Apèl Misyon
Chapit 7: Aprann Lang Misyon W lan


“Chapit 7: Aprann Lang Misyon W lan,” Preche Levanjil Mwen an: Yon Gid pou Pataje Levanjil Jezikri a (2023)

“Chapit 7,” Preche Levanjil Mwen an

Imaj
glob la ak drapo

Chapit 7

Aprann Lang Misyon W lan

Reflechi Sou Sa

  • Kijan mwen ka fòtifye lafwa mwen nan Senyè a pou ede m aprann you nouvo lang?

  • Poukisa mwen ta dwe kontinyèlman kapasite lengwistik mwen yo?

  • Kijan m ka amelyore kapasite m pou m pale ak anseye nan lang misyon mwen an?

  • Kijan mwen ka akeri don lang yo.

Prepare Tèt ou Espirityèlman

Senyè a te deklare, “Chak moun pral tande plenitid levanjil la nan lang pa li, epi nan langaj pa li, pa mwayen moun ki òdone nan pouvwa sa a” (Doktrin ak Alyans 90:11).

Pi ba a la genyen lis fason ou ka fòtifye lafwa ou ke Senyè a pral ede ou anseye ak temwaye nan lang misyon w lan:

  • Kwè se Bondye ki te aple w pa yon pwofèt.

  • Mande èd Bondye atravè priyè sensè.

  • Travay avèk dilijans nan etidye, pratike, ak itilize lang misyon w lan chak jou.

  • Rete diy pou konpayi Sentespri a nan kenbe kòmandman yo epi viv prensip yo.

  • Pirifye motif ou yo nan renmen Bondye ak nan renmen pitit Li yo ak dezire pou beni yo.

Rete Konsakre ak Dilijan

Aprann pou anseye efikasman nan lang misyon w lan mande efò dilijan ak don Lespri yo. Pa etone si tach la sanble difisil. Sa mande tan. Gen pasyans avèk tèt ou. Lè ou konsakre tèt ou pou aprann lang la, ou pral akeri abilte nesesè yo pou akonpli objektif ou kòm yon misyonè.

Nou pa poukont nou nan aprann lang misyon w lan. Pè Selès la ak Jezikri ap ede nou pandan n ap chèche èd Yo. Chèche epi rete ouvè pou ede konpayon w, manm yo, moun w ap anseye, lòt misyonè yo, ak lòt moun yo.

Koute avèk atansyon epi pale lang la nan chak opòtinite. Pa pè fè erè. Tout moun ki aprann you nouvo lang fè erè. Moun yo ap konprann, epi y ap apresye efò w yo pou aprann lang yo a.

Kontinye amelyore abilte lengwistik ou yo jis nan fen misyon w lan. Lè abilte w pou pale lang lan grandi, moun yo pral koute plis sa w ap di yo pase jan ou di li. Ou pral gen mwens sousi konsènan fason pou kominike epi plis kapab reponn ak bezwen lòt moun yo.

Imaj
Èldè Jeffrey R. Holland

“Nou ap … espere ke chak misyonè k ap aprann yon nouvo … lang metrize l nan tout fason posib yo. … Epi lè w fè sa, abilte w pou [anseye] ak temwaye pral ogmante. Ou pral jwenn pi bon akèy ak pi enpresyonan devan [moun w ap anseye yo]. …

“Pa rete satisfè avèk sa nou rele yon vokabilè misyonè sèlman. Dedouble tèt ou nan lang lan, epi ou pral akeri pi gran aksè nan kè moun yo” (Jeffrey R. Holland, missionary satellite broadcast, Aug. 1998).

Kontinye itilize lang misyon w lan apre w retounen lakay ou. Senyè a te envesti anpil nan ou, epi Li ka gen itilizasyon pou abilte lengwistik ou pita nan lavi w.

Aprann Anglè

Si w pa pale Anglè, ou ta dwe etidye l kòm yon misyonè. Sa pral beni ou pandan misyon ak pandan tout lavi w. Aprann Anglè pral beni fanmi ou tou.

Pou plis èd pou aprann Anglè, gade EnglishConnect pou Misyonè yo.

Imaj
fi k ap ekri nan jounal

Prensip sou Aprann Lang

Pran Responsablite

Tabli bi pou amelyore abilte lengwistik ou, epi ajiste yo regilyèman. Kreye yon plan etid lang. Itilize lang la nan chak opòtinite.

Rann Etid ou a Siyifikatif

Aplike sa w ap etidye yo nan sitiyasyon lavi reyèl ak nan aktivite w yo chak jou. Fokis sou lang ki pral ede ou di sa ou bezwen di a.

Chèche Kominike

Pale lang lan avèk konpayon ou pi plis posib. Pran avantaj de chak opòtinite pou aprann ak pratike. Pa egzanp, ou gendwa mande yon manm k ap retounen oswa yon moun w ap anseye pou ede w avèk lang lan. Pa gen anyen ki ka ranplase pale avèk moun ki se natinatal lang lan.

Pa Konpare

Pa konpare abilte lengwistik ou avèk pa konpayon w oswa lòt misyonè yo. Konparezon mennen nan ògèy oubyen dekourajman.

Aprann Nouvo Konsèp yo Afon.

Repase regilyèman sa w ap etidye, epi pratike l nan nouvo sitiyasyon. Sa pral ede ou raple w epi aplike sa w ap aprann.

Imaj
Yon mesye k ap gade yon liv

Kreye yon Plan Etid Lang

Yon plan etid lang ede ni nouvo ni misyonè eksperimante yo fokis sou sa yo ka fè chak jou pou amelyore abilte yo pou pale lang misyon yo. Plan w lan pral enkli sa ou pral fè pandan moman etid lang ou an ak pandan tout jounen an.

Etap ki pi ba yo montre kijan ou ka kreye yon plan etid lang nan itilize pwosesis tabli bi nan chapit 8 la. Adapte pwosesis sa a si nesesè.

  1. Tabli bi yo epi plan yo nan lapriyè. Tabli bi chak semèn ak chak jou pou amelyore abilte jeneral ou pou kominike ak anseye levanjil la. Enkli bagay yo ke ou vle fraz yo, ekriti yo, ak pasaj yo.

  2. Anrejistre ak Pwograme. Deside ki zouti lengwistik ki pral ede w atenn bi ou yo. Zouti lengwistik ou ka konsidere yo enkli ekriti yo, diksyonè, liv gramè, apk TALL Embark la, ak lòt. Pwograme tan kote ou pral fòmèlman etidye ak itilize lang lan. Pa egzanp, ou gendwa pwograme pou li awotvwa nan Liv Mòmon an pou 15 minit chak jou pandan lench.

  3. Travay sou plan w yo. Senyè a renmen efò, donk travay avèk dilijans pou akonpli bi ou yo. Pwoteje tan etid lang ou epi repwograme l pou pita si genyen konfli.

  4. Preparasyon ak suivi. Repase plan etid ou souvan pou evalye eske w ap byen travay. Envite konpanyon w, dirijan misyon yo, manm yo, ak lòt yo nan zòn ou an pou sigjere fason ou ka amelyore. Patisipe nan evalyasyon lang ki regilyèman pwograme pou dokimante pwogrè w epi idantifye fason pou amelyore.

Balanse etid lang ou ant bi alontèm yo pou kreye yon fondasyon lang ak bi akou-tèm yo pou aktivite espesifik ak moun yo w ap anseye yo.

Pandan tan etid ekriti fòmèl ou, balanse bi ak plan ou yo atravè domèn debaz yo nan lang ki afiche pi ba a. Deside kisa ou pral aprann pandan tout jounen an.

abilte pou koute

Abilte pou li

gramè

abilte nan pale

abilte nan ekri

vokabilè

Etid Pèsonèl oubyen ak Konpayon

Pran tan chak semèn pou evalye etid lang ou nan poze kesyon ki pi ba yo:

  • Èske mwen te etidye lang misyon mwen chak jou semèn sa a? Kisa m ka fè regilyèman amelyore lang misyon mwen?

  • Èske plan mwen ap ede m jwenn, anseye, ak travay avèk manm yo pi byen? Ki ajisteman mwen bezwen fè nan plan mwen?

  • Kisa mwen pi apresye konsènan etid lang mwen? Kisa m ka fè pou apresye l plis?

  • Ki kantite tan mwen ta dwe pase ap pratike tande, li, ekri, ak pale? Kijan mwen ka aprann vokabilè, gramè, ak pwononsyasyon?

  • Ki aktivite ak resous m ap itilize pou etidye lang lan? Kiyès k ap ede m plis? Ki lòt resous oswa aktivite ki ka itil?

  • Kisa ki bezwen plis atansyon?

Apre w reponn kesyon sa yo, ajiste plan etid ou yo epi gade si yo amelyore rezilta w yo. Lespri a ap gide w pandan w ap kontinye chèche amelyore etid lang ou.

Aprann avèk Konpanyon Ou yo

Ede konpanyon yo fè eksperyans siksè epi jwenn konfyans nan aprann lang misyon an oswa nan aprann Anglè. Sensèman epi frekaman konplimante konpayon w yo ak lòt misyonè yo nan pwogrè yo.

Ofri fidbak senp ak pratik avèk jantiyès. Ba yo opòtinite pou anseye ak temwaye avèk siksè. Note kijan yon misyonè pi eksperimante te ede konpayon li nan istwa reyèl ki pi ba a.

Mwen te fèk rive nan dezyèm zòn mwen lè konpayon m te di se te tou pa m pou bay yon panse spirityèl nan yon randevou dine. Premye konpayon m nan te toujou kontan pou fè ansèyman an, epi mwen te dabitid bay yon ti pòsyon nan leson an epi apresa tande.

Mwen te eseye konvenk konpayon mwen ke li ta dwe bay panse spirityèl la, men li te ankouraje m pou pran responsablite a. M te pratike avèk èd li.

Lè moman an te rive, mwen te louvi ekriti m yo epi li nan 3 Nefi 5 ak 7. Mwen te gen difikilte men te rive eksplike poukisa mwen te santi pasaj mwen te chwazi yo te siyifikatif, epi mwen te soulaje lè mwen te fini. Lè te gen yon kesyon ki poze, mwen te gade konpayon pou repons lan, men li pa te louvri bouch li. Se te lè sa mwen te etone tèt mwen nan vini avèk yon repons an Fransè moun te ka konprann. Mwen te pi etone toujou ke manm lan pa te mwenm santi ke mwen ensèten konsènan kapasite kominikasyon m yo. Mwen te akeri konfyans epi reyalize ke Fransè m te pi bon ke m te bay tèt mwen kredi pou li.

Semèn yo te pase, epi konpayon te kontinye kite m anseye—menm lè m pat panse mwen te ka fè l epi malgre li te pwobableman ap mande si m te ka fè l. Mwen te santi ke m te vin yon zouti pou Papa nou ki nan Syèl la olye m te senpleman yon konpayon silansye.

Etid Pèsonèl oubyen ak Konpayon

Travay avèk lòt misyonè yo pou ede w aprann lang misyon w lan.

  • SI w ap travay avèk yon nouvo misyonè, kijan ou ka pi byen ede konpayon w aprann lang la oswa aprann Anglè.

  • Si ou se yon nouvo misyonè, ki kalte èd ou ta ka mande konpayon w?

Imaj
misyonè k ap anseye yon fi

Aprann Kilti ak Lang

Kilti ak lang etwatman lye. Konprann kilti moun yo pral ede eksplike fason yo itilize lang lan. Konpreyansyon sa a pral ede w tou pou kominike aspè patikilye yo nan mesaj Retablisman an nan yon fason ki pral pi klè pou moun yo.

Youn nan pi gwo bagay ou ka fè pou jwenn konfyans ak lanmou moun yo se respekte ak anbrase kilti yo nan fason ki apwopriye. Anpil gran misyonè te fè sa (gade 1 Korentyen 9:20–23).

Etid Pèsonèl oubyen ak Konpayon

Itilize ide a ki pi ba a pou ede w prepare pou anseye yon moun ki gen yon kilti oswa eritaj diferan.

  • Reflechi konsènan eritaj kiltirèl ak relijye pou moun w ap anseye yo. Idantifye yon aspè nan eritaj yo ki gendwa rann li difisil pou yo konprann yon prensip nan levanjil la. Planifye fason pou anseye prensipo sa a klèman.

Don Lang Yo

Don Lespri yo reyèl. Don lang yo ak entèpretasyon lang yo gen anpil manifestasyon. Kèk nan yo enkli, pale, konprann, ak entèprete lang. Jodia don lang yo pi souvan manifeste nan aprantisaj ak etid lang Lespri a amelyore pou ede misyonè yo aprann lang misyon yo a.

Sentespri a ka manifeste verite nan temwayaj ou malgre yon baryè lang ki ka egziste ant ou ak moun w ap anseye yo. Menmjan tou, Sentespri a ka pèmèt ou sonje pawòl ak fraz yo epi ede ou konprann kisa moun yo ap di ki soti nan kè yo.

An jeneral, ou p ap jwenn don sa yo san efò. Ou bezwen ap chèche yo aktivman pou beni lòt moun (gade Doktrin ak Alyans 46:8–9, 26). Yon pati nan chèche don lang yo se pou travay e fè tout sa ou kapab pou aprann lang lan. Rete pasyan pandan w ap etidye ak pratike lang lan nan lapriyè. Rete konfyan ke Lespri a pral ede w pandan w ap fè yon efò dilijan. Gen lafwa ke ou ka genyen don lang yo pou ede w ak moun moun w ap anseye yo.

Lè ou gen difikilte pou eksprime tèt ou osi klèman ke ou ta vle, sonje ke Lespri a gen kapasite pou pale nan kè pitit Bondye yo. Prezidan Thomas S. Monson te anseye:

“Genyen yon lang … ki komen a chak misyonè—lang Lespri a. Moun pa aprann li nan manyèl yo ki ekri pa òm delèt yo, ni moun pa ka akeri l atravè lekti ni memorizasyon. Lang Lespri a vini jwenn moun ki ap chèche avèk tout kè li pou konnen Bondye epi kenbe kòmandman diven Li yo. Konpetans nan lang sa a pèmèt yon moun kraze baryè yo, simonte obstak yo, epi touche kè lòm” (“Lespri a Bay Lavi,” Ensign, Jen 1997, 2).

Etid Pèsonèl oubyen ak Konpayon

Itilize deklarasyon ki pi ba yo pou evalye efò ou yo pou chèche don lang yo. Anrejistre enpresyon ak bi yo pou ede ou amelyore aprantisaj lang ou.


Ide pou Etid ak Aplikasyon

Etid Pèsonèl

  • Repase resous lang yo nan Pòt Antre Misyonè. Idantifye yon bagay ou pa te eseye, epi tabli yon bi pou eseye l pandan kèk jou k ap vini yo.

  • Nan pwochen konsèy distri ou la, mande yon misyonè eksperimante avèk bonjan abilte lengwistik kisa li te fè pou aprann lang lan.

Etid avèk Konpayon ak Echanj Konpayon

  • Fè pratik anseye chak misyonè youn lòt nan lang misyon w lan. Nan kòmansman, nouvo misyonè yo gendwa anseye an tout senplisite, pataje temwayaj senp, epi resite ekriti li memorize. Pandan konfyans ak abilte yo ap ogmante, y ap vin gen kapasite pou aptisipe nan aneye pi konplètman.

  • Repase ide yo nan chapit sa a ak resous lang yo nan Pòt Antre Misyonè. Diskite ki sigjesyon ou ta ka itilize nan etid ak konpayon pandan semèn k ap vini an.

  • Mande konpayon w pou tande pwononsyasyon w epi ede w amelyore. Mande l pou pran nòt sou sitiyasyon kote l pat konprann ou. Fè yon lis mo, fraz, oswa gramè ki ta ede w. Eksplike ak pratike fason pou itilize sa ki sou lis la nan aktivite ka p vini yo.

  • Pratike koute aktivman. Planifye yon moman pandan jounen an pou koute aktivman pou idantifye vokabilè ak modèl ou te aprann yo. Lè ou tande yon fraz ki eksprime diferaman de fason ou ta di li, ekri l epi pratike l.

  • Fè yon lis bagay moun ta ka di jou sa a. Planifye ak pratike fason ou ta ka reponn.

Konsèy Distri, Konferans Zòn, ak Konsèy pou Dirijan Misyon

  • Envite oratè natifnatal yo pou ale nan youn nan reyinyon sa yo. Fè aranjman pou misyonè yo anseye yo an ti gwoup. Mande oratè natifnatal yo pou pran nòt epi bay fidbak sou abilte lengwistik misyonè yo.

  • Asiyen youn oswa de misyonè alavans pou pale konsènan siksè yo te genyen nan etidye lang la.

  • Asiyen yon misyonè eksperimante pou briyèvman prezante kèk pati nan lang la ki dabitid difisil pou misyonè yo. Fè li prezante egzanp sou bon itilizasyon lang yo, epi fè misyonè yo pratike yo.

  • Fè misyonè ki se natifnatal nan kilti a pataje ide yo.

Dirijan Misyon ak Konseye Misyon yo

  • Mete aksan sou enpòtans pou etidye lang lan regilyèman chak jou:

  • Ankouraje misyonè yo pou yo itilize lang misyon an pi plis li posib.

  • Ofri eleman yo nan yon plan etid lang misyon an nan yon orè etid sistematik. Repase sa a nan reyinyon konsèy distri yo.

  • Chèche jwenn opòtinite pou pale avèk misyonè yo nan lang w ap aprann nan. Fè entèvyou peryodikman avèk yo nan lang sa a.

  • Mande dirijan lokal yo ak manm yo ide sou fason misyonè yo ka amelyore abilte lengwistik yo.

  • Bay enstriksyon nan konferans zòn oswa konsèy dirijan misyon sou erè ki pi kouran misyonè yo ki ap aprann lang misyon an fè.

  • Anseye misyonè yo konsènan don spirityèl yo.

  • Obsève misyonè yo lè y ap asneye nan lang misyon an.

Enprime