Seminè ak Enstiti
Anseye Doktrin nan


“Ansenye Doktrin nan,” Ansenye nan Fason Sovè a: Pou Tout Moun K ap Ansenye nan Fwaye ak Nan Legliz la (2022)

“Anseye Doktrin nan,” Ansenye nan Fason Sovè a

Imaj
Jezikri k ap ansenye nan tanp lan lè L te gen 12 an.

Kris la nan tanp lan, pa Heinrich Hofmann

Anseye Doktrin nan

Menm si Jezi te grandi nan sajès ak konesans pandan lavi Li, Li pa t gen yon edikasyon fòmèl tankou lòt lidè relijyon yo nan epòk Li a. E malgre sa, lè L te ansenye, moun yo te emèveye, yo te di “Kijan nonm sa a fè konn lalwa a, san l pa t janm aprann li?” Poukisa ansèyman L yo te puisan konsa? Sovè a te eksplike, “Doktrin mwen an pa pou mwen, men pou Li menm ki te voye M nan”(Jan 7:15–16). Doktrin se verite etènèl—ke nou jwenn nan ekriti yo ak nan pawòl pwofèt dènye jou yo—ki montre nou chemen pou nou vin tankou Papa nou ki nan Syèl la epi tounen al jwen Li. Kèlkeswa eksperyans ou kòm enstriktè, ou ka ansenye avèk puisans, jan Sovè a te fè, lè w anseye doktrin Papa a. Ou menm ak moun w ap anseye yo ap sezi poutèt benediksyon Bondye voye lè ansèyman ak aprantisaj nou yo chita sou pawòl Li.

Pou Anseye Doktrin nan

  • Aprann doktrin Jezikri a pou tèt pa w.

  • Itilize ekriti yo ak pawòl pwofèt dènye jou yo.

  • Ede yo aprann chèche, rekonèt, ak konprann verite ki nan ekriti yo.

  • Fokis sou verite ki mennen konvèsyon epi ki bati lafwa nan Jezikri.

  • Ede yo jwenn siyifikasyon pèsonèl nan doktrin Jezikri a.

Sovè a te aprann Doktrin nan

Li parèt klè ke Sovè a te aprann de ekriti yo nan jenès Li pandan L t ap grandi nan “sajès … ak an favè nan zye Bondye” (Lik 2:52). Konpreyansyon pwofon l de doktrin Papa a te evidan lè paran L te jwenn Li nan tanp lan lè l te piti, ap ansenye enstriktè Juif yo epi ap reponn kesyon yo (gade Tradiksyon Joseph Smith, Lik 2:46 [nan Lik 2:46, nòt anba paj la c]). Apre sa, lè Satan te parèt devan L avèkk tantasyon ekstrèm nan dezè a, konesans Jezi de doktrin nan ekriti yo te ede L reziste anba tantasyon an (gade Lik 4:3-12).

Nou menm tou nou ka chèche aprann vrè doktrin nan pi pwofondeman anvan nou anseye li. Pandan w ap prepare w pou ansenye ak aprann avèk lòt moun, gade avèk atansyon sa Senyè a te di konsènan verite w ap anseye yo. Founye ekriti yo ak pawòl pwofèt vivan yo pou w ka jwenn eksplikasyon ak konsèy. Viv ak aplike verite w ap etidye yo ap envite Lespri a pou anseye w doktrin nan nan fason ki menm pi pwofon toujou epi sa ap konfime verasite doktrin nan nan kè moun w ap anseye yo.

Kesyon pou Reflechi: Poukisa L enpòtan pou nou konprann verite levanjil yo pou tèt nou? Kijan w te jwenn yon konpreyansyon pi pwofon sou verite levanjil yo? Kisa w santi w enspire pou w fè pou amelyore etid ou nan ekriti yo ak pawòl pwofèt vivan yo?

Nan Ekriti yo: Pwovèb 7:1–3; 2 Nefi 4:15–16; Doktrin ak Alyans 11:21; 88:118

Sovè a te Anseye avèk Ekriti yo

Apre lanmò Sovè a, de nan disip Li yo t ap mache epi yo t ap pale avèk yon melanj tristès ak etònman nan kè yo. Kijan yo te ka konprann sa k te sot pase a? Jezi, moun Nazarèt la, moun yo te fè konfyans pou se Redanmtè yo a, te mouri sa fè twa jou kounyea. Epi yo te rapòte ke tonm nan te vid, avèk zanj ki te vin deklare ke L te vivan! Nan pwen esansyèl sa a nan lafwa disip sa yo, yon etranje te rejwenn yo nan vwayaj yo a. “Li te eksplike yo tout bagay nan ekritio yo konsènan [Sovè an]” pou l te konsole yo. Alafen, vwayajè yo te reyalize ke enstriktè yo a sete Jezikri Limenm e ke anfèt Li te resisite. Kijan yo te fè rekonèt Li? Yo te mande tèt yo apresa, “Èske kè nou pa t santi yon chalè anndan nou, lè L t ap pale avèk nou sou wout lan, e lè L te louvri ekriti yo?” Lik 24:27, 32).

Èldè D. Todd Christofferson te ansenye, “Objektif santral tout ekriti yo se pou ranpli nanm nou ak lafwa nan Bondye Papa a ak nan Pitit Gason L lan, Jezikri” (“Benediksyon Ekriti,” Liahona, Me 2010, 34). Pandan tout ministè L la, Jezi te itilize ekriti yo pou L te ansenye, korije, ak enspire lòt moun. Asire w ke ansèyman w yo pa ale lwen ekriti yo ak pawòl pwofèt yo. Pandan w ap konte sou pawòl Bondye a nan ansèyman w lan, ou ka fè sa Sovè a te fè a pou lòt moun. Ou ka ede yo vin konnen Li, paske nou tout bezwen lafwa nou nan Sovè a fòtifye regilyèman. Lanmou ou pou ekriti yo ap evidan pou moun w ap anseye yo, epi ansèyman w lan ap envite Lespri a pou fè kè yo santi yon chalè akoz temwayaj Papa a ak Pitit Gason a.

Kesyon pou Medite: Nan ki fason w te enfliyanse pa yon enstriktè ki te itilize ekriti yo pou l te ede w vin pi byen konn Sovè a? Kisa w ta ka fè pou w apiye w plis sou ekriti yo ak pawòl pwofèt yo lè w ap ansenye? Kijan w ka ede moun w ap anseye yo konnen ak renmen pawòl Bondye a?

Nan Ekriti yo: Lik 4:14–21; Alma 31:5; Elaman 3:29–30;3 Nefi 23

Sovè a te ede Moun Chèche, Rekonèt, ak Konprann Laverite

Yon avoka te mande Jezi yon fwa, “Mèt, kisa m dwe fè pou m eritye lavi etènèl?” Kòm repons, Sovè a te gide moun sa a nan ekriti yo: “Kisa ki ekri nan lalwa a? Kisa ou li ladann?” Sa te mennen mesye sa a a non sèlman nan repons li a—“Renmen Bondye … ak pwochen w”— lan men nan yon kesyon pou fè suivi tou: “E kiyès ki pwochen m?” Sovè a te reponn kesyon sa a avèk yon parabòl konsènan twa mesye ki te wè yon vwayaje parèy yo ki te nan bezwen. Se sèlman youn nan twa sa yo, yon Samariten, ke Juif yo te rayi poutèt kote l te soti a, ki te kanpe pou ede. Apresa, Jezi te envite avoka a reponn pwòp kesyon l la “Kounyea kiyès nan twa moun sa yo, ou panse, ki te yon pwochen?” (gade Lik 10:25-37).

Poukisa w panse Sovè a te ansenye nan fason sa a—kote L te reponn kesyon avèk envitasyon pou chèche, medite, ak dekouvri a? Yon pati nan repons lan sèke Senyè a valorize efò nou pou chèche laverite a. “Chèche, e n ap jwenn,” Li te envite yo ankò epi ankò (gade, paregzanp, Matye 7:7; Lik 11:9; Doktrin ak Alyans 4:7). Li rekonpanse moun k ap chèche avèk lafwa ak pasyans yo.

Menmjan ak Sovè a, ou ka ede moun w ap ansenye yo rekonèt ak konprann laverite. Ekriti yo, paregzanp, chaje avèk verite levanjil, men pafwa sa mande yon efò konsyan pou nou jwenn yo. Pandan n ap ansanm aprann nan ekriti yo, kanpe epi mande moun w ap ansenye yo ki verite levanjil yo remake. Ede yo wè kijan verite sa yo anrapò avèk plan sali Papa nou ki nan Syèl la. Pafwa yo deklare verite etènèl yo nan ekriti yo, e pafwa yo ilistre yo nan istwa yo ak nan lavi moun n ap li nan istwa yo. Li ta itil pou w ta eksplore kontèks istorik la nan vèsè w ap li yo, ansanm avèk siyifikasyon vèsè yo ak fason yo aplike pou nou jodia.

Kesyon pou Medite: Kijan nou idantifye verite etènèl nan ekriti yo oubyen pawòl pwofèt? Kijan verite sa yo ap beni lavi nou? Nan ki fason nou ka ede moun n ap ansenye yo rekonèt ak konprann verite ki ap pi siyifikatif pou yo epi ki ap mennen yo vin pi pre Bondye yo?

Nan Ekriti yo: Jan 5:39; 1 Nefi 15:14; Doktrin ak Alyans 42:12

Imaj
etidyan k ap etidye

Nou ka ede moun n ap ansenye yo jwenn ak rekonèt verite a pou tèt pa yo.

Sovè a Ansenye Verite ki Mennen Transfòmasyon e Bati Lafwa

Yon jou Saba, Sovè a ak disip Li yo, ki te grangou, te pase bò kote yon jaden epi yo te kòmanse manje gren. Farizyen yo, ki te toujou pare pou mete aksan sou pi gwo pwen yo nan lwa Moyiz la, te fè remake ke ranmase grenn sa a sete teknikman yon tip de travay, ki te entèdi nan jou Saba a (gade Mak 2:23–24). Pou itilize fraz pwofèt Jakòb nan Liv Mòmon an, Farizyen yo t ap “gade odela mak la” (Jakòb 4:14). Pou di sa yon lòt fason, yo te tèlman fokis sou entèpretasyon tradisyonèl kòmandman yo ke yo te rate objektif diven kòmandman sa yo—ki se mennen nou vin pi pre Bondye. Anfèt, Farizyen yo pa t menm reyalize ke se te Moun ki te bay kòmandman pou onore Saba a ki te kanpe devan yo a.

Sovè a te pwofite opòtinite sa a pou L te temwaye sou idantite divin Li ak pou anseye yo poukisa jou Saba a enpòtan. Li te kreye pou nou kòm yon jou pou nou adore Senyè Saba a, Jezikri Limenm (gade Mark 2:27-28). Verite sa yo ede nou konprann ke kòmandman Bondye yo plis pase konpòtman eksteryè. Yo la pou yo ede nou chanje kè nou epi vin pi konvèti.

Avèk swen, konsidere doktrin ak prensip ou deside mete aksan yo. Pandan ke gen plizyè verite nan ekriti yo nou ka diskite sou yo, li ta pi bon pou w ta konsantre sou verite levanjil ki mennen konvèsyon ak bati lafwa nan Jezikri yo. Verite senp, fondamantal ke Sovè a te anseye ak egzanplifye yo gen pi gwo pouvwa pou yo chanje lavi nou—verite konsènan Ekspyasyon L lan, plan sali a, kòmandman pou nou renmen Bondye ak renmen pwochen nou an, eksetera. Envite Lespri a pou rann temwayaj de verite sa yo, pandan w ap ede yo antre fon nan kè moun w ap ansenye yo.

Kesyon pou Medite: Ki verite levanjil ki te ede w vin pi konvèti nan Jezikri e vin gen pi gwo lafwa nan Li? Nan ki fason yon enstriktè te ede w fokis sou verite ki pi esansyèl yo nan levanjil la? Kisa w ka anseye ki ka ede lòt moun vin pi konvèti nan Jezikri pi pwofondeman?

Nan Ekriti yo: 2 Nefi 25:26; 3 Nefi 11:34-41; Doktrin ak Alyans 19:31–32; 68:25–28; 133:57; Moyiz 6:57–62

Sovè a te Ede Moun yo Jwen Koneksyon Pèsonèl nan Doktrin Li a

“Mesye sa a te resevwa pechè, e manje avèk yo,” Farizyen yo te plenyen konsènan Jezi— pou yo te fè wè ke se pa yon konpòtman apwopriye pou yon enstriktè spirityèl (Lik 15:2). Jezi te wè ke sa sete yon opòtinite pou L te anseye yo kèk verite spirityèl pwofon. Kijan L t ap fè sa? Kijan L t ap ede Farizyen yo wè ke sete kè yo—non pa kè pa Li—ki pa t pwòp e ki te bezwen gerizon? Kijan L te ka itilize doktrin Li a pou L te montre yo refleksyon yo ak konpòtman yo te bezwen chanje?

Li te pale avèk yo konsènan yon brebi ki te kite twoupo a ak yon pyès kòb ki te pèdi. Li te pale konsènan yon pitit gason pwodij ki te chèche padon ak yon gran frè ki te refize resevwa li ni manje avèk li. Chak nan parabòl sa yo gen verite ki konekte ak jan Farizyen yo te wè lòt moun, ki te ansenye yo ke chak nanm te gen gwo valè (gade Lik 15). Sovè a pa t di Farizyen yo—ni okenn nan nou—a kiyès pou nou idantifye tèt nou nan parabòl Li yo. Pafwa nou se papa enkyè a. Pafwa nou se frè jalou a. Souvan nou se brebi egare a oubyen pitit gason ensanse a. Men kèlkeswa sikonstans nou, atravè parabòl Li yo, Sovè a envite nou pou nou jwenn koneksyon nan ansèyman L yo—pou nou dekouvri sa L vle nou aprann ak sa nou ka bezwen chanje nan pwòp panse ak konpòtman pa nou.

Nou ka wè ke kèk nan moun n ap ansenye yo pa wè poukisa kèk verite enpòtan pou yo. Pandan w ap konsidere bezwen moun w ap ansenye yo, reflechi sou verite nan ekriti yo ka gen sans pou yo epi ki ka itil pou yo nan sikonstans yo. Youn nan fason w ka ede moun w ap ansenye yo wè koneksyon nan verite y ap dekouvri yo se poze yo kesyon tankou sa yo “Kijan sa a ka ede w avèk yon bagay w ap travèse nan moman an?” Poukisa li enpòtan pou w konnen sa a? “Ki diferans sa ka fè nan lavi ou?” Koute moun w ap anseye yo. Pèmèt yo poze kesyon. Ankouraje yo pou yo fè koneksyon ant ansèyman Sovè a ak pwòp lavi pa yo. Ou ta ka pataje kijan w te jwenn koneksyon nan pwòp lavi pa w avèk sa w ap ansenye yo. Si w fè sa, sa ka envite Lespri a anseye elèv yo kijan doktrin nan ka fè yon diferans nan lavi yo.

Kesyon pou Medite: Kisa ki fè verite levanjil yo siyifikatif ak itil pou ou? Kisa ki ede w jwenn koneksyon pèsonèl lè w ap etidye levanjil la? Kisa w ap fè pou w fokis sou verite ki konsène moun w ap ansenye yo?

Nan Ekriti yo: 1 Nefi 19:23; 2 Nefi 32:3; Doktrin ak Alyans 43:7–9

Kèk Fason pou Aplike sa W ap Aprann Yo

  • Evalye sa w ap ansenye yo pou asire w ke w ap ansenye vrè doktrin. Kesyon sa yo ka ede:

    • Èske sa m ap planifye pou m anseye a fonde sou ekriti yo ak pawòl pwofèt dènye jou yo?

    • Èske gen plizyè pwofèt ki te anseye sa? Kisa dirijan Legliz aktyèl yo anseye konsènan sa?

    • Kijan sa ap ede lòt moun bati lafwa nan Jezikri, repanti, ak pwogrese sou chemen alyans lan?

    • Èske sa konsistan avèk enspirasyon m resevwa nan men Sentespri a, oubyen èske m pa santi m espirityèlman byen konsènan sa?

  • Etidye pawòl Bondye a chak jou pou w ka aprann vrè doktrin nan pou tèt pa w.

  • Mande moun w ap ansenye yo pou yo li ekriti yo ak pawòl pwofèt modèn yo lè w ap anseye.

  • Anseye moun w ap anseye yo kijan pou yo itilize referans anba paj yo, Gid Ekritiyo, ak lòt resous lè y ap etidye ekriti yo.

  • Envite moun w ap ansenye yo pou yo chèche verite nan yon pasaj ekriti oubyen yon istwa.

  • Pataje temwayaj sou fason w te vin konnen ke yon doktrin vrè.

  • Itilize istwa oubyen metafò pou ede moun w ap ansenye yo jwenn yon konpreyonsyon pi pwofon sou verite levanjil yo.

Enprime