Nouvo Testaman 2023
14–20 Out. Women 7–16: “Venk Mal Avèk Byen”


“14–20 Out. Women 7–16: ‘Venk mal la pa sa ki bon’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“14–20 Out. Women 7–16,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2023

Imaj
Win Wòm tan lontan

14–20 Out.

Women 7-16

“Venk Mal Avèk Byen“

Li Women 7–16, epi ekri enpresyon ou resevwa sou jan pou w ede manm klas ou a aprann nan ekriti yo. Pandan w ap medite sou enpresyon w yo, yo kapab mennen w nan aktivite aprantisaj siyifikatif.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Anvizaje li Women 10:17 ak 15:4 epi mandde manm klas la pou yo pataje ekriti ki soti nan Women 7–16 ki bati lafwa yo nan Jezikri oswa ba yo espwa.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Women 8:14–18

Nou kapab vin tounen “ko-eritye avèk Kris.”

  • Antanke Sen Dènye Jou, nou kwè ke ekspresyon tankou “eritye Bondye” ak “eritye avèk Kris” vle di ke, avèk èd Jezikri, nou ka vin tankou Papa nou ki nan syèl la epi resevwa tout sa l genyen (Women 8:17; gade tou nan Doktrin ak Alyans132:19–20). Pou ede manm klas la wè kijan yo anseye doktrin sa a nan ekriti yo, ou ta kapab envite yo fòme gwoup 2 moun oswa ti gwoup epi etidye kèk ekriti yo mansyone nan“Additional Resources.” Apre sa manm klas la ta kapab pataje sa yo te aprann epi diskite sou rezon ki fè doktrin sa a enpòtan konsa.

  • Analoji Eldè DallinH. Oaks la nan “Resous adisyonèl yo” ta kapab ede manm klas la diskite sou fason nou ka prepare nou pou nou vin “eritye Bondye” (Women 8:17 Eske w ka site kèk nan “lwa ak prensip” Eldè Oaks ap pale a? Pa egzanp, ki diferans sa fè nan lavi nou si nou konnen nou ka vin “eritye Bondye, epi koeritye avèk Kris”? (Women 8:17).

Women 8:18, 28, 31–39

“Kiyès ki ka separe nou avèk lanmou Bondye?”

  • Diskite sou Women 8 ansanm ta kapab bay yon opòtinite pou ede manm klas la santi lanmou Sovè a. Anvizaje montre yon foto Jezikri (gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou moun yo ak Fanmi yo) pandan w ap li Women 8:18, 28, 31–39 antanke klas. Ou ta kapab envite manm klas la pou yo pataje nenpòt panse oswa santiman yo genyen apre yo fin li vèsè sa yo. Kèk moun ta gen dwa dispoze pou yo di kijan yo te akeri temwayaj yo sou verite yo jwenn nan vèsè sa yo.

Women 13:8–10

Tout kòmandman Bondye bay yo rezime nan kòmandman ki mande pou nou renmen an.

  • Pou ede manm klas la wè kijan tout kòmandman yo “rezime nan” kòmandman pou renmen pwochen yo a (Women 13:9), envite yo pou yo fè yon lis sou tablo a sou tout kòmandman yo ka panse. Li ansanm Women 13:8–10 ak Matye 22:36–40, epi diskite sou relasyon ki genyen ant renmen Bondye ak renmen pwochen nou ak obeyi chak kòmandman ki nan lis ki sou tablo a. Kijan verite sa a chanje fason nou panse konsènan kòmandman yo ak obeyisans? Pa egzanp, kisa verite sa a sigjere konsènan bi kòmandman yo?

Women 14

“Se pou nou youn pa … jije lòt ankò.”

  • Pou mete Women 14, nan yon kontèks, ou ta kapab siyale ke kèk nan sen Wòm yo t ap diskite youn ak lòt sou pratik kiltirèl, tankou abitid nan manje ak obsèvans fèt. Ki sitiyasyon menm jan an nou konfwonte jodi a? Petèt manm klas ka gade nan Women 14 epi bay yon rezime yon fraz sounkonsèy Pòl la. Ki konsèy nou ka pataje youn ak lòt sou jan pou nou evite pote jijman? Petèt manm klas la kapab jwenn ide nan mesaj Prezidan Dieter F. Uchtdorf la “Moun Ki Gen Mizèrikòd yo ap Jwenn Mizèrikòd,” Lyawona, Me 2012, 70–77.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Resevwa “tout sa Papa [a] genyen” (Doktrin ak Alyans 84:38.

Prezidan Dallin H. Oaks te rakonte parabòl sa a:

“Yon papa rich te konnen ke si l te kite richès li a pou yon pitit li ki pot ko devlope sajès ak matirite nesesè a, pwobableman eritaj la tap gasipye . Li te di pitit li a:

“‘M vle ba w tout sa m genyen—non sèlman richès mwen an, men tou pozisyon m nan ak repitasyon m pami lèzòm. Sa m posede a, mwen ka ba ou yo fasilman, men sa m ye a, se oumenm ki dwe rive genyen l pou kont ou. W ap kalifye pou eritaj ou a nan aprann sa m te aprann yo ak nan viv jan m te viv la. M ap ba ou tout lwa ak prensip ki te fè m akeri sajès mwen ak matirite m lan. Suiv egzanp mwen, jere jan m te jere a, epi w ap vin jan m ye a, epi tout sa m genyen ap vin pou ou’” (Defi pou Sa Dwe Devni an,” Ensign,, Nov. 2000, 32).

Amelyore Ansèyman Nou

Chèche jwenn resous pou kore prensip yo. Anplis ide ansèyman yo bay nan plan sa a, ou ta kapab modifye aktivite ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo pou itilize nan klas ou a. (Gade tou nan Anseye nan Fason Sovè a, 17–18.)

Enprime