Èd pou Etid
TJS, Women 7


TJS, Women 7:5–27. Konpare avèk Women 7:5–25

Se Kris la sèlman ki gen pouvwa pou chanje nanm lèzòm pou byen nètale.

5 Paske, lè nou te nan lachè, pasyon peche yo, ki pa t daprè lwa a, te travay nan manm nou pou pote fwi ki bay lanmò.

6 Men kounyeya, nou delivre anba lalwa ki te kenbe nou an, paske nou pa esklav lanmò pou nou kapab sèvi avèk yon lespri nouvo, non pa avèk ansyen lèt la ki vin vye a.

7 Kisa nou dwe di? Èske lalwa a se peche? Jamè. Non, m pa t konnen kisa peche ye, si se pa t pou lalwa a; Paske m pa t konnen kisa anvi ye, si lalwa pa t di, Ou pa dwe konvwate.

8 Men peche pwofite okazyon an pa mwayen kòmandman an, li reveye tout kalite dezi nan mwen. Paske san lalwa a peche te mouri.

9 Paske yon lè m te vivan san trangresyon lwa a, men lè kòmandman Kris la te vini, peche te reviv epi m te mouri.

10 Epi lè m pa t kwè kòmandman Kris la ki te vini, ki te òdone pou lavi, m wè sa te kondane m pou m mouri.

11 Paske peche te pwofite okazyon an, li te nye kòmandman an, epi l te twonpe m; epi konsa, li te touye m.

12 Sepandan, m te dekouvri lwa a te sen, epi kòmandman an te sen, li te jis, li te bon.

13 Èske se te bon bagay sa a ki te fè m mouri? Jamè. Men se te peche, pou l te kapab parèt kòm pou peche, pa mwayen kòmandman an, ki te kapab kondanab alekstrèm.

14 Paske nou konnen kòmandman an espirityèl; men, lè m te sou lalwa, lè sa a m te chanèl, m te vann anba peche.

15 Men kounyeya, m espirityèl; paske sa yo kòmande m pou m fè, m fè l; m sa yo kòmande m pou m pa pèmèt, m pa pèmèt li.

16 Paske sa m konnen ki pa bon, m pa fè l, paske sa ki peche, m rayi l.

17 Si m pa fè sa m pa pèmèt, m konsanti avèk lalwa a, kòm etan li bon; epi Bondye pa kondane m.

18 Konsa kounyeya, se pa mwen menm ki fè peche ankò; men, m ap chèche domine peche sa a ki nan mwen an.

19 Paske m konnen nan mwen menm, ki vle di nan kò fizik mwen, okenn bon bagay pa abite; paske volonte a prezan avèk mwen, men, akonpli sa ki bon, m pa jwenn sa, eksepte nan Kris la.

20 Paske bagay ki bon m ta fè lè m sou lwa a, m pa wè l bon; se poutèt sa, m pa fè l.

21 Men move bagay m pa t ap fè sou lwa a, m wè l bon; konsa, m fè l.

22 Kounyeya, si m fè sa pa mwayen asistans Kris la, m pa t ap fè sa sou lalwa a, m pa sou lalwa a; epi m p ap chèche fè mal ankò, men pou m domine peche ki abite nan mwen.

23 M te remake, lè m te sou lwa a, lè m te vle fè byen, mal te prezante devan m; paske m te pran plèzi nan lalwa Bondye daprè lòm ki andedan mwen an.

24 Epi kounyeya, m wè yon lòt lwa, kòmandman Kris la menm, epi l enprime nan panse m.

25 Men, manm yo ap fè lagè avèk lalwa ki nan panse m nan, epi l mennen m nan kaptivite anba lalwa peche ki nan manm mwen yo.

26 Epi si m pa domine peche ki nan mwen an, epi avèk kò fizik la m sèvi lwa peche a, m se yon nonm mizerab! kiyès ki pral delivre m anba kò lanmò sa a?

27 M remèsye Bondye pa mwayen Jezikri Senyè nou an, lè sa a, avèk panse m, m sèvi lwa Bondye a pou tèt pa m.

Enprime