jwenn nan Doktrin ak Alyans 95 ak 97 yo ansanm avèk referans nan ekriti yo ki koresponn avèk yo, epi mete kat yo nan yon sache. Pa egzanp: Bati tanp mande sakrifis (Doktrin ak Alyans 97:11–12) ak Nou dwe diy pou n antre nan tanp (Doktrin ak Alyans 97:15–17). Divize timoun yo an gwoup de pa de. Fè chak gwoup chwazi yon kat nan sache a epi apre sa travay ansanm pou li ekriti ki sou kat la epi pale de kisa prensip la vle di pou yo. Ede timoun yo konprann sa y ap li a si sa nesesè.

  • Envite yon jèn nan pawas oubyen branch ou a ki deja al nan tanp pou l vin pataje eksperyans li epi di timoun yo kisa yo kapab fè pou yo prepare yo pou y al yo al nan tanp.

  • Itilize atik “Ton chemin vers le temple” (nan Les temples de l’Église de Jésus-Christ des Saints des Derniers Jours [nimewo espesyal ki nan Ensign oswa Liahona, Okt. 2010], 72–75) pou ede timoun yo konprann sa k ap pase andedan tanp yo ak kijan yo ka prepare yo. Panse pou w bay chak timoun yon pati nan atik la pou li epi kite yo di kisa yo aprann.

  • Pase videyo “De Apot K ap Vizite Tanp Rome an Itali a” (ChurchofJesusChrist.org), epi envite yo pou yo di kijan yo santi yo apwopo de ale nan tanp yon jou.

  • Chante yon chan sou tanp avèk timoun yo, tankou “Oh, j‘aime voir le temple” (Chants pour les enfants,99). Ki fraz nan kantik sa a ki anseye nou poukisa tanp lan sakre?

Doktrin ak Alyans 97:1–2, 8–9, 21

Siyon se “moun ki gen kè pi.”

Ede timoun yo konprann Siyon se pa sèlman yon kote; se “moun ki gen kè pi” yo tou (Doktrin ak Alyans 97:21).

Aktivite Posib

  • Envite timoun yo pou yo li Doktrin ak Alyans 97:21, epi mande yo kisa mo “pi” a vle di. Pou ilistre, montre yo yon vè dlo pwòp, epi diskite rezon k fè l enpòtan pou nou gen dlo pwòp. Ajoute yon bagay nan dlo a pou fè l vin sal (tankou tè oubyen pwàv). Envite timoun yo pou yo li Doktrin ak Alyans 97:21 ankò epi mete dwèt yo sou mo “pi” a. Kisa sa vle di pou kè nou pi? Ede yo konprann ke gen kè pipa vle di nou p ap janm fè erè. Kisa nou ka fè pou nou vin pi gen plis kè pi? Kijan Sovè a ede nou?

  • Ede timoun yo chèche nan Doktrin ak Alyans 97:1–2, 8–9, 21, pou yo ka jwenn mo oswa fraz ki dekri kijan pou nou vin gen kè pi. Mande yo pou yo chwazi yon mo oubyen yon fraz, ekri l sou yon moso papye, epi mete l nan yon veso. Rale papye yo youn apre lòt, epi mande timoun yo pou yo sigjere kèk bagay yo ka fè pou itilize ide sa a nan lavi yo. Pa egzanp, kisa nou ka fè pou nou “jwenn laverite” (vèsè 1) oubyen pou nou pi “onèt” (vèsè 8)?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Ankouraje timoun yo pou yo itilize paj aktivite semèn sa a pou yo pataje avèk fanmi yo sa yo te aprann osijè tanp.

Amelyore Ansèyman Nou

Ankouraje timoun yo pou yo poze kesyon. “Fè efòse ou w konsidere kesyon [timoun yo] kòm opòtinite, non pa kòm distraksyon oswa obstak pou leson w lan. … Kesyon sa yo ba w ide valab sou sa timoun yo ap panse, sou ki pwoblèm yo genyen, ak kijan y ap reyaji pa rapò a bagay y ap aprann yo. Ede yo wè ke yo ka jwenn repons pou kesyon yo genyen yo nan ekriti yo ak nan pawòl pwofèt vivan yo” (Anseye nan Fason Sovè a, 25–26).

Enprime