Èd pou Timoun ak Jèn yo
Entwodiksyon


“Entwodiksyon” Timoun ak Jèn nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo: Yon Gid Entwodiksyon pou Paran ak Dirijan (2019)

“Entwodiksyon”

Entwodiksyon

Pandan y ap travay ansanm, paran yo ak dirijan yo ede timoun yo ak jèn yo apwofondi konvèsyon yo, vin tounen disip diy Senyè a, Jezikri, epi vin tounen gason ak fi ki gen entegrite atravè:

  • Aprantisaj Levanjil ki enspire angajman pèsonèl.

  • Sèvis ak aktivite ki edifye kò ak lespri.

  • Devlopman pèsonèl ki pwodui pwogresyon satisfezan.

Nou gen dwa fè adaptasyon pou prensip gid ak wòl jeneral yo ki souliyen yo nan bwochi sa a. Se pa yon sèl fason kòrèk ki genyen pou nou aplike yo. Gen kèk ide ak egzanp ki disponib sou entènèt nan ChildrenandYouth.ChurchofJesusChrist.org. Chèche enspirasyon pou nou konnen kisa ki pi bon pou chak moun (gade “Ajiste ak Adapte”).

Jenarasyon k ap grandi a

Imaj
jèn k ap souri

Pwofèt yo di ke jenarasyon timoun ak jèn sa yo pami pi bèl jeneresyon Senyè a voye sou tè a (gade Russell M. Nelson, “O Vaillants Guerriers d’Israel,” devosyon mondyal pou jèn yo, 3 Jen, 2018, 16). Yo gen potansyèl pou yo fè yon gwo enpak sou mond lan. Yo resevwa envitasyon pou yo ede rasanble Izrayèl nan toulède bò vwal la. Nou bezwen yon apwòch ki pi elve, pi sen pou nou pran swen yo ak sèvi yo. Apwòch sa a ap ede timoun yo ak jèn yo:

  • Konnen idantite ak objektif etènèl yo.

  • Apwofondi konvèsyon yo nan Jezikri, pou mete Levanjil li a nan kè yo epi enspire yo pou yo chwazi pou yo suiv li.

  • Ranpli devwa Prètriz Aawon yo.

  • Patisipe ansanm nan travay sali a.

  • Devlope pèsonèlman avèk sipò paran ak dirijan ki ap ede lè sa nesesè.

  • Rete diy pou ale nan tanp ak jwi lajwa dirab sou chemen alyans lan.

Pandan timoun yo ak jèn yo ap resevwa revelasyon pou lavi yo, bati relasyon ki santre sou levanjil la, epi egzèse libabit yo pandan y ap grandi, y ap vin gen siksè nan akonplisman objektif sa yo.

Fè efò pou suiv Sovè a

Nan jenès li, Jezi te bezwen aprann idantite l ak misyon diven l, menm jan chak pitit Bondye dwe fè. Li “te grandi nan sajès ak wotè, epi li te aji nan fason ki te fè ni Bondye ni lèzòm plezi” (Lik 2:52). Li te grandi nan yon fason balanse, tout timoun yo ak tout jèn yo kapab fè sa tou.

Ede timoun yo ak jèn yo mennen Sovè a nan tout aspè nan lavi yo—pa sèlman nan jou Saba a. Lè yo fè efò pou Jezikri vin sant lavi yo, li pwomèt pou l voye Sentespri a pou rekonfòte yo ak gide yo.

Ideyalman, suiv Sovè a dwe kòmanse nan fwaye a. Dirijan Legliz yo kapab bay sipò enpòtan pou moun yo endividyèlman ak fanmi yo .

Santre sou Fwaye

Imaj
fanmi ki chita sou ban

Paran yo planifye eksperyans familyal ak konvèsasyon pou anseye levanjil Jezikri a epi pou satisfè bezwen san parèy chak timoun. Sa fèt lè fanmi yo travay epi jwe ansanm nan fason ki anseye konpetans esansyèl, fòtifye karaktè, epi bay opòtinite pou pwogrese.

Ankouraje pwogresyon

  • Priye pou gidans. Papa nou ki nan Syèl la konnen timoun nou yo e l ap ede nou anseye yo.

  • Ede timoun nou yo chèche ak rekonèt enfliyans Sentespri a.

  • Eksprime lanmou epi konplimante timoun nou yo souvan nan efò yo pou yo fè byen ak pou kalite kretyèn nou wè nan yo.

  • Chèche opòtinite pou sèvi lòt moun an fanmi.

Bay konsèy

  • Ede timoun nou yo wè kijan yo kapab aplike levanjil la nan tout aspè lavi yo.

  • Gide timoun nou yo epi ankouraje yo pou yo fikse pwòp bi ak plan pa yo.

  • Ede yo vini avèk pwòp solisyon pa yo pou pwoblèm yo.

  • Ofri yo sipò, èd, ak ankourajman sou wout la.

Pale avèk dirijan yo

Kominike avèk enstriktè ak dirijan yo pou detèmine kijan yo ka sipòte timoun nou yo pi byen. Fè atansyon pou nou pa trayi konfyans timoun nou yo ni anbarase yo.

Sipòte pa Legliz la

Santre sou fwaye a (Fanmi)

Imaj
Senbòl aprantisaj levanjil
Imaj
Senbòl aktivite ak sèvis
Imaj
Senbòl devlopman pèsonèl

Sipòte pa Legliz la (Dirijan)

Wòl Legliz la enkli anseye levanjil Jezikri a ak sipòte fwaye yo. Dirijan yo ak enstriktè yo dwe sipòte paran yo nan etabli relasyon solid, edifyan avèk timoun yo ak jèn y ap sèvi yo.

Pale avèk Paran yo

  • Kominike enfòmèlman avèk paran yo pou nou ka konnen kijan pou nou sipòte timoun yo. Pataje fòs nou remake yo.

  • Mande ki eksperyans yo espere pitit yo pral fè ak kisa yo pral aprann nan kowòm Prètriz Aawon yo, nan klas Jènfi yo, ak nan aktivite yo.

Si paran yo pa manm aktif Legliz la:

  • Eksplike yo pwogram sa a pou sipòte timoun yo ak jèn yo, epi mande yo si yo ta renmen pou pitit yo patisipe ak kijan yo ta renmen yo patisipe.

  • Mande timoun yo oubyen jèn yo ki kalite sipò yo ta renmen.

  • Pale avèk konsèy pawas la sou fason pou nou enkli paran yo otan sa posib.

Sipòte Timoun yo ak Jèn yo

  • Ede timoun yo ak jèn yo rekonèt enfliyans Sentespri a.

  • Mande yo kisa yo vle aprann ak ki eksperyans yo vle fè nan kowòm yo, nan klas yo ak nan aktivite yo.

  • Ankouraje yo pou yo dirije nan planifikasyon ak ekzekisyon aktivite yo.

  • Sipòte detantè Prètriz Aawon yo nan akonplisman responsablite kowòm yo.

Aprantisaj Levanjil

Imaj
yon fanmi k ap etidye ansanm

Lakay

Etid pèsonèl ak familyal ak lapriyè ap ede timoun yo ak jèn yo santi ak rekonèt enfliyans Sentespri a epi aprann renmen Sovè a. Nou akouraje chak moun ak chak fanmi pou yo itilize manyèl Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a ak pawòl pwofèt vivan yo pou yo etidye levanjil Jezikri a.

Nan Legliz la

Timoun yo ak jèn yo reyini ansanm pou yo aprann levanjil Jezikri a. Timoun yo aprann levanjil la atravè enstriksyon nan klas ak nan peryòd chante Primè a. Jèn yo aprann doktrin nan nan klas yo ak nan kowòm yo. Nou envite timoun yo ak jèn yo pou yo pataje sa yo aprann lakay yo epi pou yo aplike levanjil la nan lavi yo.

Sèvis ak Aktivite

Imaj
Volontè Men Sèvyab Mòmon yo

Lakay

Sèvis ak aktivite yo etabli abitid jounalye ki jis, yo bati relasyon familyal, yo anseye konpetans esansyèl, yo devlope kalite kretyèn, epi yo ede timoun yo ak jèn yo pwogrese. Sèvis ak aktivite familyal yo ka met aksan sou bezwen endividyèl ak familyal epi bay opòtinite pou aplike prensip levanjil yo nan eksperyans chak jou yo.

Nan Legliz la

Sèvis—ki enkli detantè Prètriz Aawon ki ap ofisye nan òdonans Sentsèn nan—ak aktivite regilye yo bay opòtinite pou yo rasanble, aprann nouvo konpetans, akonpli travay difisil, ak bati relasyon ki santre sou levanjil la avèk kanmarad yo ak dirijan yo. Aktivite sa yo ede timoun yo ak jèn yo pwogrese espirityèlman, sosyalman, fizikman, ak entelektyèlman epi rann lòt moun sèvis ki gen anpil siyifikasyon. JustSserve (JustServe.org) se yon resous enpòtan pou nou jwenn opòtinite sèvis kominotè.

Aktivite plizyè jou pou jèn yo gen ladan yo aktivite konferans Pou Fòs Jèn yo (FSY) yo, konferans pou jèn yo, kan, ak lòt rasanbleman. Aktivite sa yo kapab ede jèn yo apwofondi dezi yo pou yo suiv Sovè a, retire tèt yo nan woutin regilye yo, epi ede yo wè ke yo fè pati yon pi gwo gwoup jèn ki pataje bon kalite objektif.

Imaj
Pou Fòs Jèn yo Brezil 2016

Devlopman Pèsonèl

Lakay

Timoun yo ak jèn yo chwazi sa yo ka fè pou yo pwogrese ak aprann suiv Sovè a. Paran yo kapab ede yo rekonèt kijan yo deja kòmanse pwogrese ak ki kote yo bezwen amelyorasyon. Tout aktivite yo, enkli legliz, lekòl, zanmi, espò, bagay atistik, travay, ak lòt enterè endividyèl kapab ede timoun yo ak jèn yo suiv Jezikri.

Nan Legliz la

Dirijan yo renmen ak sèvi chak timoun ak chak jèn epi yo vin konsyan de bezwen yo ak enterè yo. Atravè relasyon ki baze sou lanmou, dirijan yo kapab bay yon enfliyans san parèy ak puisan pou sipòte ak ankouraje timoun yo ak jèn yo nan sèvis pèsonèl yo ak nan pwogresyon pèsonèl yo.

Ajiste ak adapte

Imaj
de jènfi k ap souri

Chak moun, chak fanmi, ak chak kongregasyon san parèy. Sa k mache pi byen pou youn gen dwa pa mache pou yon lòt. Fè sa ki mache pou fanmi w lan, klas ou a, kowòm ou a, oubyen pawas ou a. Pale de opòtinite ak preyokipasyon yo, epi chèche revelasyon pou w ka konnen kijan pou ajiste pwogram sa a pou ede chak timoun ak chak jèn atenn potansyèl diven yo.

Pa egzanp , timoun yo ak jèn yo ap diferan nan fason yo apwoche devlopman pèsonèl yo: tip, kantite, ak frekans objektif yo, ak ki kantite sipò yo bezwen, dwe detèmine endividyèlman. Klas yo ak kowòm yo adapte yo tou pou satisfè bezwen yo. Epi tou, kalite ak frekans aktivite yo kapab varye selon sikonstans lokal yo.

Kenbe l senp. Fè sa k mache.

Motivasyon ak Apresyasyon

Imaj
ti gason ki kanpe nan klas

Motivasyon

Timoun yo ak jèn yo ap motive tou natirèlman lè yo santi nou renmen yo, pandan y ap pwogrese, amelyore, epi santi Sentespri a nan lavi yo. Lè chanjman ak pwogresyon vin difisil pou yo, ankouraje yo pou yo chèche fason pou yo simonte difikilte yo oubyen pou yo ajiste plan yo. Relasyon ki solid e ki baze sou konfyans avèk paran, dirijan ak kanmarad yo kapab ba yo fòs pou yo kontinye eseye.

Rekonesans

Lè timoun yo ak jèn yo pwogrese, louwe efò yo epi ankouraje yo. Ba yo opòtinite pou yo pataje sa y ap aprann yo epi selebre pwogresyon yo. Epitou, tout timoun yo ak tout jèn yo ka resevwa bagay tankou yon bag oubyen yon meday pou fè yo sonje ke yo fè pati yon gwoup mondyal k ap fè efò pou yo suiv Jezikri. Lè yo akonpli objektif espirityèl, sosyal, fizik, ak entelektyèl yo, yo ka resevwa lòt anblèm ankò.

Enprime