Apèl Misyon
Chapit 9: Jwenn Moun pou w Anseye


“Chapit 9: Jwenn Moun pou w Anseye,” Preche Levanjil Mwen an: Yon Gid pou Pataje Levanjil Jezikri a (2023)

“Chapit 9,” Preche Levanjil Mwen an

Imaj
The Good Shepherd, (Bon Bèje a), pa Del Parson

Chapit 9

Jwenn Moun pou w Anseye

Konsidere Sa

  • Kijan m ka egzèse lafwa nan Kris la pou m jwenn moun pou m anseye?

  • Kijan nou ka elaji vizyon nou ak amelyore plan nou pou nou jwenn moun pou nou anseye?

  • Kijan m ka devlope kapasite m ak konfyans mwen pou m pale avèk moun m ap rankontre chak jou yo?

  • Kijan nou ka ini avèk manm fanmi nou nan pataje levanjil la?

  • Kisa nou ka fè lè nou resevwa referans?

  • Ki ide pou jwenn moun pou nou anseye ke nou poko eseye?

Sovè resisite a te di disip Li yo, “Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, ak Pitit la ak Sentespri a” (Matye 28:19; gade tou nan Mak 16:15). Senyè a te repete kòmandman sa a nan epòk pa nou an, Lè te di, “Ale nan tout mond lan [epi] preche levanjil mwen an” (Doktrin ak Alyans 68:8; gade tou nan 50:14).

Travay misyonè se jwenn moun, anseye yo, ak ede yo prepare yo pou batèm. W ap ranpli tach Senyè a pou anseye levanjil Li a ak batize konvèti yo lè w “jwenn moun ki ap resevwa w (Doktrin ak Alyans 42:8). Pa gen anyen ki fèt nan travay misyonè a toutotan ou pa jwenn moun pou w anseye. Veye tout tan pou w jwenn opòtinite pou prezante levanjil la. Aprann itilize mwayen ki efikas nan zòn kote w ye a.

Li enpòtan anpil pou w travay avèk manm yo pou jwenn mou. Travay di pou yo ka fè w konfyans. Lè manm yo fè misyonè yo konfyans, yo plis kapab envite zanmi yo ak manm fanmi yo pou rankontre ou. Moun sa yo gen plis chans pou yo konvèti nan Senyè a, ak pwogrese sou chemen levanjil la.

Jwenn yon moun ap rive selon jan moun nan dispoze pou l tande levanjil la. Moman an ap diferan pou chak moun. Jwenn nan kapab se rezilta yon premye kontak oubyen plizyè kontak sou yon peryòd tan byen long. Anpil moun fè plizyè kontak avèk misyonè yo oswa manm Legliz la anvan yo kòmanse yon etid serye sou levanjil la. Pa ezite pou kontakte yo ankò.

Efò w pou jwenn nan kapab pote fwi aprè w fin transfere oubyen menm apre w fini misyon w lan. Kèlkeswa lè a oswa rezilta a, Senyè a rekonesan pou efò w yo.

Chapit sa a souliyen prensip ak ide pou ede w jwenn moun. Prensip sa yo inivèsèl. Sepandan, misyonè yo ak dirijan misyon yo kapab bezwen adapte yo a sikonstans pa yo.

Egzèse Lafwa pou Jwen Moun pou Anseye

Kèlkeswa kote w ap sèvi a, Senyè a aple w pou w travay “pou sali nanm” moun (Doktrin ak Alyans 100:4). Pou w fè sa, ou bezwen egzèse lafwa nan Kris la pou jwenn moun pou w anseye pou yo ka chwazi suiv Li epi batize.

Lafwa se yon prensip aksyon ak pouvwa. Se pou w gen lafwa ke Senyè a ap prepare moun pou resevwa levanjil retabli a. Se pou w gen pasyans ak konfyans ke L ap dirije w ba yo, oubyen yomenm vin jwenn ou. Aji sou lafwa ou nan fikse bi, fè plan, ak egzekite plan w yo pou w jwenn moun pou w anseye (gade nan chapit 8).

Imaj
misyonè ki ap priye

Priye ak lafwa pandan w ap chèche èd Bondye pou w jwenn moun pou w anseye. Lè Alma t ap dirije yon misyon kay Zoramit yo, li te priye konsa: “O Senyè, ban nou siksè pou nou kapab mennen yo ba w ankò pa mwayen Kris la. Gade, O Senyè, nanm yo gen valè … ; se poutèt sa, O, Senyè, ban nou pouvwa ak lasajès pou nou kapab mennen moun sa [yo] ba ou ankò” (Alma 31:34–35).

Souvan, moun ou rankontre yo pa reyalize ke y ap chèche levanjil retabli a jiskaske yo jwenn li. Pa egzanp, yon konvèti te di: “Lè m te tande levanjil la, li te ranpli yon vid nan kè m ke m pa t konnen ki te la.” Yon lòt di: “Mwen fini yon rechèch ke m pa t menm konnen m t ap fè.” Gen lòt moun ki ap chèche verite a aktivman men yo pa konn ki kote pou yo jwenn li (gade nan Doktrin ak Alyans 123:12).

Chèche asistans Lespri a lè w ap chèche moun pou w anseye. Chèche jwenn pa Lespri a osi enpòtan ke anseye pa Lespri. Se pou w gen lafwa ke w ap konn kijan pou w jwenn moun ki pral resevwa w yo.

Etid avèk Konpayon

Gen dwa gen manm nan zòn ou an ki se konvèti nan Legliz la. Mande yo kijan yo te pran kontak avèk Legliz la. Repons yo gen dwa ba w ide sou fason pou w jwenn moun. Epi tou mande yo kijan yo te fè vin konnen ke misyonè yo t ap anseye yo laverite. Fè yon rezime sou eksperyans yo nan jounal etid ou a.

Etid Ekriti

Kijan pitit Bondye yo prepare ak dirije pou yo jwenn levanjil retabli a?

Elaji Vizyon W sou Planifye pou W Jwenn Moun

Pandan w ap chèche jwenn moun pou w anseye a, se pou w konsyan de diferans ki egziste ant pwograme ak planifye. Pwograme se ranpli planè w ak jounen w. Planifye se fè efònan lapriyè avèk objektif pou konsantre w sou moun ak pi bon fason pou w jwenn yo.

Bon aktivite a, nan bon moman an ak nan bon kote a, kapab ede w jwenn moun pou w anseye. Poze tèt ou kesyon sa yo:

  • Ki kote nou ta ka rankontre moun Senyè a kapab ap prepare yo?

  • Ki pi bon kote ak tip aktivite pou jwenn moun nan moman espesifik nan jounen an oswa nan semèn nan?

  • Kijan nou ka montre lanmou, sèvi yo, oubyen anrichi lavi yo nan moman sa a?

  • Kijan nou ka itilize fòs, talan, ak konpetans pèsonèl nou pou edifye yo?

  • Ki plan derechany nou si yon bagay pa mache jan nou prevwa a?

Eseye rekonèt fason Senyè a ap prepare moun. Èske yo dispoze pou yo pale avèk ou? Èske y ap chèche èd oswa rekonfò?

Reflechi sou jaefò pou nou jwenn moun ki te bay siksè. Ki kote premye kontak la te fèt? Èske efò yo te enkli manm lokal? Èske yo te itilize teknoloji?

Kòmanse planifikasyon w lan nan konsantre sou jan w ka beni moun, epi apre sa orè w ap kòmanse ranpli.

Etid avèk Konpayon

Avèk konpayon w lan, itilize tablo anba la a pou evalye efò w nan jwenn moun pou w anseye. Planifye pou w eseye kèk nan ide ki nouvo pou ou yo.

Efò pou Jwenn Moun

Pafwa

Souvan

Prèske Toujou

Nou aprann konnen manm yo ak sipòte yo nan efò yo pou yo pataje levanjil la, sa enkli nouvo manm, jèn yo, moun ki ap prepare pou yo fè misyon, ansyen misyonè, fanmi ki gen kèk moun ladan yo ki se manm ak kandida ansyen.

Nou travay pou nou gen konfyans manm yo pou yo ka santi yo alèz pou yo envite manm fanmi yo ak zanmi yo rankontre nou.

Nou travay avèk dirijan pawas yo nan reyinyon kowòdinasyon chak semèn yo pou pou sipòte efò n ap fè pou nou jwenn moun epi pou nou konnen si gen moun nou ta kapab kontakte.

Nou travay avèk moun n ap anseye kounyeya yo, moun nou te anseye nan lepase, ak moun yo te refere nou atravè medya yo.

Nou pale avèk tout moun nou kapab chak jou.

Nou prepare nou espirityèlman e nou priye pou Bondye ede nou pandan n ap planifye pou nou jwenn moun pou nou anseye.

Nou kwè ke Senyè a ap prepare moun pou nou anseye.

Nou konsidere kijan pou nou ede moun nou rakontre yo santi enfliyans Sentespri a.

Nou fikse bi espesifik chak semèn ak chak jou pou nou jwenn moun (gade nan chapit 8).

Nou toujou ap chèche moun pou nou anseye.

Nou kreyatif epi nou itilize yon bann fason pou nou jwenn moun. Nou eseye nouvo fason e nou evite rete bloke nan yon woutin.

Nou planifye espesyalman pou nou jwenn moun. Nou planifye kilè, ki kote, ak kijan pou nou konsantre nou.

Nou konsidere ki kote ki ta kapab pi bon ak kil moman nan jounen an ki ta kapab pi bon pou nou jwenn moun pou nou anseye.

Nou konsidere ki aktivite pou jwenn moun ki te pi efikas nan lepase.

Nou ajiste plan pou nou jwenn moun yo selon bewen yo epi nou gen plan derechanj lè aktivite nou pwograme yo pa mache.

Nou itilize app Preche Levanjil Mwen an pou nou jwenn moun, pou nou fikse bi ak fè planifikasyon, ak pou nou revizee ak mete rejis nou yo ajou chak jou.

Nou itilize talan ak fòs pèsonèl nou pou ede nou jwenn moun.

Nou planifye kilè ak kijan pou nou itilize medya sosyal ak lòt teknoloji pou nou jwenn moun pou nou anseye.

Nou itilize kanpay medya yo ak inisyativ lokal ki reponn a bezwen ak enterè moun nan zòn nou yo.

Nou reponn rapidman a demann anliy yo ak mesaj moun ki ta kapab enterese yo

Nou planifye piblikasyon sou rezo sosyal nou yo alavans epi nou travay avèk manm pou nou ka jwenn moun anliy.

Se Pou Nou Dilijan nan Jwenn Moun

Toujou Fè Efò pou Jwenn Moun

Nan kòmansman Legliz retabli a, Senyè a te enstwi yon gwoup frè anpil fwa pou yo te anseye levanjil la “an palan de sa” pandan yo t ap vwayaje. Li te vle pou yo te itilize chak opòtinite pou pataje levanjil la. (Gade nan Doktrin ak Alyans 52:9–10, 22–23, 25–27.)

Aplike enstriksyon sa a pou jwenn moun ou jwenn yo. Fè yon efò dilijan pou jwenn moun pandan tout jounen an. Planifye efò pou jwenn moun yo—epitou chèche opòtinite ki pa t planifye. Jwenn nouvo moun pou anseye se yon bezwen ki la tout tan.

Chèche enspirasyon epi dispoze pou w itilize yon bann mwayen. Konsantre sou mwayen ki pi efikas yo nan zòn ou an.

Imaj
Kris la ki ap Rele Pyè ak Andre, pa James Taylor Harwood

Kenbe Liy yo nan Dlo a

Konsènan travay misyonè yo, Prezidan Dallin H. Oaks te di:

“Okenn nan nou pa ta dwe tankou pechè pwason an ki panse ke l t ap peche tout lajounen alòske an reyalite li te pase pifò nan tan li ap fè trajè ale retou sou dlo a, manje sa l te pote, ak travay sou ekipman l lan.” Siksè lapèch ou a lye avèk konbyen tan liy ou an te pase nan dlo a, non pa koneyen tan ou pase deyò apatman w lan. Gen kèk pechè pwason ki lwen lakay yo pandan douz èdtan epi liy yo nan dlo a pandan dizèdtan. Gen lòt ki lwen lakay yo pandan douzèdtan epi liy yo nan dlo a pandan sèlman dezèdtan. Dènye tip pechè sa yo gen dwa ap mande poukisa yo pa gen menm siksè avèk lòt yo.

“Menm prensip sa a aplike pou misyonè yo, ke Mèt la rele ‘pechè moun’ [Matye 4:19]. Liy yon misyonè dwe desann nan dlo lapèch a nan moman l kite apatman an” (seminè pou nouvo prezidan misyon yo, 20 Jen, 2000).

Imaj
Anil baton lapèch

ldè Quentin L. Cook te devlope konparezon sa a. Anplis prensip pou kenbe “liy lan nan dlo a” pou peryòd tan pi long lan, li te anseye ke misyonè ki jwenn moun pou anseye yo “toujou kenbe anpil liy nan dlo a. …

“Yo idantifye ak kontakte fanmi ki gen yon pati moun ki manm yo.

“Yo chèche [app Preche Levanjil Mwen an] yo a pou yo ka jwenn moun ki te anseye nan lepase pou yo ka kontakte pa telefòn oswa pa mesaj tèks.

“Yo ofri sèvis a manm, moun ki te anseye nan lepase, moun ke y ap anseye kounyeya, ak tout kominote a. …”

“Yo ede manm yo kreye mesaj levanjil pou yo pataje sou pwòp …platfòm rezo sosyal pa yo.

“Yo jwenn referans nan men moun yo vizite ak anseye yo” (“Nou Dwe Sèvi kòm Eklerè Espirityèl ak Enfliyansè,” reyinyon espirityèl pou misyonè, 10 Septanm 2020, italik ajoute).

Etid avèk Konpayon

Diskite sou kesyon sa yo:

  • Ki fason ou ka kenbe “liy ou nan dlo a” pi lontan pandan jounen an?

  • Ki fason ou ka kenbe plizyè liy nan dlo a pandan w ap chèche moun pou w anseye?

  • Ki fonksyon nan app Preche Levanjil Mwen an ki ka ede w?

  • Kijan w ta kapab itilize teknoloji pou ede w kenbe plizyè liy nan dlo a?

Pale avèk Tout Moun

Devlope yon dezi pwofon dezi pou w pote nanm bay Kris la (gade nanMozya 28:3). Lè w santi dezi sa a, lanmou ou ak sousi w ap reflete nan efò w pou jwenn moun nan. Lanmou w ap reflete nan konvèsasyon w tou.

Pale avèk otan de moun ou kapab chak jou. Pale avèk yo kèleswa kote ou ale. Lè sa apwopriye, ale de kay an kay. Senyè a te enstwi kèk nan premye èldè yo nan Legliz la, “Louvri bouch nou pou deklare levanjil mwen an.” Apre sa li te pwomèt ke bouch yo tap “ranpli” avèk sa pou yo te anseye (Doktrin ak Alyans 30:5; gade tou 33:7–10).

menm jan aanou, Senyè a te di Joseph Smith ak Sidney Rigdon, “Leve vwa nou devan pèp sa a; di apawòl m pral mete nan kè nou yo.” Apre sa Li te pwomèt yo, “Paske nou pral resevwa nan lè a menm… nan moman an menm, kisa pou nou di.” (Doktrin ak Alyans 100:5–6).

Lè n ap rankontre moun, souvan n ap santi Lespri a ede nou konnen kisa pou nou di. Sepandan, si nou pa santi yon enspirasyon, annik kòmanse yon kote—petèt pandan w ap poze yon kesyon epi koute repons yo (gade nan “Jwenn Moun Kote Yo Ye a” nan chapit sa a). Oubyen petèt pale de Senyè a, Jezikri oswa de apèl Joseph Smith pou l te vin yon pwofèt Bondye.

Ide nou pral wè la yo kapab ede pandan w ap pale avèk moun ou rankontre yo:

  • Se pou w gen chalè, trè sensè e amikal. Chèche fason pou w konekte avèk moun nan epi kòmanse yon konvèsasyon

  • Koute sensèman sa moun yo gen pou yo di. Chèche konprann sa chak moun bezwen ak sa ki enterese yo. Ofri èd pèsonèl selon jan ki apwopriye a.

  • Konsidere kijan levanjil la ka ede w reponn bezwen yo. Apre sa anseye yon verite levanjil epi envite yo pou yo aprann plis. Pataje kijan levanjil retabli a kapab pote gwo lespwa ak sans nan lavi yo.

  • Poze kesyon sou fanmi yo. Ede yo wè kijan levanjil retabli a kapab beni fanmi yo. Ofri pou w ede yo jwenn non zansèt yo ki. mouri.

  • Envite yo pou yo vini nan reyinyon sentsèn.

  • Ofri bwochi oswa lòt dokiman Legliz la, enprime oubyen dijital.

  • Pataje avèk yo objektif ou kòm misyonè ak poukisa ou te deside fè yon misyon.

Prensip sa yo aplike tou pou entèraksyon w avèk manm yo.

Li natirèl pou w santi yon ti enkyetid apwopo pale avèk moun. Priye pou w ka gen lafwa ak kouraj pou w anseye levanjil retabli a. Chak moun ou rankontre se frè w ak sè w nan fanmi Bondye a. Sonje ke Li “pa rejte pèsonn ki vin jwenn li, nwa ak blan, esklav ak moun lib, gason ak fi; … tout moun se menm pou Bondye” (2 Nefi 26:33).

Etid Pèsonèl oubyen Etid avèk Konpayon

Li istwa Victor Manuel Cabrera a ki nan “Swaf Dlo Lavi,” Lyawona, Out 2001, 43 a. Pandan w ap fè sa, chèche kijan li te prepare pou l te resevwa misyonè yo ak kijan misyonè yo te itilize yon opòtinite ki pa t planifye pou yo te anseye l levanjil la.

  • Kijan mesye sa a te prepare pou levanjil retabli a?

  • Kisa k tap rive si èldè yo pa t pataje yon mesaj levanjil?

  • Revize sa w te fè yè yo. Èske w ta pale avèk otan de moun ke w te kapab? Si non, fikse bi epi fè plan pou w pale avèk plis moun jodi a.

Etid Ekriti

Kisa w ka aprann nan ekriti sa yo osijè jwenn moun pou w anseye? Kisa w ka aprann nan ekriti sa yo apwopo sa pou w anseye? Kisa Senyè a pwomèt?

Ini avèk Manm yo

“Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la se yon pati nan travay sali ak egzaltasyon an” (Manyèl Jeneral, 23.0). Travay avèk manm Legliz yo pou w jwenn moun pou w anseye. Lè manm yo ba w referans yon moun epi apre sa yo patisipe nan leson yo, moun yo gen plis chans pou yo batize epi rete aktif nan Legliz la.

Bati Relasyon Solid avèk Dirijan Lokal yo

Bati relasyon solid avèk episkopa a ak lòt dirijan yo nan pawas la. Dirijan misyon pawas la (si gen youn) ak prezidans kowòm ansyen ak Sosyete Sekou yo se sous kontak prensipal ou. Chèche asistans yo, epi sipòte yo nan reyinyon kowòdinasyon chak semèn yo (gade nanchapit 13).

Pandan reyinyon kowòdinasyon chak semèn yo, travay avèk asistan kowòm prèt yo ak prezidant klas Jènfi pou klas ki pi aje yo. Jèn sa yo gen yon wòl enpòtan pou yo jwe nan pataje levanjil la. Ede yo ankouraje kowòm yo ak manm klas yo pataje levanjil la. Youn nan fason yo se pou jèn yo envite zanmi yo vin nan aktivite yo.

Mande tèt ou regilyèman, “Èske m se yon benediksyon pou dirijan lokal yo?” Devlope yon atitid “Kijan m ka ede?” Tankou Amon nan Liv Mòmon an, apwoche dirijan lokal yo avèk yon atitid sèvis (gade nan Alma 17:23–25).

Pou dirijan misyon yo, Prezidan Russell M. Nelson te anseye: “Mwen espere ke n ap aprann renmen dirijan lokal yo ak manm yo. Edifye yo e enspire yo. Kapasite nou pou ye antouzyas misyonè yo avèk estabilite ak efò plen lanmou manm yo se yon bagay nou pa ka souzestime. Siksè nou ap miltipliye anpil anpil” (“Hopes of My Heart,” seminè pou nouvo dirijan misyon, 23 Jen 2019).

Imaj
misyonè ki ap anseye fi

Sipòte Manm yo nan Efò Yo pou Pataje Levanjil la

Gen anpil fason pou sipòte ak ankouraje manm yo pataje levajil la. Ede yo reflechi sou fason levanjil la beni lavi yo. Ankouraje yo pou yo “leve limyè [yo] anlè pou l kapab klere mond lan.” (3 Nefi 18:24).

Ede manm yo aplike prensip pou renmen, pataje, ak envite a. Bay egzanp fason nòmal ak natirèl yo kapab aplike prensip sa yo.

Renmen. Youn nan fason pou montre lanmou nou pou Bondye se nan renmen ak sèvi pitit Li yo. Ankouraje manm yo pou yo lonje lamen bay manm fanmi, zanmi, vwazen yo, ak lòt moun avèk lanmou Tout efò pou eksprime lanmou se yon fason enpòtan pou respekte alyans yo te fè avèk Bondye yo (gade nan Mozya 18:9–10).

Pataje. Akoz lanmou yo pou Bondye ak pou pitit Li yo, manm yo vle tou natirèlman pou yo pataje benediksyon Li ba yo (gade nan Jan 13:34–35). Ankouraje manm yo pou yo di lòt moun kijan levanjil la beni lavi yo. Ankouraje yo pou yo pale de Sovè a ak enfliyans Li. Ede yo santi lajwa ki genyen nan pataje lanmou yo, tan yo, ak evenman lavi yo. Ede yo aprann kijan pou yo pataje nan fason nòmal ak natirèl—senpleman kòm yon pati nan sa yo deja ap fè nan lavi yo.

Imaj
Èldè Gary E. Stevenson

“Nou tout konn pataje kèk bagay avèk lòt moun. Nou fè sa souvan. Nou pale de fim ak manje nou renmen, bagay komik nou wè, kote nou vizite, bagay atistik nou apresye, sitasyon ki enspire nou.

“Kijan nou ka senpleman ajoute sou lis sa a bagay nou deja pataje sou sa nou renmen osijè levanjil Jezikri a? … Nan pataje eksperyans pozitif nou fè nan levanjil la avèk lòt moun, nou patisipe nan akonpli gwo tach Sovè a bay la” (Gary E. Stevenson, “Renmen, Pataje, Envite,” Liahona, Me 2022, 86).

Envite. Sovè a envite tout moun pou yo resevwa levanjil Li a ak prepare yo pou lavi etènèl (gade Alma 5:33–34). Menm jan avèk pataje a, souvan envite se yon senpleman yon kesyon de enkli fanmi, zanmi, ak vwazen nan sa manm yo deja ap fè. Ankouraje manm yo pou yo priye sou envite moun nan fason sa yo:

  • Vini wè. Envite moun yo pou yo “vini wè” benediksyon yo ka resevwa atravè Jezikri, Levanjil Li a, ak Legliz Li a.

  • Vini sèvi. Envite moun yo pou yo “vini epi pou yo sèvi” lòt moun ki nan bezwen.

  • Vini epi rete. Envite moun yo pou yo “vini epi rete” kòm manm Legliz retabli Jezikri a.

Èldè Gary E. Stevenson te di: “Gen dè santèn envitasyon nou ka fè lòt moun. Nou ka envite yo “vini gade” yon reyinyon sentsèn, yon aktivite pawas, yon videyo anliy ki eksplike levanjil Jezikri a. “Vini epi gade” a ka yon envitasyon pou yo li Liv Mòmon an oubyen vizite yon nouvo tanp pandan pòt ouvèt anvan konsekrasyon li. Pafwa envitasyon an se yon bagay nou ka fè tèt pa nou—yon envitasyon pou nou pi atantif, pou ka gen vizyon ak rekonèt opòtinite ki prezante yo pou nou a aji sou yo” (“Renmen, Pataje, Envite,” 86).

Asire nou ke nou ede jèn yo renmen, pataje, ak envite. Jèn yo espesalman gen don pou renmen zanmi yo, pou pataje sa ki nan kè yo, ak envite yo nan aktivite.

Ede manm yo rekonèt ke tout efò pou viv prensip renmen, pataje, ak envite yo pozitif, ke yon moun rankontre avèk misyonè yo oubyen vin antre nan Legliz la ou non.

Ede manm yo pwofite de fòs yo pou pataje levanjil la. Gen kèk moun ki bon nan jwenn moun pou anseye, epi gen kèk moun ki se gwo enstriktè. Gen kèk moun ki gen yon kapasite tou natirèl pou yo konekte avèk zanmi, pandan ke gen lòt ki renmen priye pou zanmi yo. Ede yo wè ke gen mwayen pou tout moun patisipe.

Lè w ap vizite manm, fè sa avèk yon objektif. Montre ke w angaje avèk zèl nan travay pou jwenn ak anseye moun nan. Respekte tan yo ak orè yo.

Gen kèk manm ki ta ka byen kontan pou w anseye yo yon mesaj nan youn nan leson yo. Bann verite levanjil la chanje lavi. Si w fòtifye konpreyansyon manm yo sou levanjil la, sa ap ogmante konfyans yo nan ou epi mete plis antouzyas nan yo pou yo pataje l. Ede yo rekonèt Lespri a epi aji sou enspirasyon L.

Chèche jwenn moun pou w anseye nan fanmi ki manm an pati, kandida ansyen yo, manm ki retounen, ak nouvo manm. Li pwobab pou yo gen anpil manm fanmi ak zanmi ki nan lòt relijyon.

Nan tout sa w ap fè avèk manm yo, suiv Lespri a epi chèche bati lafwa yo nan Sovè a, Jezikri.

Pou plis ide ak resous sou fason ou ka sipòte manm yo nan pataje levanjil la, gade:

Benediksyon yo Pwomèt Moun ki Pataje Levanjil la

Ede manm yo konprann benediksyon remakab ki genyen nan pataje levanjil la. Benediksyon sa yo enkli:

Etid avèk Konpayon

  • Revize dènye reyinyon kowòdinasyon ebdomadè a. Kijan w ka fè l vin pi efikas? Revize demann dirijan pawas la epi planifye kijan ak kilè pou w reponn.

  • Planifye kijan w pral kowòdone efò misyonè w yo nan pwochen reyinyon kowòdinasyon an.

  • Aprann non dirijan pawas la (gason ak fi) Planifye kisa w pral fè nan mwa ki ap vini an pou devlope relasyon pi solid avèk yo ak sipòte yo nan efò misyonè yo.

Jwenn Moun Atravè App Preche Levanjil Mwen an

App Preche Levanjil Mwen an se yon gwo resous pou jwenn ak anseye moun. Misyonè ki toujou itilize fonksyon ki nan app sa a gen plis siksè nan jwenn moun. Pou familyarize w avèk fonksyon sa yo, refere w a fòmasyon yo te bay nan app la. Se pou w atantif a enspirasyon ou ka resevwa pandan w ap revize non moun yo.

App la gen ladan l enfòmasyon sou moun yo te jwenn kòm referans, moun yo te kontakte oswa anseye. Gen kèk moun ki ta gen dwa anvi rankontre avèk misyonè yo ankò. Yo gen dwa menm konnen lòt moun ki ta kapab enterese pou aprann konnen levanjil la.

Nan planifikasyon w lan, itilize kat la ak filtè ki nan app la pou w chwazi ki moun pou w vizite an priyorite. Gade enfòmasyon yo epi aprann kijan yo te jwenn yo. Gade si gen yon rejis konsènan manm ki te ede yo. Itilize enfòmasyon sa a pou detèmine ki pi bon fason pou reprann kontak avèk yo ankò.

Imaj
misyonè ki ap etidye nan telefòn

Itilize fonksyon filtè ki nan app la pou idantifye tout moun ki:

  • Te deja gen yon dat batèm pwograme men ki pa t batize.

  • Te asiste reyinyon sentsèn omwen yon fwa men ki pa t batize.

  • Te resevwa plis pase twa leson.

  • Ke yo gen lontan yo pa t kontakte.

Si moun ou kontakte yo pa enterese pou w anseye yo oubyen yo chwazi pou yo sispann resevwa vizit, ekri enfòmasyon sa a nan app la. Ekri kijan w ap kenbe kontak avèk yo epi nouri yo jiskaske yo pare pou yo aprann plis. Pa egzanp, anvizaje envite yo abone nan yon seri imel pou yo ka resevwa mesaj konsènan Jezikri oswa lòt sijè levanjil. Ou ta gen dwa konekte yo tou avèk yon manm ki ka reponn kesyon yo genyen epi nouri enterè yo epi fè zanmi avèk yo. Fikse yon rapèl nan app la pou fè suivi avèk yo. Mande si yo konnen yon lòt moun ki ta kapab enterese.

Ou ka jwenn moun pou w anseye atravè app Preche Levanjil Mwen an tou kote w ap itilze filtè oswa gwoup pou voye mesaj gwoup. Sa kapab yon gwo mwayen pou fè moun konnen aktivite tankou aktivite pawas la ak sèvis batèm. Fè suivi avèk envitasyon pèsonèl pou evenman sa yo.

Etid avèk Konpayon

Pou wè ki gwo resous app Preche Levanjil Mwen an mwen an kapab ye nan jwenn moun, eseye aktivite sa yo. Pandan w ap fè sa a, prete atansyon a enpresyon w resevwa yo.

  • Pandan w ap itilize yon filtè, idantifye tout moun yo te anseye twa oubyen plis leson. Envite chak nan yo pou yo vini Legliz Dimanch sa a.

  • Kreye yon filtè pou w jwenn tout moun ki te gen yon dat batèm ki te pwograme e ki te vin legliz omwen de fwa.

  • Planifye pou w voye mesaj bay moun yo endividyèlman pou yo vini nan yon aktivite pawas oswa yon pwojè sèvis. Okazyonèlman, ou ta ka voye yon mesaj gwoup epi fè suivi avèk chak moun endividyèlman.

  • Diskite Avèk konpayon w lan konsènan moun ou te santi yon enpresyon patikilye osijè yo. Fè plan pou w vizite yo oubyen kontakte yo byen vit.

Jwenn Moun Atravè Sèvis

Bay Opòtinite pou Moun Vini Sèvi

Moun kapab fè yon eksperyans pozitif epi konekte avèk misyonè yo ak manm lokal yo nan aktivite sèvis. Gen anpil moun ki kontan pou pataje talan yo, konpetans yo oswa sèvis yo e yo sèlman bezwen resevwa yon envitasyon.

Envite moun yo pou yo patisipe nan aktivite sèvis pawas la òganize. Ou ka konekte moun yo avèk opòtinite sèvis tankou sa ki nan JustServe.org yo kote li disponib. Pandan w ap sèvi avèk lòt yo, n ap vin rapwoche nan yon fason puisan.

Ofri Sèvis

Tankou Sovè a, “[mache] toupatou ap fè byen” (Travay 10:38; gade tou “Mache Toupatou ap Fè Byen” nan chapit 1 an). Priye pou w ka konn okouran de opòtinite pou w fè byen pandan tout jounen an. Pafwa sèvis ou a ap planifye, men souvan li p ap planifye. Chèche mwayen senp ak imedya pou w sèvi, ede, ak edifye moun. Sonje ke Senyè a te pwofite opòtinite sanzatann pou l te lonje lamen pou beni lòt moun.

Sèvi avèk yon dezi sensè pou w ede moun. Si sèvis la mennen nan yon opòtinite ansèyman, se pou w rekonesan. Si non, se pou w rekonesan dèske w te fè yon bon bagay pou yon moun. Reponn kesyon si moun yo poze kesyon. Si yon moun eksprime enterè, reponn brèfman epi fè aranjman pou rankontre yo nan yon lòt lè pou pataje yon mesaj.

Asire w ke w suiv direksyon pou sèvis nan Règ Misyonè pou Disip Jezikri yo, 2.7 ak 7.2.

Jwenn Moun Kote Yo Ye a

Jwenn moun kote yo ye a kòmanse avèk eseye wè yo jan Bondye wè yo a. Sipoze ke ou kapab te gide pou w pale avèk moun sa a, oubyen li petèt gide pou l pale avèk ou. Chèche konprann bezwen ak dezi espirityèl mounyo. Chèche konn kisa ki pi enpòtan pou yo, espesyalman nan relasyon yo avèk fanmi yo epi avèk Bondye. Ou ta gen dwa poze kesyon tankou sa yo ki anba la a—epi apre sa koute sensèman:

  • Kisa ki gen plis valè pou ou?

  • Kisa ki ba w plis jwa?

  • Kisa w vle pou fiti ou ak pou fiti moun ou renmen yo?

  • Ki pwoblèm w ap konfwonte pou w atenn espwa ou ak rèv ou yo?

  • Ki aspè nan lavi w ou ta renmen amelyore?

Chèche enspirasyon pandan w ap reflechi sou sa w aprann sou espwa ak dezi moun nan. Ki verite levanjil ki konekte natirèlman avèk sa l vle a?

Konsidere apwòch ou a apati pwendvi moun sa a. Kisa l konnen konsènan oumenm? Kisa w ka ofri ki ta ka itil? Èske moun nan santi ke yon entèraksyon avèk ou ap vo lapèn?

Konsidere divès fason moun ta kapab vle aprann konnen oumenm, lòt manm, oswa Legliz la. yo souliyen jwenn kèk egzanp sa w ka bay anba la a.

Imaj
misyonèk ap pale avèk yon fi

Bay Eksperyans oswa Enfòmasyon Yo Tap Bay Valè

Itilize resous Legliz la ak talan ak fòs pa w pou w konekte avèk enterè yon moun. Chèche èd Pè Selès la nan ofri enfòmasyon oswa eksperyans moun nan ap bay valè.

Ou dwe rete ouvè pou enspirasyon ak kreyatif lè w ap panse a divès kalite eksperyans oswa enfòmasyon ou ka bay. Gen kèk ide ki sou lis ki anba la a.

  • Pataje yon lyen pou al nan yon resous nan Legliz la ki bay enfòmasyon sou yon bagay ki tap enterese yo.

  • Òganize yon aktivite tnakou yon reyinyon espirityèl (an pèsòn oswa anliy).

  • Ofri yon bagay nan yon rasanbleman oswa aktivite lokal (pa egzanp, kreye ab jeneyalojik gratis nan yon mache lokal)

  • Ofri pou w anseye yon klas.

  • Òganize yon klas etid ekriti, oubyen ofri pou w li Bib la ak lòt ekriti avèk yo.

  • Anseye Anglè kòm yon dezyèm lang.

  • Fè piblisite pou aktivite lokal Legliz la tankou yon fèt oswa klas otonomi. Itilize feyè oswa medya sosyal.

  • Envite yo nan yon sèvis batèm.

  • Ofri pou w fè yo vizite chapèl la.

Youn nan eksperyans ki gen plis valè ou ka ede moun yo fè se asiste yon sèvis nan Legliz la. Envite yo epi eksplike yo kijan ap ye Di yo kijan asiste yon reyinyon sentsèn ap beni lavi yo.

Fasilite Relasyon Sensè

Anpil moun ta renmen rankontre lòt moun nan kominote yo a oubyen vin konnen yo pi byen. Gen kèk moun ki santi yo solitè. Gen kèk ide pou ede fasilite relasyon sensè ki nan lis ki anba la a.

  • Vizite moun ki fèk bwote vin abite nan zòn nan pou swete yo byenveni.

  • Prezante moun nan kominote a bay manm ki gen menm enterè avèk yo.

  • Envite moun nan reyinyon, aktivite, ak pòt ouvèt. pzwas

  • Ofri pokonsènnan manm fanmi yo ki desede yo.

  • Ofri pou w anseye moun yo kijan pou yo fè sware familyal oubyen li ekriti yo an fanmi. (Gade nan Manyèl Jeneral, 2.2.4, pou w ka jwenn prensip itil ki ka adapte a sikonstans moun yo.)

  • Envite moun ki nan laj apwopriye yo pou yo ale nan seminè, enstiti, oubyen patisipe nan pwogram BYU–Pathway Worldwide la.

Gen anpil fason onorab pou w jwenn moun ki ap prepare pou levanjil retabli a. Fè yo.sa w kapab pou w ka pase sou chemen moun ki ap prepare yo.

Etid avèk Konpayon

Idantifye kèk ide nan seksyon sa a ke w poko eseye. Planifye pou w eseye kèk ladan yo pandan semèn pwochèn nan.

Kontakte Moun Yo Refere ba ou yo.

Moun yo refere w yo gen dwa pare pou yo resevwa levanjil Jezikri a Referans yo gen dwa soti nan manm Legliz, lòt misyonè, Katye Jeneral Legliz la, ak nan aksyon lokal sou rezo sosyal.

Pran Kontak Rapidman

Lè yon refere w moun atravè katye jeneralLegliz la oubyen mesya sosyal lokal, revize enfòmasyon an nan app Preche Levanjil Mwen an konsènan sant enterè yo. Eseye kontakte yo osito sa posib.

Imaj
misyonè ki ap frape yon pòt

Itilize direksyon sa yo lè w ap travay avèk moun yo te refere ou:yo

  • Si se yon manm oswa lòt misyonè ki te refere w a moun nan, kontakte moun ki te voye referans lan pou w ka aprann plis. Si se misyonè yo a ki refere w moun nan, yo gen dwa anseye avèk ou vityèlman si dirijan misyon an apwouve sa. Manm yo ka ini avèk ou an pèsòn oswa vityèlman pou yo patisipe nan ansèyman an.

  • Eseye antre an kontak avèk moun nan rapidman atravè yon vizit, apèl, tèks, imel, oswa lòt fòm kominikasyon. Si moun nan pa reponn, eseye kontakte l yon lòt lè nan jounen an.

  • Si premye kontak ou se te yon apèl, tèks, oswa imel, aranje yon lè pou w rankontre l an pèsòn oubyen atravè teknoloji.

  • Avèk konpayon w lan, revize demann moun nan epi idantifye bezwen l yo ak sa k enterese l. Detèmine kijan levanjil la ka ede reponn bezwen sa yo.

  • Lè nou rankontre, pote nenpòt atik moun nan te mande, tankou Liv Mòmon an. Pataje verite levanjilla ki nan leson misyonè yo ki reponn a enterè ak bezwen moun nan.

Pafwa moun yo refere w yo gen dwa mennen w sou lòt moun Bondye ap prepare. Si moun ou kontakte yo pa enterese, mande si yo konn lòt moun ki ta ka enterese oubyen ki bezwen espwa nan lavi yo. Petèt ou te dirije vè moun sa a paske yon lòt moun lakay li oubyen nan vwazinaj li pare pou levanjil la.

Si yon randevou avèk yon moun anile, gade kijan w ka fè lòt travay misyonè nan zòn nan. App Preche Levanjil Mwen an ka ede w jwenn moun tou pre ke yo te deja kontakte oubyen anseye anvan sa.

Refere Moun bay Misyonè nan Yon Lòt Zòn

Lè w rankontre moun ki enterese nan aprann plis sou levanjil la men ki ap viv andeyò zòn ou responsab la, prezante yo levanjil la. Apre sa ede yo prepare yo pou yo rankontre misyonè ak manm kote y ap viv la.

Avèk apwobasyon prezidan misyon w lan, ou ka kontinye sipòte moun sa yo pou ede yo resevwa levanjil la (gade nan Règ Misyonè7.5.4).

Etid avèk Konpayon

Revize lis tout moun yo te refere a oumenm nan zòn ou an nan mwa ki sot pase a. Idantifye nenpòt moun ou pa t kapab kontakte, epi eseye kontakte yo ankò. Deside kiyès nan moun ou te kontakte yo ou ta dwe vizite ankò. Mete rejis sa yo ajou nan app Preche Levanjil Mwen an.

Imaj
misyonè ki ap pale nan telefòn

Itilize Teknoloji

Gen anpil fason ou ka itilize teknoloji pou w jwenn moun pou w anseye. Men kèk egzanp ki nan lais anba la a:

  • Itilize medya sosyal pou w travay avèk manm yo pou w jwenn moun.

  • Bati relasyon nan kontakte yo atravè imel oswa medya sosyal.

  • Pataje ekriti, sitasyon, ak mesaj levanjil ki edifyan.

  • Ede moun itilize FamilySearch.org pou yo aprann plis sou manm fanmi yo ki desede yo.

  • Ofri kou anliy pou anseye kèk talan.

  • Fè koneksyon apwopriye atravè gwoup anliy ki baze sou enterè ki pataje.

  • Kreye yon mesaj ki enfòme yo de aktivite pawas ki ap vini yo.

Itilize teknoloji se yon mwayen enpòtan pou w kenbe “plizyè liy nan dlo a” pandan jounen an. Anplis de löt efò w yo pou w jwenn moun, kenbe plizyè liy entènèt nan dlo a.

Imaj
Èldè David A. Bednar

Èldè David A. Bednar te anseye:; “Teknoloji bay yon miltitid kanal puisan kote nou ka pwoklame ‘Jezikri, ak Jezikri Krisifye a’ ak ‘prche moun yo repantans’ [1 Korentyen 2:2; Doktrin ak Alyans 44:3]. Jenerasyon kiap grandi a byen prepare anpil pou yo tande ak aprann konnen levanjil retabli a atravè mwayen kominikasyon sa yo” (“They Should Proclaim These Things unto the World (Yo Dwe Pwoklame Bagay sa yo Bay Mond lan,” seminè pou nouvo prezidan misyon, 24 Jen 2016).

Etid avèk Konpayon

Chèche konnen kijan misyon w lan itilize medya sosyal. Diskite avèk konpayon w sou fason nou ta ka kreye mesaj sou medya sosyal ki aliyen avèk sa. Mesaj w ap poste yo dwe konfòm avèk politik Legliz la konsènan entènèt (gade “Entènèt” nan seksyon 38.8 nan Manyèl Jeneral la).

Si misyon w lan gen yon espesyalis medya sosyal, mande l konsèy lè w ap kreye mesaj pou w poste nan medya sosyal.

Imaj
de fi ki ap pale

Itilize Istwa Familyal

Istwa Familyal se yon lòt fason ou ka jwenn moun pou w anseye. Toupatou nan mond lan, Lespri a ap enfliyanse dè milyon moun pou yo idantifye zansèt yo ki mouri yo. Anpil moun anvi gen yon pi gwo koneksyon avèk fanmi elaji yo. Sa kapab mennen yo nan yon dezi pou yo jwenn yon koneksyon epi pou yo idantifye tèt yo kòm moun ki fè pati fanmi Bondye a.

Sa nou rele pafwa espri Eli a se enfliyans Sentespri a ki ap pouse moun yo pou yo idantifye, dokimante, ak cheri manm fanmi yo—sa ki pase yo tankou sa ki la kounyeya(gade nan Malachi 4:5–6).

Lè w ap chèche moun, ou ta kapab prezante yo FamilySearch.org oubyen envite yo pou yo telechaje app FamilySearch Tree aoswa app FamilySearch Memoeirs la. Ou ta kapab ba yo yon kopi livrè ki rele Fanmi M: Istwa Ki Rapwoche Nou Ansanm Resous sa yo ede moun dekouvri manm fanmi ak zansèt yo ak rasanble istwa yo.

Detèmine ki resous istwa familyal ki disponiz nan zòn ou an ak kijan yo ta kapab ede moun ou kontakte yo. Dirijan tanp ak istwa familyal pawas la kapab ede moun yo idantifye zansèt ki desede yo.

Envite moun yo pataje souvni sou moun pwòch yo avèk ou. Pandan y ap fè sa, yo ka santi Sentespri a rann yo temwayaj konsè enpòtans fanmi nan plan Bondye a. Moman sa yo ka mennen nan konvèsasyon natirèl sou bi lavi a, sou plan bonè Bondye a, ak wòl Sovè a nan plan sa a.

Lè sa apwopriye, anseye moun yo doktrin ki eksplike poukisa manm Legliz la ap fè travay istwa familyal. la ak kijan li gen rapò avèk tanp.

Priye pou w ka okouran de opòtinite pou itilize istwa familyal nan efò w pou jwenn moun nan. Se pou w kreyatif, epi familyarize w avèk resous ki disponib yo.

Etid ekriti

Etidye ekriti sa yo sou istwa familyal. Note sa w aprann yo.

Pouvwa Sèlman an Retabli Atravè Eli

Travay pou Mò yo

Etid Pèsonèl oubyen Etid avèk Konpayon

Eseye youn oubyen plis nan aktivite sa yo pou ede w jwenn moun atravè istwa familyal.

  • Aranje w pou w vizite yon manm ki gen eksperyans avèk istwa familyal. Aprann ki sèvis ki disponib nan men dirijan tanp ak istwa familyal pawas ou a.

  • Pratike kijan w ap ofri èd sou istwa familyal bay moun ou rankontre yo. Planifye pou w ofri istwa familyal nan efò w pou jwenn moun yo.

  • Li epi diskite sou livrè Fanmi ak Tanp lan pou w ka gen yon pi bon konpreyansyon sou travay istwa familyal. Ekri sa w aprann yo nan jounal etid ou.

  • Itilize livrè Fanmi M nan oswa resous FamilySearch.org yo lè w jwenn moun pou w anseye.

  • Lè sa posib, fè yon pòt ouvèt, anseye yon klas istwa familyal nan yon lye piblik, oubyen ofri konsiltasyon.

Jwenn Moun Lè W ap Anseye

Jwenn moun ak anseye moun se aktivite ki konekte. Souvan moun w ap anseye yo gen zanmi oswa fanmi ki prepare pou resevwa levanjil retabli a. Pandan moun w ap anseye yo ap fè eksperyans benediksyon levanjil la, dezi yo pou yo pataje l ap ogmante (gade nan 1 Nefi 8:12). Nan tout sitiyasyon—tankou jwenn moun, anseye, ak travay avèk manm—mande, “Kiyès ou konnen ki tap benefisye de mesaj sa a?”

Lè moun w ap anseye yo ap prepare pou sèvis batèm yo, poze yo kesyon sou fanmi ak zanmi yo ta renmen envite nan batèm yo a. Fè plan pou w envite ak ankouraje tout moun pou yo vini. Lespri a kapab manifeste avèk puisans pandan yon sèvis batèm.

Etid avèk Konpayon

Revize lis non moun w ap anseye yo. Fè yon lis moun ou te mande referans ak moun ou pa t mande. Fè pratik fason w ap prezante moun chak gwoup yo yon envitasyon pou ba w referans. Nan planè w la, ekri yon nòt pou prezante envitasyon sa a nan pwochen vizit ou yo.

Imaj
fi k ap gade telefòn

Anseye Lè W Jwenn

Lè w rankontre moun epi w idantifye sa kienterese yo ak sa yo bezwen, devlope abitid pou w kòmanse anseye ak pataje temwayaj ou.8 W ap vin jwenn plis moun pou w anseye si w temwaye de Sovè a ak Levanjil Li a epi ou pèmèt yo santi pouvwa Sentespri a.

Konsider epou anseye sou sijè tankou bonè, advèsite, bi lavi a, oswa lanmò. Kèkeswa premye apwòch ou, fè referans byen vit e senpleman a Sovè a, levanjil Li a, ak apèl Joseph Smith kòm pwofèt Li a. Sa a se sa ki rann mesaj nou an unique pou mond lan.

Seksyon sa yo bay egzanp fason ou ta kapab anseye sou Retablisman levanjil Jezikri a ak enpòtans fanmi.

Anseye ak Temwaye de Mesaj Retablisman Levanjil Jezikri a

Temwaye de Jezikri epi anseye brèfman kèk rezime sou verite retabli a. Pa egzanp, ou ka temwaye de levanjil retabli Jezikri a nan sèlman de ou twa fraz:

Apre plizyè syèk kote yo te pèdi, verite yo te retabli pa yon Bondye eman atravè yon pwofèt vivan. Nou gen prèv sou sa ke w ka kenbe nan men w, li, ak medite nan kè w. Nou envite w pou w li ak priye pou w ka aprann verasite l pou tèt pa w. Èske w ap pèmèt nou …

Si w gen yon ti tan anplis, ou ta kapab di plis:

Mesaj nou an senp. Bondye se Papa nou. Nou se pitit Li. Nou fè pati fanmi Li Li konnen nou pèsonèlman epi Li renmen nou. Li vle pou nou gen jwa. Depi nan kòmansman mond lan, Li te suiv yon modèl pou lonje lamen nan lanmou pou revele levanjil Jezikri a pou pitit Li yo kapab konnen kijan pou yo retounen al jwenn Li. Li te revele levanjil la bay pwofèt tankou Adan, Nowe, Abraram, ak Moyiz. Men anpil moun te toujou ap chwazi pou rejte levanjil la ak pwofèt ki te anseye l yo. Sa gen de mil an, se Jezikri Limenm ki te anseye levanjil Li a. Moun yo te rejte menm Jezi. Apre lanmò Apot Jezi yo, moun yo te tòdye vrè doktrin nan, tankou sa Divinite a ye. Yo te chanje òdonans tou, tankou batèm.

Envitasyon nou an pou ou se pou w ajoute sou verite ou te deja cheri yo. Konsidere prèv ke Papa nou ki nan Syèl la te lonje lamen ankò bay pitit Li yo nan lanmou epi revele vrè doktrin ak òdonans yo bay yon pwofèt. Non pwofèt sa a se Jospeh Smith. Prèv verite sa a nou jwenn ni nan yon liv—Liv Mòmon an. Ou ka kenbe l nan men w, li li, epi medite sou verite ki ladan l yo nan lespri w ak nan kè w. Nou envite w pou w vini legliz pou w aprann plis.

Anseye epi Temwaye sou Enpòtans Fanmi

Pale deenpòtans fanmi ap ede w jwenn moun pou w anseye, keseswa yo gen yon antesedan Kretyen oubyen non Kretyen. Ou ka tabli yon relasyon rapidman ant sa moun yo konnen sou fanmi e plan sali Papa nou ki nan Syèl la. Ou ta gen dwa di yon bagay tankou sa a:

Fanmi nou kapab se youn nan pi gwo enfliyans nan lavi nou. Lyen familyal nou yo konekte nou tyoun avèk epi yo ka ede nou santi gen moun ki bezwen nou ak moun ki renmen nou.bezwen ou

Pou anpil moun, genyen yon fanmi ki solid epi ki gen kè kontan se pi gwo priyorite yo. Genyen yon maryaj solid ak elve timoun nan mond jodi a kapab yon bagay ki trè difisil.

Apre sa ou kapab fè yon tranzisyon a mesaj Retablisman an;

Ou fè pati fanmi Bondye a depi lè w te fèt. Li se Papa nou. Pè Selès la vle pou nou retounen al viv avèk Li. Ou se pitit Li, epi Li renmen w. Li gen yon plan pou ede w retounen al jwenn Li.

Verite sa yo ak lòt ankò te retabli sou tè a pa yon Pè Selès plen lanmou pa lentèmedyè yon pwofèt vivan. Verite sa yo ede nou konprann plas nou nan fanmi Bondye a. Èske nou ka anseye w plis sou verite sa yo? Èske w ap vini legliz pou w ka aprann plis?

Etid avèk Konpayon

Prepare yon mesaj 3-minit ki baze sou youn nan leson ki nan chapit 3a. Fè pratik kote youn ap pataje l youn ak lòt. Panse a fason ou ta kapab pataje mesaj sa a nan yon sitiyasyon kote w jwenn yon moun. Planifye pou w pataje l nan yon sitiyasyon apwopriye pou envite lòt moun pou yo aprann plis apwopo Jezikri.

Okenn Efò Pa Pèdi

Lè moun yo chwazi pou yo pa aprann plis sou levanjil retabli a, efò w yo pa pèdi. Petèt ou plante yon semans ki pral grandi yon lòt lè. Ke sa rive ou pa, sèvis ou a avèk ekspresyon lanmou sensè w ap beni ni oumenm ni yomenm.

Si moun yo pa pare pou yo resevwa levanjil la, chèche wè ki lòt bagay ou kapab fè pou anrichi lavi yo. Relasyon ou devlope a toujou enpòtan ak presye. Kontinye rete yon zanmi.

Pafwa, moun bezwen tan pou yo reflechi sou chanjman yo mande yo pou yo fè yo. Ede yo resevwa mesaj atravè imel oswa sit entènèt Legliz la. Mesaj sa yo ta kapab ede prepare moun pou yo aksepte fiti envitasyon pou aprann plis yo.

Lè yon moun pa aksepte levanjil la, se tnòmal pou w santi w desi. Men, si w vire gade Senyè a nan moman sa yo, Li pwomèt, “M ap ban nou fòs, m ap ede nou. M ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay” (Ezayi 41:10).

Gras a lafwa nan Kris la, ou ka jwenn lapè ak reyasirans pou efò w yo. Kenbe yon vizyon sou kiyès ou ye ak poukisa w ap sèvi Senyè a kòm misyonè. Lafwa ap ede w avanse e kontinye nan dezi jis ou yo.


Ide pou Etid ak Aplikasyon

Etid Pèsonèl

Etid avèk konpayon ak echanj konpayon

  • Fè plan pou w rankontre nouvo manm nan zòn ou an. Si sa nesesè, itilize app Preche Levanjil Mwen an pou idantifye yo. Poze kesyon tankou sa yo:

    • Kijan w te prepare pou levanjil la?

    • Kilè ak ki fason ou te premye pran kontak avèk Legliz la?

    • Kisa k te pouse w rankontre misyonè yo?

    • Kijan nou ka ede w kontinye pwogrese?

    Nan reyinyon sa yo, kisa w te aprann sou jwenn moun ki ap pwogrese nan direksyon batèm? Fè plan pou w aplike sa w aprann semèn sa a.

  • Revize chak nan sijè sa yo. Pandan w ap itilize bann leson ki nan chapit 3 a, prepare yon metòd senp pou w jwenn moun. Fè pratik anseye nan yon sitiyasyon kote w ap chèche jwenn moun.

    • Santi yon bezwen pou plis direksyon ak bi nan lavi a

    • Vle santi w pi pre Bondye.

    • Bezwen èd pou dezisyon enpòtan.

Konsèy Distri, Konferans Zòn, ak Konsèy pou Dirijan Misyon

  • Li epi diskite sou seksyon “Elaji Vizyon w sou Planifye pou w Jwenn Moun” nan. Fè chak konpayon konplete evalyasyon an.

    • Diskite kijan ide sa yo ede misyonè yo jwenn moun pou yo anseye.

    • Fè lis lòt ide pou jwenn moun pou w anseye. Envite misyonè yo pou yo demontre ide yo.

    • Envite misyonè yo pou yo fikse bi pèsonèl pou yo amelyore efò yo pou yo wenn moun.

  • Kreye yon lis plizyè opòtinite pou jwenn moun.

    • Bay chak misyonè responsablite sou youn nan opòtinite yo. Bay chak misyonè senk minit pou l prepare kijan l tap anseye yon pati nan yon leson nan sitiyasyon yo asiyen l lan.

    • Mete aksan sou bezwen pou kenbe longè mesaj la apwopriye a sitiyasyon an.

    • Envite plizyè misyonè pou yo anseye leson yo te planifye nan sitiyasyon yo asiyen yo a.

  • Envite misyonè yo pou yo fè pratik kote youn ap pataje yon mesaj levanjil yon-minit avèk lòt. Ou gen dwa vle anvizaje plizyè sitiyasyon pou jwenn moun, tankou anseye lakay yon manm, anseye nan yon pa pòt, anseye sou yon twotwa, oubyen kontakte yon moun yo ba w referans pou li. Fè misyonè yo fè pratik anseye nan chak sitiyasyon sa yo.

Dirijan Misyon ak Konseye Misyon

  • Bay egzanp travay misyonè avèk manm nan fanmi w Pataje eksperyans ou yo avèk misyonè yo ak manm yo.

  • Konsilte dirijanprètriz ak dirijan òganizasyon lokal yo konsènan pi bon fason pou misyonè yo jwenn moun pou yo anseye nan misyon w lan.

  • Oganize reyinyon espirityèl misyonè kote ou ka pale avèk moun y ap anseye nan misyon w lan. Kowòdone avèk dirijan prètriz lokal yo pou manm yo ka mennen zanmi yo. Envite nouvo manm yo pataje temwayaj yo ak rakonte istwa konvèsyon yo anvan w pale.

  • Yon lè konsa, ale avèk misyonè yo pou ede yo jwenn moun pou yo anseye.

Enprime