Nouvo Testaman 2023
15–21 Me. Matye 21–23; Mak 11; Lik 19–20; Jan 12: ‘Gade, Wa w la ap vini’


“15–21 Me. Matye 21–23; Mak 11; Lik 19–20; Jan 12: ‘Gade, men Wa w la ap vini’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“15–21 Me. Matye 21–23; Mak 11; Lik 19–20; Jan 12,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2023

Imaj
yon mesye sou yon pyebwa pandan Jezikri ap apwoche

Zache sou pyebwa Sycamore la, pa James Tissot

15–21 Me.

Matye 21–23; Mak 11; Lik 19–20; Jan 12

“Gade, Men Wa W La Ap Vini”

Pandan w ap li Matye 21–23; Mak 11; Lik 19–20; ak Jan 12la, chèche prensip ki ap ede w satisfè bezwen moun w ap anseye yo. Sentespri a ap enspire w pou w konnen kijan pou ede manm klas la dekouvri prensip sa yo.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Plizyè jou anvan klas la, envite kèk manm klas la pou yo vini prepare pou yo pataje yon eksperyans yo te fè lè yo t ap etidye chapit ki te deziyen pou semèn nan. Mande yo pou yo pale de benediksyon ki vin jwenn yo lè yo etidye ekriti yo diran semèn nan.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Lik 19:1–10

Sovè a konnen nou pèsonèlman.

  • Pwobableman, manm klas ou a te santi moun vag sou yo oubyen bliye yo pafwa nan lavi yo. Istwa Zache a ka ede yo konprann ke Pè Selès la ak Jezikri konnen yo epi yo sousye pou yo. Pou ede manm klas la konpare istwa sa a avèk lavi yo, envite yo pou yo imajine yo se Zache. Kisa w panse li te aprann konsènan Sovè a nan eksperyans li an? Kisa nou ka aprann nan efò Zache te fè pou l te ka wè Sovè a?

Matye 21:1–11; Mak 11:1–11; Lik 19:29–44; Jan 12:12–16

Jezikri se Wa nou.

  • Ou gen dwa itilize yon senp aktivite pou entwodui yon diskisyon konsènan antre triyonfal Sovè a nan Jerizalèm: Plizyè manm klas la ta kapab desine sou tablo a kèk bagay ki asosye avèk yon wa tankou yon kouwòn oubyen yon twòn, pandan ke lòt yo ap devine sa y ap desine a. Apre sa, lòt manm klas la kapab desine yon bourik ak branch bwa. Ki rapò bagay sa yo genyen avèk yon wa? Apre sa, ou ta gen dwa montre foto antre triyonfal Sovè a nan Jerizalèm ki nan plan pou semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo epi envite manm klas la pou yo li Mak 11:1–11. Kijan moun sa yo te rekonèt Jezikri kòm wa yo? Kijan nou adore Jezikri kòm Wa nou atravè pawòl nou yo ak aksyon nou yo?

Matye 22:34–40

De pi gran kòmandman yo se renmen Bondye epi renmen lòt moun menm jan nou renmen tèt nou.

  • Kijan ou ka ede manm klas la konprann ke “se sou de kòmandman sa yo”—renmen Bondye ak renemen pwochen w—“tout lwa ak pwofèt re[pze hang all the law and the prophets”? Matye 22:40). Apre nou fin li Matye 22:34–40 ansanm, nou takapab ekri Renmen Bondye ak Renmen Pwochen w sou tablo a. Bay chak manm klas la yon ti moso papye avèk yon kòmandman ekri sou li. Envite kèk pami yo pou yo li kòmandman pa yo a epi pou yo pale de kijan kòmandman pa yo a ede nou obeyi youn oswa toulède gwo kòmandman sa yo. Apre yo fin diskite kòmandman yo a, yo ta kapab mete papye yo a sou tablo a, Poukisa li enpòtan pou nou sonje ke tout kòmandman yo gen rapò avèk de gwo kòmandman yo? (gade nan “Resous Adisyonèl”).

Matye 23:23:13–33

N ap pwoteje lè nou evite suiv gid avèg.

  • Èske manm klas ou a tap jwenn avantaj nan fè yon diskisyon sou tèm “gid avèg” la Sovè a te itilize pou L dekri farizyen ak doktè lalwa ki avèg spirityèlman yo? (Matye 23:16). Ou ta gen dwa panse a yon fason pou w demontre kijan sa tap ye pou yon moun ta suiv yon lòt moun ki pa t ka wè. Oubyen, klas la ta kapab ekri karakteristik yon gid ki avèg sou tablo a, jan yo dekri nan Matye23:13–33a. Pou ajoute sou lis la, anvizaje gade nan kèk lòt ekriti ki pale de avèg spirityèl, tankou 2 Korentyen 4:3–4; 2 Nefi 9:28–32; ak Jakòb 4:14. Kijan nou ka rekonèt gid avèg yo epi evite yo?

Imaj
Jezi ap pale avèk Farizyen yo

Sovè a te denonse farizyen yo kòm ipokrit ak gid avèg.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Renmen Bondye ak renmen pwochen nou yo se baz tout sa nou fè.

Pandan li te fè referans a de gwo kòmandman yo ke nou jwenn nan Matye 22:37–39, Prezidan M. Russell Ballard te anseye:

“Obeyisans a de kòmandman sa yo ba nou yon fason pou nou fè eksperyans plis lapè ak lajwa. Lè nou renmen ak sèvi Senyè a epi nou renmen ak sèvi pwochen nou, natirèlmann n ap vin santi plis jwa tou ki vin jwenn nou nan pi bon fason.

Renmen Bondye ak renmen pwochen nou, se fondasyon doktrinal sèvis pastoral; aprantisaj santre sou fwaye, sipòte pa Legliz la; adorasyon spirityèl nan jou Saba, ak travay sali nan tou lèdebò vwal la, sipòte pa Sosyete Sekou ak Kowòm Ansyen an.pòte Tout bagay sa yo baze sou kòmandman diven pou nou renmen Bondye epi pou n renmen pwochèn nou an. Èske ka gen yon bagay pi elemantè, pi fondamantal, ak pi senp pase sa? (“Vrè Levanjil klè ak senp Jezikri a,” Lyawona, Me 2019, 29).

Amelyore Ansèyman Nou

Ou pa oblije kouvri tout bagay. “Gen anpil bagay pou diskite nan chak leson, men li pa nesesè pou w kouvri tout bagay nan yon sèl peryòd klas pou w touche kè yon moun—souvan youn oubyen de pwen kle sifi. Pandan w ap medite sou bezwen moun ki ap aprann yo, Lespri a ap ede w idantifye ki prensip, ki istwa, oubyen ki ekriti ki ap espesyalman siyifikatif pou yo” (Anseye nan Fason Sovè a,7).

Enprime