Jèn yo
Apèsi pou paran yo ak dirijan yo


Apèsi pou paran yo ak dirijan yo

Bi Pwogrè Pèsonèl la

Pwogrè Pèsonèl Jènfi a se yon pwogram akonplisman ki prepare pou ede jènfi yo:

  • Fòtifye temwayaj yo konsènan Jezikri.

  • Fòtifye fanmi prezan yo ak fanmi fiti yo.

  • Prepare pou yo diy pou fè ak kenbe alyans sakre tanp yo.

  • Prepare pou wòl yo ak responsablite yo demen.

Jènfi yo travay avèk paran yo, dirijan Jènfi yo, ak lòt fi egzanplè pou fikse ak akonpli bi ki baze sou uit vèti Jènfi yo. Pwogrè Pèsonèl la kapab ede paran yo ak dirijan yo amelyore relasyon yo avèk jènfi yo pandan y ap travay ansanm.

Responsablite paran yo ak dirijan Jènfi yo

Prezante pwogram nan

Dirijan Jènfi yo reyini avèk chak jènfi ki antre nan pwogram Jènfi a ak paran yo. Yon manm nan prezidans klas la kapab la tou. Dirijan yo prezante bay jènfi a yon liv Pwogrè Pèsonèl, yon pandantif ki reprezante tòch Jènfi yo. Yo eksplike l pwogram nan epi yo ankouraje paran yo pou travay avèk pitit fi yo nan chwazi ak akonpli aktivite ak pwojè Pwogrè Pèsonèl yo. Dirijan yo dwe envite paran yo nan tout aktivite espesyal pitit fi yo ap patisipe tou.

Asire sipò apwopriye a

Yon jènfi bezwen sipò ak ankourajman regilye pou l konplete Pwogrè Pèsonèl la. Sa ka soti nan paran yo, dirijan yo, lòt adilt, ak lòt jènfi ki deja fini Pwogrè Pèsonèl la. Si jènfi a pa gen anpil sipò lakay li pou ede l akonpli Pwogrè Pèsonèl la, yo gen dwa envite yon lòt sè pou sèvi kòm asistant pou ede li, annakò avèk dirijan prètriz yo. Sè adilt sa a kapab apwouve aktivite ak pwojè vèti yo epi siyen liv Pwogrè Pèsonèl jènfi a lè l fini tout. Yo kapab envite yon lòt jènfi ki fin akonpli Pwogrè Pèsonèl la pou bay èd ak ankourajman tou.

Anrejistre ak rekonèt pwogrè

Paran yo ak dirijan yo founi opòtinite regilye pou jènfi yo fè rapò pwogrè yo. Lè yon jènfi fè rapò regilyèman, li kapab fè yon evalyasyon efò li epi pataje sa l aprann ak kijan temwayaj li fòtifye. Paran yo ak dirijan yo rekonèt akonplisman li, konfime konpreyansyon li ak aplikasyon li nan prensip levanjil yo, epi ofri li ankourajman pou pwogrè kontini. Bagay sa yo ap ede devlope relasyon ki eman.

Responsablite dirijan prètriz yo

Lè yon jènfi konplete tout pwogram Pwogrè Pèsonèl la, evèk la entèvyouve li, pandan l ap itilize prensip ki nan Pou fòs jèn yo kòm gid. Li verifye prezans li nan reyinyon Sentsèn, patisipasyon li nan seminè, ak si l li Liv Mòmon an. Sa kapab fè pati yon entèvyou anyèl oswa chak sis mwa. Evèk la detèmine diyite jènfi a pou resevwa Distenksyon Jènfi Akonpli a epi li siyen liv Pwogrè Pèsonèl la pou rekonèt akonplisman li konsènan kondisyon yo mande yo. Li gen dwa remèt li Distenksyon Jènfi Akonpli a nan yon reyinyon Sentsèn oubyen nan yon lòt reyinyon.

Yo kapab rekonèt siksè yon jènfi nan Pwogrè Pèsonèl la tou lè l resevwa sètifika Abèy, Eglantin, ak Loreyòl li pandan l ap soti nan yon klas al nan yon lòt.

Manm episkopa yo kapab itilize entèvyou yo avèk jènfi yo pou rekonèt ak ankouraje pwogrè chak jènfi. Fèy suivi Pwogrè Pèsonèl Jènfi a pou dirijan yo, ke prezidans Jènfi a kenbe, kapab ede manm episkopa yo. Prezidan pye yo dwe regilyèman poze evèk yo kesyon sou byennèt ak pwogrè jènfi ki nan pawas yo.

Direksyon

Yo souliyen bi ak kondisyon pwogram nan nan premye paj liv sa a. Direksyon adisyonèl sa yo kapab itil tou pou dirijan yo.

Aktivite vèti

  • Yon jènfi kapab travay sou vèti yo nan nenpòt lòd.

  • Sof pou vèti ki rele vèti a, yo ankouraje jènfi yo pou yo konplete aktivite vèti obligatwa yo anvan yo fè pwojè vèti a.

Pwojè vèti

  • Yon pwojè vèti prepare pou ede yon jènfi aplike sa li aprann apati aktivite vèti yo.

  • Yon jènfi dwe pase yon minimòm dizèdtan pou chak pwojè vèti. Menm dizèdtan sa a gen dwa pa konte pou plis pase yon pwojè vèti.

  • Jènfi yo kapab travay ansanm sou pwojè yo. Sepandan, yon jènfi dwe pase yon minimòm dizèdtan nan tan pa li si l ap itilize pwojè sa a pou akonpli pwòp kondisyon Pwogrè Pèsonèl pa l yo.

  • Avèk akò paran yo oubyen dirijan Jènfi yo alavans, bon bagay jènfi yo ap akonpli lakay yo, nan legliz la, lekòl, nan seminè, ak nan kominote a kapab ranpli kondisyon Pwogrè Pèsonèl yo.

Akonpli Pwogrè Pèsonèl la

  • Lè yon jènfi fin ranpli kondisyon Pwogrè Pèsonèl yo anvan l kite Jènfi a, yo dwe envite li pou l ede lòt jènfi yo ki toujou ap travay sou Pwogrè Pèsonèl yo. Yo ta dwe ankouraje li pou l pran yon Onè Abèy oubyen rekòmanse pwogram nan ankò.

  • Si yon jènfi pa ranpli tout kondisyon Pwogrè Pèsonèl yo anvan l kite Jènfi a, yo dwe ankouraje l pou l kontinye travay pou resevwa Distenksyon Jènfi Akonpli a. Manman yo, dirijan yo, ak lòt fi egzanplè yo kapab envite pou pote sipò yo nan akonpli bagay sa a.

Fè suivi ak kenbe vitès

  • Fèy rapò Pwogrè Pèsonèl la, ki nan paj 77 nan liv sa a, fè rezime travay chak Jènfi nan Pwogrè Pèsonèl la.

  • Gen yon Fèy Suivi Pwogrè Pèsonèl Jènfi yo ki disponib pou dirijant yo tou kòm yon fèy separe pou ede dirijan yo fè suivi pwogrè chak jènfi (36655). Yo kapab itilize li pou ede dirijan Jènfi yo ak dirijan Prètriz yo nan travay avèk chak jènfi ak rekonèt chak jènfi.

  • Jènfi yo kapab travay selon pwòp vitès pa yo nan pwogram Pwogrè Pèsonèl la; sepandan, yo rekòmande pou yon jènfi konplete omwen yon aktivite vèti chak mwa ak yon pwojè vèti chak sis mwa (de pa ane). Si l kòmanse travay lè l antre nan Jènfi nan laj douzan epi l kontinye ak vitès yo sigjere a, l ap fini lè l gen 16 zan. Lè sa a l ap gen dezan pou pran yon Onè Abèy oubyen rekòmanse pwogram nan jan yo sigjere nan paj 83 a.

Rekonèt pwogrè endividyèl

  • Lè yon jènfi fin akonpli aktivite ak pwojè pou chak vèti yo, li resevwa yon anblèm (36654) ak yon riban pou ekriti asosye avèk vèti sa a. Li mete anblèm nan nan paj Akonplisman Vèti Pwogrè Pèsonèl la ki nan liv li a (paj 78). Li itilize riban an kòm makè pou ekriti li. Yo ka remèt li rekonpans pwogrè sa a nan yon reyinyon Jènfi.

  • Chak ane, nan jou Jènfi pa Ekselans lan, yo dwe rekonpanse jènfi yo pou akonplisman yo.

  • Yo kapab rekonpanse siksè yon jènfi nan Pwogrè Pèsonèl la lè l resevwa sètifika Abèy, Eglantin, ak Loreyòl li tou pandan l ap soti nan yon klas al nan yon lòt. Sètifika sa yo (Abèy, 08563; Eglantin, 08565; Loreyòl, 08564) remèt sou direksyon evèk la. Yo rekonèt mouvman jènfi a soti nan yon gwoup laj al nan yon lòt.

Distenksyon Jènfi Akonpli a

  • Lè yon jènfi konplete travay li nan tout uit vèti yo epi li entèvyouve pa evèk la, li resevwa Distenksyon Jènfi Akonpli a. Distenksyon sa a se yon sètifika (36651) ak yon meday annò oubyen an ajan (lò, 08602; ajan, 08603). Yon manm episkopa a kapab prezante Distenksyon Jènfi Akonpli a nan yon reyinyon Sentsèn.

  • Lè l fin konplete Distenksyon Jènfi Akonpli a, yon jènfi kapab kontinye pwogrese kote l ap travay pou pran yon dekorasyon Onè Abèy (lò, 08562; ajan, 08578; gade paj 83). Distenksyon sa a pou pwogrè l la, li kapab resevwa li nan yon reyinyon Sentsèn.

  • Itilize fon pawas yo pou achte rekonpans yo ak sètifika yo nan sant distribisyon Legliz la, san jènfi yo ni paran yo pa bezwen peye anyen.

Kondisyon Pwogrè Pèsonèl pou dirijan yo

Yo ankouraje dirijan yo pou yo travay sou Pwogrè Pèsonèl la ansanm avèk jènfi yo. Sa ki patisipe nan pwogram Pwogrè Pèsonèl la yo menm konprann pwogram nan pi byen epi yo bay egzanp favorab pou jènfi yo suiv. Yo gen dwa pran Distenksyon Jènfi Akonpli a apre yo fin:

  • Sèvi yon total yon ane kòm dirijant Jènfi.

  • Akonpli aktivite vèti obligatwa pou chak nan uit vèti yo.

  • Konplete twa pwojè vèti yo, ladan yo pwojè pou vèti ki rele vèti a.

Patisipasyon manman yo

Manman yo byenveni pou patisipe avèk jènfi yo pou pran Distenksyon Jènfi Akonpli a. Manman yo travay nan pwòp liv Pwogrè Pèsonèl pa yo epi yo kapab pran distenksyon an ansanm avèk pitit fi yo. Yo rekòmande pou yon pitit fi pran distenksyon an anvan manman l oubyen avèk manman li.

Manman yo dwe ranpli menm kondisyon avèk pitit fi yo, enkli:

  • Ale nan reyinyon sentsèn regilyèman (kote sa posib).

  • Viv prensip ki nan Pou fòs jèn yo.

  • Akonpli aktivite vèti ak pwojè vèti pou chak nan uit vèti yo.

  • Kenbe yon jounal pèsonèl.

  • Li Liv Mòmon an regilyèman.

  • Ekri temwayaj yo konsènan Sovè a, Jezikri.

Manman yo dwe seleksyone diferan opsyon pou aktivite vèti ak pwojè vèti ochwa yo nan men pitit fi yo. Pitit fi yo, konjwen yo, yon dirijant Jènfi, oswa yon lòt grandèt kapab siyen aktivite yo ak pwojè yo pou manman yo. Evèk la verifye ke kondisyon yo ranpli. Distenksyon an ak acha materyèl distenksyon yo dwe kowòdone pa dirijant Jènfi yo avèk episkopa a.

Kondisyon Pwogrè Pèsonèl pou lòt moun ki vle travay sou pwogram nan

Lòt fi ki vle patisipe nan Pwogrè Pèsonèl ak konplete li kapab fè sa nan ranpli menm kondisyon avèk jènfi yo epi y ap asiste pa yon jènfi nan yon pati nan Pwogrè Pèsonèl la. (Gade kondisyon pou manman yo nan paj 92 la.)

Enkòpore Pwogrè Pèsonèl la nan Leson Ekòldidimanch yo ak nan Aktivite Konbine

Travay ansanm sou aktivite Pwogrè Pèsonèl kòm pati yon leson jou Dimanch kapab bay dirijan yo ak jènfi yo yon opòtinite pou diskite prensip yo anseye yo ak aplikasyon yo nan lavi jènfi yo. Nou kapab jwenn referans pou Pwogrè Pèsonèl yo nan materyèl pwogramasyon pou Jènfi yo.

Aktivite Pwogrè Pèsonèl yo kapab fè pati Aktivite konbine yo. Pa egzanp, tout jènfi yo kapab ede nan yon pwojè vèti jènfi. Travay ansanm sou yon pwojè kapab motive jènfi yo pou yo kontinye pwogrese. Kalite gwoup aktivite sa yo dwe planifye avèk swen, nan lapriyè, pou asire ke pwogram Pwogrè Pèsonèl la rete pèsonèl pou chak jènfi.

Adaptasyon ak bezwen pèsonèl ak lokal yo

Aktivite vèti yo ak pwojè vèti yo kapab adapte selon sitiyasyon, enterè, ak bezwen pèsonèl oswa lokal jènfi yo avèk apwobasyon paran yo ak dirijan yo alavans. Lè y ap fè nenpòt chanjman oubyen eksepsyon pou yon jènfi, dirijant yo dwe konsidere efè chanjman sa yo kapab genyen sou lòt jènfi yo. Apre bon jan konsiderasyon pa paran yo ak dirijan yo, adaptasyon yo dwe fèt pou reponn bezwen jènfi ki andikape yo oubyen ki gen pwoblèm pou aprann yo, pou reponn bezwen kiltirèl oswa endividyèl, oubyen pou pèmèt jènfi ki pa manm yo patisipe.

Si yon jènfi antre nan Legliz la oubyen vin aktiv nan Jènfi apre laj 16 an, kondisyon li pou konplete pwogram Pwogrè Pèsonèl la se:

  • Ale nan reyinyon Sentsèn regilyèman (kote sa posib).

  • Viv prensip ki nan Pou fòs jèn yo.

  • Akonpli aktivite vèti obligatwa yo pou chak nan uit vèti yo. (Li pa bezwen akonpli aktivite ochwa yo.)

  • Akonpli yon pwojè vèti pou chak nan uit vèti yo.

  • Ale nan seminè (kote sa disponib).

  • Li Liv Mòmon an regilyèman.

  • Ekri temwayaj li konsènan Sovè a, Jezikri.

Kondisyon sa yo kapab aplike pou jènfi nan lòt sikonstans tou jan sa detèmine pa dirijant Jènfi lokal yo.

Enprime