Nouvo Testaman 2023
22–28 Me. Joseph Smith—Matye 1; Matye 24–25; Mak 12–13; Lik 21: “Pitit Gason Lòm nan ap vini”


22–28 Me. Joseph Smith—Matye 1; Matye 24–25; Mak 12–13; Lik 21: ‘Pitit Gason Lòm nan,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2023 (2022)

22–28 Me. Joseph Smith—Matye 1; Matye 24–25; Mak 12–13; Lik 21,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2023

Imaj
Dezyèm Vini

Dezyèm Vini an, pa Harry Anderson

22–28 Me.

Joseph Smith—Matye 1; Matye 25; Mak 12–13; Lik 21

“Pitit Gason Lòm nan pral vini”

Sonje pou w kòmanse preparasyon pou w anseye a nan lapriyè pandan w ap li Joseph Smith—Matye 1; Matye24–25; Mak 12–13; ak Lik 21. Chèche enspirasyon pou tèt pa w, epi apresa repase plan leson sa a pou ide adisyonèl.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Fè lis parabòl Sovè a nou jwenn nan lekti semèn sa a sou tablo a, tankou parabòl pye figye a, moun debyen an ak vòlè a, sèvitè fidèl la ak move sèvitè a, dis vyèj yo, talan yo, ak mouton ak kabrit yo. Mande manm klas yo pou yo pataje verite yo te aprann nan parabòl sa yo ki ka ede yo prepare pou Dezyèm Vini Sovè a. Kisa y ap fè pou yo aplike verite sa yo nan lavi yo?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Joseph Smith—Matye 1:21–37

Pwofesi konsènan Dezyèm Vini Sovè an ka ede nou afwonte lavni avèk lafwa.

  • Siy Dezyèm Vini Sovè a ka difisil pou kèk manm nan klas yo konprann. Sa ta ka ede yo travay an gwoup pou yo ka idantifye siy yo jwenn nan Joseph Smith—Matye 1:21–37yo. Sa ta ka ede yo pi byen konprann enpòtans siy sa yo tou si yo konpare yo avèk siy ki sou pano sou wout yo. Poukisa pano sou wout yo enpòtan? Nan ki fason siy Dezyèm Vini an yo sanble ak siy pano sou wout yo? Nan kijan yo diferan? Ou gen dwa menm bay chak gwoup kèk fèy papye ki gen fòm pano woutye epi envite yo ekri sou chap papye yon siy k ap presede Dezyèm Vini an. Kite yo pataje sa yo jwenn, epi evite klas la pou l diskite sou prèv siy sa yo nan mond la jodi a.

Joseph Smith—Matye 1:26–27, 38–55; Matye 25:1–13

Nou dwe toujou prepare pou Dezyèm Vini Sovè a.

  • Parabòl nan Joseph Smith—Matye 1:26–27, 38–55 ak Matye 25:1–13 yo ka ede manm klas yo rekonèt enpòtans pou yo prepare pou Dezyèm Vini an. Envite manm klas yo pou yo chèche vèsè sa yo epi pataje sa yo santi Sovè a ap envite nou pou n fè. Èldè David A. Bednar te bay yon entèpretasyon sou parabòl dis vyèj yo ki ka ede (gade nan “Resous adisyonèl yo”). Poukisa nou chak dwe konvèti pèsonèlman? Kijan nou ka fè sa? Kisa Doktrin ak Alyans 45:56–57 ajoute sou konpreyansyon nou de parabòl sa a?

  • Lè w ap aprann sou retou Sovè a, ou gen dwa li oswa chante ansanm kantik sou Dezyèm Vini an (gade “Dezyèm Vini—Jezikri” nan indèks topik nan do liv kantik la).

Matye 25:14–46

Nan Jijman Final la, nou pral bay Senyè a rapò sou lavi nou.

  • Parabòl talan yo ak parabòl mouton ak kabrit yo ka enspire nou pou nou panse sou rapò nou pral bay Senyè a sou lavi nou nan Jijman Final la. Nou gen dwa li parabòl yo ansanm epi envite manm klas yo pou yo pataje yon kesyon Sovè a ta ka poze sou lavi nou lè n ap jije. Bay tan pou manm klas yo planifye fason yo pral aji sou enpresyon yo resevwa pandan diskisyon an.

    Imaj
    mouton ak kabrit

    Kris la itilize mouton ak kabrit pou anseye sou Jijman Final la (gade nan Matye 25:31–33).

  • Pou enspire yon diskisyon sou Matye 25:34–40 la, ou ta gen dwa envite manm klas yo pou yo pataje egzanp sou moun ki te montre konpasyon yo dekri nan vèsè sa yo. Ba yo tan pou yo reflechi a moun ki ta ka bezwen sèvis yo. Nan ki fason reyèl nou ka nouri moun ki grangou, abiye moun ki toutouni, ak vizite moun ki malad?

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Luil konvèsyon an.

Èldè David A. Bednar te sigjere entèpretasyon sa a pou parabòl dis vyèj yo:

“Konsidere luil la kòm luil konvèsyon [gade nan Matye 25:4–9]. …

“Èske senk vyèj saj yo te egoyis epi yo pa t vle pataje oubyen èske yo te gen rezon pou yo te montre ke moun pa kapab prete luil konvèsyon an? Èske nou ka bay yon lòt moun fòs spirityèl ki soti nan obeyisans konstan nan kòmandman yo? Èske nou ka bay yon lòt moun ki nan bezwen konesans nou jwenn atravè etid dilijan ak meditasyon sou ekriti yo? Èske lapè levanjil la pote pou yon Sen dènye jou fidèl la, li ka transfere l bay yon moun k ap travèse advesite oubyen gwo pwoblèm? Repons kle pou chak kesyon sa yo se non.

“Jan vyèj saj yo te byen souliyen an, nou chak dwe ‘achte pou tèt pa nou.’ Fi enspire sa yo pa t ap dekri yon tranzaksyon komèsyal; men anfèt, yo t ap mete aksan sou responsablite nou genyen endividyèlman pou nou kenbe lanp temwayaj nou limen epi pou nou gen yon rezèv luil konvèsyon ki sifizan. Nou jwenn luil presye sa a gout pa gout—‘liy apre liy [epi] presèp sou presèp’ (2 Nefi 28:30) avèk pasyans ak pèsistans” (“Konvèti nan Senyè a,” Liahona, Nov. 2012,109).

Amelyore ansèyman nou

Asire w ke w anseye vrè doktrin nan. “Toujou mande tèt ou: “Nan ki fason sa m ap anseye yo ap ede manm klas mwen yo bati lafwa yo nan Kris la, repanti, fè ak kenbe alyans avèk Bondye, e resevwa Sentespri a?” (Anseye nan Fason Sovè a20).

Enprime