Doktrin ak Alyans 2021
23–29 Out. Doktrin ak Alyans 93: “Resevwa Plenitid Li”


“23–29 Out Doktrin ak Alyans 93: ‘Resevwa Plenitid Li,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“23–29 Out. Doktrin ak Alyans 93,“ Vini, Suiv Mwen—Pou Primè

Imaj
Etyèn wè Bondye ak Jezikri

Mwen wè Pitit Gason Lòm nan Kanpe Adwat Bondye, pa Walter Rane

23–29 Out

Doktrin ak Alyans 93

“Resevwa Plenitid Li”

Timoun w ap anseye yo se pitit gason ak pitit fi lespri presye Paran Selès epi yo te viv avèk Yo anvan yo te vini sou tè a. Apre w fin etidye Doktrin ak Alyans 93 la, kisa w santi w enspire pou w fè pou ede timoun sa yo grandi “nan limyè ak laverite”? (vèsè 40).

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Montre foto Sovè a (tankou sa ki nan Liv Ilistrasyon Levanjil la oswa revi Legliz la), epi mande timoun yo pou yo pataje sa yo konnen osijè Li. Timoun ki pi gran yo gen dwa kapab pataje yon ekriti nan Doktrin ak Alyans 93 la ki te ede yo aprann osijè Jezikri.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin Nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Doktrin ak Alyans 93:2–21

Jezikri se Pitit Gason Bondye.

Li enpòtan pou timoun w ap anseye yo aprann kiyès Jezikri ye ak poukisa yo dwe suiv Li. Verite konsènan Jezikri ke nou jwenn nan seksyon 93 la kapab ede.

Imaj
fenèt an vit

Nou resevwa limyè Jezikri lè nou respekte kòmandman L yo.

Aktivite Posib

  • Chwazi plizyè verite ou te aprann konsènan Sovè a nan seksyon 93 la ki enspire w. Pou chak verite w chwazi, li vèsè kote l mansyone a pou timoun yo, epi ba yo yon mo kle pou yo koute pandan w ap li a. Pataje yon brèf temwayaj sou Sovè a, epi pèmèt timoun yo pataje pwòp temwayyaj pa yo. Lis verite sa yo kapab ba w kèk ide:

    Jezikri te fè travay Papa a (vèsè 5).

    Jezikri se Limyè Mond lan (vèsè 9).

    Jezikri se Kreyatè mond lan (vèsè 10).

    Jezikri te resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a(vèsè 17).

    Jezikri te avèk Bondye nan kòmansman an (vèsè 21).

  • Mande timoun yo pou yo koute si yo tande yon bagay yo aprann konsènan Sovè a pandan w ap rezime nan pwòp mo pa w kèk nan verite yo anseye nan seksyon 93 la. (Ou ta kapab itilize tou“Chapit 33: Yon Revelasyon sou Jezikri” [Istwa Doktrin ak Alyans yo, 126–27].)

Doktrin ak Alyans 93:23, 29

Mwen te viv avèk Pè Selès la anvan m te vin sou tè a.

Poukisa l ta ka enpòtan pou ede timoun w ap anseye yo konprann ke yo te viv avèk Pè Selès la anvan yo te fèt? Kijan yonkonesans verite sa a beni w?

Aktivite Posib

  • Repete pawòl sa yo ansanm avèk timoun yo “Ou te nan kòmansman an tou avèk Papa a” (Doktrin ak Alyans 93:23). Eksplike ke anvan nou te fèt sou tè a, nou te viv avèk Pè Selès la nan syèl la. Chante ansanm “Je suis enfant de Dieu” oswa “J’habitais dans les cieux” (Chants pour les enfants, 2–3, 4).

  • Envite timoun yo pou yo kolore paj aktivite a epi pou yo desine yomenm ak Pè Selès la ak Jezikri nan lavi premòtèl la. Rann temwayaj ou ke Bondye renmen nou tout epi nou tout se pitit Li.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki Pi Gran yo

Doktrin ak Alyans 93:2–21

Jezikri se Pitit Gason Bondye.

Plis nou konprann kiyès Jezikri ye, se plis dezi pou nou adore Li ak vin jwenn Papa a atravè Limenm nan ap pwofon ak sensè (gade nan Doktrin ak Alyans 93:19).

Aktivite Posib

  • Montre yon foto Sovè a, epi mande timoun yo poukisa li enpòtan pou nou konnen kiyès Jezikri ye. Envite yo pou yo chèche repons adisyonèl nan Doktrin ak Alyans 93:19. Envite yo pou yo panse a yon fason yo ka aprann plis konsènan Jezi pandan semèn k ap vini an, epi ba yo yon chans pou yo pataje ide yo.

  • Panse a yon fason kreyatif pou ankouraje yo pou yo li konsènan Sovè a nan seksyon 93. Ou ta gen dwa ekri sou kèk moso papye plizyè referans a vèsè ki nan seksyon 93 la ki anseye (anpil) verite konsènan Jezikri (pa egzanp, gade nan vèsè 5, 9–10, 17, 21). Mete moso papye yo nan yon veso, epi mande timoun yo pou yo chak chwazi youn lè tou pa yo rive epi pou yo li pasaj ekriti a pou klas la. Kisa nou aprann konsènan Jezikri nan pasaj sa yo?

Doktrin ak Alyans 93:23, 29, 38

M te viv nan syèl la avèk Pè Selès la anvan m te vini sou tè a.

Sovè a te souliye twa fwa nan seksyon 93 la ke nou te viv avèk Bondye “nan kòmansman an” (vèsè 23, 29, 38). Poukisa Li vle pou nou konnen sa? Kijan konnen verite sa a ta kapab beni timoun w ap ansenye yo?

Aktivite Posib

  • Li Doktrin ak Alyans 93:23, 29, 38 ansanm, epi envite timoun yo pou yo chèche yon verite konsènan yomenm ki repete nan vèsè sa yo. Mande yo pou yo pataje nenpòt sa yo konnen sou lavi nou avèk Pè Selès la anvan nou te fèt. Bay chak timoun youn nan referans ekriti sa yo, epi ede yo jwenn yon bagay ekriti sa yo anseye sou lavi anvan nou te vin sou tè a: Jeremi 1:5; Doktrin ak Alyans 138:53–56; Moyiz 3:5; Abraram 3:22–26.

  • Chante ansanm “Je suis enfant de Dieu” oswa “J’habitais dans les cieux” (Chants pour les enfants, 2–3, 4). Ki verite nou aprann nan kantik sa a sou bi ki fè nou vini sou tè a?

Doktrin ak Alyans 93:24

Verite se konesans bagay jan yo ye, epi jan yo te ye, ak jan yo pral vin ye;

Mond lan gen opinyon diferan sou sa verite ye ak kijan pou nou jwenn li. Kijan w ka ede timoun w ap anseye yo konprann ke verite pa chanje kèlkeswa sa lòt moun ta ka di,e ke Pè Selès la konnen tout verite?

Aktivite Posib

  • Ekri mo verite a sou tablo a, epi mande timoun yo pou yo ekri yon definisyon bò kote li. Li ansanm jan Senyè a te deifini verite nan Doktrin ak Alyans 93:24. Chante yon kantik sou verite, tankou “O toi, vérité” (Cantiques, n0 175), epi envite timoun yo pou yo chèche nan pawòl kantik la lòt fason pou yo dekri verite.

  • Pou ede timoun yo aplike bann verite ki nan Doktrin ak Alyans 93la, ekri kèk referans ekriti ki soti nan seksyon sa a sou kèk moso papye. Sou kèk lòt moso papye, ekri verite chak nan vèsè sa yo anseye. Envite timoun yo pou yo travay ansanm pou yo li vèsè yo epi pou yo fè verite yo koresponn avèk vèsè y ap li yo. Poukisa nou rekonesan dèske nou gen yon konesans sou laverite?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo ekri oubyen desine yon bagay yo te aprann nan klas la epi pou yo pataje l avèk fanmi yo lè yo rive lakay yo.

Amelyore Ansèyman Nou

Ede timoun yo rekonèt Lespri a. Lè w fè eksperyans espirityèl avèk timoun yo (pa egzanp, pandan w ap li ekriti yo avèk yo, tande temwayaj yo, oubyen chante ansanm), ede yo rekonèt enfliyans Sentespri a.

Enprime