Èd pou Timoun ak Jèn yo
Mesaj Premye Prezidans lan


“Mesaj Premye Prezidans lan,” Timoun ak Jèn nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo: Yon Gid Entwodiksyon pou Paran ak Dirijan (2019)

“Mesaj Premye Prezidans lan”

Mesaj Premye Prezidans lan

Chè frè ak sè nou yo,

Timoun yo ak jèn yo nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se pitit gason ak pitit fi byeneme Bondye. Yo gen potansyèl pou yo fè gwo enpak sou mond lan.

Prensip yo anseye nan pwogram sa a pou timoun yo ak jèn yo reprezante yon fason pi elve ak pi sakre pou ankouraje jenerasyon k ap grandi a pou yo suiv Jezikri epi pou yo aplike levanjil li a nan tout lòt aspè nan lavi yo. Gwo pwogram sa a ap enkli aprantisaj levanjil la, privilèj pou rann sèvis, devlopman pèsonèl, ak lòt aktivite eksitan. Pwogram sa a ap kòmanse lakay. Paran yo gen responsablite sakre pou yo anseye timoun yo nan limyè ak laverite. Dirijan Legliz yo ofri sipò ak konsèy valab pou timoun yo, jèn yo, ak fanmi yo.

Nou renmen nou. Nou gen konfyans nan nou. Nou pwomèt ke Papa nou ki nan Syèl la ap kontinye beni nou ak soutni nou pandan n ap dirije ak gide pitit li yo nan lafwa.

Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo

Imaj
Sovè a

Enprime