Apèl Misyon
Entwodiksyon Preche Levanjil Mwen an


“Entwodiksyon Preche Levanjil Mwen an,” Preche Levanjil Mwen an: Yon Gid pou Pataje Levanjil Jezikri a (2023)

“Entwodiksyon,” Preche Levanjil Mwen an

Entwodiksyon Preche Levanjil Mwen an

Senyè a kòmande sèvitè L yo pou yo “preche levanjil mwen an avèk Lespri a, Konsolatè a menm m te voye pou anseye verite a” (Doktrin ak Alyans 50:14).

Preche Levanjil Mwen an fèt pou ede w ranpli objektif ou kòm misyonè. Li konsantre sou prensip fondamantal travay misyonè. Li pa reponn tout kesyon ni bay direksyon pou chak sitiyasyon w ap rankontre. Men, li se yon resous vital pou pèmèt ou grandi nan pouvwa ak kapasite espirityèl ou. Etidye epi aplike doktrin ak prensip levanjil nou jwenn nan ekriti yo ak nan liv sa a.

Imaj
Jan Batis ki ap Batize Jezikri

Preche Levanjil Mwen an òganize pou ede w nan fason sa yo:

Etidye chapit yo san rete pandan tout misyon w lan. Evalye travay ou a. Fikse bi epi fè plan pou akonpli yo. Misyonè ki prepare tèt yo chak jou epi ki amelyore regilyèman yo ap beni lavi moun y ap anseye ak sèvi yo. Y ap resevwa benediksyon nan lavi yo tou.

Opòtinite pou Etidye ak Aprann

Etidye efikas pandan misyon w lan ap ede w fòtifye temwayaj ou konsènan levanjil la ak vin yon disip Jezikri ki pi fidèl.

Etidye ekriti yo ak Preche Levanjil Mwen an ap ede w anseye avèk pouvwa espirityèl. L ap ede w fè ansèyman w lan vin adapte a bezwen moun yo.

Etid enpòtan ak opòtinite pou aprann yo gen ladan yo:

  • Etid pèsonèl.

  • Etid avèk Konpayon.

  • Echanj avèk Konpayon.

  • Reyinyon konsèy distri.

  • Konferans Zòn.

  • Konsèy dirijan misyon (pou jèn dirijan misyonè yo).

Pifò nan jou yo, orè etid misyonè w la genyen ladan l tan pou etid pèsonèl ak tan pou etid avèk konpayon. Gade Prensip Misyonè pou Disip Jezikri yo, 2.4, pou enfòmasyon sou orè chak jou w la.

Sa w aprann nan etid pèsonèl ou yo ap ede w nan etid avèk konpayon w lan ak nan lòt opòtinite aprantisaj yo mansyone anlè la a. Nan moman sa yo nou “anseye youn lòt doktrin wayòm nsn” (Doktrin ak Alyans 88:77).

Imaj
Jezikri ki ap anseye yon foul moun

Ede pou Amelyore Etid Ou sou Preche Levanjil Mwen an

Preche Levanjil Mwen an asosye ekriti yo avèk prensip levanjil yo ansanm pou ede w vin konnen Sovè a ak levanjil Li a. Li destine pou ede w plonje w nan ekriti yo ak anrichi etid ou sou yo. Etidye referans ekriti yo bay nan chak chapit yo pandan tout misyon w lan.

Chak chapit nan Preche Levanjil Mwen an genyen ladan yo ide ak aktivite pou ede w etidye ak aplike sa w ap aprann yo. Itilize yo nan etid pèsonèl ou ak nan etid avèk konpayon w (gade nan Prensip Misyonè, 2.4). Ou ka itilize yo pandan reyinyon konsèy distri yo ak konferans zòn yo. Etid ou a ap pi efikas lè w chèche jwenn mwayen pou aplike sa w ap aprann yo.

Sa t ap itil pou w ta gen yon plan pou etid pèsonèl ou. Ou ta ka kreye pwòp plan pa w ki bay priyorite a prensip levanjil ke w ta renmen konprann pi byen yo. Ou ta kapab estriktire etid ou a otou chapit ki nan Preche Levanjil Mwen an. Pa egzanp, ou ta ka itilize leson nan chapit 3 yo pou gide etid ou sou doktrin ak prensip ou pral anseye yo. Ou bezwen konnen leson sa yo byen pou w ka anseye pa Lespri a nan pwòp mo pa w.

Pran nòt pandan w ap etidye a. Itilize yon jounal etid an papye oubyen elektwonik (tankou sa ki nan Biliyotèk Levanjil la) pou ede w konprann, klarifye, ak sonje sa w ap aprann yo.

Kòmanse etid ou a avèk yon priyè pou Sentespri a ka ede w aprann. L ap pote konesans, konpreyansyon, ak konviksyon ki ap beni lavi w epi ki ap pèmèt ou beni lavi lòt moun. Ouvri lespri w ak kè w pou enpresyon ak ede ou resevwa nan men L yo. Ekri ide sa yo nan nòt ou yo.

Revize jounal etid ou a regilyèman pou w ka raple w eksperyans espirityèl ou yo, dekouvri nouvo ide, ak rekonèt kwasans ou.

Aplikasyon Preche Levanjil Mwen an

Itilize app Preche Levanjil Mwen an pou ede w aplike prensip w ap aprann yo. Aplikasyon sa a disponib nan aparèy mobil ou a. Li gen fonksyon pou ede w ranpli objektif ou kòm misyonè Fonksyon sa yo enkli:

  • Enfòmasyon sou bezwen ak pwogrè moun w ap anseye yo.

  • Yon kote pou w anrejistre pwogrè w akonpli nan objektif kle w te fikse yo.

  • Yon kalandriye pou w ekri plan w yo ak pwograme aktivite w yo.

  • Yon kat jewografi zòn ou ye a ak lòt enfòmasyon enpòtan pou ede w akonpli objektif ou yo.

Preche Levanjil Mwen an genyen ladan l anpil ide sou fason pou w itilize app ap la pou ede w jwenn, anseye, ak batize moun nan.

Imaj
yon fanmi ki ap etidye ekriti yo

Itilizasyon Preche Levanjil Mwen an pa Manm Legliz la

Preche Levanjil Mwen an se yon resous presye non sèlman pou misyonè yo men pou tout manm yo nan Legliz la tou. Pa egzanp, si w etidye l, sa ap ede manm yo:

  • Aprann ak etidye levanjil Jezikri a (etidye chapit 1, 2, 3, ak 10).

  • Reponn kesyon sou levanjil la (etidye chapit 3 ak 5).

  • Konprann plis sou chèche ak apiye sou Sentespri a (etidye chapit 4).

  • Konprann pouvwa Liv Mòmon an (etidye chapit 5).

  • Chèche Atribi Kretyen yo ( etidye chapit 6).

  • Ranpli responsablite yo pran pa alyans pou pataje levanjil la nan viv prensip ki se renmen, pataje, ak envite a (etidye chapit 9 ak 13).

  • Bati inite avèk misyonè aplentan yo (etidye chapit 13).

Etidye Preche Levanjil Mwen an—espesyalman chapit 3 a—ap itil patikilyèman itil pou jèn yo ak moun aje yo ki ap prepare pou sèvis misyonè yo.

Enprime