Seminè ak Enstiti
Anseye pa Lespri a


“Anseye pa Lespri a,” Pou Tout Moun ki ap Anseye nan Fwaye yo ak nan Legliz la (2022)

“Anseye pa Lespri a,” Anseye nan fason Sovè a

Imaj
Sovè a nan dezè Jideyen

Menmjan Sovè a te pran tan pou prepare spirityèlman pou ministè Li, nou ta dwe prepare tèt nou pou anseye pa Lespri a.

Anseye pa Lespri a

Lè Sovè a te kòmande Joseph Smith ak Sidney Rigdon pou preche levanjil Li a, Li te pwomèt yo, “Sentespri a ap desann pou rann temwayaj konsènan tout bagay nou pral di” (Doktrin ak Alyans 100:8; gade tou Doktrin ak Alyans 42:15–17; 50:17–22). Menm pwomès la aplike ak tout moun k ap anseye levanjil la, enkli oumenm. Lè wap anseye levanjil Jezikri a, ou kapab genyen Sentespri a avèk ou pou gide ou ak pou temwaye sou verite nan espri ak kè moun w ap anseye (gade Doktrin ak Alyans 8:2). Ou pa poukont ou lè w ap anseye, paske “se pa ou ka p pale, men Sentespri a” (Mak 13:11).

Sentespri a se vrè enstriktè a. Okenn enstriktè mòtèl, kèlkeswa konpetans oubyen eksperyans li, pa ka pran plas Li nan temwaye verite, temwaye sou Kris la, ak chanje kè yo. Men tout enstriktè ka vin enstriman nan ede pitit Bondye yo aprann pa Lespri a.

Anseye pa Lespri a

  • Prepare tèt ou spirityèlman.

  • Toujou rete pare pou reponn ak enspirasyon spirityèl konsènan bezwen etidyan yo.

  • Kreye anviwònman ak opòtinite pou Sentespri a anseye etidyan yo.

  • Ede etidyan yo chèche, rekonèt, ak aji sou revelasyon pèsonèl.

  • Rann temwayaj ou souvan, epi envite etidyan yo pou pataje santiman yo, eksperyans yo, ak temwayaj yo.

Sovè a te Preppare Tèt li Spirityèlman pou Anseye

Pou prepare pou ministè Li, Sovè a te pase 40 jou nan dezè a pou L te ka “avèk Bondye” (Tradiskyon Joseph Smith, Matye 4:1 [nan Matye 4:1, referans b]). Men preparasyon spirityèl Li te kòmanse lontan avan sa. Lè Satan te tante Li, Li te gen kapasite pou konte sou “pawòl lavi yo” ke li te konsève jis rive nan “moman egzat” kote Li t ap bezwen yo (Doktrin ak Alyans 84:85). Panse sou pwwp efò ou yo pou prepare tèt ou spirityèlman pou anseye. Kisa ou aprann nan Matye 4:1–11 konsènan fason ou ka suiv egzanp Sovè a nan preparasyon spirityèl ou?

Lespri a se vrè enstriktè a ak vrè sous konvèsyon an. Ansèyman puisan levanjil la mande pa senpleman prepare yon leson men prepare tèt nou spirityèlman.lontan avan ou kòmanse anseye. Si ou prepare spirityèlman, w ap gen plis kapasite pou tande ak suiv gidans Lespri a lè w ap anseye. Fason pou w envite Sentespri a nan ansèyman w lan se pou envite Li nan lavi w. Sa enkli dilijaman fè efò pou suiv egzanp Sovè a epi viv levanjil la Li a avèk tout kè w. Epi paske okenn nan nou pa ka fè sa pafètman, li vledi tou repanti chak jou.

Kesyon pou Medite: Kisa sa vledi pou ou prepare tèt nou spirityèlman.pou anseye? Kisa w santi w enspire pou w fè pou w amelyore fason ou prepare tèt nou spirityèlman. Kijan ou panse preparasyon spirityèl ka fè yon diferans nan ansèyman w?

Apati Ekriti yo: Ezdras 7:10; Lik 6:12; Alma 17:2–3, 9; Doktrin ak Alyans 11:21; 42:13–14

Sovè a Te Toujou Pare pou Reponn ak Bezwen Lòt moun

Jayiris, chèf sinagòg la, te tonbe nan pye Jezi, pou sipliye l ede pitit fi li ki t ap trepase. Jezi ak disip Li yo t ap prese travèse yon lari chaje moun pou rive nan kay Jayiris la lè soudènman Jezi te kanpe. “Kiyès ki te touche m?” Li te mande, Sa te sanble yon kesyon dwòl—pandan moun ap pouse youn lòt, kiyès ki pa tap touche L? Men Sovè a te santi ke nan foul sa a, yon moun te apwoche Li avèk yon bezwen spesifik epi avèk lafwa pou resevwa gerizon Li te ofri a. Tap toujou gen tan pou vizite pitit fi Jayiris la. Men dabò Li te di fi a ki te touche rad Li yo, “Mafi, se lafwa ou nan Bondye ki geri ou; ale ak kè poze” (gade Lik 8:41–48).

Antanke yon enstriktè, ou gendwa pafwa retwouve tèt ou nan mache prese pou kouvri yon bagay ou te prepare pou anseye. Pandan sa gendwa enpòtan, asire w ke nan mache prese w la ou pa pase kite san w pat vle yon bezwen ijan pou yon moun w ap anseye. Anplis gidans spitrityèI ou t ap chèche pandan ou t ap prepare pou anseye, chèche tou gidans Lespri a pandan wap anseye a. Eseye pou rete konsyan de bezwen yo, kesyon yo, ak enterè etidyan yo Sentespri a ka ede w disène kijan yon etidyan ap resevwa oswa konprann yon bagay w ap anseye. Li gendwa pouse ou, pa moman, poiu modifye plan w yo. Pa egzanp, ou gendwa jwenn enpresyon pou pase plis tan ke ou te planifye sou yon sijè oswa kite kèk diskisyon pou pita pou favorize yon bagay ki pi enpòtan pou etidyan yo kounya.

Kesyon pou medite: Kilè ou te santi ke yon paran oswa lòt enstriktè te konsyan de bezwen ou yo kòm yon etidyan? Eske moun w ap anseye yo konnen ke ou plis enterese nan sa y ap aprann pase nan fini leson an? Kijan ou ka pi byen kominike enterè ou?

Apati Ekriti yo: 1 Pyè 3:15; Alma 32:1–9; 40:1; 41:1; 42:1

Sovè a te Founi Opòtinite pou Sentespri a Anseye Moun yo

Li te difisil pou anpil moun nan epòk Jezi a konprann kiyès Li ye vrèman, men te genyen anpil opinyon. “Kèk nan yo di ke ou se Jan Batis,” disip Li yo te rapòte, “pou kèk, se Elyas; epi pou lòt se, Jeremi, oawa youn nan pwofèt yo.” Men apresa Jezi te poze yon kesyon ki te envite disip Li yo pou mete akote opinyon lòt moun epi gade anndan pwòp kè yo: “Kiyès ou di mwen ye?” Li te vle yo jwenn repons yo non apati de “flachè ak san” men direkteman apati de “Papa m ki nan syèl la.” Sete kalte temwayaj sa a—revelasyon pèsonèl ki soti nan Sentespri a—ki te abilite Pyè pou deklare, “Ou se Kris la, Pitit Gason Bondye vivan an” (gade Matye 16:13–17).

Pou siviv spirityèlman nan dènye jou yo, moun w ap anseye yo pral bezwen yon temwayaj spirityèl sou laverite a. Ou pa ka ba yo li, men ou ka envite, ankouraje, enspire, ak anseye yo pou chèche li. Ou ka fè l klè—atravè pawòl ak aksyon ou yo—kijan Sentespri a krisyal nan aprann levanjil la. Konsidere, pa egzanp, anbyans aprantisaj ou kreye ak ankouraje. Yon bagay osi senp ke aranjman chèz yo nan yon sal oswa fason ou akeyi epi entèaji ak etidyean yo tabli yon anbyans spirityèl pou eksperyans etidyan yo pral fè. Ou ka envite etidyan yo prepare tèt yo spirityèlman pou aprann, menm jan ou prepare spirityèlman pou anseye. Mande yo pran responsablite pou espri yo kreye a. Epi ou ka founi opòtinite pou yo santi Lespri a temwaye sou Jezikri ak levanjil Li a. Temwayaj sa a pral tounen yon “woche” pou yo, “epi pòt lanfè yo pap ka louvri pou vale [yo]” (Matye 16:18).

Kesyon pou Medite: Kisa ou te obsève ki kontribye pou yon anviwònman spirirtyèl pou aprann levanjil la? Kisa ki retire ladan? Kisa ki ede moun w ap anseye yo aprann apati Lespri a? Panse ak anbyans kote ou aprann pi souvan? Kijan ou santi w lè w kote sa? Kijan ou ka pi efikas nan envite Lespri a pou prezan nan kote sa?

Apati Ekriti yo: Lik 24:31–32; Jan 14:26; 16:13–15; Mowoni 10:4–5; Doktrin ak Alyans 42:16–17; 50:13–24

Imaj
misyonè k ap anseye yon fanmi

Lè n ap anseye, nou ka envite etidyan yo pou chèche pwòp temwayaj spirityèl yo sou verite a.

Sovè a te Ede Lòt moun Chèche, Rekont, ak Aji sou Revelasyon Pèsonèl

Senyè a vle nou kominike avèk nou—epi Li vle nou konnen ke L ap kominike avèk nou. An 1829, yon pwofesè lekòl 22 ane ki te rele Oliver Cowdery t ap aprann konsènan doktrin dirèk, pasyonan ke tout moun ka resevwa revelasyon pèsonèl la. Men li te gen kesyon similè ak sa anpil nan nou te poze: “Eske Senyè vrèman ap eseye pale ak mwen? Epi kijan m ka konnen kisa L ap di? Pou reponn kesyon sa yo, Jezikri te envite Oliver reflechi sou yon moman rechèch spirityèl ki pase. “Eske M pa t pote lapè nan panse w?” Li te mande (gade Doktrin ak Alyans 6:21–24). Apresa, Li te anseye Oliver konsènan lòt fason Lespri a ka pale ak li (gade Doktrin ak Alyans 8:2–3; 9:7–9; gade tou Doktrin ak Alyans 11:12–14).

Pou viv nan yon mond ki tèlman souvan ensansib pou bagay spirityèl yo, nou tout bezwen èd pou rekonèt vwa Lespri a. Nou gendwa te santi Lespri a san n pa reyalize sa. Epi nou tout ka aprann plis konsènan fason pou chèche Lespri a, rekonèt enfliyans Li, epi aji sou enspirasyon Li ba nou yo. Lè w ap anseye, ede etidyan yo dekouvri fason yo Lespri a ka kominike—ak fason Li te kominike ak yo. Youn nan ki gwo kado ou ka bay kòm yon enstriktè se pou ede moun w ap anseye yo pwogrese nan demach tout yon lavi sa pou revelasyon pèsonèl.

Kesyon pou Medite: Poukisa li enpòtan pou aprann resevwa revelasyon pèsonèl? Eske yon moun te janm ede w konprann kijan pou chèche ak rekonèt revelasyon? Kijan w ka ankouraje moun w ap anseye yo pou chèche, rekonèt, ak aji sou revelasyon ki soti nan Sentespri a?

Apati Ekriti yo: Galat 5:22–23; Alma 5:45–47; Doktrin ak Alyans 42:61; 121:33; Joseph Smith—Istwa 1:8–20

Sovè a Te Rann Temwayaj pou Sila yo Li te Anseye yo

Pandan yon moman spesyal ansèyman ak sèvis, Jezi te chèche konsole zanmi Li Mat, ke frè l te mouri. Li te pataje avèk li yon senp temwayaj sou yon verite etènèl: “Frè w gen pou l leve vivan ankò” (Jan 11:23). Temwayaj li a te pouse Mat pataje pwòp temwayaj pa li “Mwen konn sa; li gen pou l leve vivan ankò nan dènye jou a, lè tout moun mouri yo va leve” (Jan 11:24). Note kijan modèl sa a repete nan Jan 11:25–27. Kisa ki enpresyone w konsènan egzanp Sovè a? Poukisa pataje temwayaj sou verite levanjil yo se yon pati enpòtan anpil nan anseye?

Temwayaj ou ka genyen yon enfliyans puisan sou moun w ap anseye yo. Li pa oblije elokan ni long. Li pa bezwen kòmanse avèk “M ta renmen rann temwayaj mwen.” Senpleman pataje sa ou konnen pa mwayen pouvwa Sentespri a. Yon temwayaj sou verite gen plis pouvwa lè l dirèk epi l soti nan fon kè. Rann temwayaj souvan sou Sovè a, levanjil Li a, ak pouvwa Li nan lavi ou, epi ankouraje moun w ap anseye yo pou fè menm bagay la tou. Epi sonje ke pafwa temwayaj ki pi puisan an se pa enstriktè a ki rann li men yon kamarad etidyan.

Kesyon pou medite: Chèche jwenn egzanp nan ekriti yo ki ilistre enfliyans puisan yon moun k ap rann temwayaj. Kisa w aprann nan egzanp sa yo? Kilè ou te beni pa temwayaj yon moun? Kijan pataje temwayaj ou te enfliyanse moun w ap anseye yo? Kijan sa te enfliyanse w?

Apati Ekriti yo: Travay 2:32–38; Mozya:1–3; Alma 5:45–48; 18:24–42; 22:12–18; Doktrin ak Alyans 46:13–14; 62:3

Kèk Fason pou Aplike Sa W Ap Aprann?

  • Mande etidyan yo pou pataje sa Sentespri a te anseye yo lè yo t ap etidye pawòl Bondye a.

  • Prepare alavans pou resevwa enpresyon spirityèl pandan w ap anseye.

  • Ekri enpresyon spirityèl yo ki vini pandan w ap prepare.

  • Founi opòtinite okazyonèl pou manm klas la trankilman medite sou sa Lespri a ap anseye yo.

  • Itilize mizik sakre ak imaj pou envite enfliyans Lespri a.

  • Koute pou jwenn enspirasyon pandan w ap planifye ak anseye, epi rete dispoze pou ajiste plan w yo.

  • Founi opòtinite pou tout etidyan yo rann temwayaj sou sa y ap aprann.

  • Ede yo rekonèt lè Lespri a prezan.

  • Viv verite w ap anseye yo konsa pou ou ka rann temwayaj sou yo.

  • Suiv enspirasyon yo pou anseye nan moman spontane, enfòmèl yo.

Enprime