Ansyen Testaman 2022
28 Out. Kijan Sovè a Kapab Ede m Nan Eprèv Mwen yo? Sòm 102–103; 110; 116–119; 127–128; 135–139; 146–150


28 Out. Kijan Sovè a Kapab Ede m Nan Eprèv Mwen yo? Sòm 102-103; 110; 116–119; 127–128; 135–139; 146–150,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022 (2021)

“28 Out Kijan Sovè a Kapab Ede m Nan Eprèv Mwen yo?” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022

Imaj
Jènfi k ap souri

28 Out

Kijan Sovè a Kapab Ede m Nan Eprèv Mwen yo?

Sòm 102–103; 110; 116–119; 127–128; 135–139; 146–150

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm nan oswa klas la; 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi yo oswa Tèm Kowòm Prètriz Aawon an. Apresa itilize youn oswa plizyè nan kesyon anba a oubyen pwòp kesyon pa w pou w mennen yon diskisyon sou travay sali ak egzaltasyon an (see Manyèl Jeneral, 10.2, 11.2, ChurchofJesusChrist.org). Planifye pou n aji sou sa k te diskite yo.

  • Viv levanjil la. Ki resan eksperyans ki te mennen nou pi pre Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri?

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo. Èske gen yon moun ki fèk vin abite nan pawas nou an oubyen ki fèk konvèti nan Legliz la? Kijan nou ka ede yo santi yo akeyi?

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Ki aktivite ki pral fèt ke nou kapab envite zanmi nou yo vin asiste?

  • Ini fanmi yo pou letènite. Ki efò nou kapab fè pou n ekri istwa pèsonèl nou?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye konsènan prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm yo oubyen manm klas yo sonje plan ak envitasyon yo te fikse pandan reyinyon an.

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oswa jèn; 25–35 minit

Prepare w Espirityèlman

Difikilte nou rankontre yo kapab fè nou santi dekouraje, fristre, defèt, epi abandone. Moun ki te ekri Sòm yo te konprann santiman sa yo e yo te eksprime yo avèk fòs : “Mwen anba gwo kou. Mwen tankou zèb koupe k ap cheche; … Mwen pa ka dòmi, mwen tankou yon zwezo ki pou kont li sou yon do kay.” (Sòm 102:4, 7). Men se avèk menm fòs sa a yo te temwaye ke vire al jwenn Sovè a ap pote sekou: “Wi, kite m di Seyè a mèsi. Mwen pa dwe janm bliye tout byen li fè pou mwen: Li padonnen tout peche m yo, li geri tout maladi m yo. Li wete m nan bouch twou a. Li beni m, li fè m wè jan li renmen m, jan li gen pitye pou mwen”(Sòm 103:2–4).

Panse a benediksyon k ap vin jwenn manm klas oswa manm kowòm ou yo lè yo pi byen konprann kijan Sovè a kapab ede yo nan eprèv yo. Kijan evèk ou te ede ou? Pandan w ap prepare pou w anseye, ou ta ka revize mesaj Prezidan Henry B. Eyring nan “Teste, Epwouve, Poli” (Liahona, Nov. 2020, 96–99) ak “Advèsite” nan Sijè Levanjil yo (topics.ChurchofJesusChrist.org).

Imaj
konferans jèn yo

Sovè a ap ede nou epi rekonfòte nou nan eprèv nou yo.

Aprann Ansanm

Lè w ap kòmanse ou ta ka mande manm klas la oswa kowòm nan pou yo revize Sòm 102, 103, epi 116, chèche kijan Sovè a ede nou nan efò pou nou simonte eprèv yo. Yo ta ka travay endividyèlman oswa an gwoup pou yo ekri kèk fraz konsènan sa yo te jwenn ak pataje sa yo te ekri yo apresa. Chwazi youn oubyen plizyè nan aktivite sa yo pou ede yo konprann sijè sa a pi byen.

  • Kantik ka envite Lespri epi anseye doktrin nan nan yon fason puisan. Panse pou w revize yon chan sou fason Sovè a ede nou nan epprèv nou yo, tankou “Quels fondements fermes” (Kantik, no. 42). Kisa kantik la anseye sou èd Sovè a kapab ba nou? Apresa jèn yo ta ka revize pasaj ekriti ki nan “Resous pou Sipòyo.” Yo ta ka benefisye nan ekri yon fraz nan liv kantik la oswa youn nan ekriti yo ki raple yo pou yo chèche Sovè a nan advèsite yo.

  • Mesaj Prezidan Henry B. Eyring la “Teste, Epwouve, ak Poli” a ta kapab ede moun w ap anseye yo pi byen konprann kesyon tanku sa yo: Ki kèk nan objektif eprèv mòtèl nou yo? Kijan Sovè a ap ede nou avèk difikilte nou yo? Kisa nou kapab fè pou nou jwenn nan èd ak pouvwa Sovè a? Konsidere ekri kesyon sa yo sou tablo a. Manm klas la oswa kowòm nan ta kapab chèche repons yo nan mesaj Prezidan Eyring nan. Paregzanp, kisa nou aprann nan istwa konsènan manman Prezidan Eyring nan nan kòmansman ak nan fen mesaj la? Ou ta ka mande chak moun pou yo medite sou fason yo kapab aplike sa yo te aprann nan pwòp eprèv pa yo. Kèk jèn kapab anvi pataje pwòp panse pa yo.

  • Sè Lisa L. Harkness te rakonte istwa Sovè a ki te kalme tanpèt la pou l te anseye ke Li ka kalme tanpèt nan lavi nou yo (gade Mak 4:35–41; “Sois tranquille,” Liahona, Nov. 2020, 80–82). Ou ta ka envite yon manm klas la oswa yon manm nan kowòm nan pou l vini tou prepare pou l pataje sa l te aprann konsènan Sovè a nan resi ekriti a. Moun sa a gen dwa montre yon foto tou (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 40). Apresa jèn yo kapab revize sa Sè Harkness te anseye konsènan kijan Sovè a “andedan bato nou” lè nou fè fas ak difikilte. Ou ta ka envite chak moun pou yo eksplike kijan Sovè a te ede yo nan eprèv yo, enkli fason Li te ede yo pa lentèmedyè lòt moun. Ankouraje jèn yo pou yo pataje eksperyans yo avèk yon moun yo konnen ki bezwen lapè Sovè a.

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm kowòm oswa klas ou yo pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo te resevwa yo jodia? Si yo ta vle, yo ta ka pataje ide yo. Envite yo panse sou fason aji sou enpresyon yo ap ranfòse relasyon yo avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Resous pou Sipò

Anseye nan Fason Sovè a

“Poze kesyon k ap ankouraje manm klas yo rann temwayaj yo sou prensip y ap anseye yo a kapab yon mwayen efikas pou envite Lespri a. … Temwayaj yo—ak temwayaj lòt moun nan klas la—ap grandi lè Lespri a rann temwayaj konsènan verite a” (Anseye nan Fason Sovè a, 32).

Enprime