Apèl Misyon
Chapit 5: Itilize Pouvwa Liv Mòmon an


“Chapit 5: Itilize Pouvwa Liv Mòmon an,” Preche Levanjil Mwen an: Yon Gid pou Pataje Levanjil Jezikri a (2023)

“Chapit 5,” Preche Levanjil Mwen an

Imaj
Jezi Ki Ap Anseye nan Emisfè Lwès la (Jezikri Vizite Amerik yo), pa John Scott

Chapit 5

Itilize Pouvwa Liv Mòmon an

Reflechi Sou Sa

  • Kijan Liv Mòmon an se pyè angilè relijyon nou an?

  • Poukisa Liv Mòmon an gen anpil pouvwa nan pwosesis konvèsyon.an?

  • Kisa Liv Mòmon an anseye konsènan Jezikri?

  • Kijan nou ka itilize Liv Mòmon an pou ede mwenmenm ak lòt moun yo vin pi pre Bondye?

  • Kijan Liv Mòmon an adrese kesyon yo sou nanm nan?

  • Kijan w ka ede moun yo li ak akeri yon temwayaj sou Liv Mòmon an?

Liv Mòmon an, konbine avèk Lespri a, se resous ki pi puisan nan konvèsyon. Liv sa a se yon ansyen rejis, sakre ki te ekri pou pèsyade tout moun ke Jezi se Kris la (gade paj tit la nan Liv Mòmon an). Jan soutit li a di l, Liv Mòmon an se “yon lòt temwayaj sou Jezikri.” Li se yon evidans konvenkan ke Bondye te aple Joseph Smith kòm yon pwofèt epi retabli levanjil Jezikri a atravè li.

Imaj
pòt sentre avèk pyè angilè

Liv Mòmon an Se Pyè Angilè Relijyon Nou an.

Pwofèt Joseph te anseye ke Liv Mòmon an se “pyè angilè relijyon nou an” (entwodiksyonpou Liv Mòmon an). Nan yon lòt okazyon li te di ”Retire Liv Mòmon an ak revelasyon yo,” epi kote relijyon nou an? Nou pa rete anyen” (Enseignements des Présidents de l’Église: Joseph Smith [2007], 196).

Yon vout se yon estrikti achitèkti solid ki fèt ak pyès an fòm triyang ki apiye youn kont lòt. Pyès mitan an, oswa pyè angilè, dabitid pi laj pase lòt triyang yo epi kenbe yon an plas.

Prezidan Ezra Taft Benson te di ke Liv Mòmon an se pyè angilè relijyon nou an nan twa fason:

Temwen pou Kris “Liv Mòmon an se pyè angilè a nan temwayaj nou sou Jezikri, ki li menm se wòch fondasyon tout bagay nou fè. Li rann temwayaj sou reyalite Li avèk pouvwa ak klate.

Plenitid Doktrin nan “Senyè a Limenm te deklare ke Liv Mòmon an genyen ‘plenitid levanjil Jezikri a’ [Doktrin ak Alyans 20:9; 27:5]. … Nan Liv Mòmon an nou pral jwenn plenitid [doktrin nan] ki obligatwa pou sali nou. Epi [yo] anseye li klèman e senpleman yon fason pou menm timoun yo ka aprann chemen sali ak egzaltasyon yo.”

Fondasyon pou temwayaj. “Menm jan vout la tonbe si yo retire pyè angilè a, konsa tou tout Legliz la kanpe oswa tonbe avèk verasite Liv Mòmon an. … Si Liv Mòmon an se verite … yon moun dwe aksepte afimasyon Retablisman an.” (Enseignements des Présidents de l’église: Ezra Taft Benson [2014], 129, 131128.)

Nan akeri yon temwayaj ke Liv Mòmon an se pawòl Bondye, nou ka konnen ke Joseph Smith sete yon pwofèt. Atravè li, otorite prètriz Bondye a te retabli pa mesaje selès yo. Bondye te otorize Joseph pou l òganize Legliz Jezikri a. Revelasyon kontinye jodia atravè pwofèt vivan yo.

Imaj
jènjan k ap li ekriti yo

Liv Mòmon an Esansyèl pou Konvèsyon Pèsonèl.

Yon pati esansyèl nan konvèsyon an se temwayaj pa pouvwa Sentespri a ke Liv Mòmon an vrè. Lè ou li ak etidye l sensèman, ou pral santi pawòl li yo gonfle nanm ou. Pawòl li yo pral limen konpreyansyon w sou lavi a, plan Bondye a, ak sou Jezikri (gade Alma 32:28). Priye konsènan liv la avèk entansyon reyèl ak lafwa nan Kris. Lè ou fè sa, ou pral resevwa yon temwayaj atravè Sentespri a ke li se pawòl Bondye (gade Mowoni 10:4–5).

Temwayaj pèsonèl ou sou Liv Mòmon an ka mennen nan yon lafwa pwofon e dirab nan pouvwa li pou ede lòt moun vin konvèti. Ede moun w ap anseye yo rekonèt limyè yo santi a lè yo li l sensèman. Mete aksan sou temwayaj puisan sou Jezikri. Ankouraje yo priye pou resevwa pwòp temwayaj yo ke liv la vrè.

Ankouraje moun yo pou yo chèche yon temwayaj ki soti nan Sentespri a konsènan Liv Mòmon an ta dwe se yon fokis santral pou ansèyman w. Liv Mòmon an ka chanje lavi yo pou toutan.

Itilize Liv Mòmon an pou anseye Levanjil Jezikri a.

Pwofèt Joseph Smith te di, “Liv Mòmon an [se] liv ki pi kòrèk nan tout liv sou tè a” (entwodiksyon pou Liv Mòmon an). Li temwaye sou Kris epi klèman anseye doktrin Li a (gade 2 Nefi 31; 32:1–6; 3 Nefi 11:31–39; 27:13–22). Li anseye plenitid levanjil Li a. Premye prensip ak òdonans yo nan levanjil la jan li anseye nan Liv Mòmon an se wout pou yon lavi abondan.

Itilize Liv Mòmon an kòm prensipal sous ou pou anseye levanjil retabli a. Tablo ki pi ba a bay lis verite yo ki nan Liv Mòmon an ke ou pral anseye yo.

Leson Misyonè nan Chapit 3

Doktrin

Referans

Leson Misyonè nan Chapit 3

Mesaj Retablisman Levanjil Jezikri a

Doktrin

Nati Bondye, ministè ak Ekspyasyon Sovè a, yon chit, Retablisman, Joseph Smith, otorite prètriz

Referans

1 Nefi 12–14

2 Nefi 3; 26–29

Mozya 2–5

Leson Misyonè nan Chapit 3

Plan Sali Papa nou ki nan Syèl la

Doktrin

Gran “plan Bondye Etènèl la,” ki enkli Chit Adan ak Èv la, Ekspyasyon Jezikri a, Rezirèksyon an, ak Jijman an

Referans

2 Nefi 29

Mozya 3; 15–16

Alma 12; 34:9; 40–42

Leson Misyonè nan Chapit 3

Levanjil Jezikri a

Doktrin

Lafwa nan Kris, repantans, batèm, don Sentespri a, ak pèsevere jiskalafen

Referans

2 Nefi 31–32

3 Nefi 11; 27:13–22

Leson Misyonè nan Chapit 3

Vin Disip Tout Lavi

Doktrin

Ȯdonans yo tankou batèm, òdinasyon nan prètriz, ak sentsèn nan

Referans

3 Nefi 11:22–2818

Mowoni 2-6

Etid ekriti

Kisa Sovè a te di konsènan Liv Mòmon an?

Liv Mòmon an temwaye konsènan Jezikri

Objektif santral Liv Mòmon an se pou temwaye konsènan Jezikri. Li afime reyalite lavi Li, misyon, rezirèksyon, ak pouvwa Li. Li anseye vrè doktrin konsènan Kris la ak Ekspyasyon L lan.

Anpil pwofèt ke ekriti yo te prezève nan Liv Mòmon an te wè Kris la pèsonèlman. Frè Jarèd la, Nefi, ak Jakòb te wè Kris premòtèl la. Foul moun te prezan pandan ministè Sovè a nan mitan Nefit yo (gade 3 Nefi 11– 28). Apresa, Mòmon ak Mowoni te wè Kris resisite a (gade Mòmon 1:15; Etè 12:39).

Lè moun yo li ak priye konsènan Liv Mòmon an, yo pral vin konnen Sovè a pi byen epi fè eksperyans lanmou Li. Yo pral grandi nan temwayaj yo sou Li. Yo pral konnen kijan pou yo vin jwenn Li epi resevwa sali. (Gade 1 Nefi 15:14–15.)

Imaj
Prezidan Russell M. Nelson

“Liv Mòmon an ba nou konpreyansyon ki pi konplè ak pi fyab sou Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a ke nou pa jwenn okenn lòt kote. Li anseye kisa sa vrèman vledi pou ne de nouvo. … Nou konnen poukisa nou isit la sou tè a. Sa yo ak lòt verite yo anseye avèk plis pouvwa ak pèsyazyon nan Liv Mòmon an pase nenpòt lòt liv. Pouvwa konplè levanjil Jezikri a twouve l nan Liv Mòmon an” (Russell M. Nelson, “Liv Mòmon An: Kisa lavi Nou T ap Ye San Li?Lyawona, Nov. 2017, 62.

Etid Pèsonèl

Pandan tout misyon w, ekri repons pou kesyon ki pi ba yo nan jounal etid ou:

  • Kisa w te aprann osijè Jezikri apati etid nou nan Liv Mòmon an?

  • Kijan etid ou nan Liv Mòmon an te enfliyanse temwayaj ou konsènan Jezikri?

  • Kijan ou ka itilize Liv Mòmon an pou ede moun yo ranfòse temwayaj yo?

Etid Ekriti

Ki rezon pwofèt yo nan Liv Mòmon an te bay pou yo te ekri rejis yo?

Etid Pèsonèl oubyen ak Konpayon

Liv Mòmon an te ekri “pou pèsyade [tout moun] ke Jezi se Kris la” (paj tit nan Liv Mòmon an). Tablo ki pi ba a gen lis kèk chapit nan Liv Mòmon an ki temwaye sou lavi, ansèyman yo, ak ministè Jezikri a. Pasaj seleksyone pou etidye pandan tout misyon w.

An plis, reflechi konsènan bezwen moun w ap anseye a. Fè plan pou w li kèk nan pasaj sa yo avèk yo pou ranfòse konesans ak temwayaj yo sou Sovè a.

Paj tit ak entwodiksyon

Mete objektif liv la klè

1 Nefi 10–11

Leyi ak Nefi temwaye sou Sovè a.

2 Nefi 29

Leyi ak Jakòb temwaye sou Jezikri a ak Ekspyasyon Li a.

2 Nefi 31–33

Nefi anseye doktrin Kris la.

Mozya 2–5

Wa Benjamen temwaye sou Kris la.

Alma 57

Alma temwaye sou Sovè a.

Alma 36

Alma fè eksperyans pouvwa ekspyatwa Kris la.

3 Nefi 9–10

Sovè a envite moun yo pou vin jwenn Li.

3 Nefi 11–18

Sovè a anseye Nefit yo sou Papa a ak doktrin Li a.

3 Nefi 27

Sovè a anseye levanjil Li a.

Etè 12

Etè ak Mowoni anseye ke lafwa nan Jezikri se yon prensip aksyon ak pouvwa.

Mowoni 7–8

Mòmon anseye sou lanmou pur Kris la ak Ekspyasyon Li a.

Mowoni 10

Mowoni envite tout moun vin jwenn Kris la, epi pèfeksyone nan Li.

Liv Mòmon an Ede Nou Vin Pi Pre Bondye

Konsènan Liv Mòmon an, Pwofèt Joseph Smith te di ke “yon gason [oswa fi] tap vin pi pre Bondye si l suiv presèp liv la, pase si l suiv presèp nenpòt lòt liv” (entwodiksyon Liv Mòmon an Nan anseye regilyèman ak envite moun yo pou yo viv prensip yo nan Liv Mòmon an, w ap ede yo devlope lafwa nan Jezkiri epi rapwoche pi pre Bondye.

Liv Mòmon an bati temwayaj epi envite revelasyon pèsonèl. Itilze Liv Mòmon an pou ede moun yo fè eksperyans spirityèl yo, espesyalman yon temwayaj ki soti de Sentespri a ke liv la limenm se pawòl Bondye.

Bay pasaj Liv Mòmon yo priyorite lè w ap anseye. Yo gen pouvwa pou konvèti atravè Sentespri a. Lè ou itilize Liv Mòmon an pou anseye levanjil la, ansèyman ou pral rezone avèk pouvwa ak klate nan kè ak nan espri a.

Prezidan Gordon B. Hinckley te anseye ke “moun ki te li [Liv Mòmon an] nan lapriyè, kit yo rich oubyen pòv, edike ou non edike, te grandi gras ak pouvwa li.” Pi lwen li te anseye:

“San rezèv mwen pwomèt nou ke si nou li Liv Mòmon an nan yon espri lapriyè, kèlkeswa kantite fwa nou te li l avan, ap gen yon kantite anplis sou Lespri Senyè a ki ap antre nan kè nou. N ap vin gen yon rezolisyon ranfòse pou nou mache nan obeyisans a kòmandman l yo, epi n ap vin gen yon temwayaj pi djanm konsènan reyalite lavi Pitit Gason Bondye a” (“Pouvwa a nan Liv Mòmon an,” Lyawona, Jen 1988, 6).

Imaj
misyonè k ap li ekriti yo

Liv Mòmon An Adrese Kesyon yo sou Nanm nan

Li Liv Mòmon an avèk gidans Lespri a ka ede moun jwenn repons oswa ide pou kesyon pèsonèl yo—oubyen kesyon sou nanm yo. Ede moun yo wè kijan ansèyman yo nan Liv Mòmon an adrese kesyon lavi yo.

Kèk nan kesyon sa yo nan lis ki pi ba a, ansanm ak referans yo nan Liv Mòmon an ki adrese yo.

Liv Mòmon an ofri gidans tou konsènan lòt kesyon enpòtan, tankou:

Imaj
Prezidan Dallin H. Oaks

“Misyonè yo dwe konnen kijan pou yo itilize Liv Mòmon an pou reponn pwòp kesyon pa yo pou yo ka itilize l efikasman pou ede lòt moun pou fè menm bagay la. … Yo dwe entènalize pouvwa a nan Liv Mòmon an nan anseye levanjil retabli a, nan aplike li nan pwòp lavi pa yo epi apresa pataje l avèk moun y ap anseye yo” (Dallin H. Oaks, “Counsel for Mission Leaders,” seminè pou nouvo dirijan misyon yo, Jen 25, 2022).

Etid Pèsonèl oubyen ak Konpayon

Drese lis kesyon yo sou nanm nan ke ou genyen oswa ke ou te tande lòt moun genyen. Chèche jwenn vèsè yo nan Liv Mòmon an ki ede adrese kesyon sa yo. Ekri ide yo ak referans Liv Mòmon yo nan jounal etid ou. Itilze yo lè w ap anseye.

Liv Mòmon an ak Bib la Sipòte Youn Lòt

Senyè a te di pou nou “ansenye prensip levanjil mwen yo ki nan Bib la ak nan Liv Mòmon an, ki gen plenitid levanjil la.” (Doktrin ak Alyans 42:12). Sen Dènye yo “kwè ke Bib la se pawòl Bondye toutotan li tradui kòrèkteman” (Atik Lafwa yo 1:8; gade tou 1 Nefi 13:29). Bib la se ekriti sakre. Liv Mòmon an se yon konpayon ekriti sakre ki gen plenitid levanjil Jezikri a.

Bib la ak Liv Mòmon an konplete ak anrichi youn lòt (gade Ezekyèl 37:16–17; 1 Nefi 13:40; Mòmon 7:8–9). Toude volim ekriti yo se konpilasyon ansèyman ansyen pwofèt yo te anrejistre. Bib la pale de entèaksyon Bondye avèk moun yo nan Emisfè Oryantal la pandan dè santèn ane. Liv Mòmon an pale de entèaksyon Bondye avèk kèk nan moun yo nan Amerik ansyen yo pou plis pase mil ane.

Imaj
moun ka souliyen ekriti yo

Sa ki pi enpòtan, Bib la ak Liv Mòmon an konplete youn lòt nan temwaye de Jezikri. Bib la founi yon resi sou lavi Sovè a, ministè mòtèl, ak Ekspyasyon l—ki enkli lanmò ak Rezirekyon Li. Liv Mòmon an enkli pwofesi yo sou nesans ak misyon Sovè, ansèyman yo konsènan Ekspyashyon Li, ak resi sou ministè Li nan Amerik yo. Liv Mòmon an konfime epi pwolonje temwayaj Bib la ke Jezi se Sèl Pititi Gason Literal Bondye ak Sovè a pou mond lan.

Ni Bib la ni Liv Mòmon an anseye lwa sou temwen yo: “Nan bouch de oubyen twa temwen tout pawòl pral etabli” (2 Korentyen 13:1; gade tou 2 Nefi 11:2–3). Konfòmeman ak lwa sa a, toude ekriti yo temwaye de Jezikri (gade 2 Nefi 29:8).

Etid Pèsonèl oubyen ak Konpayon

Chèche jwenn referans kwaze yo sou sijè sa yo nan Liv Mòmon an ak Bib la. Yo bay egzanp yo ant parantèz yo pou chak sijè. Ajoute pwòp sijè ak pasaj pa w.

Ede Moun yo Li ak Konprann Liv Mòmon an

Moun yo ki pa li oswa konprann Liv Mòmon an pral gen difikilte pou resevwa yon temwayaj ke li vrè. Ou ka ede yo konprann liv la lè w li l avèk yo. Li pandan yon randevou pou anseye, pandan yon vizit suivi, oswa atravè teknoloji. Ou ka fè aranjman tou pou manm yo li avèk yo. Gade yon videyo sou Liv Mòmon anepi apresa li chapit ki an rapò a ka itil anpil.

Priye pou èd pandan w ap seleksyone pasaj yo ki adrese enkyetid ak bezwen moun yo. Li ak diskite pasaj brèf yo, tankou 1 Nefi 3:7 oswa Mozya 2:17. Li ak diskite tou pasaj ki pi long yo oswa chapit konplè yo, tankou 2 Nefi 31, Alma 7, oswa 3 Nefi 18. Ankouraje moun yo pou yo li Liv Mòmon an soti nan kòmansman an, ki enkli temwayaj de Twa ak Uit Temwen yo ak temwayaj Pwofèt Joseph Smith la.

Imaj
Klas Lekòldidimanch

Konsidere sigjesyon sa yo pandan w ap li Liv Mòmon an avèk moun yo:

  • Priye avan w li. Mande èd pou konpreyansyon. Priye pou Sentespri ka temwaye pou yo ke li vrè.

  • Li youn apre lòt. Ale nan yon rit ki fè yo alèz. Eksplike mo ak fraz ki enkoni yo.

  • Kanpe okazyonèlman pou diskite sa nou te li.

  • Eksplike orijin ak kontèks pasaj la, tankou kiyès k ap pale, kisa moun nan sanble, ak nan ki sitiyasyon li ye. Si genyen yon videyo Liv Mòmon ki enteresan, konsidere montre l.

  • Fè remake mesaj kle oswa doktrin pou n chèche jwenn.

  • Pataje temwayaj ou ak ide, santiman, ak eksperyans pèsonèl ki apwopriye yo.

  • Anseye doktrin nan direkteman apati pawòl pwofèt yo nan Liv Mòmon an. Sa a pral ede moun yo santi pouvwa spirityèl liv la.

  • Ede moun yo “konpare” sa y ap li avèk pwòp lavi yo (1 Nefi 19:23). Ede yo wè kijan ekriti yo gen enpòtans pou yo pèsonèlman.

Lè ou aplike prensip sa yo, ou pral ede moun yo devlope abilte ak dezi pou li Liv Mòmon an poukont yo. Ensiste ke lèkti nan liv la chak jou se yon kle pou pwogresyon nan direksyon batèm ak konvèsyon tout lavi.

Konte sou pwomès la nan Mowoni 10:3–5. Ankouraje moun yo li Liv Mòmon an sensèman epi priye avèk yon entansyon reyèl pou konnen ke li vrè? Eksplike ke entansyon reyèl vledi dispoze pou aji selon repons yo resevwa a atravè Sentespri a. Tout moun ki sensèman li ak priye avèk yon entansyon reyèl konsènan Liv Mòmon an ka konen verasite li pa pouvwa Sentespri a.

Ou ta dwe aplike pwomès sa a regilyèman pou fòtifye pwòp temwayaj sou Liv Mòmon an. Temwayaj ou pral ba ou konfyans ke moun ki aplike pwomès sa a pral resevwa yon temwayaj ke liv sa a se pawòl Bondye.


Ide pou Etid ak Aplikasyon

Etid Pèsonèl

  • Li 2 Nefi 2; 9; 30; 3132. Souliyen chak referans sou Jezikri. Fè yon lis sou diferan non ak tit yo pou Kris la nan chapit sa yo. Make pawòl Li pale yo. Souliyen atribi ak aksyon Li yo.

  • Lè w ap li chak jou nan Liv Mòmon an, anrejistre nan jounal etid ou pasaj yo ki gen yon siyifikasyon espesyal pou ou. Ekri kijan pou ou aplike yo nan lavi ou.

  • Ekri nan jounal etid ou kijan ou te santi w lè ou te premye akeri yon temwayaj spirityèl ke Liv Mòmon an vrè.

  • Ekri twa kesyon sa yo nan jounal etid ou. Pandan tout misyon w, ajoute repons pou kesyon sa yo.

    • Kijan lavi m t ap ye san Liv Mòmon an?

    • Kisa mwen pa t ap konnen san Liv Mòmon an?

    • Kisa mwen pa t ap genyen san Liv Mòmon an?

  • Li Diskou sou Mòn lan nan Matye 5–7 ak diskou Kris la nan tanp lan nan 3 Nefi 12–14. Kijan li bagay sa yo ansanm ede ou pi byen konprann ansèyman Sovè a?

  • Etidye chak egzanp nan Liv Mòmon an ki fè referans ak yon moun k ap priye. Nan jounal etid ou, ekri sa ou prann apati Liv Mòmon an konsènan priyè.

  • Apati antèt chapit yo nan Mozya 11–16, ekri yon rezime sou sa Abinadi te anseye. Apresa li chapit sa yo epi ogmante rezime w la.

  • Apati antèt chapit yo nan Mozya 2–5, ekri yon rezime sou sa Benjamen te anseye. Apresa li chapit sa yo epi ogmante rezime w la.

Etid avèk Konpayon ak Echanj Konpayon

  • Li pasaj yo nan Liv Mòmon an ansanm. Pataje sa ou te aprann ak santi. Diskite kijan nou pral aplike yo nan lavi nou.

  • Li Alma 26 ak 29 ansanm. Pataje kijan ou santi w konsènan misyon ou. Ekri santiman w yo nan jounal etid ou.

  • Li Alma 37:9 epi diskite kijan ekriti sa yo te esansyèl pou Amon ak konpayon misyonè li yo. Jwenn referans yo ki dekri fason yo te itilize ekriti yo.

  • Li Alma 11–14, pandan youn nan nou ap jwe wòl Alma oswa Amilèk la epi lòt la jwe wòl detraktè yo. Diskite kijan misyonè yo te reponn kesyon difisil yo.

Konsèy Distri, Konferans Zòn, ak Konsèy pou Dirijan Misyon

  • Fè pratik itilize Liv Mòmon an nan chak nan fason ki mansyone yo nan antèt prensipal yo nan chapit sa a.

  • Fè lis kesyon ke moun w ap anseye yo te soulve. Eksplike pou youn lòt kijan nou t ap itilize Liv Mòmon an pou reponn kesyon sa yo.

  • Li pasaj yo nan Liv Mòmon an ansanm. Pataje konesans, santiman yo, ak temwayaj.

  • Fè pratik itilize Liv Mòmon an pou konfime mesaj Retablisman an.

  • Envite moun yo pataje eksperyans yo kote Liv Mòmon an te ede yo ak moun yo te anseye yo nan pwosesis konvèsyon an.

  • Fè misyonè yo pataje yon ekriti prefere nan Liv Mòmon an ki ede adrese kesyon yo sou nanm nan.

  • Envite yon manm ki te konvèti pou pataje wòl Liv Mòmon an nan konvèsyon li.

Dirijan Misyon ak Konseye Misyon yo

  • Anseye misyonè kijan pou yo itilize Liv Mòmon an pou konfime verasite mesaj Retablisman an.

  • Li 1 Nefi 1 avèk misyonè epi konapre l avèk eksperyans Joseph Smith la.

  • Bay misyonè yo yon kopi pwòp sou yon bwochi Liv Mòmon an tou. Envite yo pou li ak make liv la defwa pandan de oswa twa pwochen peryòd transfè yo.

    • Nan premye lèkti a, mande yo pou yo make tout bagay ki pwente sou oswa temwaye de Jezikri.

    • Nan dezyèm lèkti a, mande yo pou yo make doktrin ak prensip levanjil yo.

    Fè misyonè yo pataje sa ou te aprann ak santi. Eldè Ronald A. Rasband te dekri kijan li nan Liv Mòmon an nan fason sa a te afekte l kòm yon misyonè:

Imaj
Èldè Ronald A. Rasband

“Te gen yon bagay pi pwofon nan lekti mwen an pase make ekriti yo. Chak fwa m te li Liv Mòmon an, premye a dènye paj, m te ranpli avèk yon lanmou pwofon pou Senyè a. M te santi yon temwayaj pwofondeman anrasine sou verite ki nan ansèyman Li yo ak sou fason yo aplike jis rive “jodia.” Liv sa a byen pote tit li, ‘Yon Lòt temwayaj sou Jezikri.’ Gras ak etid sa a ak temwayaj espirityèl m te resevwa a, m te vin tounen yon misyonè Liv Mòmon an ak yon disip Jezikri” (“Jou Sa a,” Lyawona, Nov. 2022, 25).

  • Envite misyonè yo pataje avèk ou ekriti nan Liv Mòmon an ki te pi enpòtan nan lavi yo.

  • Idantifye kesyon konsènan nanm yo pou moun yo nan misyon w lan. Envite misyonè yo chèche jwenn vèsè yo nan Liv Mòmon an ki ede adrese kesyon sa yo.

Enprime