Èd pou Timoun ak Jèn yo
Wòl


“Wòl,” Timoun ak Jèn nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo: Yon Gid Entwodiksyon pou Paran ak Dirijan (2019)

“Wòl”

Wòl

Fwaye ak Paran

Imaj
yon fanmi k ap mache deyò

Ki wòl pa m?

Se pou w rete yon egzanp jis pou timoun ou yo. Anseye yo kijan pou yo pwogrese nan tout aspè nan lavi yo. Jwenn fason pou ede yo aprann lajwa ki genyen nan respekte alyans yo, dekouvri nouvo talan, ak fè bagay ki difisil. Ede fanmi w vin pi pre Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri epi viv levanjil la nan lavi yo chak jou.

Kisa m dwe fè?

Di timoun yo kijan w renmen yo. Rete enplike nan lavi yo. Idantifye bezwen endividyèl yo nan yon espri lapriyè epi planifye etid levanjil ak aktivite pou satisfè bezwen sa yo. Pataje temwayaj ou avèk yo regilyèman. Pale avèk dirijan yo sou fason yo ka ede w sipòte timoun ou yo.

Ki kote pou m kòmanse?

Kontinye pale avèk timoun ou yo epi koute yo. Priye sou fason w ka sipòte yo. Ede yo dekouvri ak kòmanse travay nan domèn aprantisaj ki enterese yo. Kòmanse oubyen kontinye priyè familyal, etid levanjil, opòtinite sèvis, ak aktivite pou ede timoun ou yo pwogrese.

Dirijan ak Enstriktè Primè yo

Imaj
Yon fanmi k ap jwe ansanm

Ki wòl mwen?

Renmen ak fòtifye timoun yo. Asiste paran yo nan ede timoun yo santi lanmou Papa nou ki nan Syèl la pou yo, konprann levanjil Jezikri a, santi ak rekonèt enfliyans Sentespri a, epi prepare yo pou yo fè ak respekte alyans sakre.

Kisa m dwe fè?

Asire w ke klas Primè yo ak peryòd chante a ede timoun yo santi Lespri a, ogmante lafwa, epi santi lajwa levanjil Jezikri a pote nan lavi yo. Avèk domèn pwogresyon yo sigjere nan Lik 2:52 yo kòm gid, planifye sèvis amizan ak angajan ak aktivite ki bati temwayaj, ki fòtifye fanmi epi ki ankouraje inite ak pwogresyon pèsonèl.

Kibò pou m kòmanse?

Aprann konnen timoun yo ak fanmi yo, epi reponn bezwen yo. Antanke yon prezidans Primè, mande nan lapriyè kijan nou ka ede enstriktè yo, dirijan mizik yo, ak dirijan aktivite yo pou yo ede timoun yo suiv Sovè a.

Dirijan Jènfi yo

Imaj
jènfi k ap ekri

Ki wòl mwen?

Asiste paran yo ak episkopa a nan gide ak enspire jènfi yo pou yo konprann idantite yo kòm pitit fi Bondye, pou yo prepare yo pou yo fè alyans tanp, ak akonpli objektif diven yo. Gide prezidans klas yo lè y ap dirije, fè sèvis pastoral, ak sèvi manm klas yo.

Kisa m dwe fè?

Tabli yon ekzanp kòm disip Jezikri. Gide prezidans klas yo lè y ap planifye nan lapriyè, epi ede yo anseye leson nan Vini, Suiv Mwen—Pou Jènfi yo. Ankouraje yo pou yo dirije pandan y ap planifye ak egzekite sèvis ak aktivite ki ap ede jènfi yo pwogrese nan tout aspè nan lavi yo. Ofri sipò adisyonèl bay jènfi ki bezwen sa yo.

Ki kote m dwe kòmanse?

Aprann konnen chak grenn jènfi. Pale avèk yo, avèk paran yo, ak episkopa a sou kijan w ka sipòte pwogresyon jènfi yo. Priye pou w konn kijan w ka ede prezidans klas ou yo gen siksè nan apèl yo.

Dirijan Prètriz Aawon yo

Ki wòl mwen?

Asiste paran yo ak episkopa a nan prepare jènjan yo pou òdinasyon nan ofis prètriz yo, pou alyans tanp, misyon, ak wòl diven yo. Enspire yo pou yo konprann objektif yo ak idantite yo kòm pitit gason Bondye. Gide prezidans kowòm yo pandan y ap dirije, fè sèvis pastoral, ak sèvi manm kowòm yo ak pandan y ap ofisye nan òdonans sentsèn nan.

Kisa m dwe fè?

Tabli yon ekzanp kòm yon disip Jezikri. Gide prezidans kowòm yo pandan y ap egzèse kle yo, ofisye nan òdonans Sentsèn nan, epi planifye nan lapriyè ak ede anseye leson nan Vini, Suiv Mwen—Pou Jènjan yo. Ede yo planifye ak egzekite sèvis ak aktivite ki ap ede yo prepare jènjan yo pou yo pwogrese nan tout aspè nan lavi yo. Kite yo dirije. Ofri sipò adisyonèl bay jènjan ki bezwen sa yo.

Ki kote m dwe kòmanse?

Pase tan avèk jènjan yo. Aprann konnen yo epi renmen yo chak endividyèlman. Pale avèk episkopa a, jènjan yo, ak paran yo pou detèmine kijan w ka bayo sipò pandan y ap pwogrese pou yo vin plis sanble avèk Sovè a. Priye pou w konn kijan w ka ede prezidans kowòm ou yo egzèse kle yo epi gen siksè nan apèl yo.

Enstriktè Lekòldidimanch yo

Imaj
jèn k ap li ekriti yo

Ki wòl mwen?

Fè efò pou ede jèn yo vin jwenn Kris la nan aprann ak suiv doktrin ni an. Anseye jèn yo pou yo konprann, pataje, ak viv levanjil Jezikri a.

Kisa m dwe fè?

Tabli yon egzanp kòm disip Jezikri, epi ede jèn yo bati lafwa yo. Ankouraje yo pou yo etidye ekriti yo lakay yo—poukont yo epi avèk fanmi yo. Ede yo prepare ak anseye prensip doktrinal yo. Envite yo aplike sa y ap aprann yo nan pwogresyon pèsonèl yo.

Ki kote m dwe kòmanse?

Fè efò pou ansenye jan Sovè a te ansenye a. Aprann konnen chak grenn jèn endividyèlman. Priye pou w konn kijan w ka ede yo pwogrese pou yo vin plis sanble avèk Sovè a. Fòtifye manm klas yo ak paran yo nan efò yo pou yo aprann ak anseye levanjil la nan legliz la ak lakay yo.

Episkopa a ak Prezidans Kowòm ak Prezidans Klas yo

Imaj
yon mesye k ap bay jènjan lanmen

Ki wòl yo?

Episkopa a se prezidans prètriz Aawon an nan pawas la epi li responsab jènfi yo ak jènjan yo. Prezidans kowòm Prètriz Aawon yo fonksyone avèk kle yo resevwa lè yo mete prezidan kowòm yo apa a. Prezidans klas Jènfi yo fonksyone avèk otorite prètriz yo resevwa lè yon manm episkopa a mete yo apa a.

Kisa yo dwe fè?

Prezidans yo dwe fè efò pou yo vin vrè disip Jezikri pandan y ap ede chak manm nan kowòm nan oubyen nan klas la santi yo renmen yo epi dekouvri lajwa ki genyen nan viv levanjil la. Sou direksyon episkopa a, prezidans kowòm yo dirije detantè Prètriz Aawon yo lè y ap ofisye nan òdonans sentsèn nan. Prezidans kowòm ak prezidans klas yo dirije nan rasanble Izrayèl nan de bò vwal la ak nan pran swen moun ki nan bezwen yo.

Ki kote yo dwe kòmanse?

Prezidans yo dwe aprann devwa yo nan men Senyè a ak nan men dirijan yo. Yo dwe priye pou manm kowòm yo oswa manm klas yo epi aprann bezwen yo. Yo dwe sipòte yo nan dispozisyon yo pou yo vin tounen disip Jezikri. Yo dwe fè konsèy ansanm pou yo ka konn ki leson, ki aktivite, ak ki sèvis ki ap beni ak fòtifye jèn yo epi ki ap pote inite nan klas yo oubyen nan kowòm yo.

Enprime