Apèl Misyon
Chapit 13: Ini avèk Dirijan yo ak Manm yo pou Etabli Legliz la


“Chapit 13: Ini avèk Dirijan yo ak Manm yo pou Etabli Legliz la,” Preche Levanjil Mwen an: Yon Gid pou Pataje Levanjil Jezikri a (2023)

“Chapit 13,” Preche Levanjil Mwen an

Imaj
Koute Li, tablo Simon Dewey

Chapit 13

Ini avèk Dirijan yo ak Manm yo pou Etabli Legliz la

Reflechi Sou Sa

  • Kijan mwen ka travay avèk dirijan yo ak manm yo pou etabli Legliz la?

  • Ki responsablite dirijan pawas ak pieu yo nan travay misyonè?

  • Kisa ki dwe pase nan yon reyinyon konsèy kowòdinasyon chak semèn avèk dirijan pawas yo?

  • Kijan mwen ka sipòte dirijan yo pou pataje levanjil la ak fòtifye nouvo manm yo ak manm k ap retounen yo?

Misyonè yo travay avèk dirijan lokal yo ak manm yo pou yo jwenn moun pou yo anseye epi mennen yo jwenn Sovè a. Nou ini nan lanmou nou pou Bondye ak pitit Li yo. Li pral manyifye efò yo nan nivo ou travay nan inite avèk dirijan lokal yo ak manm yo. Fè travay avèk yo tounen yon pati enpòtan nan bi ak plan ou yo.

Lè ou vin konnen ak renmen dirijan lokal yo ak manm yo, ou pral wè fason ou ka sipòte yo nan apèl yo ak efò misyonè yo. Ofri don ak talan ou yo nan fason ki edifye ak fòtifye yo.

Kijan mwen ka sipòte dirijan yo pou pataje levanjil la ak fòtifye nouvo manm yo ak manm k ap retounen yo. Pou plis enfòmasyon, gade chapit 23 nan Manyèl Jeneral la.

Etid Pèsonèl oubyen Etid avèk Konpayon

Repase istwa konvèsyon Wa Lamoni an, madanm li, ak pèp li a nan Alma 18–19.

  • Ki wòl Abish te gen nan konvèsyon sa a? Kisa li te ka fè ke Amon pa t ka fè?

  • Kisa w aprann nan egzanp li a konsènan manm yo ak misyonè yo travay ansanm?

Konsidere lòt egzanp sa yo sou manm k ap ede avèk travay misyonè a:

Kijan ou ka ankouraje dirijan yo ak manm yo pou suiv egzanp yo?

Bati Relasyon avèk Dirijan Lokal yo ak Manm yo

Dirijan Legliz lokal yo ak manm yo se patnè ou nan travay Bondye a. Bati relasyon ki ap ede ou travay ansanm pou mennen levanjil retabli Papa nou ki nan Syèl la bay Pitit li yo. Relasyon sa yo ka beni ou pou tout rès lavi w.

Bati konfyans ak amitye sensè avèk dirijan lokal yo ak manm yo. Pale avèk yo epi aprann konsènan fanmi yo, orijin yo, enterè yo, ak eksperyans yo nan Legliz la. Rete sensèman enterese nan lavi yo.

Lè ou vizite yo, fè sa avèk yon objektif. Montre ke ou angaje enpasyaman nan travay pou chèche ak anseye a. Montre respè pou tan ak orè yo.

Lè nou rankontre oswa anseye levanjil la nan fwaye yo, chèche ede yo fòtifye lafwa yo. Chèche nan lapriyè pou gen Lespri a avèk ou. Pataje eksperyans ou fè yo avèk travay misyonè a nan zòn ou an.

Imaj
reyinyon gwoup

Sipòte Dirijan Lokal yo nan Wòl yo

Kèk apèl dirijan genyen responsablite pou travay misyonè. Konprann responsablite sa yo ede ou sipòte dirijan sa yo. Deskripsyon ki pi ba yo soti nan chapit 23 nan Manyèl Jeneral la.

Prezidan pieu: Detni kle prètriz yo nan pieu a pou pataje levanjil la ak fòtifye nouvo manm yo ak manm ki retounen yo. Limenm ak konseye l yo bay direktiv jeneraj pou efò sa yo.

Episkopa: Kowòdone avèk prezidans kowòm ansyen ak prezidans Sosyete Sekou yo pandan y ap dirije efò pawas la pou pataje levanjil la ak fòtifye nouvo manm yo ak manm k ap retounen yo.

Prezidans kowòm Ansyen yo ak Sosyete Sekou yo: Dirije efò pawas la chak jou pou pataje levanjil la ak fòtifye nouvo manm ak manm k ap retounen yo. Yo travay ansanm pou dirije efò sa yo avèk konsèy pawas la, anba kowòdinasyon evèk la. Gade Manyèl Jeneral, 8.2.3 ak 9.2.3.

Dirijan misyon pawas (si yo aple): Kowòdone travay dirijan ak manm pawas yo, misyonè pawas yo, ak misyonè aplentan yo. Si pa gen yon dirijan misyon pawas ki aple, yon manm nan prezidans kowòm ansyen an ka ranpli wòl sa a. Gade Manyèl Jeneral, 23.5.3.

Regilyèman mande tèt ou, “Eske m ap beni dirijan lokal yo?” Devlope yon atitid sou “Kijan mwen ka ede?”

Etid ak Konpayon

Fikse moman pou vizite briyèvman avèk yon dirijan pawas la. Mande kijan ou ka pi byen sipòte li. Fè plan pou amelyore.

Imaj
reyinyon konsèy

Reyinyon Kowòdinasyon Chak Semèn

Kowòdinasyon avèk dirijan lokal yo—enkli dirijan jèn yo— esansyèl pou rete ini nan efò misyonè ou yo. Si yo aple yon dirijan misyon pawas, li dirije reyinyon kowòdinasyon chak semèn yo. Otreman, manm prezidans kowòm ansyen an ki ranpli wòl sa a ap dirije.

Nan reyinyon brèf, enfòmèI sa yo, dirijan lokal yo kowòdone ak nou efò yo pou pataje levanjil la ak fòtifye nouvo manm yo ak manm k ap retounen yo (gade Manyèl Jeneral, 23.5.7). Yo ka fè reyinyon sa yo an pèsòn oswa adistans. Kowòdinasyon an ta dwe fèt nan lòt fason pandan semèn nan, enkli apèl telefòn, tèks mesaj, ak imèl.

Imaj
Èldè Quentin L. Cook

“Yon efò ak yon fokis inifye kote planifikasyon misyonè ak etablisman bi aliyen avèk planifikasyon pawas oswa branch ak etablisman bi ka trè itil nan akonpli travay rasanbleman Izrayèl la” (Quentin L. Cook, “Objektif ak Planifikasyon,” seminè dirijan misyon, 25 Jen, 2019).

Prepare pou Reyinyon Kowòdinasyon Chak Semèn

Sipòte dirijan pawas yo nan vini prepare pou patisipe nan reyinyon kowòdinasyon chak semèn nan. Avan reyinyon an, pran tan pandan etid ak konpanyon pou diskite kijan nou ka patisipe efikasman.

Kenbe rejis nou yo ajou nan app Preche Levanjil Mwen an konsa pou dirijan yo ka gen enfòmasyon resan konsènan moun n ap travay avèk yo. Prepare pou bay rapò sou tach yo te bay nan reyinyon anvan yo.

Patisipe nan Reyinyon Kowòdinasyon Chak Semèn

Reyinyon kowòdinasyon chak semèn yo destine pou fokis sou bezwen moun yo. Pandan reyinyon an, ofri fason ou ka sipòte manm pawas yo, enkli jèn yo, nan ede satisfè bezwen moun yo.

Yon reyinyon kowòdinasyon chak semèn dabitid kouvri kat sijè ki pi ba yo:

Kijan nou ka ede moun n ap anseye yo? Pwen diskisyon posib:

  • Ki manm ki ta ka patisipe nan leson an semèn k ap vini an? Kiyès ki pral envite yo pou patisipe?

  • Ki difikilte moun n ap anseye yo genyen? Kijan manm yo ka ede yo?

  • Ki bezwen moun ki gen yon batèm fikse yo genyen? Eske batèm nan te planifye? (Gade “Sèvis Batèm nan” nan chapit 12.)

Kijan nou ka ede moun ki te batize resaman yo? Pwen diskisyon posib:

  • Ki nouvo manm nan premye ane yo kòm manm k ap asiste reyinyon sentsèn? Kijan nou ka ede nouvo manm yo ki pa asiste yo?

  • Kiyès nan nouvo manm yo ki genyen zanmi nan pawas la? Kijan frè ak sè nan sèvis pastoral yo ka ede? Kijan kowòm ak klas jèn yo ka ede?

  • Kiyès nan nouvo manm ki genyen yon asiyasyon oswa apèl?

  • KIjan nou ka ede nouvo manm yo kòmanse rechèch sou zansèt yo konsa pou yo ka akonpli òdonans tanp yo pou yo? Eske nouvo manm yo genyen yon rekòmandasyon tanp? Si tanp lan toupre, kijan nou ka ede yo ale nan tanp lan pou akonpli batèm pou zansèt yo?

  • Ki leson nan chapit 3 a nou toujou bezwen anseye ankò? Kijan manm yo ka patisipe?

  • Repase pwogrè Chemen Alyans Mwen an pou chak nouvo manm.

Kijan nou ka ede manm k ap retounen yo? Pwen diskisyon posib:

  • Ki fanmi pasyèl manm misyonè yo ka vizite ak anseye?

  • Ki manm k ap retounen misyonè yo ka vizite ak anseye?

  • Ki manm k ap retounen ki genyen zanmi nan pawas la ak opòtinite apwopriye pou yo sèvi?

  • Kijan nou ka ede manm sa yo?

Kijan nou ka jwenn plis moun pou anseye? Pwen diskisyon posib:

  • Kijan nou ka ede moun yo, enkli jèn yo, ak fanmi yo aplike prensip renmen, pataje, ak envite a? (Gade “Ini avèk Manm yo” nan chapit 9.)

  • Kijan nou ka ede manm yo, enkli dirijan Primè yo, envite zanmi yo nan aktivite pawas la?

Etid ak Konpayon

Gade videyo sou reyinyon kowòdinasyon chak semèn lan nan Manyèl Jeneral, 23.5.7. Kisa w te aprann ke ou ka aplike nan pwochèn reyinyon kowòdinasyon chak semèn nan? Kijan ou ka pi byen prepare pou diskite bezwen yo ak planifye avèk dirijan pawas yo? Nan pwochèn sesyon planifikasyon w lan, tabli bi pou fason nou pral amelyore.

Sipòte Plan Pawas la pou Pataje Levanjil la

Konsèy pawas la kreye yon plan senp pou pataje levanjil (gade Manyèl Jeneral,, 23.5.6). Familyarize w avèk plan sa a. Nan reyinyon kowòdinasyon chak semèn yo, chèche jwenn fason pou ede dirijan yo travay pou atenn bi yo. Kontinye enfòme dirijan yo konsènan sa w ap fè pou sipòte manm yo nan pataje levanjil la.

Si ou jwenn envitasyon pou patisipe nan yon reyinyon konsèy pawas, vin prepare pou bay yon brèf mizajou sou pwogrè moun w ap anseye yo ak nenpòt asiyasyon ou te resevwa (gade Manyèl Jeneral, 29.2.5). Konsidere opòtinite sa a kòm yon okazyon pou bati konfyans ak asirans avèk dirijan pawas yo.

Imaj
gason k ap bay lanmen

Adapte w ak Bezwen yo nan Nivo Lokal

Chak pawas oswa branch gen bezwen patikilye pou ou adapte ak yo. Ou gendwa sèvi nan yon ti branch oswa yon pawas jèn adilt selibatè, oswa ou gendwa sèvi nan plizyè pawas. Kèk dirijan pral gen plis eksperyans epi kèk mwens. Kèk dirijan pral gen plis tan disponib pase lòt.

Chèche fason pou w ede dirijan lokal yo. Yo gendwa mande ou pou sipòte manm yo nan asiyasyon sèvis pastoral yo. Yo gendwa mande ou pou ankouraje nouvo manm yo envite zanmi yo asiste Legliz la. Ou ka ofri ide enteresan konsènan travay misyonè a pandan dirijan yo ak manm yo ap aprann fason pou yo pataje levanjil la.

Kote Legliz la relativman nouvo, dirijan branch yo gendwa mande w pou w ede nouvo manm yo konprann kijan Senyè a te òganize Legliz Li a.

Travay ou avèk dirijan yo gendwa diferan nan zòn diferan, men tout aktivite sa yo esansyèl pou beni moun yo ak etabli Legliz Senyè a.

Ede Manm yo ak Dirijan yo Renmen, Pataje, ak Envite

Ankouraje manm yo pou pataje levanjil la nan fason nòmal ak natirèl. Manyèl Jeneral la ofri enstriksyon ak videyo pou sa a nan viv prensip pou renmen, pataje, ak envit yo (gade Manyèl Jeneral, 23.1.1, 23.1.2, ak 23.1.3). Kenbe prensip sa yo nan lespri w pandan w ap travay avèk dirijan yo.

Ou pral yon benediksyon pou dirijan yo lè ou sipòte efò yo nan travay sa a. An retou, egzanp yo pral ede manm yo vin plis enplike nan pataje lavanjil la ak ak fòtifye nouvo manm yo ak manm k ap retounen yo.

Gade “Ini avèk Manm yo” nan chapit 9 pou ide konsènan sipòte manm yo nan efò yo pou pataje levanjil la.

Etid Ekriti

Etidye vèsè ki pi ba yo: Kijan Sovè a ak disip sa yo te renmen, pataje, ak envite? Ki aksyon egzanp sa yo enspire ou nan ansèyman ou? Kijan ou ka ede manm yo pataje levanjil la nan fason nòmal ak natirèl?

Renmen

Pataje

Envite

Chak fwa ou etidye, anrejistre sa w aprann.

Imaj
gason k ap pale

Sipòte Dirijan Lokal yo nan Fòtifye Nouvo Manm yo

Lè moun yo batize ak konfime, yo vin “konsitwayen sen yo, epi nan kay Bondye a” (Efezyen 2:19; gade tou 1 Korentyen 12:12–27). Travay avèk dirijan lokal yo pou ede nouvo manm yo “pou yo nouri avèk bon pawòl Bondye a, pou kenbe yo nan bon chemen an, … pou yo depann sèlman sou merit Kris la” (Mowoni 6:4).

Imaj
Èldè Ulisses Soares

“Nouvo konvèti yo vini antre nan Legliz la avèk antouzyas pou sa yo fèk jwenn nan. Epi nou dwe imedyatman bati sou antouzyas sa a. … Misyonè yo ka ede entwodui ak konekte moun y ap anseye yo ak nouvo konvèti yo avèk manm fidèl yo ki pral kontakte yo, koute yo, gide yo, epi akeyi yo nan Legliz la avan yo batize. … Lè nou rann sèvis pastoral pou moun ki antre nan dlo batèm yo, nou pral wè pi plis nan pitit Bondye pèsevere jiskalafen epi resevwa lavi etènèl” (Ulisses S. Soares, “Retention du Converti,” seminè dirijan misyon, Jen 25, 2018).

Ede Nouvo Manm yo Asiste Reyinyon Sentsèn

Ou gen yon wòl enpòtan nan ede nouvo manm yo asiste legliz. Travay avèk dirijan yo pou asire ke ou ak manm pawas la ede yo asiste. Endikatè kle a ki montre asistans yon nouvo manm nan reyinyon sentsèn ka ede ou ak dirijan pawas yo wè kilè li gendwa bezwen ekstra ankourajman.

Nouvo manm yo gen plis chans pou kontinye asiste reyinyon sentsèn epi pran sentsèn nan lè yo gen zanmi nan pawas la. Ede yo santi yon santiman apatenans, espesyalman pandan premye ane yo ap viv levanjil la. (Gade Doktrin ak Alyans 84:106–108.)

Reanseye Leson yo ki nan Chapit 3

Ede nouvo manm yo kontinye fòtifye lafwa yo nan Sovè a Jezikri ak Levanjil Li a. Verite yo ak prensip yo nan levanjil la pouse rasin pi pwofon lè nouvo manm yo kontinye aprann selon Lespri a.

Apre konfimasyon, anseye leson misyonè yo ankò. Ou pran direksyon ansèyman an. Toutfwa, kowòdone avèk dirijan pawas yo konsa pou misyonè pawas yo ak lòt manm yo patisipe. Reanseye leson yo ki nan chapit 3 se yon fason enpòtan pou ede nouvo manm yo “nouri pa bon pawòl Bondye a” (Mowoni 6:4). Pandan w ap anseye, ankouraje nouvo manmyo pou yo kenbe tout angajman yo nan leson yo.

Etidye ekriti yo avèk nouvo manm yo, espesyalman Liv Mòmon an, epi anseye prensip levanjil yo. Ede yo pataje levanjil la avèk zanmi ak fanmi yo? Chak nouvo manm genyen bezwen espesifik, epi ou ka ede l santi yo renmen yo epi yo byenvni.

Rapò Pwogresyon sou Chemen Alyans ak Chemen Alyans Mwen

Dirijan lokal yo genyen resous pou efò misyonè menmjan ak ou. Youn nan resous sa yo se rapò Pwogrè Chemen Alyans la, ki nan app Zouti Manm yo oswa Resous pou Dirijan ak Grefye. Rapò sa a pèmèt dirijan lokal yo wè eksperyans enpòtan yo yon moun bezwen pou kontinye pwogrese sou chemen alyans la ak apre batèm.

Chemen Alyans Mwen se yon resous pou ede nouvo manm yo “rete ankre nan lafwa [yo] nan Jezikri epi santi yo lakay yo nan Legliz la” (Chemen Alyans Mweniv). Li entwodui pou nouvo manm yo aktivite ak opòtinite, tankou istwa familyal epi ede zansèt ki desede yo resevwa òdonans sakre yo nan tanp lan. Ankouraje manm lokal yo pou gide nouvo manm yo atravè eksperyans sa yo. Bay sipò si yo mande.

Etid Pèsonèl oubyen ak Konpayon

Etidye Chemen Alyans Mwen. Kisa w te aprann konsènan wòl ou nan ede manm yo fòtifye nouvo konvèti yo? Kijan w ka sipòte efò yo nan konsèy pawas la? Chak fwa ou etidye chapit sa a, anrejistre sa w aprann.

Sipòte Dirijan Lokal yo nan Fòtifye Manm k ap Retounen yo

Gen kèk manm ki chwazi pou yo sispann patisipe nan Legliz la. Dirijan lokal yo ak lòt manm yo fè efò pou bati relasyon solid avèk yo epi kontakte yo. Sovè a te di:

“Se moun sa yo nou pral kontinye sèvi; paske nou pa konnen si yo p ap retounen vin repanti, pou yo vin jwenn mwen sensèman, e m ap geri yo; e n ap vin yon mwayen pou yo jwen sali a” (3 Nefi 18:32).

Dirijan lokal yo gendwa mande ou pou ede manm k ap retounen yo bati lafwa yo. Souvan asiyasyon sa yo pral ansanm avèk fanmi pasyèl manm yo. Konsidere nan lapriyè kijan ou ka envite Lespri a nan fwaye manm k ap retounen yo lè w ap anseye yo prensip levanjil ak envite yo pou aji. Montre anpati ak konpasyon pou enkyetid yo.

Lè sikonstans yo pèmèt, anseye moun sa yo levanjil la nan fwaye moun ki poko batize yo. Lanmou ak sipò w ka ede yo apwofondi lafwa yo nan Kris la epi ogmante dezi yo pou fè ak kenbe alyans yo.

Kowòdone avèk dirijan lokal yo lè w ap travay avèk manm k ap retounen yo. Efò sa yo ka genyen yon enpak dirab sou moun yo ak kongregasyon lokal la.

Etid ekriti

Kisa Jezikri te anseye konsènan ede moun yo ki gendwa gen difikilte?

Alma ak Amilèk te anseye anpil moun ki te ekate ale lwen Legliz la. Kisa ou ka aprann nan eksperyans yo konsènan fòtifye manm k ap retounen yo?


Ide pou Etid ak Aplikasyon

Etid Pèsonèl

  • Itilize app Preche Levanjil Mwen an pou fè plan pou pale ak nouvo manm ak manm k ap retounen yo k ap chanje lavi yo epi ap asiste legliz. Kisa ki te ede yo pi plis? Nan jounal etid ou, ekri panse w yo konsènan eksperyans yo. Kisa ou te aprann ki pral ede ou travay avèk moun yo w ap anseye aktyèlman?

  • Etidye 2 Nefi 31:18–20, Alma 26:1–7, Alma 32:32–43, ak Mowoni 6. Ekri sa ou aprann nan vèsè sa yo konsènan fòtifye nouvo manm yo.

Etid avèk konpayon ak echanj konpayon

  • Li epi diskite chapit 23 nan Manyèl Jeneral la. Kijan nou ka sipòte dirijan lokal yo nan responsablite yo?

  • Pandan reyinyon kowòdinasyon chak semèn yo, mande dirijan pawas yo si genyen manm k ap retounen nan zòn ou an yo ta renmen ou vizite semèn sa a. Lè ou vizite yo, chèche bati lafwa yo nan Jezikri.

  • Idantifye tout moun ki te batize ak konfime nan ane ki pase a. Repase rejis pou youn nan yo epi diskite kijan nou ka travay avèk dirijan lokal yo nan pwochen reyinyon kowòdinasyon chak semèn pou ede moun sa a. Anrejistre ide ak sigjesyon ou yo nan app Preche Levanjil Mwen an. Repete sa pou tout konvèti resan yo nan zòn ou an.

Konsèy Distri, Konferans Zòn, ak Konsèy pou Dirijan Misyon

  • Envite evèk la oswa lòt dirijan pawas la pou pale konsènan fòtifye nouvo manm yo ak manm k ap retounen yo. Mande moun sa a pou mete aksan sou fason misyonè yo ka ede.

  • Diskite parabòl brebi egare a, pyès lajan pèdi a, ak pitit gason pwodig la (gade Lik 15). Envite misyonè yo pataje sa yo te aprann ak fason yo ka aplike l nan travay misyonè yo.

Dirijan Misyon ak Konseye Misyon yo

  • Travay avèk dirijan lokal yo pou ankouraje yo ede nouvo manm yo:

    • Jwenn òdinasyon nan yon ofis prètriz la (pou gason yo nan laj apwopriye a).

    • Jwenn asiyasyon kòm frè nan sèvis pastoral (ak sè nan sèvis pastoral pou fi yo).

    • Resevwa yon rekòmandasyon tanp pou yo batize nan tanp lan pou zansèt yo ki desede.

    • Prepare non zanssèt ki desede yo pou pote nan tanp la.

    • Resevwa yon asiyasyon oswa yon apèl pou sèvi nan pawas oswa branch yo.

  • An kowòdinasyon avsèk prezidan pieu a, anseye dirijan lokal yo kijan pou yo dirije reyinyon kowòdinasyon chak semèn ki efikas.

  • Okazyonsèlman fè suivi avèk nouvo manm yo pou chèche konnen kijan yo ye ak kijan misyonè ak manm yo ka ede.

  • Envite nouvo manm yo pou yo pale avèk misyonè yo epi pataje eksperyans yo nan Legliz la.

Enprime