Doktrin ak Alyans 2021
(9–15 Out. Doktrin ak Alyans 88: “Etabli … yon Kay Bondye”


“9–15 Out. Doktrin ak Alyans 88: “Etabli … yon Kay Bondye’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“9–15 Out. Doktrin ak Alyans 88,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
sal ki gen chèz ak ban

9–15 Out

Doktrin ak Alyans 88

“Etabli … yon Kay Bondye”

Doktrin ak Alyans 88:118 konseye “pou youn ansenye lòt pawòl sajès.” Kisa “pawòl sajès” nan Doktrin ak Alyans 88 la ki sanble l pi gen rapò avèk timoun w ap anseye yo?

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Di timoun yo ke Pè Selès la ak Jezikri vle pou nou kontinye aprann pandan tout lavi nou. Apre sa, mande yo pou yo pataje yon bagay y ap aprann lakay yo, nan lekòl yo, oubyen nan Legliz la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki Pi Piti yo

Doktrin ak Alyans 88:63

Bondye vle pou m pwòch Li.

Kisa w kapab fè pou ede timoun w ap anseye yo santi prezans Bondye nan lavi yo?

Aktivite posib

  • Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 88:63 a, envite timoun yo pou yo mime mo yo tande yo. Pa egzanp, yo ta kapab pran pòz y ap chèche yon bagay oubyen frape.

  • Mande yon timoun pou l kenbe yon foto Jezi devan sal la pandan lòt timoun yo kanpe deyè sal la. Envite timoun yo fè yon pa devan chak fwa w di yon bagay nou kapab fè pou nou vin pi pre Sovè a epi pi fè yon pa an aryè chak fwa ou di yon bagay ki distanse nou de Sovè a. Rann temwayaj ou ke lè nou eseye vin pi pre Senyè a, Li vin pi pre nou.

Doktrin ak Alyans 88:118

Pè Selès la vle pou m aprann.

“Edikasyon se yon pati enpòtan nan plan Pè Selès la pou ede w vini plis tankou li. … Edikasyon w ap akeri a pral gen anpil enpòtans pou ou pandan mòtalite a ak nan lavi ka p vini an” (Pou fòs Jèn yo, 9).

Aktivite posib

  • Montre yo foto yon lekòl, oubyen desine youn sou tablo a, epi envite yo pou yo eksplike kisa yon lekòl ye ak kisa ki pase nan lekòl. Pale de lekòl Joseph Smith te kòmanse a (gade nan “Chapit 31: Pawòl Sajès la,” Doktrin ak Alyans, 119–22). Montre timoun yo foto yon kay, yon legliz, ak yon tanp, epi mande yo kijan kote sa yo se lekòl yo ye tou.

  • Chante yon kantik sou aprantisaj, tankou “Quand je lis l’Ecriture sainte” (Chants pour les enfants, 66). Mande timoun yo kisa yo kontan aprann.

  • Li Doktrin ak Alyans 88:118, epi mete aksan sou ekspresyon “youn anseye lòt” la. Pataje tikras nan sajès ou te aprann nan men chak timoun nan klas ou a, epi envite yo pou yo pataje sajès yo te aprann.

    Imaj
    timoun k ap li ekriti yo

    Nou ta dwe chèche sajès ak enstriksyon.

Doktrin ak Alyans 88:119

Tanp la se kay Bondye.

Reflechi sou kijan w ap ede timoun yo santi lanmou pou tanp ak yon dezi pou yo adore Senyè a ladan l lè yo pare.

Aktivite posib

  • Montre yo kijan pou yo fè “kloche” yon tanp nan leve bra yo epi touche pwent dwèt yo ansanm. Li Doktrin ak Alyans 88:119, epi mande yo pou yo fè yon kloche chak fwa w di mo “kay” la. Eksplike ke Pè Selès la te vle pou Joseph Smith ak Sen yo bati yon tanp, oubyen yon “kay Bondye.” Montre foto yon tanp nan zòn nan pandan w ap pale de diferans ant yon tanp ak yon kote yo fè reyinyon Legliz.

  • Pataje yon temwayaj konsènan tanp, epi chante ansanm yon chan sou tanp avèk timoun yo, tankou “Oh, j‘aime voir le temple” (Chants pour les enfants, 99). Envite yo pou yo desine yomenm ki apral nan tanp.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki Pi Gran yo

Doktrin ak Alyans 88:68, 74

Jezikri kapab ede m soti nan peche pou m vin pwòp.

Lè moun sanktifye, sa vle di yo vin pwòp ak pi. Kijan w kapab ede timoun yo konprann ke yo kapab sanktifye lè yo suiv Jezikri?

Aktivite posib

  • Envite yon timoun li Doktrin ak Alyans 88:68 fò epi yon lòt li vèsè 74 la. Mande timoun yo pou yo koute yon ekspresyon ki nan toulède vèsè sa yo. Kijan nou “sanktifye” tèt nou? (Si sa nesesè, ede timoun yo gade “Sanktifikasyon” nan Gid Ekriti yo.) Desine foto yon kè, yon men, ak yon pye sou tablo a. Ede timoun yo panse a kisa “pirifye” ak “netwaye” kè nou, men nou, ak pye nou ta kapab vle di. Kijan Sovè a ede nou fè sa? Kijan nou ka itilize kè nou, men nou ak pye nou pou nou vin pi sanble avèk Jezikri?

  • Eksplike ke Senyè a te vle pou pèp li a sanktifye anvan yo te kapab ale nan tanp lan. Anvizaje envite yon jènjan oswa yon jènfi ki gen yon rekòmandasyon tanp vin vizite klas la. Envite l montre timoun yo a kisa yon rekòmandasyon tanp sanble, diskite sou kisa yo fè pou yo viv diy pou li, epi di yo poukisa li enpòtan pou nou gen yon rekòmandasyon tanp menm si nou pa rete pre yon tanp.

Doktrin ak Alyans 88:77–80, 118

Pè Selès la vle pou m appran.

Ou kapab ede timoun yo konprann ke enfòmasyon sou zafè espirityèl ak tanporèl yo kapab prepare yo pou yo sèvi Senyè a.

Aktivite posib

  • Ekri sou tablo a Kisa, Poukisa, ak Kijan. Envite yo li Doktrin ak Alyans 88:77–79 la de pa de epi fè yon lis tout sa Senyè a vle nou aprann. Apre sa, mande yo pou yo fouye nan vèsè 80 an pou yo ka konnen poukisa l vle nou aprann. Yo ka chèche nan vèsè 118 pou nou jwenn kijan nou dwe aprann. Kisa nou aprann nan vèsè sa yo sou fason Senyè a wè edikasyon ak aprantisaj?

  • Montre yo yon kat mond lan, epi li ansanm Doktrin ak Alyans 88:79. Poukisa li enpòtan pou nou gen enfòmasyon sou lòt peyi ak lòt kilti? Si oumenm obyen timoun w ap anseye yo te vizite oswa viv nan yon lòt peyi, montre atik ki reprezante kilti a, epi pataje bagay ou aprann yo.

Doktrin ak Alyans 88:119–26

“Etabli … yon kay Bondye.”

Enstriksyon Senyè a konsènan “kay Bondye” a kapab yon gid itil pou nou lè n ap bati lavi nou ak fwaye nou.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo chwazi sèt mo ki dekri lakay yo oubyen yon fwaye yo te vizite. Apre sa mande yo pou yo li Doktrin ak Alyans 88:119 epi pou yo jwenn sèt mo Senyè a itilize pou dekri kay li a. Ede yo panse a fason yo kapab fè lakay yo tounen yon “kay Bondye.”

  • Bay chak timoun yon ekspresyon ki soti nan Doktrin ak Alyans 88:119–26 la pou yo desine. Lè youn montre lòt foto yo, kite timoun yo fouye vèsè yo pou yo ka devine ki ekspresyon chak foto reprezante.

  • Ekri sou tablo a ak Pa Fè. Envite timoun yo li Dokrin ak Alyans 88:119–26 ak lis bagay Senyè a te vle pou sen yo fè yo oubyen pa fè pou yo te prepare yo pou yo t al aprann nan tanp lan. Yo gen dwa gade mo ki pa familye yo nan yon diksyonè. Envite timoun yo chwazi yon bagay yo pral kòmanse fè oubyen yon bagay yo pral sispann fè.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo ekri oswa desine yon bagay yo te aprann ke yo ta renmen pataje avèk fanmi yo.

Amelyore Ansèyman Nou

Ede timoun yo patisipe nan diskisyon sou levanjil la. Ou kapab bezwen panse a fason kreyatif pou òganize diskisyon levanjil avèk timoun ki pi piti yo. Paregzanp, ou ta kapab pote nan klas la yon bagay timoun yo kapab kenbe lè se tou pa yo pou yo pale.

Enprime