Seminè ak Enstiti
Renmen Moun W ap Anseye yo


“Renmen Moun W ap Anseye yo,” Anseye nan Fason Sovè a: Pou Tout Moun ki ap Anseye nan Fwaye ak nan Legliz la (2022)

“Renmen Moun W ap Anseye yo,” Anseye nan Fason Sovè a

Imaj
Jezi k ap pale avèk fi bò pi a

Avèk Sovè a kòm egzanp nou, lanmou ap vin tounen motivasyon pou ansèyman nou.

Renmen Moun W ap Anseye yo

Tout sa Sovè a te fè pandan ministè terès Li yo te motive pa lanmou. Pandan n ap eseye rete vrè disip Kris la, nou ka ranpli avèk menm lanmou sa a (gade Jan 13:34–35; Mowoni 7:47–48; 8:26). Lè lanmou Sovè a nan kè nou, n ap chèche tout mwayen posib pou nou ede lòt moun konnen kiyès Kris la ye ak kijan pou yo vin jwenn Li. Lanmou ap vin motivasyon pou ansèyman nou an.

Renmen Moun W ap Anseye yo

  • Gade moun ki ap aprann yo fason Bondye wè yo.

  • Chèche konnen yo—konprann sityasyon yo, bezwen yo, ak fòs yo.

  • Priye pou yo nan non yo.

  • Kreye yon anviwonman sekirite kote tout moun gen respè epi yo konnen ke kontribisyon yo valab.

  • Chèche fason apwopriye pou eksprime lanmou ou.

Sovè a te Wè Potansyèl Diven nan Tout Moun Li te Anseye

Pifò moun nan Jeriko yo te panse ke yo te konn tout sa yo te bezwen konnen osijè Zache. Li sete yon pibliken ak yon kolektè taks—chèf pibliken an, anfèt—epi li te rich. Klèman, yo te panse, li dwe te yon moun malonèt ak kowonpi. Men, Jezi te gade nan kè Zache epi l te wè yon “pitit gason Abraram” ki te onorab (gade Lik 19:1–10). Sovè a te wè moun non pa jis sou aparans yo men jan yo te reyèlman ye a—ak jan yo te ka vin tounen. Nan pechè pwason ki pa t rafine, tankou Simon, Andre, Jak, ak Jan, Li te wè dirijan pou demen Legliz Li a. Nan Saul, pèsekitè tout moun te pè a, Li te wè “yon veso chwazi,” ki t ap gen pou preche levanjil Li a devan wa ak nasyon (gade Travay 9:10–15). Epi nan nou ak nan chak moun nou anseye, Sovè a wè yon pitit gason oswa yon pitit fi Bondye avèk potansyèl san limit.

Pami moun w ap anseye yo, se pwobab w ap gen kèk ki sanble yo fidèl ak konvèti ak kèk lòt ki sanble yo pa enterese e ki ka menm rebèl. Pran prekosyon pou w pa fè sipozisyon ki baze sèlman sou sa w wè. Sentespri a ka ede w wè nan chak moun yon bagay nan sa Sovè a wè a—epi L ap ede w kòmanse renmen yo fason Li renmen yo a.

Kesyon pou Medite: Panse a chak moun w ap anseye, epi medite sou fason Pè Selès la ak Jezi santi Yo apwopo yo chak. Kisa Yo dwe wè nan moun sa a? Nan ki fason panse sa yo ap afekte fason w anseye chak moun?

Nan Ekriti yo: 1 Samyèl 16:7; Sòm 8:4–5; Women 8:16–17; Doktrin ak Alyans 18:10–14

Sovè a Konnen Nou epi Li Konprann Sikonstans Nou, Bezwen Nou, ak Fòs Nou

Fi Samaritèn nan pa t vini nan pi a pou l te tande yon mesaj levanjil. Li te vin chèche dlo. Men Sovè a te ka pèsevwa ke swaf li a te plis pase yon swaf fizik. Li te konnen ke l te gen yon pase twouble avèk relasyon enstab. Konsa, Jezi te pran bezwen fizik ki sete bezwen imedyat li a—dlo pou soutni lavi—epi Li te konekte l avèk bezwen spritityèl pi pwofon l la pou “dlo vivan” ak “lavi etènèl.” Rive nan fen konvèsasyon an, fi a te vin akeri yon temwayaj pèsonèl ke Jezi sete Kris la, ki te enspire an pati pa kijan L te byen konnen manmzèl. Li te di “[Li] di m tout sa m fè.” “Èske nou pa kwè se Kris la?” (gade Jan 4:6–29).

Pou w yon enstriktè tankou Kris la, sa mande pou w aprann konnen moun w ap anseye yo epi fè efò pou w konprann sa k nan kè yo. Ou ka pote yon enterè nan lavi yo epi montre konpasyon. Ou ka chèche fason pou w konprann antesedan yo, talan yo, sa k enterese yo, ak bezwen yo. Ou ka chèche konn kijan yo ka aprann pi byen. Ou ka poze kesyon, koute avèk swen, epi obsève. Anvan tout bagay, priye pou w ka jwenn konpreyansyon ke sèl Lespri a kapab bay la. Pi byen w konn yon moun, se pi byen w ap kapab ede l jwenn sans pèsonèl ak pouvwa nan levanjil Jezikri a. Yon fwa w fin konprann swaf yon moun, Lespri a ka anseye w kijan pou w ede l pase swaf sa a avèk dlo vivan Sovè a.

Kesyon pou Medite: Kisa w deja konnen osijè moun w ap anseye yo? Kisa k enpòtan pou yo? Ki fòs yo? Anba kisa y ap lite? Kisa w ka fè pou w konprann yo pi byen?

Nan Ekriti yo: Sòm 1 39:1–5; Matye 6:25–32; Mak 10:17–21; Jan 10:14; 3 Nefi 17:1–9

Sovè a Te Priye Pou Moun Li t ap Anseye yo

Imajine kijan Simon Pyè dwe te santi l lè l te tande Sovè a di li, “Simon, Simon, koute, Satan mande pouvwa pou l pase ou nan laye, … men mwen lapriyè pou ou, pou konfyans ou nan Bondye pa febli” (Lik 22:31–32). Ki efè sa t ap fè sou ou si w ta konnen Jezikri te priye Papa a pou ou? Pèp nan ansyen Amerik la te fè yon eksperyans konsa tou, epi yo te dekri l nan fason sa a: “Okenn moun pa kapab imajine lajwa ki te ranpli nanm nou lè nou te tande [Jezi] ap priye Papa a pou nou” (3 Nefi 17:17).

Ou ta gen dwa panse a sa k pase andedan ou lè w priye pou yon moun—tout tan, nan non li. Kijan priyè w yo afekte fason w santi w apwopo moun sa a? Kijan yo afekte aksyon ou? Sètènman Papa nou ki nan Syèl la tande epi L reponn priyè sensè yon enstriktè ki vle ede yon elèv nan klas li aprann. Epi, nan plizyè ka, yon fason Li reponn priyè sa yo se nan touche kè enstriktè a ak enspire l pou l fè oubyen di yon bagay ki ap ede moun sa a santi amou Li.

Kesyon pou Medite: Pandan w ap panse avèk moun w ap anseye yo, èske gen yon moun ke w santi ki gen yon bezwen espesyal pou priyè ou? Sou kisa w santi w enspire pou w priye pou moun sa a? Ki benediksyon ki ta ka vini pandan w ap envite elèv yo priye youn pou lòt?

Nan ekriti yo: Jan 17; Alma 31:24–36; 3 Nefi 18:15–24; 19:19–23, 27–34

Sovè a te Asire L ke Tout Moun te Santi yo Respekte ak Gen Valè

Atitid jeneral pami dirijan relijye yo nan epòk Jezi a sete ke yo te dwe evite moun ki te fè peche. Akozdesa, lè dirijan sa yo te wè Jezi t ap pale avèk moun ki te peche, yo te konstène. Kijan yon moun ki asosye l avèk moun sa yo ta ka yon dirijan espirityèl?

Natirèlman, Jezi te gen yon apwòch diferan. Li te chèche geri moun ki te malad espirityèlman yo (gade Mak 2:15–17; Lik 4:17–18). Li te toujou lonje lamen bay moun ki te diferan de lòt moun ki te bò kote yo oubyen ki te gen yon pase twouble, epi Li te pale avèk moun ki te peche. Li te konplimante lafwa yon sòlda Women (gade Matye 8:5–13). Li te rele yon kolektè kontribisyon pou l te vin youn nan disip Li te pi fè konfyans (gade Mak 2:14). Lè yo te akize yon fi de adiltè, Li te fè l santi l ansekirite epi Li te enspire l pou l te repanti epi viv yon pi bon lavi (gade Jan 8:1–11).

Men Jezi te fè plis pase sa. Li te favorize menm atitid akseptans ak lanmou sa a nan mitan disip Li yo. Egzanp Li te asireman nan kè Apot Li yo lè moman an te rive pou yo te pote levanjil la bay tout moun nan. Li reflete nan pawòl Pyè yo: “Mwen konprann sa se vre, Bondye pa gade sou figi moun” (Travay 10:34).

Gen yon gwo chans pou prèske tout moun ou aple pou w anseye yo ap lite yon fason kèlkonk pou yo santi yo respekte yo ak ba yo valè. Pa fason ou renmen yo ak respekte yo, ou ka kominike ke yo non sèlman byenveni men ou bezwen yotou. Ou ka lonje lamen bay moun ki pa vini yo, k ap lite yo, oubyen ki pa sanble yo enterese yo, aplike pasyans si pwogresyon yo sanble l ralanti. Ou ka ede tout moun santi yo an sekirite e konfòtab pou yo pataje pwoblèm yo avèk kwayan parèy yo. Epi ou ka fè plis pase sa. Ou ka enspire tout elèv yo pou yo ede w kreye yon anviwonman kote doktrin nan anseye nan yon espri respè, apatenans, ak lanmou.

Kesyon pou Medite Kisa ki ede yon moun santi l respekte epi l gen valè? Kisa ki enspire yon moun pou l respekte lòt moun epi ba yo valè? Pandan ke nan yon espri lapriyè w ap panse a moun w ap anseye yo, kisa w santi w pouse pou w fè pou yo tout ka santi yo byenveni epi yo bezwen yo?

Nan Ekriti yo: Jan 4; 2 Nefi 26:27–28, 33; Alma 1:26; 3 Nefi 18:22–25

Imaj
papa k ap anseye pitit

Enstriktè yo ka ede moun y ap anseye yo santi ke yo renmen yo.

Sovè a te Eksprime Lanmou Li pou Moun Li te Anseye yo

Nan fen yon bèl jounen enspiran kote L t ap anseye ak ministre pami Nefit yo, Jezi te obsève ke li te lè pou L te ale. Li te gen lòt pèp pou L t al vizite. Li te di yo “Nou mèt ale lakay nou,” “epi pare lespri nou pou demen.” Men moun yo te jis chita la “ak dlo jan je yo,” ap “gade l fiks kòm si yo te vle mande l pou l te rete yon ti jan pi lontan avèk yo.” Jezi ki te pèsevwa bezwen yo pa t pale a epi ki te “chaje avèk konpasyon,” te rete yon ti jan pi lontan avèk yo tout bon (3 Nefi 17:3, 5–6). Li te beni malad yo ak aflije yo. Li te mete ajenou epi li te priye avèk yo. Li te kriye avèk yo, epi Li te rejwi avèk yo.

Nan lapriyè, panse pou w etidye pawòl ak aksyon Sovè a nan 3 Nefi 17. Medite sou lanmou Li te eksprime pou moun Li t ap anseye yo. Chèche ekspresyon lanmou Li nan lòt kote nan ekriti yo. Apresa, panse a moun w ap anseye yo. Kijan w ka eksprime lanmou w pou yo nan fason apwopriye? Kite Lespri a gide ou. Si w wè l difisil pou w eksprime lanmou pou moun w ap anseye yo, kòmanse nan temwaye yo de lanmou Bondye. Apresa “priye Papa a avèk tout enèji kè ou, pou ou kapab chaje avèk lanmou charite l, li te devèse sou tout moun ki se vrè disip Pitit Gason l lan, Jezikri” (Mowoni 7:48). Epi sonje ke preyokipasyon w pou w anseye yon leson an pa dwe janm anpeche w eksprime lanmou atravè pawòl ak aksyon. Souvan, fason w trete moun yo osi enpòtan ke sa w ap anseye yo a.

Kesyon pou Medite: Kijan Sovè a te ede w konnen lanmou Li pou ou? Kijan yon paran oubyen yon lòt enstriktè te ede w santi lanmou Li? Èske moun w ap anseye yo konnen ke w renmen yo? Èske yo konnen Sovè a renmen yo?

Nan Ekriti yo: Mak 6:31–42; Jan 13:3–16, 34–35; 15:12–13; 1 Korentyen 13:1–7; 1 Jan 4:7–11

Kèk Fason pou Aplike Sa W ap Aprann yo

  • Si w ap anseye yon klas, aprann non moun yo ki nan klas la epi itilize yo lè w ap anseye.

  • Eksprime gratitid ou lè manm yo nan klas la patisipe.

  • Pale avèk yo anvan w anseye epi apre w fin anseye.

  • Ede yo devlope yon atmosfè lanmou ak respè youn pou lòt.

  • Koute byen—lè w ap anseye ak nan lòt moman.

  • Fè aksyon sèvis pou moun w ap anseye yo.

  • Dispoze pou w modifye plan ansèyman w yo pou w ka pase plis tan sou prensip ki siyifikatif pou moun w ap anseye yo.

Enprime