Èd pou Timoun ak Jèn yo
Resous pou Ede


“Resous pou Ede,” Timoun ak Jèn nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo: Yon Gid Entwodiksyon pou Paran ak Dirijan (2019)

“Resous pou Ede”

Resous pou Ede

Gen resous telefòn pòtab, entènèt, ak enprime ki disponib. Paran, dirijan adilt yo, prezidans kowòm yo ak klas yo, ak jèn yo kapab gen aksè a zouti pou fikse bi, ide pou fikse bi, ide pou sèvis ak aktivite lakay ak nan legliz la, gid sekirite, ak enstriksyon.

Resous

Imaj
Telefòn smartphone

App Telefòn Pòtab: Viv Levanjil la

App mobil Viv Levanjil la (iOS ak Android) prepare pou l ka enspiran, angajan, amizan, epi adapte ak lavi chak jou a. Li sipòte yon lavi ki santre sou Kris la gras a:

  • Kontni ki bay enspirasyon

  • Rapèl

  • Ide pou aktivite

  • Kominikasyon

  • Jounal

  • Bi pèsonèl

Chèche nan magazen Apple la ak magazen App Android la pou n jwenn Viv Levanjil la (Legliz Jezikri)

Imaj
jèn ki ap gade yon yon konmpitè

Sou entènèt: ChildrenandYouth.ChurchofJesusChrist.org

Sit Entènèt Pwogresyon Timoun ak Jèn yo bay resous pou sipòte paran yo, timoun yo, jèn yo, ak dirijan yo.

  • Resous pou paran ak fanmi

  • Resous ak egzanp sou fason pou sipòte ak ankouraje timoun yo ak jèn yo

  • Resous aktivite pou Primè

  • Direksyon pou sèvis ak aktivite, egzanp, ak ide.

  • Egzanp ak ide pou pwogresyon pèsonèl (bi)

  • Resous pou fòmasyon klas ak prezidans kowòm

  • Telechaje vèsyon materyèl enprime yo

Enprime: Pwogresyon Timoun ak Jèn

Kote sa itil, gen bwochi enprime ki disponib pou sipòte prensip pwogresyon timoun yo ak jèn yo epi pou ede timoun yo ak jèn yo fè plan pou pwogresyon pèsonèl yo.

Kontinye sou chemen alyans lan

Imaj
Tanp Rome nan, an Italie

Pandan jèn yo ap avanse pou y al nan pwochen etap nan lavi yo, Sosyete Sekou ak kowòm ansyen an ap ba yo plis opòtinite pou yo jwenn lajwa ak pwogrese pandan y ap travay ansanm pou yo akonpli travay sali a.

Imaj
jènjan k ap souri

Kowòm Ansyen

Imaj
jènfi k ap bay akolad

Sosyete Sekou

Enprime